PajBèlantre



Santnè nesans Jak Woumen

nan Santo Domingo

 

            Mèkredi 11 jiye ak jedi 12 jiye 2007, Seketarya Deta Lakilti  dominiken avèk Fundacíon Global Democracia y Desarrollo (FUNGLODE) ap komemore santnè anivèsè nesans gran ekriven ayisyen Jak Woumen (Jacques Roumain) nan kapital-la, Santo Domingo.

 

            Pwogram mèkredi 11 jiye ap konmanse a 4-è apremidi nan oditoryòm Manuel del Cabral, Inivèsite Otonòm Santo Domingo, avèk fim « Cumbite » (Konbit) youn adaptasyon woman Jak Woumen an : Gouverneurs de la rosée. Se reyalizasyon sineyas kiben Tomás Gutiérrez Alea.

            A 7-è diswa, nan oditoryòm FUNGLODE, se dokimantè sou « Lavi avèk zèv Jak Woumen » reyalizasyon sineyas ayisyen Arnold Antonin y’ap pase. Apre, se va youn konferans, Pwofesè Léon-François Hoffmann : « Valè zèv Jak Woumen ».

 

            Jedi 12 jiye, a 4-è apremidi, nan oditoryòm Manuel del Cabral, ap ganyen youn chita (table ronde) pou diskite sou woman, pwezi, ese ak dimansyon politik Jak Woumen. Plizyè ekriven ap patisipe nan diskisyon-an kankou : Andrés L. Mateo, Bonel Auguste, Claude Roumain, Dieudonné Fardin, Jean Euphèle Milcé, Maximilien Laroche.

            Pita, a 7-è diswa, nan oditoryòm FUNGLODE-a, se va youn prezantasyon liv Gobernadores del Rocío Jacques Roumain-an. Prezidan dominiken Leonel Fernández avèk Prezidan ayisyen René Préval ap la.

 

            Koukouy Maks Maniga ap prepare youn repòtaj pou Tigout pa Tigout.

M.M.

 

=============================================================

 

 

AN N’EDE BATI

LEGLIZ NOTRE DAME D’HAITI

 

 

Lè youn kominote met tèt ansanm pou yo mete enstitisyon  kanpe pou  leve nivo kominote-yo se bèl bagay. Kominote ayisyen-an nan zòn Little Ayiti-a, se zòn daprè etid ki fèt yo klase ki pi ba ekonikman. Mounn yo toujou nan lwaye tèt nèg, pa gen travay , mounn ki jwenn ti travay yo se salè  minimòm  y’ap fè.  Majorte mounn k’ap travay yo pa gen  benefis tankou asirans sante;  kidonk  depi y’al ka doktè osnon lopital, depi pitit yo malad  se youn vounm lajan yo peye doktè.  Men  al legliz, lapriyè granmèt la;  al nan pye manman Notre-Dame se nan legliz y’ale ki penmèt yo pran kouraj, pa dekouraje epi jwenn fòs espirityèl pou goumen  ak lavi-a.

 

Enben malgre yo raze, yo fè sa yo kapab pou kole ti dola ansanm pou ede bati legliz la. Youn nesesite paske si an 1980 Notre-Dame lontan te konn resevwa 300 mounn jodi-a li plis pase 3.000 fidèl. Se nan lakou, anba flanm solèy osnon lapli y’ap fè seremoni.  Youn nesesite paske Little Haiti ap devlope, si nou pa  mete youn seri enstitisyon djanm anplas pou n’kenbe idantite nou,  se nan  liv n’a li nou te gen youn zòn ki te rele Little Haiti. S’oun nesesite pou idantite nou. S’oun nesesite pou kilti nou. S’oun nesesite pou respè nou  paske depi politisyen bezwen bilten-vòt yo tout nan radyo ak television ayisyen yo.

 

Legliz la ap koute 2 milyon dola US. Acheveche-a di l’ap bay  1.milyon. Kominote-a dwe pote lòt milyon-an. Se sa nou rele patisipasyon sitwayen yo.. Nou mete sou pye depi 3 mwa youn òganizasyon ki rele Concerned Citizens to Build Notre-Dame d’Haiti Churc;.  youn fason pou kominote-a gen youn kote pou li depoze sa li kapab.

 

Komite-a ap prepare youn fèt nan lakou Legliz Notre-Dame nan ki nan kwen 2è av. ak 62 ri-a pou kontinye ak pwojè-a. Tout mounn ki pa gen gwo mwayen ka patisipe nan jan pa yo. Nou bezwen:

Atis: Chantè, Dansè, Blagè,  Mizisyen

Vandè: mounn ki gen pwodui yo vle vann jou sa-a

Foto grafè: mounn ki vle ekzpoze foto ak penti osnon nenpòt ki lòt pwodui

Dyaz ki vle pote kontribisyon yo

Komèsan ki ta vle ede, nou bezwen jwèt oubyen nenpòt ki kado yo ka bay pou nou fè tiraj lotri

Nou bezwen konkou radyo ak televizyon pou yo fè anons lan pou nou

Nou bezwen volontè, anpil  volontè . Sekirite, anpil sekirite

 

Mezanmi Bati legliz Notre-Dame D’Haiti nan Little Haiti kit nou nan zòn, kit nou pa nan zòn nan  se travay nou tout. Se youn devwa sivik. Se youn devwa relijye. Men anpil chay pa lou.

Mèsi.

 

Jan Mapou

Trezorye

 

 

==============================================

SALOUWE M’AP SALOUWE

Ak: Max Manigat

 

 

Wè premye Pati  atik <<Salouwe m’ap Salouwe>> nan <<Haiti en Marche>> senmenn pase-a

Atik sa-a,  se pa youn antoloji ekriven kreyòl ; se senpman youn salitasyon Max manigat voye bay tout mounn k’ap kontribiye pou devlopman lanng ak kilti kreyol-la. Se gen mounn ki bezwen plis dokimantasyon  sou otè yo mwen refere  yo  wè liv Emmanuel Vedrine-nan ki rele : AN ANNOTATED BIBLIOGRAPHY ON HAITIAN CREOLE: a review of  publications from colonial times to 2000

 

 

Marc Prou, doktè nan edikasyon, pwofesè, direktè kou dete pou aprann kreyèl, otè Spoken Haitian Creole for Intermediate Learners.

REKA (Rezo Entènèt Kreyòlis Ayisyen) k ap feraye kinalaganach sou entènèt pou kreyòl la layite kò l nan lemonn antye.

Carl-Henri Rey , powèt pou You cho you dous.

Deslandes Rincher, leksikograf, librè, animatè pwogram radyo.

Roger E. Savain, pwofesè kreyòl, otè Dis pa nan kreyòl ayisyen an, New Haitian Kreyòl-English Picture Dictionary, Kreyòl. La langue haïtienne en dix étapes, Tètansanm ; jounalis kwonikè nan jounal Haitian Times.

Jacqueline Scott, gran aktris teyat, powèt pou  Loray kale.

Agwonòm François Séverin ki fè pèp ayisyen kado yon ja lajan : Plant ak pyebwa tè d Ayiti.

Parick Sylvain, powèt pou Zansèt.

Yolande Thomas, manm Sosyete Koukouy, rèn chantrèl, gran aktris teyat, kwonikè Antèn Koukouy.

Tontongi, jounalis pwogresis, direktè jounal Tanbou.

Michel Rolph Trouillot otè Ti dife boule sou istwa d’Ayiti.

Lyonel Trouillot, powèt pou Zanjnandlo.

Paul Tulsé, powèt, pou Plon gaye.

Emmanuel Védrine, ekriven, pou Ti istwa kreyòl. Short stories in Haitian Creole, powèt, womansye, pou Sezon sechrès Ayiti, edikatè, pou Yon koudèy sou pwoblèm lekòl Ayiti, bibliyograf, pou kòkennchenn An Annotated Bibliography of Haitian Creole, 700 paj.     

 

Salouwe, m ape salouwe :

Aleksann Aakwo, powèt ; Marcel Alexis, powèt, gitaris, chantè ; Jean-Bertrand Aristide, powèt, Defen René Audain, gran aktè ; Annette Auguste, rèn chantrèl ; Myriam Augustin, rène chantrèl ; Suze Baron, powèt ; Pierre Blain, aktè ; Jean Dorcély Dédé, powèt ; Defen Wilson Désir, animatè pwogram radyo ; Boadiba, powèt ; Myriam Dorismé, rèn chantrèl ; Brian C. Freeman, direktè piblikasyon Haitian-English Dictionary ; Carlo Jean, doktè nan lengwistik, Pauris Jean-Baptiste, womansye, fòlkloris ; Rozevel Jean-Baptiste, lenguis ; Mako Kénol, gran aktè ak direktè teyat ; Konpè Filo, kwonikè nan radyo ; Konpè Plim, dramatij ; Jowèl Laguerre, leksikograf ; Renée Mirault, gran aktris ; Carrié Paultre, direktè revi, womansye ; Defen René Philoctète, powèt ; Raymond Philoctète, otè yon antoloji powèt ki ekri ni an franse ni an kreyòl ; Defen Alcibiade Poméro, espikè radyo ; AlJean Refusé, bibliyotekè, Carlo Résil, powèt ; Clotaire Saint-Natus, powèt ; Defen Zo Salnave, animatè pwogram radyo ; Daniel Simidor, powèt ; Lenous Suprice, Nounous, powèt ; Marie-Jocelyne Trouillot-Lévy, edikatris, leksikograf, tradiktè ; Albert Valdman, lengwis, pwofesè, direktè Creole Institute, Indiana University, leksikograf ; Pierre Vernet, direktè Sant Lengwistik Aplike, Inivèsite Leta Ayiti.

 

Salouwe, m’ape salouwe :

Tout aktè, animatè pwogram radyo, chantè, jounalis kwonikè, konpòz, mizisyen, rèn chantrèl, sanba, mwen bliye non yo.

 

Nou tout te fè. Nou fè. N ap fè plis toujou.

_________

* Dènye chapit Patamouch, youn liv Max Manigat fèk fini e ki pral defounen titalè konsa

*

 

 

=========================================================