PajBèlAntre

 

MAXIMILIEN LAROCHE : MOUNN ANDEYÒ

 

Ak : Michel-Ange Hyppolite

 

 

Pou ane 2007 la Pwofesè Maximilien Laroche pibliye 2 liv: Littérature Haïtienne Comparée ak Se nan chimen jennen yo fè lagè.  Tankou nou kab remake li, Pwofesè Maximilien Laroche ap frape nan tou de lanng ofisyèl peyi-a epi nou ap di li bravo pou kalite direksyon 2 lanng sa-a li deside bay travay li ap fè sou  literati anndan Ayiti a ak sou rèv li ap miltipliye nan kè li pou Ayiti, peyi kòd lonbrit li, pandan li ap viv kòm mounn andeyò, ki andeyò Ayiti..

 

An n’li youn lèz nan liv ki rele : Se nan chimen jennen yo fè lagè-a :

 

Mounn Andeyò

 

Mwen se mounn andeyò.  Pa andeyò anndan Ayiti!  Andeyò andeyò Ayiti.  Rèv tout  mounn andeyò se rebati anndan.  Se petèt pou sa mwen ap pase tout vi mwen ap seye rebati  Ayiti nan tèt mwen.  Se pou sa tou, mwen tou lonngsay ak mounn andeyò anndan Ayiti.

 

Si pou nou rabati Ayiti, andeyò tankou anndan Ayiti, fondasyon-an se nan jan nou  ap pale andeyò, se nan sa nou ap pale, sa nou  ap reve,  sa nou  ap sonje, sa nou   ap fè,  sa nou  ta  ka fè, sa nou vle fè pou anndan  ak andeyò Ayiti ka youn goulo nan twa goulo anpi twa goulo nan youn goulo.

 

Vire anndan lanvè li ba nou andeyò, tounen andeyò devan dèyè, li ban ou anndan.  Anndan ak andeyò travèse pak-an-pak.  Youn sèl ak menm bagay la ap travèse yo, ap vire tounen yo  tèt anba, tèt anwo, ale pou vini,  sèl kote nou tout ye a, sèl bato, menm bato n’ap navige a.

 

Men! kote nou prale?  Drèt devan nou , vle pa vle, se lanmò.  Men si nou ka evite resif, nou va rive an bon eta, jou pou nou rive kote nou prale a.  Se erèz akouchman nou mande. Lanmò se pasay, se kaselezo.  Lòt bò lanmò se pa sèlman peyi san chapo , se lye verite apre manti.

 

Se lòt bò lanmò ki anndan tout mounn. Nou tout nou mounn andeyò.  N ap reve pou nou bati anndan. Se pou nou touse ponyèt nou, navige, dangoye, goudiye pou nou rive kote nou prale a.

 

Mwen pa mounn andeyò anndan, mounn rich, pisan, ki gen pouvwa. Mwen andeyò ni anndan  Ayiti ni anndan lòt bò lavi.  Si mwen pou rive anndan Ayiti se pa pou mwen rete andeyò lavi, lè mwen va rive lòt bò lanmò.

 

Larivyè lanmò, dlo mennen lavi-a gen pou mennen mwen anndan rèv mwen ap reve a ki va ban mwen lavi anndan Ayiti tankou lavi tout bon mwen vle viv pou lavi diran.

(Se nan chimen jennen yo fè lagè, p. 97 – 98 )

 

            Nan tèks nou soti li la-a, Mounn andeyò, nou kab wè fason Pwofesè Maximilien Laroche esplike nou pwòp tèt li kòm mounn andeyò.  Mwen renmen fason Pwofesè Maximilien  chwazi pou li sèvi ak mo mounn andeyò- a nan plas youn mo kou dyaspora, ki plis gen sans pèpè nan lespri mwen, pou li klase tèt-li anndan bitasyon nou tout pote anndan nou an, ki pote non Ayiti-a.  Depi kèk tan, noumenm Ayisyen, ki ap viv andeyò Ayiti, pote non dyaspora oubyen Pèpè. Lè nou sonje pèpè  egal rad kenedi, rad odeyid, pwodui mounn pa bezwen ankò, yo voye jete nan peyi pòv. Nou di : nou pa kab pèpè, paske menm lè kondisyon lavi-a mete nou deyò nan peyi nou, nou pa merilan pou sa. Nou pa zaboka pouri.  Nou toujou ap travay pou peyi nou, swa nan aksyon nou, sou tout fòm, swa ak kontribisyon nou sou fòm lajan ak lide. Kidonk, nou pa  youn pwodui mounn fin sèvi epi yo voye jete.  Konsa, mwen jwenn plis fyète nan mo mounn andeyò ki andeyò Ayiti-a, pase mo dyaspora  oubyen pèpè-a.

Mo andeyò-a negatif tou, men mwen jwenn plis respè ladan pase de lòt mo mwen sot nonmen pi wo-a.  Lè mwen li mo mounn andeyò-a, mwen santi youn koneksyon natif-natal ladan. Mwen santi mwen dyanm nan konbit peyi-a.

Malgre tout salanbe mounn lavil yo salanbe mounn andeyò yo, si andeyò pa desann, lavil pa manje. Se te konsa lontan, ni tou mwen pa kwè sa plis diferan pase sa jounen jodi-a pou youn sèten sektè nan peyi-a, kote se andeyò ki ap soutni lavil.  Poutan, mounn lavil yo manke sou lizay yo pou yo ta apresye mounn andeyò yo epi glorifye fòs travay yo. Mwen kwè gen youn operasyon men-kontre ki dwe tabli ant mounn anndan ak mounn andeyò yo, mounn anndan gwo vil yo parapò ak mounn andeyò ki anndan Ayiti yo epi mounn ki ap viv nan peyi-a  parapò ak mounn andeyò ki ap viv andeyò Ayiti yo.

            Si mounn andeyò yo te kab mache men nan men ak mounn anndan yo, ala mèvèy nou ta fè kòm pèp ! Men se vag distans nan divès sans ki tabli. Distans ki parèt nan chante kou: «Mezanmi mwen ekri n’ pa reponn O!  Mezanmi kijan nou ye !» ( Skasha nan ane 1980 yo) .

            Se menm distans sa-a nou santi ki ap travèse lide sanba Koralen (Jean-Claude Martineau)  nan pawòl sa yo:

 

«E poutan se pitit kay mwen ye

Mwen gen lontan m’ap vwayaje

Se kò-m ki te pati

Ale lan lòt peyi

Kè-m pa janm deplase»

( Flè Dizè, 1982, p. 54.)

 

Mesyedam ki ap ekri an franse yo ta va rele sa poétique de l’exil,  men an reyalite se lavi noumenm ki ap viv andeyò Ayiti yo nou ap dekri ak lapenn nou, doulè nou, chagren nou epi rèv nou pou nou chanje peyi nou. Anfèt, tankou Pwofesè Maximilien Laroche di li nan tèks nou li pi wo-a : Sa n’ap vle fè pou anndan ak andeyò Ayiti ka yon goulo nan twa goulo anpi twa goulo nan yon goulo. Vire anndan lanvè li ba ou andeyò ; tounen andeyò devan-dèyè, li ba ou anndan. Konsa, younn pa diferan ak lòt.

Verite-a sèke  pandan nou ap viv deyò nou santi nou prale san nou pa vrèman rive transfòme tout bèl rèv nou genyen anndan nou yo sou tab reyalite lavi-a. Mwen santi se nan chemen jennen sa-a menm Pwofesè Maximilien  Laroche gen lè rive : Se  lòt bò lanmò ki anndan tout mounn.  Nou tout  nou mounn andeyò. N’ap reve pou n’ bati anndan.  Se pou nou touse ponyèt nou, navige, dongoye, goudiye pou n’ rive kote nou prale- a.

Kritik literè Ayisyen yo ka sèvi ak tout bèl mo yo vle, men nan chante ak nan travay save ki ap fèt deyò Ayiti yo, se lavi nou kòm mounn andeyò ak rèv ki makonnen anndan nou pou Ayiti ki enpòtan. Se goumen nou tout dwe goumen pou nou fè rèv sou papye tounen reyalite. Se la nou vle rive. Nou sèten rèv sou papye pran tan pou yo donnen reyalite, men nou pa dwe sispann reve. Tankou Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj) di li nan Lèt Ife ak Soul ( 2006)

Lavi  a chaje ak enpas.  Nou dwe janbe yo  younn apre lòt jouk nou rive nan aboutisman  rasin nou. Sepandan, amezi nou ap avanse sou wout lavi, nou dwe aprann ajiste pasyon nou , youn fason pou nou rive kwoke dyakout nou mezi ponyèt nou ka rive ( Lèt Ife ak Soul, p. 66)

Nou gen anpil bèl rèv sou papye ki pran nan lawouli chita tann. Si nou kwè mwen manti, nou kab mande Tonton Jean-Price Mars, ki ban nou Ainsi Parla L’oncle. Nou jwenn tout kalite koze  anba plim save Ayisyen toupatou sou Ainsi Parla L’oncle, men jouk jounen jodi a, bèl lide chanjman Jean-Price Mars te reve sou sosyete Ayiti-a  anndan liv sa-a ap dòmi nan  paj li te ekri yo a. Jacques Roumain bò kote pa li te rantre ak Manuel kòm nèg andeyò Ayiti, ki te soti sou tè Kiba, men lide Manuel yo, kwake yo fete 100 dat nesans Jacques Roumain, toujou rete kole nan paj Gouverneurs de La rosée.

Rèv ki fèt sou fèy papye ki ap simaye anba plim divès kalite save pran tan pou yo tounen reyalite, men nou dwe kontinye goumen pou rèv ki sou papye sispann mouri sou papye.

                                                            Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)

Manm Sosyete Koukouy Kanada

 ===============================================================

 

                       KOLONBYE

(Akostich pou Jean-Claude Cajou, Nèg  Bèlans)

 

K olosal wòch solid e toutafè bòzò

O milye lanmè-a ki pa janm pran repo

L è lanmè-a move Kolonbye pi chèlbè

O kontrè se lè sa-a li parèt pi kontan

N enpòt kote ou ye se li ki domine

B out chouk li nan dlo-a solid kou gon pòt fè

Y o di gwo wòch sila-a se sitadèl  Agwe

E pi rèn Lasirèn konn paweze sou li.

 

                                 Togiram –(Jacksonville 17 Me 2007)

 

 

 

 

CONCERNED CITIZENS

TO BUILD NOTRE-DAME D’HAITI CHURCH

Press Release

 

Dear Friends,

 

For more than two decades, Notre Dame D’Haiti Catholic Church has been a place of refuge not only for its parishioners but for many immigrants seeking answers and resources to restart their lives in this country.

 

The family, friends, and well wishers of Notre Dame D’Haiti Catholic Church have united to raise funds to build a larger church on the same site where the current one sits.  In this regard, a committee has been formed with well-known people in our community such as: Marleine Bastien, Edeline Clermont, Justin Manuel,  Seraphin Bernard (Tiger), Dr Mario Pierre, Jan Mapou, Maggie Sanon, Lieutenant Pat Santangelo, Hans Mardi, Flore Lindor, Lady G, Merline Joseph to collect funds to build the Church.    We are kindly requesting your monetary contribution to assist us with the construction cost.

 

You are cordially invited to participate in this glorious charitable event that will not only positively impact upon our community but will provide a spiritual and social resource for many.  We are also organizing a cultural event to take place on July 29, 2007 at Notre Dame D'Haiti Catholic Church from 11:00 AM to  9:00 PM at 110 NE 62nd Street, Miami, Florida 33138.  We definitely need your  support to make this event a success. 

 

 Please help us continue these wonderful services and make a difference in our community by submitting your charitable donation today. Please make  your check  or money order to the order of :  Build Notre Dame d’Haiti Church and send it to the address below:

Concerned Citizens To Build

Notre Dame D’Haiti Church

P.O Box: 531227;  Miami, Fl. 33153

Or call the Treasurer Jan Mapou at : 305-299-9918 or 305-757-9922. Libreri Mapou is the ONLY  place authorized to accept  Cash  or  process your Credit Card.  

 

All donations are tax deductible. We will send you our tax-exempt number upon receiving your donation.

 

 Thank you and may God bless you.

 

Marleine  Bastien - President                                Justin Manuel - Vice President

Edeline Clermont - Secretary                                            Jan Mapou - Treasurer

 

 

 

 

ÈSKE NOU GEN DESANDAN?

Anakawona te gen desandan
Kawonabo te gen desandan
Tousen te gen desandan
Desalin te gen desandan
Chalmay Peral te gen desandan
Benwa Batravil te gen desandan.
Wi, nou ka pale de eritaj yo.
E lidè raketè Ayiti yo?
E nou menm Ayisyen ki temwen?
N ap mande ki pichon ki tonbe sou Ayiti
Kisa k’ lakòz anpil nan nou pa gen desandan?
Epi tout mounn ap di:
Depi lontan, Ayiti te youn peyi dan griyen
Kòmkidire pwoblèm politik yo
Pa t’ janm rann li mazora.
Konpatriyòt, fè youn reflechi sou sa:
Konbyen dan ou genyen?
Èske nou gen 200 dan?

Emmanuel W. Vedrine
koleksyon: “Kri pou liberasyon”