Anba bouch-a Grann Mari

*

Kafe  ak Akasan (A.K.100)

ak Jacques Jacquelin Garçon*

 

            Pitit pitit-a Grann Mari pa ta kapab rete bouch fèrman devan kayte djo bolode yo rele kafe nan peyi isit. Pa di-m frekan non paske gan de kote ou pase ou ka desann yon bon tas kafe. Noumenm Ayisyen nan peyisit nou konnen ki kafe pou nou achte pou ban nou gou lakay nou abiye ake-y-la.

Si se pou afèr kafe-a menm, se nan man-m (men-an-m) sa rete. Se bon pou zòt, tèlman yo tilititi chapo pwenti (tulututu chapeau pointu). Fò yo bwè kafe ake sik blan. Men m’pale wou nèg-an-m pa gan pi bon pase youn gode kafe fèt ake dlo kann osnon rapadou, koule nan grèg twèl syanm. Dayèr menm, plis kafe nou te bwè lakay lèr m’te piti se lan lakou-a menm li te pile. Anvan pile te ganyen triye, griye ak rapadou. Labitid lakay se apre yo fin wete poud kafe-a pou yo vide youn dlo bouyi nan fon pilon-an. Sa bay youn ti kafe fò ki satiyèt andedan nen-an-w anvan ou bwè-y. 

             Akasan (A.K.100) menmmenm-nan, se pa youn koze mounn ka pale konsa konsa. Sa ki Ayisien natif natal konnen fò nou koumanse pale denpi nan mayi, zepi osnon angren. Boukannen, griye, pile, pase nan machin, keseswa jan-y kwit, i bon. Se ake-y yo fè mayi moulen. Kote wou kite-y ake aransò? Zaboka tou wi ! Gan anpe mounn ki rele-y fòkseli, kèk zòt  di mayi moulu, lòt non-an-y tou lèr-y kwit se tchentchen.

N’apway jwenn akasan tou se youn manje ki sòt an Afwik. Alòs se la yo te seye-y tout jan jouk yo rive jwenn preparasyon nou konnen-an. Anpil koze pale anwo A.K.100 nan youn liv pwofesèr Maks Manniga (Max Manigat) sòt mete dèyò: Mots créoles du Nord’Haïti. Origines – Histoire - Souvenirs, pay 27. Pa senpleman rete anwo pawòl-an-m, ay gade ake de nawè-an-nou. Tinèg Ayiti gan anpil ladrès tou nan ranje koze ake bon kou konmedi. Sa fè yo pa pedi tan ekri akasan, yo annik mete: A.K.100. M’jiskrè yo t’ap seye vin ake youn mòd AK1000 ; men sa pa te mache fò.

Ifo nou serye nan sa n’ap di : gan labouyi farin mayi ou kwit youn jan likid men se pa vre A.K.100-an..

Fò m’di tou nan makèt isit, ou jwenn youn farin mayi fen, fen kèk mounn kwit ake lèt, sik, kannèl, èsans, anpi yo di yo fè akasan. Adje wi dan ! Pou fè bon jan kalte akasan, fè wou mete mayi angren chèch-la chode, lèr-y kreve kon pwa, ou pile-y osnon machinen-y nan moulen. Atò wou mete-y tranpe nan dlo. Piske fò-y dòmi, i kòm vin youn jan sirèt, akòz i travay (fèrmante) ; men i pa gate pou sa. Denmen granmtimaten w’ay koule-y, pwije-y nan youn twèl fen jouk i pase san ma. Konsa ou mete-y byen kwit ake moso jenjanm, kannèl, lanniyetwale. Nan zòn Lwès-la yo mete youn ti fèy zepis ki rele malagèt. Sa bay bon sant ake gou tou. Akonpayman A.K.100 sa-a se bon kalte siwo kann. Konsa i vin gan youn gou espesyal. Lèr yo kwit-li youn jan pi fèrm, kòm pi solib, yo detaye-y gwo bit ake kiyèr, yo toujou simaye siwo anwo-y. Sa menm i rele kole. Okap  sèl machann ki te espesyalis esponsab ti kòmèrs sa-a, sete 2 sèr. Ale pou dizèrdmaten mounn mèt konmanse pare bouch-a-yo, veso-a- yo, kiyèr-a-yo, anpi mezi lajan-yo, gwòsèr-a bòl-a- yo.

Akasan se manje zansèt-an-nou kite pou nou. Jounen jodi, tout timounn mande kònflèks, yo pa vle AK100 ankò. Si yo te gan konprann yo ta wè kònflèks se mayi menm jan ak akasan ; men ti gou-a-y wòwòt devan lodèr ake bon gou kalte AK-100 lakay Ayiti Tonma ganyen.

________ 

 

 

 

KONPLIMAN POU :

HAITIAN NEIGHBORHOOD CENTER

<<SANT-LA>>

 

Nou  bat youn gwo bravo pou kouzin Jepsie Métellus direktè ekzekitif Haitian Neighhood Center yo rele <<Sant-la>>. Mesye-dam Sant-la te òganize youn  resepsyon pou renmesye  komèsan ak pèsonalite k’ap ede Sant-la epi kolekte youn ti monnen pou penmèt yo kontinye ofri sèvis y’ap ofri depi kèk tan. <Sant-la> s’ oun sant referans. Kèlkeswa pwoblèm ou gen ou depoze-l nan men mesye-dam yo, y’ap ede-w, y’ap gide-w.  

Sware-a ki te fèt nan Deauville Resort nan Miami Beach te wololoy. Youn sware klasik. byen òganize. Byen senp. Teni kravat ak vès pou mesye yo. Medam yo: talon kikit, wòb lonng, kòsaj fann devan…ayayay!

Apre youn ti diskou remèsiman tou senp men byen atikile Jepsie Metellus salwe asistans lan epi mache fè foto  ak envite yo, tab apre tab.  Sou kadans group Ansanm Belfort ki t’ap jwe youn bon ti mizik djaz. An apre,  yo te rekonèt 3 mounn nan kominote daprè Komite direksyon <Sant-la> k’ap fè youn travay eksepsyonèl nan kozman edikasyon kominotè. Se te Jan, Jak, Jeri.

Jan-an se mwenmenm Jan Mapou. Jak la se Jacques Despinosse, depite nan Vil Nord Miami .  Jerry se Gérard Jean-Juste, youn aktivis. Youn defansè dwa mounn.

Jerry te voye youn lòt militan nan domenn imigrasyon resevwa twofe-a pou li, Jak te kare zepòl li, gonfle tomak li pou di mèsi. Kanta pou jan ki se menmenm mwen te remèsye mesye-dam yo e mwen te di tout ekip solid Sant-la  ki fè youn diferans nan sèvi kominote-a mèsi. Mwen te santi mwen ozanj lè mwen sonje mwen te younn nan manm jiri ki te batize Sant sa-a e ki te vote pou non-an. Nou te chwazi SANT-LAN (paske vwayèl nen <an>  ki gen konsòn <t>-a dèyè li  rale atik <lan>. Men yo te pi renmen Sant-la olye <<Sant-lan>>. Se pa grav! Nou swete pou mesye-dam Sant-la kenbe dyanm. Travay-la anpil. Li pa fasil. Se nou chak ki pou pote ti kontribisyon pa  nou  nan konbit-tèt ansanm-lan. Nan non Sosyete Koukouy ak tout lòt atis yo mwen di mèsi anpil.

 

============================================================================

LÈT POU YOUN ZANMI

Apwopo lanng manman nou an

 

Bonjou kanmarad,

Nan pale nou yè maten  ou te di mwen : travay kominotè w-ap fè a se pa pou ou fè pwomosyon kreyòl, men se kòmsi ou bliye se kreyòl ou ye. Ou di mwen tou ou pa gen okenn pwoblèm ak lanng kreyòl la, mwen dakò ak ou. Sa ki parèt dwòl, sèke mwen oblije toujou ap plenyen, paske mwen pa kab jwenn tèks yo pou mwen tradui . Poukisa, tèks yo pa kab vin jwenn mwen ?

An reyalite, lè ou  aji youn fason pou ou bay kreyòl la espas, se pwomosyon kilti ou w’ap fè. Anfèt, kit nou vle kit nou pa vle, pitit nou pa pe janm Kanadyen 100%. Laprèv, chak fwa blan yo kontre ak yo, premye kesyon ki soti nan bouch blan yo se : Nan ki peyi ou soti ? Lè konsa, pa mwen yo reponn, mwen se Kanadyen, Blan an reponn eskize-m! Kidonk, nou genyen  enterè pou nou fè pwomosyon kilti nou, epi pase li bay pitit nou. Prensipal fason pou nou andose kilti nou epi pase li jenerasyon an jenerasyon, se  lanng nou pale a pou nou jouke pi wo.

Peyi kolonizatè yo konnen fòs zouti kiltirèl sa a, se sa ki fè chak fwa yo anvayi youn tè, yo fòse mounn yo aprann lanng yo epi yo foure relijon pa yo nan kòsay mounn yo.  Lè konsa, se kilti pèp natif-natal la yo kraze pou yo rann li zonbi, epi lave tèt pitit peyi natif la. Blan yo tèlman fè sa byen, gade tout tan  nou pase ap pale sou youn dosye ki poutan senp. Wi senp ! Ou voye tèks yo ban mwen, mwen tradui yo epi mwen voye yo tounen ba ou. Epi nou korije erè ki dwe korije. Vwala, se nan pale anpil, fè bèl fraz nou tonbe. Tout sa, se paske nou kanpe sou de teren diferan. Dimwens, aksyon ki pou mwen espontane epi natirèl,  tounen  youn pwa senkant  pou ou.

Blan yo mare nou wi. Yo kreye konfizyon lanng ak konfizyon relijyon nan mitan nou. Sa lakòz nou divize an de (2)kategori : Afriken, sila yo ki pa gen chans aprann li nan lanng blan-an epi sila yo blan yo lave sèvèl yo ak lanng li an. Batay lanng, se batay ideyolojik. Epitou,se nan konba ideyolojik-la menm nou ye. Manman nou Ayiti pa ta janm panse apre nou fin bwè lèt nan tete li, grandi menm jan, pase nan menm lekòl, nou ta kab tounen de ( 2 ) pitit diferan ideyolojikman. Epitou, nan diferans ideyolojik la, se mounn nou kwè nou ap defann yo ki ap sibi, paske se yomenm ki santi yo se mounn an deyò parapò ak mounn lavil. Oubyen ankò yo sòt epi lòt yo gen lespri. Se tout deba sa yo, batay lenguistik yo pote anndan yo epi tout Ayisyen ta dwe depase, kite dèyè, men nou poko ka rive la. Laprèv nou ap pale sou sa jodi-a ankò apre plis pase 200 lane endepandans.

Fè pwomosyon lanng kreyòl la, se youn kesyon prensip. Se bay pèp la asiz pou li gen konfyans nan pwòp tèt li. Epi pou li pa wont pwòp tèt li. Lè youn mounn kanpe devan li ap pale franse, li pa pe jennen. Li pa pe wont, paske li ap konnen limenm tou li pale youn lanng lòt lan pa kab pale oubyen lòt mounn lan poko aprann pale.  Se sa tou ki pral pèmèt li viv epi aksepte pwòp tèt li kòm mounn, kòm sitwayen entegral sou tout tè kote l’ ap viv. Se konsa, ou dwe wè koze lanng lan anndan dokiman tout dokiman ou ap pibliye pou Ayisyen yo.  Se konsa tout jounal anndan Ayiti ta dwe wè sa :  Nouvelliste, Le Matin, Le Moniteur elatriye. Se konsa tou biznis Ayisyen nan domèn vann liv ta dwe wè sa.

Nan pale nou, ou toujou di mwen, ou bezwen asire byennèt pèp-la.  Younn nan fason pou ou asire byennèt li, se sèvi ak lanng li pale-a. Ou dwe sèvi ak lanng li pale-a  chak fwa li posib oubyen ankò chak fwa sa  nesesè.  Se lè sa-a pèp la pral santi, li egal ak lidè yo. Nou konn li, nou konn ekri. Se zouti ki esansyèl nan kalite sosyete nou   ap viv la, pèp-la poko konn li ,  li poko konn ekri, men kiltirèlman nou se menm ak li.  Eritay kiltirèl nou pote anndan nou an, se limenm li pote anndan li tou. Anplisdesa, se eritay kiltirèl sa-a menm ki fè fòs nou toupatou kote nou pase. Nan rapò mounn save yo ak pèp la ki pale kreyòl sèl grenn lan, se kòmsi nou gen youn ekwasyon :1 + 2  = 3.

1 pa 3  ni tou 2  pa 3, men se 1 ak 2 ki fè 3.  Yo pa menm, men yo egal.  Pèp-la, ki se reprezantan  100%  kilti Afriken  an anndan peyi-a, reprezante 80% popilasyon  peyi-a, epi noumenm afranchi po nwa epi po klè yo (mwen vle di noumenm ki pase lekòl yo, [lekòl ki konvèti nou ideyolojikman,  epi leta Ayiti poko vle chanje a], nou reprezante  apeprè 20% popilasyon an.  Nan afranchi yo, mwen mete oumenm, mwenmenm ak tout lèzòt ki pase sou ban lekòl yo.   Se de kategori mounn sa yo peyi a genyen ki dwe aprann jere kondisyon lavi yo nan youn nivo kote  yo pral  mete ansanm pou yo tounen 3. Se 1 + 2 sa-a ki dwe tounen 3, youn fason pou nou tounen youn fòs.  Se fòs sa-a Blan yo te prevwa depi tout tan, ki fè yo foure nan tèt  nou  youn modèl edikasyon, kote nou devlope epi nou grandi ak tout kalite divizyon nan sosyete nou an.  Tout tan ou kanpe lwen fòs pèp-la, mwen vle di fòs kiltirèl li, se tout tan w-ap  kanpe lwen relasyon ki pèmèt 1 + 2 tounen 3  a.

Si Blan an rekonèt ou gen youn lanng jouk pou li toujou ap voye dokiman ban nou tradui nan lanng lan( nivo federal),  poukisa oumenm ou pa vle aksepte bay lanng lan  plas li ? Kou blan yo vin nan aktivite nou, premye sa yo fè se aprann di kèk fraz kreyòl. Noumenm Aysisyen yo, nou bat bravo lakontantman pou yo. Poutan kou yo la pami nou, pou nou fè yo plezi, nou bliye nou gen youn lanng ki pa nou epi se lanng pa yo a nou tanmen pale, kant yomenm yo konnen epi aksepte diferans lan. Alòske, nan peyi etranje kote n’ ap viv , li klè pou nou tout gen youn opsyon bilenng nou vle meprize. Youn opsyon k’ap manbre nou mete ou dyanm nan amoni ak tout kòt fanmi nou.

Nan plizyè rankont  mwen patisipe , se toujou blan yo ki parèt ak pwopozisyon ki entegre kilti Ayisyen-an nan travay n’ap fè an ekip. Eske sa se nòmal ?  Kisa ki lakòz nou rive nan pwen sa a ? Mwen ap reponn pou ou : Se paske kolonizasyon an desounnen nou.  Po nou nwa, men anndan nou se youn lòt mounn ki ap aji.  Mounn kolonizatè yo devlope anndan nou an.

Ayisyen ki te sou tab kote mwen te ye yo pa janm sonje yo gen youn kilti ki kab fè ladiferans. Se kòmsi nou ta di : « Fezè nat fè nat epi li dòmi atè. » Reflechi vye kanmarad mwen. Reflechi. Tu fus mon mentor. Tu le demeures encore, men chak fwa mwen santi ou vle kite ray la, se responsablite mwen pou mwen rale ou mete ou sou ray. Anfèt zanmi mwen, frèdam mwen, tout dwèt nan men nou pa menm longè, men lè nou pliye yo ansanm, yo fè youn youn gwo boul won , ki tounen pwen nou, nou kab frape sou youn tab pou nou di non.  La-a ankò, nou kab tounen ak ekwasyon-an  1 + 2= 3.

Plis ou ap apwoche ou toupre Lewòp, kòm afranchi ak lanng blan an te fè nou aprann lan, se plis ou ap kite pèp ou a, ki pale kreyòl sèl grenn lan dèyè. Se plis tou blan ap kontan, paske nou ap mache nan jwèt divize pou reye li gaye nan mitan nou depi lendepandans lan. Jwèt ki fenk kare ap afebli nou. Plis nou fèb, se plis blan ap pran plezi pou li rale fisèl nou fè nou jwe kont pwòp tèt nou, pase nou nan tenten, pase diyite nou nan labou eksetera eksetera tankou sa te fèt nan ane selebrasyon 200 an  endepandans nou an. Kounye a, ki mounn ki ap pwofite ?  Ki mounn ki wont ? Ki mounn ki pèdi?

Fè pwomosyon youn lanng,  manman nou ak tout kòd fanmi ou pale, se fè pwomosyon pwòp tèt ou . Li pa pe deranje ni oumenm ni plan ou, ni rèv ou. Okontrè, li ap ba you jèvrin, paske li ap ede mounn ki anba yo  wè ou avèk yo 100%. Lè konsa, se diyite mounn yo nou konsolide. Paske, lè mounn yo, ki pale kreyòl ase-a wè tout bagay ap dewoule nan youn lanng yo pa maton ladan, yo wont tèt yo wi. Yo santi yo manke sou mounn yo . Yo pèdi nan diyite yo , paske yo pa gen nivo lanng lan ki pou pèmèt yo aji tankou youn sitwayen entegral nan mitan  pwòp  konpatriyòt yo.  Men vrè pwoblèm lan frè mwen. Nou gen mounn nan mitan nou ki bèbè kant yo gen lapawòl. Nou fonksyonne ak youn lanng yo pa konnen byen, oubyen yo pa konnen ditou, nou retire dwa pawòl yo nan men yo epi nou pèdi kontribisyon pozitif yo ta kab pote nan rasanbleman nou yo.

Mwen ta renmen ou konprann sa pou ajisman-ou sèvi ekzanp youn fason pou libere lapawòl lakay mounn sa yo. Sa se travay ou tou kòm lidè, cher camarade. Se nan nivo sa-a mwen ye zanmi mwen. Se sa mwen ta renmen ou entegre nan lespri ou.  Se la mwen ta renmen ou vin kontre ak mwen, paske pawòl mwen ap pale la yo soti dirèk-dirèk nan tout aprantisay nou fè ansanm kòm timounn bout pantalon jouk nou rive pran grad mete pantalon lonng. Mounn ki ap pale ak ou jodi-a, se mounn ou te fòme-a. Li ap mande ou pran konsyans epi reflechi sou kote nou kote nou soti, kote nou ye jounen jodi-a epi jouk ki kote nou kab rive ak ekwasyon: 1+ 2 = 3 a.

Nou genyen youn ti ponyen mounn tou piti ki reyisi sou tè etranje. Anfèt, ti ponyen tou piti ki reyisi a dwe toujou sonje kolektivite-a, paske reyisit nou an ap toujou manke moso si nou ap jwi li pou kont nou sèl grenn. Ak konpòtman endividyèl-la, se kòmsi  depi nou bon, se tout mounn ki bon, alòske se lekontrè.

Anvan mwen ale, mwen senpman vle raple ou konstitisyon 1987 la di nou gen 2 lanng ofisyèl. Pèp la te  vote pou li.  An n’ travay ansanm pou nou respekte vòt mounn yo.

Bon mwen pa rete non.

 

Kenbe fèm.

Se Bon zanmi ou :  Kaptenn

ki renmen ou anpil, ki respekte ou epi ki vle louvri je ou

Sou youn dimansyon kiltirèl ou pa toujou evalye menm jan ak li.   M’ale.

Nou va kontinye koze, paske pa gen pwoblèm san solisyon.