Biwo Nasyonal Alfabetizasyon
18 me 1991
Viv lavi pou tout moun. Viv lapè pou tout
moun. Viv lasante pou tout moun. Viv manje pou tout moun.
Viv travay pou tout moun. Viv lekòl pou tout moun.
Aba lavi chè. Aba lagè. Aba grangou. Aba
lamizè. Aba lenjistis. Aba pàn kouran.
Tout moun se elèv. Tout moun se pwofesè.
Tout moun ap aprann ekri kreyòl fen. Chak moun ap montre yon
lòt moun ekri kreyòl, ak twa ti prensip. Pawòl nou
fèk li yo, ap montre nou jan chak lèt ret nan wòl yo, jan
tout son ekri menm jan, epi jan nanpwen let ki bèbè, ki
initil.
|
Òtograf
Prensip
|
Prinsip 1>>
1. Chak lèt ret nan wòl yo
Men lèt nou jwenn ki ret nan wòl yo, nan
pawòl nou fèk li yo:
a
nan: katreven,
drapo, ap, aprann, chak, ak, twa, aba, lavi, lamizè,
pàn, lagè, travay.
an
nan: san,
aprann, nan, kouran, lasante, manje, grangou
b
nan: aba
ch
nan: chak, cho
d
nan: drapo
e
nan: me,
katreven, inivèsite, se, elèv, pwofesè, ekri, kreyòl,
montre, lasante, manje, lekòl, ret
è
nan: nèf, fèt,
elèv, pwofesè, lèt, chè, lamizè, lapè
en
nan: katreven,
fen, prensip, lenjistis
f
nan: nèf, fèt,
fen, pwofesè
g
nan: lagè,
grangou
i
nan: dizui,
mil, inivèsite, viv, lavi, lamizè, lenjistis, ekri,
ti, prensip
j
nan:
lenjistis, manje
k
nan: katreven,
ekri, kreyòl, chak, kouran, lekòl
l
nan: mil,
elèv, kreyòl, lòt, lèt, wol, lenjistis, lavi, lamizè,
lagè, lasante, lapè, lekòl
m
nan: me, mil,
moun, montre, lamizè
n
nan: nèf,
inivèsite, moun, aprann
o
nan: drapo, yo
on
nan: onz,
montre
ou
nan: tout,
moun, kouran, pou
p
nan: drapo,
pwofesè, ap, prensip, pan, lapè
r
nan: katreven,
drapo, aprann, ekri, kreyòl, montre, prensip, ret,
kouran, travay
s
nan:
inivèsite, se, pwofesè, prensip, lenjistis, lasante
t
nan: katreven,
fèt, inivèsite, tout, montre, lèt, twa, ti, lòt, ret,
travay
ui
nan: dizui
v
nan: katreven,
inivèsite, elèv, lavi, viv, travay
w
nan: pwofesè,
twa, wòl
y
nan: kreyòl,
yon, yo, travay
z
nan: dizui,
onz, lamizè
|
|