KI JOU
KA JOU
NAN PEYI
LOUGAWOU
Nan Miyami Veye Kiltirèl pou François Latour
Dimanch pase, Depi 5-è nan apremidi, Sant
Kiltirèl Mapou te dekore ak youn seri
tablo ki montre youn peyi wololoy ak
youn bann zanfan dlo nan zye. Envite yo parèt younn-younn,
grenn-grenn ; men nan bouch. Nan
sal-la youn bèl foto Franswa nan jenès li nan youn ankadreman dore kanpe drèt
nan mitan youn tab ak balenn toulimen, youn vè dlo. Younn-younn ;
grenn-grenn yo rantre. Yo chita. San pale. Men nan bouch. 5 :30è pa t’gen kote
pou pike zepenng Toudenkou youn envite leve,
tèt bese, li mache sou mwen epi
li di : « zanmi ou kwè se vre ? Ou kwè vrèman vre Franswa Latou,
Franswa Latou pa nou-an mouri ? asasinen ?… Ou kwè se vre
zanmi ? » Dlo t’ap
swente nan zye-l, pwal je-l muikmuik ;
pwent nen-l tou wouj…Mwen pase men nan
kou-l, mwen mete-l chita…Mwen di Kouraj zanmi !
M’anonse pè Fritz Bazen ki
mande Bondye pou resevwa Franswa Latou
nan woyòm selès-li. Epi se te Yolann Toma ak youn wosiyòl chante youn ave-maria
ki fè tout mounn fremi. Tèt bese, n’ap
panse. Kilè mounn ap sispann mouri nan peyi-a ?. Kilè noumenm vivan
pwoviswa ap sispann kriye? Kilè n’ap
chante ave maria pou lavi olye pou mounn k’ap mouri ?. Eske Bon Dye
tande nou ? Eske li
soud. ? Eske li lage nou tankou
Boukmann te mande nan Bwa Kayiman.
Pouki youn men envizib pa bay ansasen sa-a youn palavire pou devye bal
sa yo k’al ateri dirèk-dirèk nan vant
Francois Latour.
Annapre, Jan Mapou li
deklarasyon Sosyete Koukouy Miyami.
Kouzen Degoutan li deklarasyon Koukouy
Kanada. Epi, se te temwayaj sou vi
defen-an, Adijangardy pale. Li
mete deyò youn bann ak youn pakèt koze nou potko konnen.. Li esplike kijan yo
te kidnape Franswa, kijou, kilè ak kibò. Li fè nou konnen konbyen lajan yo te mande $100,000.00 US ak
telefòn viktim nan. Adi di pou jan li
pran bal-la se sèten Franswa te reziste paske kidnapè yo pa te kenbe mo yo.
Jounalis-la di nou madanm Franswa Latou pase tout nuit-lan nan kafeterya Dèlma-a ap tann patwouy ki te pou
akonpaye-l al nan zòn yo te detekte
Franswa te ye-a. Istoryen-an ajoute si
lapolis te fè devwa-l ; petèt Franswa ta vivan jounen jodi-a. Inavy
Joseph pran lapawòl, li di youn powèm ki montre nesesite pou nou viv kòm
frè ak sè. Aktè, ekriven-teyat Bob
Lapierre (Dr. Pardo) eksprime endiyasyon-l, Dr. Bobo frape men sou tab-la nan
youn powèn pimanzwezo ki menm lonje dwèt sou koupab yo, epi younn dèyè lòt : Edeline Clermont,
Yolande Thomas entèprete powèm an
franse ki te kout rèl kolè k’ap soti anndan kòf lestonmak atis ak ekriven ayisyen-yo pou eksprime
soufrans yo devan kadav Franswa Latou..
KiKi Wainwight anchene ak « rezistans » e « Fò
n’lite ».Awi Fò n ‘lite mezanmi ; nou pa ka bay fòsdimal yo
legen. Yvette chante Ayiti yè ak Ayiti
jodi-a. Youn paradi. Youn lanfè. Eline
Fleury youn jenn rènchantrèl ki sot Ayiti te mande lapèmisyon pou li entèprete
«Pè letennèl» chante Emeline Michel ak akonpayman Didi Crèvecoeur sou
gita. Kiki Wainwright sou tanbou.
Nan mitan tout bèl
deklarasyon sa yo youn pèsonaj enpòtan nan peyi Dayiti rantre nan lakou-a. Li
te gen 3 lòt mounn ak li plis youn teknisyen televizyon nasyonal. Se te Msye
Gabriel Bien-Aimé, minis Edikasyon Nasyonal nan peyi d’Ayiti. Msye Bien-Aimé
chita devan, ansilans, men nan bouch ak youn lapenn k’ap ravaje kè-l...
Anvan nou pase kòn nan bay
Janklod ki te kavalye polka Franswa Latou,
bon zanmi-l depi lontan e ki te 2 pi gran aktè nan twoup Teyat
Nasyonal-la, nou envite minis edikasyon nasyonal-la di de mo pou
sikonstans-lan. Men sa li te di :
<<Franswa te gen abitid vin wè-m nan
SenJera e nou te rann nou kont nou te gen plizyè bagay ankomen. Lè m’aprann Franswa mouri mwen choke e mwen ka
di nou : Mwen tris e mwen ankòlè ;
kouman youn sosyete ka rive kite youn krim
konsa rive fèt ? Mwen tris e mwen ankòlè ; paske mwen deranje pou wè
mwen oblije ap fè elòj Franswa pandan l’mouri. Mwen tris e mwen ankòlè François
mérite mieux que ça…Mwen tris e mwen ankòlè… paske se youn krim de trop. Youn sèl mounn ki mouri se youn crime
de twop e Franswa se ankò youn crime de twop. Konsa, m’ap mande tèt mwen, peyi sa-a youn sèl bagay ki ka sove-l. Se
pou nou tout aksepte pran detèminasyon pou non-vyolans. Pou nou tout andose
edikasyon pou kiltive lapè. Se zafè
tout mounn. Twòp famiy
demisyone ; paske lavyolans
kòmanse depi nan fanmiy, ale lekòl, soti nan lari epi l’al anvayi tout
sosyete-a. Il faut une campagne contre la violence. Fòk gen youn kanpayn
kont lavyolans. Se pa youn kanpayn pou gouvennman-an fè osnon leta non... Se
youn kanpayn pou tout mounn debyen enplike yo ladann.
Li pa nòmal
pou youn mounn tankou Franswa mouri nan kondisyon manman vyolans sa-a. Youn nèg
ki renmen peyi-a nan tout trip-li. M’gen temwayaj de sa m’pap rantre nan detay,
men mwen gen temwayaj avèk ki fòs Franswa renmen peyi sa-a. Se pa pouryen li
pran chans rete nan peyi-a malgre tout risk li konnen sa genyen ladan-l.
Li pa nòmal anplen 21èm syèk gason ak fanm ap tonbe
jan y’ap tonbe-a tankou bèt labatwa. Fòk krim sa-a revòlte konsyans chak
mounn e fòk nou fè revòlt sa-a pase nan konsyans pitit nou ak pitit-pitit
nou pou yo grandi avèk youn
konsyans klè sou enpòtans lavi lòt mounn…Pou yo devlope youn respè pou
latolerans, respè pou fason panse lòt mounn. Li pa nòmal paske mwen pa gen menm
lide avè-w m’oblije mouri pou sa !…Li pa nòmal paske mwen diferan de ou,
pou gade-m depi nan tèt jouk nan pye pou sa…. Lim pa nòmal paske m’genyen youn
meyè sitiyasyon pase-w, ou anvi sò-m… Ou wè youn sèl bagay ki pou rive-m eke
m’pa dwe ekziste ankò. Se pa nomal ! peyi-a dwe reprann ni. La société
doit se ressaisir… Si nous voulons donner une chance à nos petits et à nos tout-petits ; la
société doit se ressaisir. Moi comme Ministre de l’Education Nationale, je
pense que l’éducation est la clé… l’éducation est la clé. Je ferai tout, pour
qu’ on arrive à un nouvel homme haitien, un Haitien qui pense autrement, un Haitien qui voit les
autres autrement avec peut-être les yeux du cœur mais qui voit de façon
profonde pour que ansanm nou rive fè chanjman ki nesesè pou peyi sa-a parceque ce pays ne peut et ne doit pas
mourir. Mèsi.(*)
Kèk minit apre minis-lan
deplase. Se byen dilere li pa t’rete tande temwayaj Jean-Claude Exulien-an. Sa ta penmèt li mete youn ti degi sou
konesans li de Franswa Latou ki youn
lejann, youn pilye, youn anbasadè, youn poto-mitan nan teyat ayisyen-an.
JC Exulien monte sou podyòm
nan. Mèt la di ak youn ekspresyon tristès nan vwa-l, youn emosyon ki fè dlo koule nan zye kèk mounn mwen
renmen pale men aswè-a mwen santi mwen kontrarye mwen pa ka pale. Li pote 11 afich, 11 pyès teyat li te gen
chans jwe ak Franswa Latou. Li konnen Franswa depi 40 ane. Li fè 12-ane ap fè
teyat ak li. Pandan 40 ane ki sot pase
la-a Franswa se te pi gran komedyen
ayisyen. Li bay kòm ekzanp pyesteyat
Caligoula. Nan youn konkou adramatik
Institut Franse te òganize ak 6 lòt group teyat, limenm Exulien,
François , Denise Petrus, Adeline Perigord, Pierre st sauveur. Ak tout lòt aktè yo, yo te pote premye pri. E pou
Janklod, yo te blije kreye youn pri espesyal pou bèl diksyon. Jou sa-a, Franswa
emèveye Emmanuel Robles ki te depasaj an Ayiti apre li te fin asiste Caligula ak Franswa nan wòl Caligula.
Youn nan pyèsteyat Franswa jwe ak bèl
siksè Exulien di : se Bouki nan Paradi (Frank Fouche). L’exception
c’est la règle de Bertolt Brecht, Les Rosenberg ne doivent pas mourir…Gouverneurs
de la rosée (20 juillet 1967)… Franswa te jwe wòl
Manuel ; Janklod nan wòl Bien-Aimé, papa Manuel. Pandan 4-è
d’tan pa te gen youn bri touse nan sal-la Mèt-la di.
6 juillet 1978 se te premye prezantasyon
Pèlen Tèt. Malerezman Janklod te
gentan pran ekzil e se nan youn lèt Franswa voye ba li, li aprann-l teyat sa-a
se youn teyat vijilans. Youn pyès solid
ki bay pouvwa politik epòk-la anpil
soukous.
Msye sa yo nan Twoup Teyat
Nasyonal-la te sèvi ak teyat pou te pote mesaj bay pèp-la. Denonse mechanste nan epòk-la. Janklod kòm bon istoryen kenbe dokiman ak afich ak dat tout gwo evennman teyatral sa-a te ekspoze yo epi bay piblik-la
detay sou tout pyèsteyat Franswa Latou jwe.
Nou bat bravo pou Mèt-la. Li se
youn veritab antoloji vivan Youn bibliyotèk
nan domèn istwa ak literati natif-natal.
Sware-a fini ak youn ti gou
anmè nan bouch nou ; youn eko rarabwa nan zorèy nou, youn kesyon san
repons nan panse nou ki Kiyès ki asasinen
François Latour ? Epoukisa ?.
Nou remesye Mona Exulien ki te pote pate cho
pou nou. Nou renmèsye Jeanette Grégoire ak Monique ki te fè youn
bon ti te kannel ak La difference Restaurant ki te sèvi youn bon ti diri
kole ak pwa souch awoze. Men anpil chay pa lou.
* Nan pòsyon diskou Minis Edikasyon Nasyonal-la,
nou fè kèk ti grate kèk fraz pou nou retire mo double yo. Nou tradui tou an
kreyòl kèk pòsyon (pa tout) kote minis-lan te
awoze ak mo franse. Temwayaj-la disponib sou kasèt odyo.
=====================================================
NOU
PA KA BLIYE 25 ME
Ak : Degoutan
2èm Pati
Apre demisyon Frank Sylvain, Etamajò-a
eseye youn lòt fòmil: Kandida yo gen pou chwazi manm pou you konsèy gouvènman.
Se konsa yo vin ak Conseil Executif de Gouvernement, pèp la te batise-l Kolejyal
oubyen Kolèj. Premye me Kolèj resevwa anpil bravo devan Katedral, malgre
kolonèl Cantave te rekòmande lekontrè. 18 me sa pa te fasil pou kolèj-la
nan katedral-la. Eskonbrit pete, mounn mouri, mounn blese devan katedral. Mande
Dye padon ,manm kolèj pa t’grafouyen. Menm semenm-nan, dezòd pete nan Sen Mak,
Manm Kolèj la mande pou y’al wè sa k’pase. Nan Okazyon-an, Cantave refize
kolabore ak manm kolèj yo, li te menm
ensilte yo. Kolèj-la vekse, li mete Cantave
òlalwa. Cantave li menm revoke Konsèy-la.
Nan lespri Kolonèl Armand,
Cantave pa t’ gendwa depoze Konsèy .Pou li, Cantave te anrebelyon. Li mande pou y’ arete Cantave ki
t’ale kantonnen nan Kazèn. Kolonèl Armand etabli kòmandman-l nan kan
avyasyon. Lese-frape kòmanse nan mitan lame, plizyè jènn ofisye pèdi lavi yo.
Antretan woulo konpresè ap plati tout mounn ki pa t ‘patizan Daniel Fignolé
nan Pòtoprens. Yo te demonte Radyo
Pòtoprens ki te anba Estad Sylvio Cator, pakanpak. Rive nan
apremidi, monseyè Poirier ak Monseyè Augustin
negosye avèk Fignole aksepte vin prezidan d’Ayiti annatandan eleksyon.
Antonio Kébreau vin chèfdetamajò.
25 me youn jounen ki te cho ki
refwadi byen vit. Evénman gwosi jistan
yo eklate. Aktè ki te sou sèn yo te malen men tou yo te konn limit. Kandida yo
nan youn deklarasyon tètansanm eksplike dezisyon yo. Chèf militè yo seselfe.
Tout mounn konprann youn sèl bagay. Te gen youn malè pandye sou tèt peyi
d’Ayiti. Youn refleksyon k ‘te fè yo flechi pou youn moman avèk lide ki move
kou k’ap vin pita.
NAN MIAMI PRIMEVÈRE AP PRAN
FÒS.
Òganizasyon PRIMEVERE De Floride ap pran jarèt. Oganizasyon Primevère derape nan Nouyòk
gen 30 ane. Branch Miyami-an koumanse
pouse bonjan rasin. Ane sa-a fè yo 5-èm ane depi branch Miyami-an fonde.
Margerite Manigat Paultre envite manm
Miyami yo ak kèk zanmi nan youn resepsyon ki te fèt nan otèl Hilton dimanch 10 jen ki sot pase la-a. Primevère
de Floride s’oun klib ayisyen ki pa nan kozman politik men ki plis kiltirèl,
atistik e sosyal. S’oun òganizasyon
benevòl ki pa la ni pou fè komès ni pou ranmase lajan nan bi pou fè biznis.
Klib la enkòpore nan eta Florid la. Li gen 9 manm nan komite direksyon-an.
Kidonk, dimanch pase 100
zanmi ak manm Primevere yo te reyini nan youn sal nan otèl la.. Youn bèl
apre-midi detant, bèl anbyans, bèl mounn
e se te youn bèl okazyon pou nou te rankontre youn grap mounn nou pa te
wè depi lontan. A 2 :30pm dine
sèvi. An disiplin tab apre tab envite
yo te leve al sèvi tèt yo. Kidonk tout mounn manje vant deboutonnen, anyen
pa gaspiye.
Apre lamanjay, lenguis,
pwofesè, ekriven Gérard Ferrère
prezante lami Max Manigat ki fenk
defounen Mots Créole du Nord
D’Haiti origines- histoire- souvenirs
Youn prezantasyon wololoy ki te plis youn ti mini entwodiksyon sou liv-la plis
pase youn etid byografik sou Max Jera
rekòmande piblik –la li nan do-po liv
–la.
Max pran kòn nan. Bèt tonbe. An Franse. Apre
1-èd’tan ap teke grenn mo ;
li di piblik la kote yo soti e ki sa yo vle di nan kreyòl mounn nan nò yo,
epi li travèse sou lakilti. Li
pale nou sou enpòtans lanng Ayisyen-an, ki kote li soti, dinamik lanng nan
estrikti lanng afriken yo. Li konekte nou ak tout lòt lanng afriken yo. . Max
pale de mizik, dans, enstriman mizik,
rit dans yo , penti jwèt, maji nwa, maji blanch, matènite,
pwovèb, lakou, penti, Anfen Max
travèse youn manman distans depi Ayiti rive an Afrik, depi Lafrik rive
Miyami pou li te ofri nou youn bòl mo byen prepare, byen sèvi, asezone ak
kèk twouvay Jaquelin Garçon yo.
Youn apre midi ak Primevère ki mande akontinye. Nou bat bravo pou mesye-dam
yo…Konpliman Max ! (JM)