Zèv Ekriven kreyòl Ayiti Yo |
|
Ane 2004 la fè enpe plis pase senkant lane depi literati lanng kreyòl la te
dekole tout bon vre sou papye ak travay Félix Morisseau-Leroy, youn ekriven ki te
sispann ekri an franse pou li te ekri prensipalman an kreyòl. Jounen jodi a
lekriti kite fèy papye pou li monte sou granchemen savwa a, entènèt. Noumenm kreyolis,
ki pa vle rete dèyè kamyonèt teknoloji a, nou deside kreye youn espas sou
granchemen sa a pou nou ekspoze zèv ekriven kreyòl yo sou ekran lakay tout
mounn sou latè.
Ekspozisyon travay ekriven kreyòl yo sou entènèt ( granchemen savwa a) se younn
nan pi bèl fason pou nou temwaye yo rekonesans nou epi pou nou ankouraje yo
kontinye devlope literati ak kilti Ayiti a ak travay literè yo.
Ekspozisyon zèv ekriven kreyòl nou yo sou granchemen savwa a, se youn fason pou
edikatè Ayisyen toupatou sou latè ansanm ak lòt fouyapòt ki enterese nan
literati kreyòl la Ayiti a jwenn zèv chelèn agogo pou travay ansèyman yo
ansanm ak pou travay rechèch yo sou literati Ayiti a.
Nan ekspoze zèv ekriven kreyòl nou yo sou granchemen savwa a, nou ap pote
modèl ki ka deklannche plezi lekriti nan lanng kreyòl la nan lespri nouvèl
jenerasyon Ayisyen ak lòt kreyolis toupatou sou latè ki ta deside rapousuiv
chemen eksperyans lekriti kreyòl la. Tankou tout mounn ki nan chan ledikasyon
konnen li, aksyon kreyasyon atizay-bèbèl ak lekriti, se youn aksyon ki
kòmanse ak imitasyon, men se elan imitasyon sa a menm ki pral sèvi kòm baz pou
kreye nouvote nan kreyasyon literè ak lanng kreyòl la.
Lè nou deside kreye paj ekspozisyon zèv ekriven kreyòl yo, se youn pari nou
kase ap pwòp tèt nou. Pari a, se ankouraje kreyasyon zèv chelèn pou devlopman
literati kreyòl la nan tout nivo ki ekziste jounen jodi a epitou nan lòt nivo
ki gen pou vin fè grèf ak sa ki te la deja yo nan ane ki ap vini yo.
Nou gen espwa nou kab leve defi a, paske kout gidon Moriso-Lewa te kite pou nou
sou papye nan ane 1950 yo pa menm ak varyete bèbèl nou jwenn jounen jodi a anba
plim Ephèle Milcé, Manno Ejèn oubyen Jean-Claude Martineau ( Koralen). Se
kontribisyon pa ou ak kolaborasyon pa ou nan travay ekspozisyon zèv ekriven
kreyòl yo sou granchemen savwa a ki pral fè defi noumenm ki lanse pwojè a
tounen youn reyalite. Alòs, nou ap tann koutmen ou nan konstriksyon bèl galri
zèv ekriven kreyòl Ayiti yo sou granchemen savwa a.
Men plan travay nou vle swiv pou prezante ekriven nan lanng kreyòl yo :
-
Non legal yo ak non militans yo, si yo genyen younn
- Dat yo fèt oubyen youn dat referans ki pou oryante youn lektè
- Detay sou fòmasyon akademik yo, lè nou konnen yo. Sa vle di ki nivo etid epi
ki diplòm ak nan ki lekòl( lè li nesesè epi si nou genyen li ) Mwen di lè li
nesesè, paske mounn lan ka youn bon ekriven epi se segondè li sèlman li
konplete.
- Karyè mounn lan, si se nesesè. Sa vle di :ki fonksyon mounn lan ap fè nan
lavi.
- Zèv li pibliye : non zèv la, ane zèv la te soti epi nan ki kategori ( pwezi,
woman, teyat, istwakont, lodyans, istwakout eksetera), ansanm ak non mezon
edisyon an. Si mounn lan te genyen youn pri literè pou zèv la nou va mete li
tou.
- Si mounn lan vivan, nan ki vil ak nan ki peyi mounn lan ap viv. Si nou
genyen pèmisyon mounn lan, nou kab menm mete telefòn li ak adrès elektwonik
li.
-
Pou bay youn lòsyè sou kreyasyon literè ekriven an, nou sijere: si se youn
woman nou va chwazi youn chapit antye. Nou va chwazi chapit ki pi bèl la.
Premyèman, paske nou pa pe gen tan pou nou tape tout youn woman sou ekran an,
dezyèmman, nou ta renmen pou mounn yo al achte liv sa yo tou.
Nan ka kont, istwa, istwakont, eksetera nou va pibliye youn kont tout antye.
Men se kont ki pi anfòm lan nou va chwazi.
Nan ka pwezi, nou va mete kat osnon senk nan pi bèl tèks nou jwenn nan liv otè
a pibliye yo.
(Tankou nan tout antoloji ki respekte tèt yo se tèks ki pibliye nan liv nou ap
pase non pa tèks inedi.)
Nou dwe toujou rete sou labal pou nou konnen ki mounn ki mouri, pou nou kouri
fè koreksyon ki esansyèl yo nan dokiman an lè sa rive.
Mounn nou konnen yo nou kab voye plan an ba yo epi mande yo pou yo ekri pwòp
nòt biyografik yo daprè plan nou ap voye ba yo a. Lè mounn lan fin voye dokiman
an pou nou, nou va edite li daprè enterè nou.
Nou ap prezante dokiman an nan lòd alfabetik daprè non legal mounn lan osnon
nan non li genyen ki pi kouran nan lavi ekriven li.
PB : (pa blilye) nou pakab mete tout mounn ki ekri nan lis sa a. Se pa paske
mounn lan ekri youn grenn zèv pou li konnen li se ekriven pou sa. Si mounn lan
pa piblye youn liv nou pa kapab konsidre non li sou lis sa a. Sepandan, nou
rekonèt tou gen mounn ki fè non yo epi ki fè lonè ekriven kryòl yo ak youn
tèks, sa se ka pyonye nan literati kreyòl la kou Oswald Durand. Lè sa rive, nou
va pran desizyon ki nesesè a.
Nou konnen se youn kokennchenn pwojè, men tankou nou abitye di li : «Afwon pa
fè ou fè pitit, li fè ou gen pa ou» .
Lionel Hogu ak Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj)
|