“SAJÈS AYISYEN”

Dènye Liv Maks Maniga a

[Dapre Lionel Hogu]

manigatDefen grann mwen te toujou repete fèt Nwèl se pou timoun resevwa kado, joudlan se lè granmoun resevwa pa yo, enpi Lewa se pou moun yo te bliye oswa pèsonn pa te panse yo t ap fè yon jès ak yo. Isit Ozetazini, joudlan se jou tout moun sèmante yo pral kite tout move mès pou pran bon rezolisyon yo pral suiv pandan tout ane a. Kèlkeswa nan kategori ou tonbe, men yon desizyon ou dwe pran: achte “SAJÈS AYISYEN, Maks Maniga ekri. Soutit liv la se “Ansyen Pwovèb Kreyòl, Enspirasyon Pou Lavi Modèn”, se yon liv ki pibliye nan Koleksyon Koukouy, enpi EducaVision pibliye li nan fen 2009 la (nou ka wè 2010 nan piblikasyon an, sa vle di li fenk soti tou cho anba près). “Sajès Ayisyen” pa mache poukont li, li se marasa ak yon lòt liv ki te pibliye anvan nan menm ane 2009 la. Premye liv la se: “Proverbes Créoles Haitiens du dix-neuvième siècle”, menm otè a ekri an franse. Se yon edisyon modèn yon liv ki te parèt deja an 1877 anba kout plim J. J. Oden ki te ofri l bay piblik la 1011 pwovèb. Mwen rele de liv sa yo de liv marasa paske yo se menm, youn an franse ak kreyòl, lòt la se an kreyòl tou pi. Toulede prezante menm pwodui a, sèlman gen moun ki di yo pi alèz nan li franse, enpi gen lòt ki fè jefò pou yo li kreyòl fasilman, dapre volonte ou, ou a chwazi sa ki pi bon pou ou.

REKA te pale sou premye liv la deja nan mwa me, lè nou te resevwa yon kopi nan men Maks, men sa nou te di:

« LIV KI FÈNK PARÈT

REKA, atravè Lionel Hogu, te resevwa liv Max Manigat te pibliye a, « PROVERBES CREOLES HAITIENS du dix-neuvième siècle » ki parèt pi bonè nan ane sa a. Nou li liv la men nou te renka pou pale sou li akòz tit la te an franse menm si anndan liv la se Kreyòl ki bay kalinda sou toutlaliy. Lè REKA te fòme, nou te fè sèman pou voye Kreyòl monte tou pi, nou pa vle bay enpresyon nou ka fè konpwomi. Nou refize anpil lòt liv an Franse deja, nou pa te vle pou moun sa yo te vin akize nou nan patipri pou kin an nou: Maks. Anons anba a di yon vèsyon kreyòl pran lari. Nou pral fè refleksyon pa nou sou toulede liv yo ansanm. Annatandan gade tèks sa yo ki parèt deja pou prezante liv la:

Sa fè 132 zan, an 1877 J. J. Oden te fè dezyèm edisyon : « Recueil de proverbes créoles » li a parèt. Edisyon sa a « revue et augmentée » te pote bay piblik la 1011 pwovèb ; kèk nan yo rete jouk jounen jodi, dòt – sitou zen nan epòk sa a – ki disparèt.

Nan moman kote lang nasyonal nou an ap leve tèt li – alafendèfen – tankou premye zouti pou Ayisyen kominike ak Ayisyen parèy yo, mwen kwè li bon pou mwen mete pwovèb kreyòl sila yo nan men pèp la.

Pwovèb se eksperyans yon pèp. Ayisyen, yon pèp abitan k ap viv ak ti zing ; k ap tòdye men yon tè kòkòtò ; k ap viv avèk zòt ki konn malveyan ; gan de fwa yo aji yon jan ki mal pou èskplike. Pwovèb yo va ede nou konprann sa ki nan tèt yo epi santi tou anpil sa y ap boukannen.

Eritaj sa a lelit nou yo toujou fè kankou li pa egziste, enben se li ki san nan venn lizay pèp la.

132 an apre dezyèm edisyon Recueil de Proverbes créoles sa a te fin parèt, plizyè santèn konpatriyòt nou yo ki konn li kreyòl ase va pran plezi pou li yo nan òtograf yo konnen an. An 1877, sete yon ti ponyen nèg a fokòl ki te jwi pawòl sa yo. Lide sa a plis pase tout lòt te pouse m pran desizyon pou mwen mete fè.

Mwen te kontan fè travay sa a avèk lide – mwen konnen se yon lide moùn fou – pou Recueil de Proverbes créoles la, ki te pibliye an 1872 ak 1877, ta kapab ede nou amelyore charabya yanmyanm kakachat, zòt ta vle rele kreyòl la, m ap tande depi sèt an nan bouch majorite animatè pwogram radyo nan Sid Florid la.

Mwen ta ozanj, anplis, si m ta wè rekèy sa a rive nan tout zile ak peyi kreyòl nan Karayib la, nan Amerik di Sid la avèk peyi Oseyan Endyen yo pou li pote lareverans ak tavoudra gran sè yo : Ayiti.

Mwen kwè tout rezon sa yo montre yon reyedisyon Recueil de Proverbes créoles sa a mize nan wout men li pote bon konmisyon.»

Nou santi retisans mwen te genyen lè premye liv la te sòti, Maks te pale ak mwen pou mande m pran san m paske vèsyon kreyòl la te deja nan kouti. Toudayè men sa EducaVision te ekri nan menm epòk la:

Edisyon Educa Vision, Inc. ap anonse dènye liv Maks Maniga a :

SAJÈS AYISYEN – ANSYEN PWOVÈB KREYÒL –

ENSPIRASYON POU LAVI MODÈN

2010, 150p. US $15.00 + $3.00 lapòs

FENK PARÈT

Je wè, bouch pe! Liv Maks Maniga a se pa premye liv ki ekri sou pwovèv ayisyen, mwen pi renmen pa Maks la paske li mete refleksyon pa li tou ki pou ede nou konprann nannan pwovèb yo. Travay sa a nesesè anpil paske gen pwovèb ki granmoun anpil enpi ki swa pèdi sans yo te genyen anvan an oswa sans la vin chanje apre yon tan. Maks, se pa t yon lide moun fou jan ou di li a, se yon travay sovtaj pawoli kreyòl yo. Mwen di ou mèsi onon nou tout ki pral sèvi ak liv la lakay nou pou enspire lavi nou, pou esplike lavi ak aksyon zòt, pou edike elèv nou yo dapre pawòl ki soti nan bouch grandèt yo. Mèsi ankò! Bònane!

Men kote nou ap jwenn kado pou tèt nou oswa pou moun nou apresye anpil:

POU KÒMANDE LI :

(Si ou vle yon liv siyen)

Max Manigat

16302 SW 28th Court

Miramar FL 33027-5213

Telefòn : 954-443-2260

maxmanigat@aol.com

——————————-

Educa Vision, Inc.

7550 NW 47th Avenue

Coconut Creet FL 33073

Telefòn : 954-968-7433

Faks : 954-970-0330

www.educa.com

educa@aol.com

——————————-

NOU KAPAB ACHTE LI TOU NAN:

Libreri Mapou Bookstore

5919 NE 2nd Avenue

Miami FL 33137

Telefòn : 305-757-9922

Faks : 305-757-3606

mapoujan@bellsouth.com

——————————-

Haitian Book Centre

P.O. Box 258

Uniondale NY 11553

Telefòn : 516-538-5899

Faks : 775-854-0923

info@haitianbookcentre.com

www.haitianbookcentre.com

——————————-

Grenadier Books

1583 Albany Avenue (corner Glenwood Avenue)

Brooklyn NY

Tel. 718-421-0162

——————————-

Communication Plus, S.A.

24 Delmas 60, Musseau

Delmas, HAÏTI – HT6120

Telefòn : 2510-7047 / 3510-7230

complusa@yahoo.com

——————————-

Libreri KEPKAA

2000 boulevard St-Joseph est, Porte B

Montréal, Québec H2H 1N

CANADA

Telefòn : 514-750-8800

Faks : 514-303-1558

librerikepkaa@videtron.com

www.kepkaa.com