Nòt  Etimolojik :

lewilewa – melyasin - òstèr

ak : Max Manigat*

 

      Nan youn atik an 2 pati : Labitil ak Koutim, Jacques Jacquelin Garçon te pibliye nan Tigout pa Tigout (p. 19 Haïti en Marche 11 avril 2007)-la msye te vini avèk kèk mo li te ranmase anba bouch Grann Mari, grann-li, lè li te piti :

 

(1) setanesit

(2) lewilwa

(3) òstèr ; òstèr pete ponmtèr (o respè !)

(4) densidyeve 

(2) melyasin

(3) announon

(4) kalye

(5) sejwisit

(6) kolomi

(7) djakoko

(8) jijiri

(9) pendou

(10) tayo

 

      Mwen kwè li ta bon pou nou chèche orijin mo sa-yo.

     

      (1) setanesit = lanne sa-a.

      Se pwononsyasyon kreyòl mo franse : cette année-ci.

 

(2) lewilwa [N] = mache san direksyon.

Ni LexicréoleJeannot Hilaire-la, ni Inventaire étymologiquePierre Anglade-la pa liste mo sa-a. Sanble se youn mo nan Nò anpil lòt Ayisyen pa konnen.

Haitian – English Dictionary-a pa ganyen-l. Kote-l ta soti ? Li pa nan Diccionario de dominicanismos-la. Li pa sanble youn mo kikongo. Kote-l ta soti ? Lamenfòt ! Sa Jean-Robert Placide panse ?

 

(3) òstèr [N] ; òstèr pete ponmtèr (o respè !) [N} = mounn ki kwè yo plis pase lòt.

Mwen ta di se mo franse :  autstère-a men sans-li pa kadre avèk mo kreyòl-la. Jules Faine nan Dictionnaire français-créole li-a pretann ostè vle di sevè nan Nò. Nan eksperyans pa-m, òstèr pa te ganyen sans sa-a lè m’ te jenn gason oKap. Kou nou gade ekspresyon òstèr pete ponmtèr-a (o respè !), nou tou wè se pa  koze severite k’ap pale la-a.

 

(4) densidyeve = denmen sidyevle.

      Se pwonnosyasyon kreyòl mo franse : demain si Dieu veut.

     

(2) melyasin = youn manchèt lonng ki sòti Sendonmeng.

Jacques Jacquelin Garçon bay siyifikasyon mo-a. Eske se youn mo panyòl paske msye di : «  se youn manchèt ki soti Sendonmeng » ? Mwen pa jwenn li ni nan diksyonnè panyòl - franse ni nan Diccionario de dominicanismos-la.

 

(3) announon =  an nou non = ann met men.

Mo ki bay lide youn bagay, youn travay ki dwe fèt tousuit. Se pèp-la menm ki kreye-li.

Se abitid mwen sa : kou ou tande mwen bezwen boustè, se kouri kay Bòs Jaklen (J.J.G.) pou mande konkou. Men sa msye renmèt mwen :

« Kèk de fwa tou malfèktè konn ay fè vye wanga malisyòs(1) voye toumante youn lòt, sa di i mete youn: mache pwese, announon osnon youn chalèr dapdap  nan kòr-a-y. »

Konsa, men youn lòt siyifikasyon announon nou pa te konnen. Youn pwochenn fwa, Jaklen va eklèsi pou nou sans : chalèr dapdap lè l’ap kontinye enstrui nou, kase moso ba nou nan sik mant (sik dòj) Grann Mari te kite pou li-a.

 

(4) kalye : youn jennonm yo anplwaye sou youn gran chantye pou pote dlo bay travayè-yo bwè.

Nan paj 166  Mots créoles du Nord d’Haïti … (MCNH) mwen sipoze se t’ava pwononsyasyon mo angle : carrier ki vle di : mounn k’ap pote; pòtè. J. J. G. aprann nou tou, jennonm sa-a se li ki konn sèvi gwòg nan konbit kasav-yo.

 

(5) sejwisit = jounen jodi.

Se pwononsyasyon kreyòl mo franse : ces jours-ci.

 

(6) kolomi = ekonomi ; sere lajan pou depanse lè ou nan bezwen.

Se menm mo franse : économie-a. Yo konn di tou : ekolomi, kolonmi, konomi, lekonomi.

 

(7) djakoko : ti moso manyòk ki twò piti pou graje.

Nan MCNH  (p.100) mwen pa bay orijin mo sa-a. M’ap annik ajoute li sonnen kankou youn mo afriken. Men kòm manyòk se youn plant ki te la depi anvan Kristòf Kolon te anvayi Ayiti, li ta kapab youn mo tayno tou.

 

(8) jijiri : wowoli.

Se konsa yo rele wowoli nan Nò. Jules Faine aprann nou se youn mo nan lanng “endyen-karayib”. Nou ta di pèp Tayno Ayiti-a te konnen-l tou. (MCNH - p.154)

 

(9) pendou : bobori.

Se konsa yo rele bobori nan Nò. Si pendou sanble avèk mo franse : pain doux-yo mwen pa fin si se orijin-li sa. (MCNH - p.263)

 

(10) tayo : malanga.

Nan Nò ak nan plizyè lòt zòn nan peyi nou-a yo rele malanga : tayo.

Jeannot Hilaire jwenn “taya, tayoba” nan lanng tupi (pwononse : toupi) ; li di tou :  tayi” youn espès yanm se youn mo nan vokablilè lanng ewe.  Pierre Anglade menmm  kontre avèk “ “tayo, taro” youn plant mounn manje nan Kamerounn ak plizyè lòt peyi Lwès Afrik-la. (MCNH - p.298)

_________

* Max Manigat se otè : Mots créoles du Nord’Haïti. Origines – Histoire – Souvenirs. 2006, 373p.

(1)     wanga malisyòs : mo Jaklen tande nan « Pèlen tèt » pyès teyat Frankétienne-nan.

 

 

 

 

 

 

 

 

KÈK MO KREYÒL NAN LANNG AFRIKEN

Mon chè Mapou:

Mwen te kontan li dènye atik Michel-Ange Hyppolite (?) te ekri sou rasin afriken kèk mo nan lanng kreyòl la. Mwen kwè se youn bon travay ki pa ta dwe kanpe nan wout. M’ap di nou, si nou kontinye grate, nou ka jwenn diplis.

Mwen pa lengis. Travay m’ap fè nan rechèch sou orijin Ayisyen an Afrik nan kad HAITI BENIN PROJECT Inc.-lan, pèmèt mwen dekouvri anpil enfòmasyon nan okazyon  plizyè vwayaj mwen fè nan zòn Afrik Lwès, sitou nan peyi Benin kote nan pami tout lanng ki pale yo, lanng FON, ouswa FONGBE (Mounn Fon) ak Mina, ou ka jwenn anpil mo yo pale nan kreyòl ayisyen-an, sitou sa yo rele kreyòl rèk la..

Si youn mounn rive konprann lanng sa yo, ou ka dekouvri konstriksyon fraz nan lanng kreyòl-la se menmman parèyman ak fason yo pale lanng FON ak MINA.

An n’site kèk mo nou jwenn nan FON epi nou ka wè yo gen menm sans, ou apeprè menm sans lan, ni nan FON, ni nan Kreyòl Ayiti-a. 

AGANMAN (Caméleon)  

SAKI (t)  (Sakit) 

BASIN (Basen)

VÈVÈ

VIVI (Komik dan griyen)

MAWOULE (Fetich)

AKASA (AK-100).

Se kèk sa yo sèlman mwen ka site pou kounye-a paske mwen pa ale twò lwen nan rechèch lengwistik sila-a.

Pou montre nou kote bagay yo soti; an n’pran kèk obsèvasyon  mwen fè. Jan nou konnen yo te konn prepare AKASAN nan fèy lontan an Ayiti, sa yo rele doukounou-an nan kèk lòt zòn peyi-a, se konsa yo prepare-l pou vann li tout kote yo vann AKASA nan Benen ak Togo, sa mwen rele zòn FON ak MINA. Yo manje AKASA ak youn ti sòs tomat, kontrèman a nou menm ki manje AK-100 ak siwo.

Ban-m rakonte youn istwa. Youn apremidi, mwen t’ap mache nan youn katye popilè nan Kotonou, kapital Benen. Mwen tande youn machann k’ap rele byen fò (respè!): KOKOZOZO. Mo sa-a te sonnen mal nan zorèy ayisyen mwen. Mwen te pete ri, paske son mo-a te soti ak youn mizik ki te près. Finalman mwen t’al mande pou yo tradui mo sa-a pou mwen. Yo te di-m (respè wi!): KOKO vle di : labouyi, ZOZO (respè ankò wi!)vle di :  cho. Kidonk sa machann-nan  t’ap vann nan katye-a se te : LABOUYI CHO.

Sa k’fè mwen pran egzanp sa-a, se poutèt mwen jwenn youn bann mo kreyòl ki, swa yo pwononse yo ak kèk modifikasyon yo an Ayiti, epi sans yo konn lejèman diferan pa rapò ak sans yo genyen nan FON.

Pa egzanp, nou konnen nan tout seremoni VODOU, se Legba an premye yo salye. Enben VèVè, se non farin mayi yo melanje ak youn lwil wouj (huile de Palme) pou mete devan tanp LEGBA.

Lè ou di BASIN an kreyòl, se youn veso yo mete dlo. BASIN se youn mo FON ki vle di menm bagay la.

E si nou ta pran lojik FON an, ou ka sispann kontinye repete, selon liv istwa Frè Lenstriksyon Kretyèn, Ayiti se ta youn mo endyen ki te vle di tè ak anpil mòn. Paske nan FON, lè yo di Ayi, se tout espri ki abite nan latè: tankou DAN, GEDE, SAKPATA, KOUHOSOU. Kidonk, mwen te mande mounn FON yo sa mo AYITI vle di, yo plis dakò pou di se youn mo ki tradui: Tè sa-a se pa Nou. Se pou tèt sa, lè nou antre pi fon nan FON, nou jwenn rezon ki fè ansyen Ayisyen te konn di AYITI TOMA. Nan FON, Tomè vle di Peyi. Eske se rezon sa-a ki fè lè n’ap pale kreyòl nou di : PEYI DAYITI?

Se nan vokabilè vodoun-a ou ka jwenn anpil mo FON ak MINA. Se nan 2 tribi sa yo nou ka wè majorite mounn ki an Ayiti soti. Estrikti FON ak MINA se senkantkòb ak degouden. Yo sitiye jewografikman kòtakòt. Gen anpil seremoni vodou an Ayiti, sitou nan zòn Nò ak Latibonit, ki dewoule jouk jodi-a, an FON ouswa an MINA. Dayè, twaka vokabilè Vodoun-a an Ayiti, se FON ak MINA li ye.

Mon chè Mapou, mwen ta ka di plis toujou nan sa ki nan kaye nòt mwen. Se poutèt sa mwen mete kanpe HAITI BENIN PROJECT pou m’ka envite mounn ki vle mete men ansanm pou n’al chèche konprann anpil bagay. Oganizasyon sa-a deja ankontak ak kèk entèlektyèl Beninwa/Dawomeyen pou pèmèt nou fè bon jan rechèch sou orijin noumenm Ayisyen. Ti sa m’fè pou kont pa-m pèmèt mwen jwenn de-twa bagay.  Kidonk, nou envite tout mounn ki vle pou vin pote-kole nan travay sa-a; paske nou konnen, anpil mounn bezwen konn rasin yo.

Kenbe fèm zanmi.

Norluck DORANGE

 Infohaiti@yahoo.com

 

==============================================================

Miami

PWOFESè LESLIE FRANçOIS MANIGAT

NAN  LIBRERI MAPOU

 

YOUN TI RALE AMIKAL

Dimanch 8 Avril 2007 Depi 2:30PM Pwofesè-a te pran pozisyon ak madanm ni Mirlande Manigat. Vè 3-è, piblik la koumanse parèt grenn-grenn. Kondisyon-an te byen senp. Pou patisipe nan ti rale-a, fòk ou rantre nan sal la ak younn nan dokiman pwofesè-a pou li siyen pou ou ; kit se youn ansyen liv, kit se te younn nan liv tounèf li fenk pibliye yo. 4-è pa t’gen kote pou pike zepenng. Pwofesè-a anonse asistans lan li pa vini isit la pou youn konferans manchlonng men pito pou youn ti <<rale amikal>>

Ti rale sa-a te chita sou lakilti ak literati.  Youn kilti gen valè Pwofesè-a di  se lè li sèvi  mounn ki pote-l-la. Se lè li sèvi tout klas sosyal peyi-a.. Eske nan ka peyi lakay kilti-a sèvi nan devlopman pèp la ? Pwofesè-a rantre nan tout aspè kiltirèl yo pou li montre kote pozitif yo ak kote negatif yo. 

Kanta pou  literati-a menm  pwofesè-a di s’oun mèvèy. Konbyen liv  ekriven ayisyen pibliye depi 1804 ? Anpil ak youn bann. Sou tout sijè. Nan tout domèn. Lè nou konpare pwodiksyon literè Ayiti yo ak lòt peyi yo, nou baba devan kantite liv bibliyograf kon Max Manigat rekipere. Eske tout bèl pwodiksyon sa yo benefisye pèp-la ?  Pwofesè-a pa vle itilize twòp mo negatif men li di gen youn «defisi ».   Literati sa-a pa sèvi tout mounn. S’oun ti minorite ki ka jui kilti sila-a. E majorite pèp-la ?

La-a nou t’ap atann Pwofesè-a ajoute nou bezwen youn literati nan lanng pèp la. Nan youn lanng li pale, youn lanng li respire. Nan youn lanng li konprann. Nou t’ap atann tou pou Mèt la di ti istwa D’

Ayiti klasik li fenk pibliye yo pral tradui an Kreyòl pou Mèt tankou elèv pwofite bèl  repòtaj istorik ki chaje ak verite nan bon ti mamit. Nou t’ap atann li di ti klasik sa yo pral tounen youn bonjan zouti nan edikasyon pèp ayisyen…Pwofesè reze nou sou pwen sa-a…

 Se te youn bon ti rale amikal. San dezòd. San vye kesyon derespektan osnon politik tètchaje. Pwofesè Manigat reponn tout kesyon yo ak senplisite, san awogans, san nonmen non pesonn. Nan kesyon sou kozman dènye eleksyon yo, li di Ayisyen kou etranje bloke pwosesis dezyèm tou-a ki te dwe fèt. Ak youn senserite nan vwa li, li deklare li pa la pou l’ ni bloke, ni anpeche pesonn fè travay yo men li ta swete yo fè-l pou byen pèp la ak peyi-a benefisye.

 

Mirlande Manigat ki anonse li pral defounen youn liv nan jou k’ap vini la yo pwomèt pou l’retounen nan Libreri-a pou vant-siyati-a. Nou salwe Pwofesè-a. Nou di-l mèsi pou dedikas  li ekri sou Miray Souvni  Sant Kiltirèl Mapou-a.                           Jan Mapou                                                                          

 

CARRIBBEAN DANCE CELEBRATION

Sosyete Koukouy Inc.an kolaborasyon ak  Jamaica Awareness Inc. ap prezante Caribbean Dance Celebration-2007. Ap gen 2 seyans. Premye ap fèt  Samdi 21 Avril  depi 8-è rive pou 10-è diswa nan Nord Miami Beach Performing Arts Theater ki nan 19èm Avni-an ak 170èm Ri (17011 NE 19th. Ave.)Sosyete koukouy ap reprezante Ayiti nan youn koregrafi dans KONBIT dansè/koregraf Manno Mérisier monte.  Antre $25.00 (Plas devan) ; $20.00 (Balkon). Sponsored by : Miami-Dade Department of Cultural Affairs and the Board of County Commissioners.

 

Dezyèm seyans lan ap fèt nan Dimanch 22 Avril 7-9 PM nan New World School for the Art ki sou 2èm Av. NE ak 25èm Ri. Etidyan ak Grandèt Gratis Rele 305-757-9922 pou plis enfòmasyon