PajBèlantre



 

 

PwofesÈ Jid Pikan (Jude Piquant)

avèk espesyalis videyo Rene Leona (René Léonard) te

vin pase kèk jou avèk nou nan sid Florid-la

 

      Pwofesè Jude Piquant (Bwouklin Kolèj) ak espesyalis videyo René Léonard, te vin pase kèk jou an Florid pou yo filme entèvyou avèk plizyè konpatriyòt nou yo ki enterese nan pwoblèm y’ap diskite nan youn dokimantè sou Idantite Kreyòl.

 

      Dokimantè sa-a vle montre ki gwo plas lanng kreyòl ayisyen ganyen nan kenbe idantite ayisyen an. byen djanm.

 

      Pa si lontan, piti youn zanmi mwen t’al lopital pou youn tchekòp. Doktè Ayisyen-Ameriken-an ki fèt isit kankou-l te mande-l si li konn pale kreyòl paske non msye se youn non ayisyen. Jennonm-nan te reponn li pa pale kreyòl. Doktè-a te lage opinyon-li tousuit : « Kidonk, ou pa Ayisyen. » Kòmkwa lanng kreyòl-la se li ki sèvi pou idantifye nou.

 

      Nyès youn lòt zanmi renmen danse konpa. Li achte plak, li nan bal tout tan. Nan chante pawòl chante-yo manmzèl fin mare kreyòl-la nèt. Li fèt isit men li deklare se ayisyen li ye.

 

      Menm Ayisyen ki fè tout klas-yo an franse nan peyi-yo, lè yo rive isi, lè yo mache nan katye ayisyen, lè yo al lekòl nan kolèj kote gan enpe lòt Ayisyen, fini pa wè byen vit se pa tilititi-a ki pral mennen yo okenn kote : se langg nasyonal-yo-a ki alaparèy. Pa konprann mwen mal, sa pa vle di konesans youn mounn nan franse pa enpòtan men se kreyòl-la ki ede rekonnèt youn Ayisyen ki vle kenbe lizaj, koutim ak tou sa ki defini sa li ye.

 

      Dokimantè-a vle ensiste sou sa nou ye : « Nou se youn pèp kreyòl nan tout lizaj-nou, nan tout kilti-nou ; se lanng nou-an ki pèmèt nou gade idantite-nou. Se pozisyon sa-a n’ap defann … »

 

      Pandan sejou-yo an Florid, Pwofesè Pikan avèk espesyalis videyo Rene Leyona te fè youn gran chita avèk mwen. Mèt-la te li youn kokenchenn atik li ekri sou dènye liv-mwen-an «  Mots créoles du Nord’Haïti. Origines – Histoire – Souvenirs » (2006). Nou te pase plis pase inèdtan ap pale. Sete youn bèl moman.

 

      Yo te gan chans tou filme entèvyou avèk 2 manm lou Sosyete Koukouy : Jan Mapou avèk Zandò (Jacques Jacquelin Garçon).

 

      Sosyete Koukouy ap swete 2 vayan gason sa-yo anpil kouraj pou yo kontinye travay-la ki va youn dokimantè konsekan sou kesyon idantite kreyòl-la nan youn moman kote globalizasyon-an pwèt pou kreye youn sèl grenn modèl. Pou Ayisyen kontinye rete ayisyen se lanng kreyòl-la pou yo kenbe pi djanm. M.M.

 

*

Raymond Philoctète / Remon FiloktÈt

5 jen 1925 – 24 jiye 2007

kite nou

 

      Zanmi-nou aktè Maks Kenòl (Max Kénol) te rele nou nan telefòn pou ban nou nouvèl lanmò Remon Filoktèt ki kite nou madi 24 jiye ki sot pase-a. Li te ganyen 82-zan. Li sete gran frè gran powèt René Philoctète.

 

      Remon fèt Jeremi 5 jen 1925. Li fè karyè-li kòm pwofesè franse nan plizyè lekòl segondè Pòtoprens. Repitasyon-l kòm espesyalis kou sa-yo te ba msye gran renonmen nan kapital-la. Li te ekri anpil nan jounal Le Nouvelliste.

 

      Li te pati kite peyi-l pou vin rete Nouyòk, an 1977, kote li pa te jwenn chans pou egzèse metye pwofesè franse-a men li te travay nan Haïti-Progrès kote li te pibliye youn seri bèl atik sou kreyòl.

 

      Remon lese pou nou : Voix dans le soir, poèmes (1945) ; Minichronique (1976) ; Poésie vivante d’Haïti (1978) li siyen avèk Sylvio F. Baridon men se li ki te fè tout travay-la ; Anthologie de la poésie haïtienne contemporaine (1945-1999). Textes français et créoles. (2000).

 

      Li gan plizyè maniskri ki poko pibliye tankou : Dieu trop loin de notre planète (essai) ; Guide illustré et concis de biographie générale d’Haïti ; Culture créole en miettes.

 

      Sosyete Koukouy ap fè madanm-ni, pitit-li-yo ak tout kò fanmi-li konnen jan lanmò Remon  fè li lapenn men li bat bravo pou tout bèl travay ekriven sa-a mete nan men-nou.. M.M.

 

==================================================================

 

KATRIYÈM VWAYAJ

 NAN KAMAGUEY- KIBA

Ak :  Jan Mapou

 

 

2èm pati

 

Wè premye pati-a nan HEM senmenn pase-a # 26

 

An palande prezans chinwa nan Kiba, nou te pantan wè majorite materyèl Kiben-Ayisyen yo ap sèvi se mak « made in China ». Nou pa te fè gwo sezisman non paske menm isit Ozetazini   plim n’a sèvi, asyèt n‘ap manje, kiyè fouchèt nou manje, jwèt timounn ap jwe, kalson ak chimizèt nou mete… yotout pote mak « made in china ».  Gen menm youn chanèl televizyon menm ki rele CCTV k’ap bay nouvèl sou Lachin, Larisi ak tout peyi azyatik yo 24 sou 24.

 

Kidonk nou remake gen anpil  envetisman chinwa ak venezwelyen nan Kiba. Nan Kamaguèy, gen limyè 24 sou 24;  7 jou pa senmenm. Aaa! Se bon bagay wi! Se nan peyi grannèg senpman ou jwenn bagay konsa. Kòm  gen kouran, leta  mande tout fanmiy pou yo chanje refrijeratè yo. Ansyen yo boule twòp elektrisite. Yo fè yo chanje tout gwo vye anpoul lontan yo, yo ranplase yo ak anpil anpoul fliyoresan ki pa boule anpil elektrisite. Gouvennman-an chanje recho agaz yo. Li bay chak fanmi  recho elektrik men li  kite youn tank gaz okake ta gen blakawout, siklòn osnon nenpòt ki kalamite natirèl. Nou aprann tou tout mounn alawonnbadè dwe konfòme yo nan mwa k’ap vin la-a yo.  Dispozisyon sa yo penmèt vejetasyon  blayi troupatou.  Nou pa wè okenn tèt mòn, tètpyas nan Kamaguey. Mòn yo tou vèt. Epi pye mango fè mikalaw!

 

Ane sa-a, tan nou te jis. Se te youn vwayaj vizit doktè. Nou pa te gentan al vizite vyewo yo. Nan kèk ti rankont konsa-konsa, nou pale ak Augustave Villbranche ki ap chache fanmiy li. Li se mounn Tòbèk.  Nou rankontre ak Roberto Moise ki se Robert Moise. Enrique Diaz ki se Henry Dieudone ; Olivia Tulu Martinez  ki soti nan fanmiy Cyprien, manman-l rele Icelie Bastien ki mounn Kavayon ak Sen Loui. Tankou mwen te di nou Ayisyen nan Kamaguey gen de non. Non ayisyen-an ak youn non panyòl.

 

Nou pale tou ak Marie Elena Billa , non ayisyen-li se Marie Pierre-Louis. Gen  Christine Samedi ki soti Tobèk ; papa-l se Meritor Pierre-Louis. Gen Evena Montero;  manman-l se Hercule Belle nan zòn Ka Mase Okay, Papa-l rele Elima Felisma ; nou kwaze tou ak Alicia Domeg. Grann ni se Leonie Desjardins ki soti nan 9èm sekson Okay; manman Grann ni te rele Isabelle. Nou rankontre tou ak youn chantè-dansè-konpozitè ki Releina Isabelle ki fèt Kiba ; soti nan 1e seksyon Sen Loui atis-la soti nan zòn nò peyi-a, papa-l rele  Dona Louis Bernard. Papa-l siyen Beaubrun, manman- rele Idana Louis Bernard. Li fonde youn gwoup mizikal ak kèk dansè foklorik ayisyen ki rele RETONG Gwoup sa-a chante e danse pou nou jou dimanch nan reyinyon asosyasyon Kiben-Ayisyen yo.  <<RETONG>> vle di <<BOUJON>> daprè esplikasyon atis -la ban nou.

 

Mezanmi  Ayisyen Kiba delala nèt onivo idantite. Se tankou esklav ki te kite Lafrik yo e ki te vin travay sou plantasyon Sen Domeng yo. Majorite nan yo ta renmen jwenn fanmi yo.  Gen ki ta renmen retounen Ayiti men yo pa gen mwayen ekonomik.  Youn lòt fwa ankò nou ta mande pou kèk mounn konsène yo kreye youn òganizasyon pou Desandan ayisyen-yo ka rejwenn fanmi yo ak idantite yo. Nou pa ka lage yo. Se pitit nou yo ye, se frè nou, se sè nou.  Se nan chache fouye mande, mwen te rive jwenn manman mwen k’ap viv Kamaguey. Nan premye vwayaj-la, mwen rankontre ak 32 ti kouzen, ti nyès, tonton, matant..frè, sè…Papa mwen te gen 3 frè ki t’ap viv Kiba.  M’pa bezwen di nou  jan yo peple nan Kamaguey ak Oriente zòn kote ki gen plis konsantrasyon ayisyen nan Kiba.  Mounn sa yo toujou ap reve Ayiti peyi yo. Koze Anbago manch lonng sou peyi Kiba  gen gwo konsekans sou fanmiy ayisyen yo.  Fanmiy divize. Madanm pèdi mari. Sè pa konn frè. Kantan pou grann yo ak granpè yo yo pa janm rankontre yo.  Mounn sa yo ap lonje men ban nou.  Pon-an  la men pa gen mwayen pou yo travèse-l…Tankou powèt Makandal ta  di: <<Yo pa te fèt an Ayiti se Ayiti ki fèt nan yo>>. ASUIV