|
Pierre Michel Chéry
Ranmase :
Atik sa a se yon analiz sou yon liv Kesner Castor ekri an franse, ki sòti nan mezon edisyon L'harmattan an 1998, nan vil Monreyal ak Pari, nan koleksyon "Cultures et Cosmologies". ISBN liv la se : 2-7384-7443-8. Men rezon ki pouse nou ekri atik sa a: 1) Kesner Castor pote anpil limyè ki ka ede yon moun konprann kisa ki enpòtan pou Ayisyen nan rapò yo youn ak lòt, li pote limyè tou sa ki enpòtan pou Ayisyen nan lavi yo; 2) Bagay enpòtan sa yo, se pa tout tan Kesner Castor di yo aklè ; 3) Gen anpil eksplikasyon Kesner Castor bay nou pa dakò avèk yo ; 4) Liv la ofri nou okazyon pou nou pouse analiz Kesner Castor yo pi lwen.
Prekosyon :
Pou nou kòmanse, nou pran mo etik la nan sans moral. Se pa sèlman yon moral k'ap siveye ajisman moun anndan sosyete a, men moral la fèt pou l' di pou ki rezon li vle se konsa pou sosyete a mache. Lè nou pran li konsa, nou alèz pou nou manyen konpòtman depaman yo, san nou pa bay tèt nou dwa pou nou jije. Lòt koze ki enpòtan nan liv la se "Herméneutique de la maîtrise". Mo "Herméneutique" mache ak eksplikasyon. Dapre sa nou konprann nan analiz la, Kesner Castor ta vle eksplike nou kouman moral ki dèyè vodou a se yon moral ki mande pou moun kontwole tèt yo. Kòm nou te pran prekosyon pou nou rekonèt konpòtman depaman yo, nou ka alèz pou nou swiv Kesner Castor nan konklizyon rechèch la pote pou li.
Ak ki materyo chèchè a travay ?
Pi gwo materyo KC itilize se yon rado chante fouyadò , anvan li, ranmase nan fè rechèch sou vodou. Chante sa yo se chante anba peristil yo ak chante pwent yo. Se nan analize pawòl k'ap sòti nan chante sa yo KC rive nan konklizyon li yo. Anvan nou antre nan konklizyon yo men kouman nou wè liv la.
"Ethique Vodou, …" gen 3 pati, men de pi gwo pati yo chita sou prezantasyon manifestasyon etik la anndan rit rada a, epi manifestasyon etik la anndan rit petwo. Twazyèm pati liv la se yon analiz sou chante pwent yo. KC konsidere kategori rit yo (rada/petwo), sèks lwa yo (si se yon lwa fi, si se yon lwa gason lè li manifeste), espas kote lwa yo evolye, nanchon ki bay lwa yo pou li fè analiz li yo. Depi nan fason li lote lwa yo, dram k'ap travay sosyete Ayisyen, sèvi ak vodou a, pou yo pran paj katalòg.
Ranmase sou lwa Rada yo
Nan chapit sou lwa rada yo, KC konstate gen 2 lwa fanm sèlman nan rit rada a, Ayizan ak Èzili Freda. Men se 2 fanm yo pa ka lote ansanm paske senpman yo se fanm. Ayizan parèt pou nou tankou yon fanm, men li pa la paske li se fanm, li mete tèt li pi wo pase nivo kote koze fanm ak gason ap pale. Se li ki kenbe kle ki ouvè pòt tout konesans yo, se devan li pou inisye yo pase lè yo bezwen pran degre, sa mande pou li gen tanperaman poze moun ki gen gwo reskonsablite, se sa ki fè yo pa jwenn anpil chante sou Ayizan. Travay Ayizan ap fè a mande pale sa nou gen bezwen (se premye leson kontwòl la).
Si pou Ayizan diferans nan mitan fi ak gason pa konte, se pa menm koze pou Èzili Freda, ki bay medam yo lespri li pou yo fè dram yo ak devire yo pase devan je lasosyete. Èzili Freda, sou bò pa li, se fanm ki renmen jwisans la, ki pa bay anyen enpòtans, se fanm k'ap sèvi ak cham li pou li atire gason, paske li renmen bijou, li renmen pouvwa. Èzili se yon lwa kreyòl, se imaj milatrès la, k'ap ranje kò l' pou li jwenn fòtin ak pwoteksyon nan fwotman ak kolon blan. Apati moman fanm nan retire kazak nennenn nan, pou li mete kazak mètrès li la, imaj fanm lejè a disparèt, nou annafè ak yon fanm madre, sou deyò li parèt tankou yon sèvèl wòwòt, epoutan se yon fanm k'ap sèvi anpil ak sèvo li pou li regle zafè l'. Imaj Èzili sa a se imaj laplipa fanm peyi Dayiti, k'ap goumen, ak tout zam yo, pou yo jwenn plas yo anndan sosyete a, anndan peyi a kou deyò. Se imaj madansara a k'ap apante peyi a nan chache lavi. Lwa a pa bezwen sele medam yo pou nou wè se konpòtman yo Èzili ap kopye. La a ankò nou dakò ak "Herméneutique de la maîtrise" la.
Apre analiz KC fè sou lwa fanm yo, nan rit Rada a, li pase sou lwa gason yo. Pou chak lwa sa yo, KC bay kisa Ayisyen an ap tann nan men lwa a, epitou ki komisyon lwa a ap voye pou sèvitè li yo. Men nan kèk lwa sa yo ak moral KC dekouvri ki nan pawòl yo chante pou lwa a:
- Agwe, lwa ki sòti an Afrik, l'ap viv nan lanmè ak sou zile, moral la pase nan yon chante kote yo voye yon komisyon ki mande pou gason ki pa kondi 2 fanm yo, kite youn ale, konsa l'ap evite chirepit (chirepit lakoz moun gaspiye enèji). Menm moral la rapouswiv sou yon lòt fòm, ki mande pou bosal yo pran prekosyon ak kreyòl yo pou yo pa pèdi enèji yo (Kreyòl va gate mwayen ou, paj 76).
- Kita, yon sèl fraz ki sòti nan bouch lwa sa a, di tout sa moun te bezwen konnen pou pèsonn pa pran tèt li pou sa li pa ye : (Nan pwen ougan pase Bondye, p 137)
- Loko, anplis sekrè fèybwa yo se li ki gen sajès lavi a li ranmase depi nan Ginen
- Ogou, gen yon lwa Ogou pou chak kòz, Ogou nèg vanyan brave danje, Ogou pa pè chay, Ogou defansè, Ogou konpayèl fidèl ;
- Zaka, nou rezève analiz sou papa Zaka pou pozisyon pa nou ki pa ale nan menm sans ak KC.
Ranmase sou lwa Petwo yo
Tit KC bay tèt chapit pou lwa Petwo yo se "Jije ak Pini". Depi nan antre chapit la, KC eksplike nou annafè ak yon seri lwa ki la pou yo korije dezekilib ak enjistis ki gen nan sosyete a. Se pa yon sekrè pou pèsonn se lanfè lakoloni ki kale lwa petwo yo "the new world answers to the new world needs" . KC raple nou anpil nan lwa petwo yo se yon lwa rada y'ap double, Èzili Freda tounen Dantò oubyen Èzili Je wouj. Gen lwa petwo ki fèt tou petwo tankou : Kalfou, Granbwa, Lenglensou. Nou regrèt KC pa bay prèske pa bay pyès detay sou yon kategori lwa petwo ki enpòtan, dapre pou nou menm, pou travay la, se lwa zandò yo.
Sa KC raple nou sou lwa petwo yo se tanperaman vyolan, san pitye yo, egzijan yo. Si se te yon lwa rada, karaktè li chanje nèt, Èzili Freda fanm k'ap kouri dèyè jwisans lavi a tounen yon vye granmoun k'ap chache vanjans.
Nan konklizyon KC fè sou lwa petwo yo, lè li makonnen yo ak lwa rada yo, li pran yo pou yon seri lwa ki la pou repare enjistis paske yo refize aksepte sitiyasyon lanfè lwa rada yo pa ka bay repons yo. Nan sitiyasyon lanfè kote lwa rada yo pa ka reponn se lwa petwo yo ki parèt. Men lwa petwo a ka frape pwòp chwal la ak menm vyolans li te ka frape lenmi chwal la.
Si nou p'ap rete sou devire lwa petwo yo, fòk nou raple lwa petwo a pa nan diskite, pale anpil, se lòd li pase pou tou sa l'ap mande. Men kèk non lwa petwo KC bay kòm egzanp nan liv li a: Kalfou, Granbwa, Kita, Lenglensou.
Lwa Nanchon
Kongo, Ibo, Wangòl
Kisa KC aprann nou sou lwa nanchon yo ?
- Nan lanfè lakoloni an, yo te konsidere kongo yo tankou moun ki fasil pou yo pran kilti lòt moun. Se youn nan rezon yo bay pou eksplike pou ki rezon esklavajis yo se moun ki sòti nan rejyon sa a yo te pran plis pou yo fè sèvi esklav. Feblès kongo yo pou yo kite kilti lòt moun pase sou kilti pa yo te fè yo pran yo pou moun ki trayi moun fasil…
- Ibo, si gen yon ras moun ki refize mache tèt bese se Ibo, tout istwa kolonizasyon an chaje ak reyaksyon Ibo yo sou tèt yo devan sitiyasyon yo pa ka aksepte. Pawòl ki di "Libète ou Lanmò" koresponn ak pèsonalite ibo yo, moun ki gen anpil fyète, ki pa aksepte imilyasyon.
- Nago, enpwisans ak nostalji.
Analiz
Lè KC fin konpare de lwa fanm sa yo, ki nan de bout kòd sa moun ap chache nan lavi a: konprann lavi a ak byennèt. Si Ayizan pa brase nan sòs gason ak fanm, Èzili, sou bò pa li, pa la pou fanm sèlman. Ni gason ni fanm sèvi Èzili. Pou ki rezon? Aspè sa a KC pa manyen l'. Gen yon bezwen nan lavi a k'ap bouyi anndan fonnanm tout moun. Ki nesesite ? Se nesesite lanmou an, nesesite pou chak moun jwenn yon moun ki renmen l' tout bon, etan Èzili pwojte imaj medam yo k'ap chache lanmou, l'al tonbe sou gason yo ki bezwen lanmou tou, se konsa gason ki bay lanmou anpil plas nan lavi yo marye ak lwa a, pou lwa a pote chans pou yo menm jan li pote chans pou medam yo. Nou gen pou nou vini sou echèk lwa Zaka a ki lage latwoublay nan lantouray li.
Apre sa, si nou aksepte eksplikasyon KC sou etik vodou a, gen anpil entèpretasyon chante kreyòl nou pa dakò, menm si nou admèt chak moun gendwa bay entèpretasyon pa li pou yon chante.
Premye egzanp chante nou pran se chante yo voye pou lwa Zaka a (rada) nan pati ki di : "kouzen pa pran kouzin o!".
KC fè yon analiz sou pèsonalite pèsonaj Zaka a ki kòrèk, malgre sa li debouche sou yon entèpretasyon ki pase akote. Pou ki rezon nou di sa ? Nan deskripsyon pèsonaj Zaka a, KC admèt se yon abitan ki renmen fanm lavil, epi fanm lavil ap betize. KC fè chante a pase pou yon leson moral pou kouzen pa plase (marye) ak kouzin li. An reyalite dram kouzen Zaka ap viv ak fanm lavil la, rale yon lòt dram nan kanton kouzen Zaka: Kouzen Zaka vire do bay fanm nan kanton an, pou li kouri dèyè fanm lavil. Medam yo pa gen tokay (moun menm kondisyon ki wè yo). Kouzen Zaka ap kriye dèyè yon fanm lavil, etan sa gen yon fanm ki pare ap tann li, men li pa sou bò li, se lavi moun (kouzin) ki damou yon moun (kouzen tokay) ki damoun yon lòt (fanm lavil) ki pa sou bò l'. Chante a manke yon detèminan posesif pou se ta yon leson moral. Si fraz la te pati konsa : "Kouzen pa pran kouzin OU", ekplikasyon KC a t'ap mache. Fòm yo itilize nan chante a, ap pale an jeneral, fraz la vle di : "abitan pa pran fanm lakay (peyi) yo".
Dezyèm entèpretasyon nou pa dakò ak KC se analiz li fè sou chante yo voye pou lwa Kita a (paj 139).
"Kita Demanbre, pinga ou fè m' sa ankò /… / Nan Leyogàn ti poul la mouri nan ze"
Malgre KC fè yon entèpretasyon kòrèk sou Demanbre, nou ka remake li ekri li an majiskil, ki vle di yon non pwòp, li rate entèpretasyon an, "à cause du contexte très explcite de ce chant et sans vouloir porter atteinte à l'intégrité du loa, ce terme nous paraît devoir conserver ici sa sémantique première, française : dépecer, découper" . Okontrè chante a ap repwoche Kita yon zak li komèt sou yon pitit demanbre a (demanbre pifò pase lakou), malgre li se yon lwa Demanbre. Fòk nou peze sou karaktè lwa "demanbre" a ki pa menm ak lwa "achte" a. Se paske li se yon lwa demanbre ki fè y'ap repwoche li sa ki pase a. Lwa demanbre a pa gen pou li mande peye angajman (ti poul la sanble ak yon angajman y'ap peye, se nòmal pou yo peye angajman pou lwa "achte" men li pa nòmal nan ka lwa "demanbre" yo. Si lwa demandre a aji konsa se paske gen yon fot, chante a pa di, li repwoche sèvitè yo. Chante sa a se yon demonstrasyon sou karaktè terib lwa petwo, se ak lavi yon inosan pou yo repare fot la: pinisyon an pa oblije kadre ak fot la.
Konklizyon
Nou pa manyen chante pwent yo, tèlman nou dakò ak analiz KC yo, sèl sa nou ka di anplis: KC pa mezire nan ki mezi medizans peze nan lavi Ayisyen, kit se sila yo k'ap fè medizans, kit se sila yo ki pè medizans la. Lòt aspè ki enpòtan nan analiz KC yo, se rapò Ayisyen yo ak lwa yo ki chita sou tranzaksyon. Vodou a fonksyone sou baz ban m' m'a ba w', se sa KC rele tranzaksyon an. KC gen rezon fè diferans la ant kontanplasyon ki egziste nan relijyon kretyen yo, yo pa rekonèt nan vodou a. Aspè sa a enpòtan paske li fikse rapò Ayisyen ak Bondye nan kèlkeswa relijyon an k'ap evolye an Ayiti. Lè relijyon kretyen yo rive an Ayiti, yo pran fòm rapò tranzaksyon ki egziste nan mitan sèvitè yo ak lwa yo. Si vodouyizan te konn pote paspò li bay yon ougan anvan l'al nan randevou nan Anbasad, li pote paspò nan jèn, nan karismatik. Si vodouyizan te gen pou l' goumen ak lougawou, legliz kretyen an oblije antre nan goumen an tou. Sa vle di relijyon kretyen yo adopte rapò tranzaksyon yo jwenn nan sosyete a. Si vodou a bay relijyon kretyen yo sou kisa pou yo pale, relijyon kretyen yo dezame lè pou yo fè sa vodou a ka fè. Ideyoloji a konble mank relijyon kretyen yo pa ka ofri yo.
Nan aspè sou lwa petwo yo, si lanfè lakoloni eksplike kote lwa petwo yo sòti, li difisil pou nou aksepte vodou reprezante yon fòm reparasyon enjistis. Si Leta pa pran dispozisyon pou li satisfè moun k'ap mande jistis, li difisil pou nou konprann moun ka jwenn jistis la kay bòkò, lajistis se yon sistèm ki la pou pwoteje sosyete a. Nou retounen nan menm rapò eksplwatasyon klasik yo: vodou a ofri grandon an ak makout la menm posiblite pou fè koupe fè. Fè koupe fè a li la pou tout moun, li pa pou viktim nan senpman. Nan kondisyon sa a nou refize admèt vodou a se yon sistèm jistis paralèl.
KC te chwazi sèvi ak chante yo pou li montre etik ki dèyè vodou a, gen lòt leson moun jwenn nan pawòl ki pale anndan peyi a ki ka kore analiz KC yo toujou, gen yon filozofi "pa vèse san" anndan vodou a, ki mande pou nou pa kontrarye sa k'ap fèt yo, respè ekilib ki nan lanati a parèt nan chak vèvè yon moun trase. Men sa pa anpeche rit petwo ki ta dwe rezève pou moun ki gen metriz ak sajès se li ki gaye nan peyi a, pou anpil rezon…
Menmsi kèk fwa nou santi liv la kite nou sou swaf nou, li rete yon liv enpòtan pou nou paske li pote pou nou materyo ki pèmèt nou konprann Ayisyen k'ap evolye bò kote nou yo, ki lwa k'ap danse nan tèt yo san yo pa konnen, reyaksyon ki nanchon y'ap remèt lè y'ap aji ansanm, li pèmèt nou konprann vodou a retounen konpòtman Ayisyen yo nan glas la ba yo, kit se konpòtman ki ba yo plezi, kit se konpòtman ki ba yo lapèrèz.
Pi gwo leson an: si nou konn lwa yo, n'ap konn Ayisyen, pase lwa yo pa lòt moun pase Ayisyen k'ap rele anmwe.
Pièrre Michel Chéry
Mèsi pou foto nou prete kay http://www.haiticulture.ch
|