PajBèlantre | Aprann Kreyòl | Kesyon/Repons



Ti Gout pa Ti Gout

ak Jan Mapou---26/02/2007

YOUN SWARE AK CARL FOMBRUN SOU JACQUES ROUMAIN NAN SANT KILTIREL MAPOU

Jan Mapou

Dimanch 18 fevriye youn dat byen bòzò nan kalandiye aktivite kiltirèl nan Sant Kiltirèl Mapou. Depi ane-a derape, Sosyete Koukouy dekrete lapèmanans. Yo deja òganize plizyè konferans e gen plis toujou nan wout. Premye-a te fèt nan mwa janvye-a ak pwofesè Jean-Claude Exulien. Mèt-la te montre wòl pisans mistik yo te jwe nan endepandans peyi-a. Dimanch pase, Ernst Julméus (Degoutan) prezante Gérard Ferrère ki limenm prezante Carl Fombrun pou youn chita koze sou Jak Woumen. Carl konnen Jacques e admire li depi li te 12-an. Li te sitèlman alèz ak Jak li te konn fimen pòy sigarèt li. Carl, di piblik la kibò Jak te fèt, kout prizon ak kout baton li te pran nan men gouvennman epòk la, lekzil epi lanmò msye. Gen plizyè tewori men sa li konnen sèke ofisyèlman yo di li mouri ak siwoz difwa. Te gen plizyè reyaksyon sou kòz lanmò-a. Pwofesè JC Exulien, youn istoryen yo respekte pou travay rechèch-li di daprè enfòmasyon li genyen. Jak mouri ak malarya apre yo te fin maltrete-l nan prizon sou prezidan Vensan. Se pa de revelasyon piblik-la pa te fèt nan moman kesyon yo ki an majorite te plis kòmantè pase kesyon. Gen ki di se anpwazonnen yo te anpwazonnen-l. Madan Joe Thevenin ko-otè liv Odyssée de la Cuisine Haitienne, youn liv li ekri ak Paule Alexis fè temwayaj sou sa li te wè. Li te elèv lekòl kay Mè. Li asiste nan antèman Jak Woumen se deyò, devan legliz-la Monpè parèt li beni kadav la. Jak Woumen te kominis e li te deklare sa pou tout mounn konnen li pa kwè nan Bondye; kidonk, lè antèman Jak, kadav li pa t' resevwa otorizasyon pou rantre nan legliz-la. Se li ki te kreye premye pati kominis ayisyen-an. Li te youn kominis ate.

Lòt temwayaj ankò se toujou Pwofesè Exulien ki deklare Jak te renmen manje diri ak pwa nwa ak ze. (Tout mounn fè yak…)Li di youn jou Nicholas Guillén, youn powèt kiben, zanmi Jak Woumen ri jouk li gen wòkèt lè li wè Jak k' ap kuit youn diri ak pwa nwa ak ze. Lòt temwayaj sèke Jak pa te nenpòt ki ti kominis tètkale, woule-m debò. Li te kwè nan sa li t'ap defann nan. Pitit-pitit ansyen prezidan Tancrete Auguste, li soti nan youn fanmi grandon, boujwa e lè papa-l mouri gen youn temwen nan asistans-lan ki di Jak refize pòsyon nan eritaj yo te ba li-a. Li di: byen sa yo se byen papa-l te pran nan men peyizan yo nan move kondisyon. Li pito mouri pòv pase pou l'ta asepte eritaj sa-a. Carl Fombrum fèmen konferans lan ak fraz sa-a:" Jacques Roumain se youn gran nèg ki kite mak li nan liv li ekri yo. Li kite mak li kon yon militan pou yon lavi miyò, pou jistis pou tout malere sou latè…" Si nou ta renmen li tout konferans sou Jak Woumen-an al nan sit entènèt Carlfombrun.com N'ap jwenn tout enfòmasyon Carl te pataje ak piblik la.

Jou dimanch sa-a Koukouy yo te keyi de bèl mango ak youn sèl kout fistibal. Madan Rolande Thévenin te prezante youn liv rechèch sou kuizin ayisyen-an ki rele Odysée de la Cuisine Haitienne. Li ekri li an kolaborasyon ak Paule Alexis. Rolande se ansyen elèv Elie Dubois ak Ecole Hotelière. Kidonk li se youn dam ki gan dis dwèt li. Men li pa rete la. Li kwaze esperyans li ak Paule Alexis ki te pwofesè an Afrik epi ayode, yo koumanse fè rechèch sou orijin manje lakay yo. E se konsa liv Odyssée de la Cuisine Haitienne nan te parèt nan edisyon Educa Vision nan Florid. Anpil mounn achte liv la

.

Youn sware wololoy. Marcel Alexis ak Max Piquion ofri piblik la youn konsè bèl mizik folkloric. Nou bat bravo pou prezantatè-yo e nou bay randevou nan de senmenn pou youn lòt aktivite literè nan kad 100èm anivèsè Jacques Roumain nan Miyami ak Sosyete Koukouy

.

Jan Mapou

=========================================

NOUNOUS : PWEZI KREYÒL AP CHANJE FIGIMichel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)

Lenous Suprice, ki pote non <> kòm non vanyan, fèt Fond-des- Blancs. Lè li te gen 6-an, li te rantre Pòtoprens pou li te viv ak manman li epi papa li. Lenous Suprice fè klas primè li ak yon pati nan klas segondè li yo nan Pòtoprens. Anvan menm li te fin konplete klas segondè li yo, li te sètoblije antre Monreyal, nan ane 1976, kote, ansanm ak yon frè, yon sè epi manman li, li te vin rejwenn papa li ki te ap viv nan peyi Kanada depi twa ane.

Nan Monreyal, li te fè rankont ak " Bureau de la Communauté Chrétienne des Haitiens de Montréal (jodi a ki rele Bureau de la Communauté Haitienne de Montréal ) ". Se nan òganis sa a, li te feraye pandan 14 ane, mwens 3 mwa. Se sa tou ki te pèmèt li fè konesans ak Sant N a Rive, ki limenm te mete Nounous an kontak ak alfabetizasyon (youn espesyalite li pral anbrase pita nan Inivèsite Kebèk nan Monreyal, kote li mare youn bakaloreya nan ansèyman lanng ak literati), se sa tou ki pouse li chwazi ansèyman kòm pwofesyon. Nounous ap kolabore ak Sant N a Rive depi 1983, tanto kòm benevòl, tanto kòm anplwaye (fòmatè alfabetizasyon, manm konsèy administrasyon, anseyan nan franse lanng segonn).

Kounyeya Nounous ap travay nan " Commission Scolaire de Montréal " la, nan sèvis pou etidyan granmounn yo. Anvan li te rive anseyan, li te travay nan animasyon pou jèn (nan kan pandan peryòd ete, kote li te konn fè atelye literè, eks.). Nounous te travay tou nan youn restoran ak nan de manifakti (se nan younn nan manifakti sa yo, li te rankontre yon kanmarad powèt, Kaptenn Koukourouj, youn zanmi, jouk kounouye la a, apre 25 lane, ki kenbe kontak byen djanm avèk li, menm si yo pa pe viv pre younn ak lòt. Men, depi w tande koze literati a pran chè, sitou lè nèg pa li desann Monreyal, kit nan telefòn, kit sou entènèt, fòde yo pale kanmenm.

Lè nou te mande Lenous Suprice pouki sa li ekri? Li te reponn : " Si m'rive, jan m kapab, ekri kèk tèks nan domèn literati, m kwè se akòz youn bezwen m'genyen pou di sa k fè-m plezi, k' ap toumante-m, pataje sa m'santi ki sezi-m ak lòt mounn, di zòt mwen renmen li oubyen li deranje-m , eks. Ou tousenpman pou seye di sa m'pa ta janm sipoze ki ta ka soti nan lide-m. Demach ekriti-a, pou mwen, sanble tèt koupe ak libète : Toulede, se pa kado yo fè pèsonn yo, si ou vle rapousuiv yo, se youn desizyon pou ou pran, se youn jefò ou dwe konsanti fè… Paske, alabaz yo toude (petèt gen youn ki ka pi egzijan pase lòt la), gen anpil syè ki pou koule anvan pou rekòlte sa ki te simen… Travay sila-a, li ka menm kondi youn moun sou wout dekourajman, sitou lè se mounn ki prese rive anvan lè, tèlman li anpil, sitèlman gen kloti, pafwa, pou fè, pou defèt ladan…

M kwè tou, si m'rive ekri kèk ti koze, se paske m'renmen gade konpa, gade pa mo yo ap lage atè anba kò mizik lèt ak son yo, andedan lasal manzè yo bay pou lanng nan (kit se kreyòl, premye mizik m'te tande epi m'renmen koute toujou nan vi-m, kit se franse, dezyèm mizik yo te prèske fòse m'koute, lè m'te pi piti, men, kounouye-a m'ap seye wè ki jan pou m'ta koute li ak pwòp volonte pa mwen. "

Nounous te fè nou remake tou, si li kontinye pèsevere nan domèn nan, li kwè li dwe remèsye youn pwofesè literati li te kontre, apati youn kou pwezi, nan CEGEP du Vieux- Montréal. Pwofesè sa-a te rele René Gourd. Kontrèman ak sèten pap nan literati-a (ou ta di tout kote, pa sèlman lakay…), sila yo ki pafwa panse se yo sèl ki ka ou ki konn chante mès literè pase tout mounn, pwofesè sa-a, te pran tan, devan travay youn debitan, pou li te bay Nounous bourad li te bezwen pou li ale pi devan, kote imaj yo fè nich, nan pyebwa langay li, anndan rakbwa manzè pwezi…

Nan pale nou ak Nounous, li rakonte nou : " Si m'kontinye pèsevere nan domèn nan, m'dwe voye youn gwo remèsimsan tou pou jounal Haiti- Progrès, kote, pou premye fwa, an 1983, ki te pibliye kichòy m'te ekri. Si zak sa-a pa te poze, nan sikonstans sa te fèt la, pou sa li te pote pou mwen lè sa-a, si jounal la pa te pibliye tèks la, petèt se ta sèl tèks m'ta ka ekri pou tout vi-m…"

Nounous fè nou konnen lè li ap ekri, li pa santi pyès lide konpetisyon pase nan tèt li. Li pa gen ankenn anvi goumen ak pèsonn mounn, kit li blan, nwa, wouj oubyen san koulè, pou okipe ankenn plas nan kèlkilanswa podyòm nan. Sa ki pi enteresan pou li, se di sa li gen pou li di-a, jan lide li di-l, san pèmisyon ni pè ni pap. Li vle gade manzè libète k ap taye banda li sou kokenn bit sa-a li rive fè-a ak sèlman kèk grenn lèt alfabè lanng li ap sèvi-a…(ASUIV)

Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)
Manm Sosyete Koukouy Kanada-Otawa


REKA
P.O. Box 967
Randolph, MA 02368
USA

reka@kreyol.org

---------
SANT KILTIREL MAPOU

MOTS CREOLES
DU NORD D'HAITI

(Origines-Histoire-Souvenirs)

VANT-SIYATI

Malgre tan te demwazèl, plis pase 50 mounn ti reyinui dimanch pase pou te patisipe nan vant-siyati Liv "Mots Creoles du Nord d'Haiti" Max Manigat fenk defounen nan edisyon Educa Vision nan Miyami. Liv sa-a ki se youn eleman referans pou ekriven k'ap fè rechèch sou lanng kreyòl la chaje ak enfòmasyon byen kontwole, byen verifye. Max dekachte kòfrefò souvni li, ti konvèsasyon ak zanmi , fanmi pou konpoze liv la . Li avèti alapapòt, liv sa-a malgre enpòtans li, se pa youn rechèch lenguistik; se pito youn ranmase baze sou memwa li ak kontribisyon mounn ki fèt osnon ki viv nan zòn Nò peyi-a. "Li bon pou nou konsève richès kiltirèl peyi-a."

Yolande Thomas ki gen non vanyan Lasirèn Dyaman te prezante Max bay piblik la. Men sa li te di: "Pwofesè Max Manigat s'oun ayisyen natif-natal ki fèt nan vil Okap. Depi nan jenès li kòm eskout, li te toujou enterese nan domèn edikasyon, ede jenn konpatriyòt yo.

Pwofesè Max Manigat fè tout etid li nou vil Okap. Li rantre Pòtoprens nan ane 1952. Li viv nan kapital peyi-a pandan 13 ane. Li anseye nan kolèj St. Pierre epi li vwayaje l'al Kongo pou l'ap pote moso lakonesans bay frè ak sè nou yo nan peyi Lafrik ki te bezwen sipò nou nan epòk sa-a. L' anseye nan Kenge, Butembo ak Boukavu nan Repiblik Demokratik Kongo.

Pwofesè Max Manigat rantre nan peyi Etazini apre youn travay byen ranpli nan peyi Lafrik. Rantre li rantre Nouyòk, li anplwaye kòm pwofesè nan City College kote li anseye pandan 23 ane. Pwofesè Max Manigat kite youn mak byen fon, youn mak espesyal nan kè etidyan yo ki te renmen-l e ki te apresye-l anpil. Lè li t'ap kite Nouyòk, anpil zanmi kriye paske yo te pèdi youn bon zanmi, youn bon frè, youn pwofesè konpetan. Max rantre Miyami pou l'pran retrèt li. Li vini nan bon solèy Florid la kote kounye-a li gentan pou l'fè rechèch pou l'konpile, pou l'ranmase, pou l'rasanble.

Max Manigat se youn mounn byen senp. Li damou pou lakilti.Se youn frè ki toujou pare pou l'ede. Li emab ak tout mounn. Li toujou gen youn ti mo, youn grenn sèl pou mete nan koze yo, youn ti mo ankourajman pou dekore lavi, pou lavi vin pi bèl.

Max Manigat se youn fouyapòt konsistan.. Li serye e li pa janm anreta.. Pandan 23 ane, li travay City College-la, li anreta 2 fwa e rezon-an se te anbouteyay ak youn tren ki te anpàn ki te lakòz..

Max Manigat ekri plizyè liv deja. Li pibliye Haitiana 1991-1995 ki se youn konpilasyon èv bibliyografik otè ayisyen. Li pibliye youn lòt Haitiana ki kouvri epòk 1996-2000. De liv sa yo se zouti pou mounn k'ap ekri , k'ap fè rechèch , ki bezwen referans.. Pwofesè-a ekri ak prensip. Ak metriz . Ak anpil konpetans.. Lòt liv li ekri pou jenès la espesyalman jenès nan dyaspora-a se Leaders of Haiti ki se youn defile tout prezidan ki pase nan peyi-a ak kèk aksyon ki pi enpòtan pandan pasaj yo..

Max Manigat jounen jodi-a mete tout souvni danfans li, tout koze ki te pase ak Grann Meline, ak manman li ak zanmi danfans li yo, plis ankò esperyans li an Afrik, tou dokiman sa yo konpile ansanm pou l'renmèt nou Mots Creole Du Nord d'Haiti: origines, histoire, souvenirs" Nou pa dwe pèdi richès lanng peyi d'Ayiti Max di nou.

Max Manigat pa sèlman youn kouzen Koukouy, pou youn bon bout tan se li ki te responsab Koukouy Nouyòk, li se bon kouzen mwen tou. Madanm ni Nicole Turenne Manigat, bra dwat li, diksyonè li, se pitit Kouzin mwen…E se ak youn latibonit plezi m'ap prezante aswè-a potorik gason sila-a, Pwofesè : Max Manigat. An nou kole men ansanm pou nou salwe-li."

Apre kesyon-repons, Max siyen liv jouk li gen zanpoul. Se pou premye fwa nan youn vant siyati chak mounn nan piblik la achte youn liv e se ak youn jantiyès san parèy Max te siyen pou yo. An apre, Sant Kiltirèl Mapou te sèvi "Chokola Onwa" Mikette Wainwright te prepare pou asistans lan.

Youn bèl sware literè ki mande ankourajman. Si nou te rate-l, n'ap jwenn liv la nan Libreri Mapou 5919 NE 2nd Av. Tel: 305-757-9922 osnon Koukouy Homestead yo pral resevwa Max Manigat nan kòmansman mwa mas-la. Siveye anons yo.

Jan Mapou

===================

PARAD SEN VALENTEN

Flè lanmou fè pepinyè pou 
     14 fevriye,
Branch ak fèy te gentan pandye.
Nan fè ti je dou ak solèy, 
     boujon pa t' ka kache lonbrit,
Menmlè lapli ap bay jarèt, 
     lawouze glise pase litlit.
Lanati se youn dyakout gangans
Tout zwezo ap pilote san lisans.
Zandolit ap matche koulè
Vè anteni deplaj, l'al kache 
     sou bòdmè
Douvanjou t'ap fimen pip bouya
Lè flè lanmou t'ap taye banda
Kaskad te plòtonnen ak lakansyèl
Lanmè te nan youn woulawoup ak syèl
Pousyè zèklè fè lespas rele anmwe
Briz kabre van pou l'  pot 
     nouvèl ale
Batiman Sen Valanten debake
Lanmou pou piyay tout kote
Tout powèt fou
Tout mizisyen sou
Lanmou monte tanperati
Li bay foli
Li pa gason, li pa fi
Lanmou pa gen laj, li pa gen peyi
Li pa gen koulè, li pa gen patri
Kit se  nò, kit se lès
Kit se sid, kit se  lwès
Lanmou se sous lavi
Li travèse tout kontinan 
     san reflechi
	 

Yvette Isra?l Leroy (Wanègès)
14 janvye 2007

designed by E. Etienne © copyright 2006 | REKA| all rights reserved