*
3
Jou Sannto Domengo
pou
santnÈ
nesans Jak Woumen (Jacques Roumain)
Mèkredi 11 ak jedi 12 jiye 2007, youn
delegation ayisyen 28 manm te patisipe nan seremoni komemorasyon santnè nesans
gran ekriven ayisyen Jak Woumen. Se Ministè Lakilti Dominiken avèk FUNGLODE (Fundacion Global Democratia y Desarollo) Fondasyon Global pou Demokrasi ak Devlòpman ki te
òganize aktivite sa-yo avèk sipò Prezidan Leonel Fernandez. Se Konsil Jeneral Repiblik Dominiken an Ayiti, Carlos A. Castillo A.
avèk Asistan-li Ruffi Castor Linares ki te ranje patisipasyon Ayisyen-yo : 26 te soti an Ayiti, 2 nan Florid. Si youn
mounn ta bezwen youn modèl òganizasyon fòk ou ta kouri pran sila-a. Tout bagay
pase zewo fot. Premye konpliman !
De envite ki te soti Flori yo te rive nan
kapital dominiken madi 10 jiye vè 4-è konsa. Yo pa te konnen yo t’ap tann yo
nan salon V.I.P., konsa yo pase al mete yo anran pou imigrasyon ak
ladwann. Komite resepsyon-an te ganyen Konsil Jeneral Carlos Castillo, Kaptenn Ramon Quezeda avèk youn dam
kabinè patikilye Prezidan-an te delege.
Se oto lapolis avèk sirèn devan ki mennen
2 envite sa yo al salye Direktris Sant Dokimantasyon ak Jesyon Konesans FUNGLODE-a Sra. Aida E. Montero M.
ki resevwa yo de bra louvri. Komite resepsyon-an tou pa te kite yo youn pa.
Apre vizit-la, lapolis toujou devan,
komite-a mennen envite-yo nan otèl Santo-Domingo – se non otèl-la – kote Konsil Jeneral-la akonpaje yo
jouk nan twazyèm etaj kote yo te rezève chanm pou yo. Enskripsyon, kòktèl
byenvini epi ale nan chanm. Wololoy nèt ! Se lè yo fin di kouman yo
satisfè komite-a aksepte kite yo paske tout bagay te an òd. Dezyèm
konpliman !
Konsil Jeneral-la te fè yo konnen y’ap vin
chèche yo pou al manje pi ta. Yo di jan yo apresye koutwazi-a men yo youn ti
jan fatige, yo ta renmen repoze yo. Li konprann sa, yo retounen nan chanm-yo.
Mèkredi 11 jiye 2007
Youn delegasyon ayisyen – 26 manm – te
rive pa avyon Sannto Domengo mèkredi maten pou vin reprezante peyi-yo nan
aktivite komemorasyon santnè nesans Jak Woumen-an. Se gouvènman dominiken-an ak
Konsila Jeneral R. D. nan Pòtoprens, Konsil Jeneral Carlos Castillo avèk
Asistan-Konsil Ruffi Castor Linares ki te envite yo. Reprezantan FUNGLODE an Ayiti,
ekriven-editè Dyedone Faden (Dieudonné Fardin) te bay rekonmandasyon pou chwazi yo.
Asistan-Konsil-la te vwayaje avèk yo.
Soti èpòt rive otèl Santo Domingo, delegasyon-an te gan
ase tan pou prepare li paske Sekretè Deta Lakilti-a, Lic. José Rafael Lantigua,
te envite li nan youn « lench » espesyal nan El Vesusio pi gran restoran
italyen sou boulva Malecon-nan.
Plis pase 50 envite antou, Domiken ak
Ayisyen. Minis-la te kanpe nan pòt pou salye chak delege ayisyen. Sete bèl
afè ! Fè konnesans ; leve vè diven ; manje ; 2-èd tan gan
tan pase. Sevis pwotokòl-la mennen delegasyon-an al pran youn repo nan otèl-la
paske a 4-è pwogram ofisyèl-la ap konmanse nan Oditoryòm Manuel del Cabral, Bibliyotèk Pedro Mir, nan Inivèsite Otonòm
Sannto Domengo (UASD).
Se la diskou inogiral Sekretè Deta Lakilti
louvri aktivite-yo. Apre, sete pwojeksyon fim « Cumbite » youn
adaptasyon woman Gouverneurs de la rosée Jak Woumen-an, sineyas kiben Tomás Gutiérrez Alea reyalize.
Sal-la te plen mounn. Anpil ofisyèl dominiken, anbasadè ayisyen Sannto
Domengo-a,
delegasyon ayisyen-an plis youn kantite etidyan dominiken ak youn pakèt etidyan ayisyen k’ap fè etid-yo nan peyi-a. Chif yo bay
pou kantite etidyan ayisyen sa-yo se 7.000 ki nan plizyè inivèsite R.D.
Dezyèm pati pwogram pou jounen-an sete
aktivite nan Fondasyon Global-la (FUNGLODE) 7-è pou rive 10-è diswa :
·
Prezantasyon youn videyo sou Fondasyon-an ;
·
Diskou byenvini ofisyèl Sekretè Deta Lakilti-a ;
·
Youn konferans Pwofesè Doktè Léon-François Hofmann sou
« Valè zèv Jak Woumen-an » ;
·
Prezantasyon dokimantè sineyas ayisyen Arnold Antonin :
« Lavi ak zèv Jak Woumen ».
Menm swa-a tou, se te ouvèti youn
ekspozisyon foto Jak Woumen, liv-li yo avèk etid yo fè sou-li plis youn tablo Gouverneurs de la rosée
gran pent ayisyen, Guerdy Préval. Nan espozisyon sa-a, chak envite te resevwa younn osnon
de ekzanplè liv : Jacques Roumain. Premier
centenaire de sa naissance 4 juin 1907 – 4 juin 2007 / Jacques Roumain.
Primer Centenario de sou Nacimiento 4 de junio de 1907 – 4 de junio 2007, Fondasyon-an te prepare espesyalman pou komemorasyon
11-12 jiye 2007-la.
Prezidan Leonel Fernandez avèk plizyè
manm nan gouvènman-l nan te asiste tout aktivite-yo. Apre, Konsil Jeneral Carlos Castillo, Direktris Aida Montero avèk Asistan-Konsil Ruffi Castor L. te envite
delegasyon ayisyen-an nan youn resepsyon pou rankontre Prezidan dominiken-an.
Doktè Leonel Fernandez te akeyi chak manm delegasyon-an avèk youn bon mo
byenvini. Youn group mizikal ayisyen Miami, Strings, Jacky Ambroise kòm mayestwo, te vwayaje pou vin jwe nan sware-a.
Apre prezantasyon-yo, reprezantan ofisyèl FUNGLODE an Ayiti, Dieudonné Fardin, pran lapawòl, an
franse, pou remèsye prezidan Fernandez avèk tout gwoup dominiken-yo ki te travay rèd pou mete
selebrasyon sa-a kanpe. Pwofesè Gahston Saint-Fleur te tradui diskou-li-a an panyòl. Prezidan Fernandez te reponn an panyòl
avèk tradiksyon franse Pwofesè Saint-Fleur.
Enpi, pandan Strings t’ap bay mizik,
resepsyon-an te konmanse. Prezidan Fernandez te koupe kèk pa avan l’ale. Siksè
plis foul !
Jedi 12 jiye 2007
Jounen-an te konmanse avèk youn vizit
bibliyotèk FUNGLODE-a ki fèk achte youn bèl koleksyon plis pase 3.000 liv
ayisyen.
Apre sa, se pase nan otèl-la pou medam-yo
chanje teni epi pou mesye-yo pran youn kanpo, pase dlo nan figi-yo, remare
kravat-yo. A midi tapan, 2 envite-yo ki te soti Florid-la te chita avèk
Direktris Aida M. Montero, nan vwati ofisyèl-li, rès delegasyon-an te nan
youn otobis Fondasyon Global-la. Sirèn devan, nou pran lari ; nou pral nan
palè nasyonal kote Prezidan Leonel Fernandez t’ap ofri youn « lench » ofisyèl pou
Prezidan René G. Préval ki te vin pase jounen-an kòm envite espesyal kòlèg
dominiken li-a. Chak manm delegasyon ayisyen te resevwa youn envitasyon ofisyèl
sou papye ofisyèl palè nasyonal-la.
Prezidan Fernandez avèk Prezidan Préval akeyi chak manm delagasyon
ayisyen-an nan antre sal resepsyon-an. Lè chak envite jwenn plas-yo – te ganyen
youn santèn konsa – « lench » ofisyèl-la konmanse.
Apre « lench »-la, dezyèm jounen
komemorasyon-an kontinye nan Oditoryòm Manuel del
Cabral, Bibliyotèk Pedro Mir, nan Inivèsite Otonòm
Sannto Domengo (UASD) avèk youn panèl ki te ganyen alantou tab-la : Andrés L. Mateo, Frantz Jean, Jean Euphèle Mislé, Claude Roumain, Dieudonné Fardin. Minis Lakilti
Ayisyen-an, Daniel Élie, te pale an kreyòl pou ouvri pati sa-a. Prezidan Fernandez ak Prezidan Préval plis menm kantite ofisyèl avèk
etidyan ki te la ayè yo te chita nan sal-la.
Dezyèm pati pwogram pou jounen-an
sete, kankou ayè, aktivite nan Fondasyon Global-la (FUNGLODE) 7-è pou rive 10-è diswa :
·
Diskou entwodisyon José Israel Cuello ;
·
Prezantasyon youn
tradiksyon woman Jak Woumen-an : Los
Gobernadores del Rocío.
·
Diskou pou klotire
komemorasyon-an.
José Israel
Cuello se editè ki te
pibliye premye tradiksyon Gouverneurs de la
rosée nan R.D.
Ministè Lakilti dominiken-an ansanm avèk FUNGLODE te prepare youn
mayifik edisyon tradiksyon woman Jak Woumen-an ki montre kòm kouvèti youn
repwodiksyon tablo Guerdy Préval-la avèk youn pwològ dominiken Andrés L. Mateo plis youn
pwològ karayib Pwofesè Michaëlle Ascencio, youn Ayisyèn ki te pati avèk paran-li al rete
Venezwela depi li te piti men ki pa bliye pale ni kreyòl ni franse. Se Pwofesè Michaëlle Ascencio ki te fè prezantasyon liv-la
nan youn diskou an panyòl chaje avèk chalè plis emosyon. Lè li te fin pale,
sal-la avèk Prezidan Leonel
Fernandez an premye, te kanpe pou bat bravo pandan plizyè minit. Tout mounn te
ozanj !
Nan soti sal
konferans-nan : youn distribisyon woman-an plis youn resepsyon manch lonng
pandan Strings t’ap vide nòt
mizikal. Prezidan Fernandez rete ase tan pou pran
pòtre avèk anpil, anpil etidyan ayisyen ki te la.
*
Vandredi 13 jiye,
Delegasyon ayisyen te
retounen lakay-li avèk Asistan Konsil-la Ruffi Castor
Linares ki te pran menm
avyon-an pou te akonpaye-l.
De (2) envite Florid-yo te rete pase kèk jou
apre selebrasyon-yo.
M.M.