Jean-CLaude Martineau
Yon Dekouvèt Louvri Je Lionel HOGU |
Enprime |
Premye fwa mwen tande palede Jean-CLaude Martineau se te an Ayiti, yon
dimanch apremidi nan yon pwogram Jean Dominique sou Radyo Ayiti Intè.
Jou sa a, Jean te kòmanse pwogram nan ak yon tèks ekriven an t ap prezante limenm:
Pale Moun Nan Nò. Apre tèks sa a li te pase Flè Dizè enpi de twa mizik
Carole Demesmin chante.
Nan finisman pwogram espesyal sa a, Jean te di se
menm moun ki ekri chante sa yo ki ekri de lòt tèks nou te tande nan
kòmansman an; li te tou pwofite di tou ekriven sa a ap viv aletranje. Se sou
nòt sa a tou, emisyon dimanch apremidi sa a te fini.
Jean pa te vle pale twòp sou ekriven sa a, ni tou li pa te ka di plis , paske se yon moun ki te
ap viv an egzil poutèt gouvènman Divalye yo. Efè Jean te ap chèche a te
reyisi tètkale nan sèvo mwen, paske depi lè sa a mwen te ap chèche konnen
plis sou kokennchenn gason sa a.
Kèk mwa apre, mwen vin jwenn liv Flè Dizè a
nan Libreri La Pléiade, jou sa a, mwen pa te gen kote pou mwen te met kò
mwen sitèlman mwen te kontan. Konsa, mwen vin dekouvri plis toujou nan sa
ekriven sa a te gen anba plim li.
Kimoun Koralen ye?
Jean Claude Martineau (Koralen) fèt Kwadèboukè jou ki te 28 fevriye 1937 (1)
la. Papa li se te moun Jeremi, manman li se te moun Plezans. Kòm pwofesè
lekòl riral, toulede te toujou ap vwayaje nan peyi a kote djòb la te voye
yo. Konsa, Jean-Claude vin konnen yon pakèt vil nan peyi a; li pase Jeremi,
Pòtoprens, Chata bòkote Plezans.
Nan ponmennen toupatou anndan peyi a, li
vin pale Kreyòl menm jan ak moun nan Nò paske li te rete Chata, li pale
tankou moun nan Sid tou paske papa li se moun zòn nan. Li aprann obsève
mannyè ak abitid moun ti bouk kote li te ap viv yo. Li leve kouwè yon
tipeyizan, li te plante ak rekòlte latè menm jan ak yo.
Jean-Claude te kòmanse lekòl li Okap, lè fini, li ale kontinye lekòl li
Kankòk ak Chata, de ti bouk bò Plezans. Li fini klas li yo nan Lise Tousen,
Pòtoprens; apresa li al pran yon diplòm kontab an Ayiti. Nan kòmansman lavi
grandèt li, li travay pandan sèt lane nan estasyon radyo kòm animatè "Radio
Port-au-Prince".
Janbe Lòtbò Dlo
Jean-Claude Martineau vini Ozetazini an 1962 epi li vin abite Boston. Lè sa
a, Boston te gen senk fanmi ayisyen sèlman. Tankou anpil nan nou ki vin bò
isit la, li pase anpil "karyè": li te menm vin tounen yon espesyalis nan
espedye machandiz lòt kote (shipping). Li te konn anseye kilti ak reyalite
ayisyen nan Roxbury Community College anvan yo te vin nonmen li "Atache
Kiltirèl" nan konsila Boston nan.
Lè koudeta 1991 la, li janbe al travay nan
anbasad ayisyen an nan Wachintonn. An 1994, li tounen an Ayiti kote li te
travay nan Televizyon Nasyonal pou prezante pwogram edikasyon yo. Nan mitan
ane 2004 la, Jean-Claude retounen Boston epi li di nou li ap travay sou de
liv tounèf, li ta renmen mete yo deyò prese-prese.
Angajman Pou Kreyòl La
Jean-Claude Martineau pibliye an Kreyòl, Franse ak Angle. Zèv msye yo pran
tout kalite fòm: pwezi, istwakout, chante, istwakont, pyèsteyat... Li ekri
nan yon estil senp, san rale-mennen-kase, paske li vle pou moun yo reyalize,
san kase-tèt, sa ki ap pase nan peyi a. Kèk moun kritike li pou sa, kote yo
di senplisite tèks li yo rann yo twò fasil; petèt moun sa a pa te li epi
tande Flè Dizè byen.
Malgre sa yon moun ka di, Martineau se yonn nan ekriven
ki fè anpil pou pwomosyon lang Kreyòl la. Li te esplike se nan finisman ane
1950 yo, li te tande powèt Feliks Moriso-Lewa ki te ap di yon powèm an
kreyòl epi sa te fè li vin enterese ekri nan lang nan an tou.
Lè li vin antre Boston, li vin monte gwoup "Haiti Culturelle" la enpi li tonbe ekri teyat pou manm yo jwe. Kèk nan tèks nou konnen yo se: Djouman, Restavèk,
Dejwe, ak yon adaptasyon tèks Sixto a : Lea Kokoye. Nan yon chita-pale li
te genyen ak yon gwoup elèv ayisyen Boston nan dat 6 avril 1989, men sa li
te di :"Dapre mwenmenm genyen plizyè rezon pou mwen ekri an Kreyòl:
-
Pou moun ka wè Kreyòl kapab di nenpòt ki bagay e li kapab di li byen,
li kapab di li bèl.
- Nou gen yon mòd an Ayiti, se yon gwoup moun ki pou konn sa yo rele
pwezi, ki konn sa yo rele lakilti epi gen yon gran majorite yo iyore. Abitan
an, ki nan raje a, li menm se pa pou li bagay sa yo ye, paske se an franse
yo fèt, limenm li pa konprann, kidonk li pa ladann. Konsa, si limenm tou li
ta anvi ekri, li ta anvi di yon bagay, li pa janm ankouraje pou li di li,
paske dapre limenm, si pou li di yon bagay ki bèl, fòk se franse pou li ta
konnen.
- Men poukisa mwen ekri an kreyòl, mwen ekri an Kreyòl, paske mwen
pakab ap pale de yon pèp epi pou pèp la limenm pa tande sa mwen ap di de li
a. Anplisdesa tou, mwen ta renmen ankouraje lòt moun ki fè lòt esperyans,
lòt moun ki soti nan lòt milye e lòt moun ki kapab anrichi esperyans yo ak
lang pèp ayisyen an.
- Anplisdesa, mwen ekri an kreyòl paske mwen twouve se yonn nan pi bèl
lang mwen konnen e mwen ap di nou mwen konn de twa lang, men Kreyòl la se
pi bèl lang pami yo."
Rès tèks la
|