Ti Gout pa Ti Gout
ak Jan Mapou---24/10/2007
ENVITASYON
Sosyete Koukouy ap envite tout patizan literati ak tout mounn ki enterese nan devlòpman lanng kreyòl ayisyen-an pou yo vin patisipe nan Pwogram JOUNEN ENTENASYONAL KREYOL, dimanch 28 oktòb 2007 nan :
Barry University
Depi 1-è Rive pou 6è diswa
Adrès : 115 Street and NE 2nd Avenue. (Antre 115 Street)
Between Nord Miami Av and NE 2nd Av
. Building Thompson Hall, Kostk Room (2èm etaj)
Nimewo telefòn ; 305-299-9918/305-757-9922
*
12 :30 pou 3 è 30 - Ekspozisyon liv : Libreri Mapou ; Educa Vision, Inc. - siyati liv otè ki ekri an kreyòl. Ekspozisyon Tablo : Jacques Garçon ak Pierre Richard.
PWOGRAM :
3 è 30 pou 5 è 00 diswa : Youn PANÈL avèk :
1. Monseyè Pierre Antoine Paulo : Kreyòl nan legliz an Ayiti.
2. Dr. Ernst Mirville : Nesesite pou gen youn enstitisyon ofisyèl ki pou resevwa e fè mete an aplikasyon nouvo dekouvèt ki fèt nan lanng kreyòl-la
3. Publisher Féquière Vilsaint : Materyèl kreyòl.
4. Dr. Briant Freeman : Travay rechèch Enstiti Kreyòl Inivèsite Kansas.
5. Doktè Jean-Robert Cadely : Kèk Aspè nan lanng Kreyòl Ayisyen-an
6. Pwofesè Roger Savain : Prezantasyon liv : " Mozayik, yon lonbit literè an ayisyen "
Kesyon ak repons - 5 è 00 pou 6 è 00 diswa
Moderatè : Pwofesè Max Manigat
PATI KILTIRÈL : 6:00è - 7:00è
- Koral Sosyete Koukouy sou Direksyon Kiki Wainwright
- Chante ak Kiki Wainwright
- Chante ak Yolande Thomas
- Chante ak Pantaleon Guilbeau
- Nènè sou Gita
- Seyans Pwezi ak Blag (Jeanette - Nènè - Rose - Dominique- Mikette-Edeline -Wanegès - Bouji - Andre Fouad-…)
- 2 Koregrafi Dans
- Resepsyon
N'ap tann tout mounn. Mennen youn zanmi.
Antre Gratis !
Sponsored by Miami-Dade County Cultural Affairs
and the Board of County Commissioners, HAND and Libreri Mapou
JOUNEN ENTÈNASYONAL KREYÒL
"YÒYÒL" MARE YOUN MAYÒL
Chak ane depi Oktòb rive, tout sòlda defansè lanng Kreyòl Ayisyen yo ap pare pou fete. Dat-la se 28 Oktòb. Anpil aktivite prepare Mayami, Nouyòk, Boston, Kanada, Ayiti emenm Kiba ak youn gwoup ki rele tèt li "Bannzil Kiba". Ansòm, istwa-a pati konsa: Komite Entènasyonal Kreyòl te fè youn woumble nan peyi Sent LISI an 1981. Espè ki te la e ki t'ap voye gwo diskou monte sou rechèch k'ap fèt nan lanng Kreyòl la, te pwopoze pou yo kreye youn òganizasyon ak chèchè, ekriven, atis, animatè kiltirèl divès peyi ki pale Kreyòl. Lide-a vin tounen youn reyalite nan peyi Sechèl ki nan Oseyan Endyen-an nan kad senmenn Kreyòl gouvennman Sechelwa-a te òganize an 1982. Kidonk, mesye-dam yo kreye youn òganizasyon ki rele "Bannzil Kreyòl". Tout peyi ki te la nan woumble-a te dakò. Se konsa Bannzil sa-a vin fè premye rankont li nan peyi Laluizyàn an 1983. Se nan reyinyon sa-a apre reprezantan zile Ladominik lan te pwopoze mwa Oktòb kòm mwa pou yo ta chwazi paske yomenm nan Ladominik, yo te deja konsakre dènye senmenn mwa Oktòb la kòm senmenn Kreyòl. Tout mounn te tonbe dakò pou yo fete Jounen Entènasyonal Kreyòl-la dènye vandredi 28 Oktòb, ane 1983. 28 Oktòb ane 2007-la tonbe youn dimanch. Youn dat istorik, youn dat tout pitit peyi ki pale Kreyòl dwe chita reflechi sou lanng nan ak sou kilti kreyòl la anjeneral. Se dimanch sa-a Sosyete Koukouy Mayami bay kominote-a randevou nan Barry Univèsity depi 1-è rive pou 6è diswa pou gwo selebrasyon sila-a.
Kote Mouvman Kreyòl ak Sosyete Koukouy soti?
Sosyete Koukouy soti anndan vant Mouvman Kreyòl Ayisyen-an. Mouvman sa-a fonde 18 Desanm 1965. Se apre youn konferans defen Doktè Pradel Pompilus te fè nan Enstiti Ayisyano-Ameriken nan Pòtoprens. Doktè Pompilus ki te youn gwo espesyalis nan domèn lanng, te deklare y'ap aprann ti Ayisyen lanng franse tankou yo te ti franse, kidonk mas elèv yo pa renmèt anyen. Dayè Dòk la te di: yo montre elèv yo li ak ekri nan fè gro analiz gramatikal, analiz lojik ak gwo disètasyon men yo pa montre yo "pale" lanng franse-a toutbonvre.. Li di franse se lanng etranje pou Ayisyen. S'oun eritaj. Lanng manman nou ak papa nou se lanng Kreyòl la. Nou pa dwe neglije-l. Nou pa fèt pou nou meprize-l...
Koze sa-a te sonnen byen nan zòrèy nou. E se nan anbyans polemik ki lanng ki lanng nou-an, Mouvman Kreyòl Ayisyen parèt ak Anri Klod Danyèl non vanyan: Jan Tanbou,(diktati Divalye-a asasinen nan fò dimanch), Pyè Banbou, Jan Mapou, Pyè Legba, Idalina, Togiram ak tandòt ankò. Nou te batize-l Mouvman Kreyòl Ayisyen.. Se te nan ane 65 yo. Sosyete Koukouy vin parèt kòm prermye pitit Mouvman Kreyòl-la e se ladann dinamis operasyonèl Mouvman-an te chita. Nou pibliye 2 kaye ki te labib nou, ki te bay bi nou, misyon nou ak pwogram travay nou. Nou te gen youn emisyon sou radyo karayib chak dimanch maten 7è - 8è ki te trè popilè. Emisyon sa-a ki te rele Emisyon Solèy te gen 3 pati: youn pati doktrin. Youn pati enfòmasyon. Youn pati demonstrasyon. Se nan pati demonstrasyon-an nou jwenn aktivite tankou penti, dans, chante, kouti, travay atizay ak literati tankou pwezi, woman, istwakout, istwakont elatriye. Nou ekri nan jounal, nou pibliye liv, nou tonbe fè teyat ak sware kiltirèl…
6 Avril 1969, makout arete 6 manm òganizasyon-an nan radyo Karayib. Yo lage nou Fò Dimanch... Lage yo lage nou, nou chape poul nou. Enpe rantre Ozetazini, enpe al Kanada. Enpe ret bloke an Ayiti. Malgre distans ki separe nou, nou kontinye kenbe òganizasyon koukouy-la.
Jounen jodi-a, Sosyete Koukouy gaye toupatou. Gen branch Mayami, Nouyòk, Kanada, Konektikèt, Tanpabe, Homstèd, Ayiti.
De 1965 rive jounen jodi-a eske noumenm nan Mouvman Kreyòl Ayisyen-an nou satisfè travay pwopagann ak pwomosyon lanng ak kilti kreyòl la.?
Se pa satisfè senpman nou satisfè, nou kontan. Nou jwaye. Nou ozanj. Apre anpil pale anpil, anpil diskisyon nan radyo, nan televizyon, sou jounal ak nan liv, kit se te an Ayiti osnon nan peyi etranje Lanng Kreyòl-la jounen jodi-a mache nan san tou Ayisyen natif- natal.
-Nan pwen Ayisyen ki Ayisyen toutbonvre ki pa pale kreyòl.
-Kreyòl finalman depi sou minis Pyè-Lui ak Jozèf Bèna rantre nan lekòl. Klas fèt an Kreyòl, kèk ekzamen fèt an kreyòl...
-Septanm 1979 lachann vote lwa pou bay kreyòl la youn òtograf ofisyèl
-Konstitisyon 1987-la deklare kare-bare An Ayiti gen de lanng ofisyèl Kreyòl ak Franse. Konstitisyon-an menm mande pou tout dokiman ofisyèl peyi-a fèt nan 2 lanng epi pou tradui an kreyòl ansyen dokiman yo.
-Tout ofisyèl nan gouvenmnan peyi-a itilize kreyòl nan deba swa nan lachanm osnon nan tribinal
-Pèp la fè revandikasyon li an kreyòl. Plenyen grangou-l ak mizè-l an kreyòl.
-Elèv pale kreyòl nan lakou lekòl; nanpwen pwofesè ki ka pran chans kase dwèt yo ak kout règ ni nonplis bay yo pensòm
-Pap-la rantre an Ayiti li fè diskou an kreyòl
-Prezidan al nan Nasyonzini, li tonbe pale an Kreyòl
-Liv sou liv ap pibliye an kreyòl. Liv lekti, liv pou aprann kreyòl, liv kont, pwezi, woman, liv labib, istwa Dayiti, liv sou politik, tradiksyon liv tankou makyavèl, Rèstavèk, Gouvènè Lawouze, Similak, diksyonè (gen 12 kalite) Diksyonè sou CD, Gramè, CD, Videyo, silenma, Kasèt dokimantè…
-Mezon edisyon ayisyen kou etranje pa ni wont ni jennen envesti lajan yo pou pibliye liv an kreyòl
-Bonkou inivèsite ap etidye lanng kreyòl tankou Kansas, Indyana, Boston, Nouyòk Mayami.... Yo menm monte enstiti lengistik pou etidye e pibliye materyèl an kreyòl
-Anseyman fèt an Angle ak an Kreyòl nan sistèm ESOL nan peyi Etazini
-Gwoup etid lanng kreyòl monte nan Potoriko, Kiba, Sen-Domeng, An Frans, Kanada, Suis, Almay, Afrik....
-Anpil lòt ti zile nan Karayib-la ki pale kreyòl ap pran lekzanp sou nou pou kodifye lanng nan epi koumanse anseye-l.
-Nan Miyami, y'ap bay vwayajè enfòmasyon an kreyòl nan Mayami Entènasyonal Èpòt
-Jounen jodi-a Libreri Mapou ap tradui tout enfòmasyon sou sekirite Miami Epòt an kreyòl.
-Dokiman ki soti nan Dade County osnon tout enstitisyon k'ap bay sèvis sosyal yo an 3 lanng: Angle, Panyòl ak Kreyòl.
-Ansyen Majistra Dade County-a Alex Penelas te pase lòd pou anplwaye Dade County aprann kreyòl, pou yo sèvi kominote ayisyen-an pi byen.
-Legliz Ayisyen-yo katolik osnon pwotestan fè seremoni relijye yo an kreyòl.
-100% emisyon radyo ak televizyon nan Miyami an kreyòl.
-Inivèsite tankou FIU ap aprann elèv Kreyòl , Mayami Dade College gen klas sou tradiksyon ak entèpretasyon.
-ATA ki se American Translation Association rekonèt kreyòl kòm lanng, sètifye mounn k'ap fè tradiksyon ak entèpretasyon nan lanng kreyòl.
Men sa ki pi enpòtan sèke prejije kont lanng kreyòl-la kaba. Ayisyen lakay kou nan dyaspora pa wont pale kreyòl . Yo sitèlman pale ... yo pale twòp. Yo san rezèv. Gendelè fòk ou konn koute pou lè ou pale pou pale byen. Pou pale kòrèk-dirèk jan lagramè mande. Pou pale ak respè.
Gen mounn si yo te la ak nou jounen jodi-a, yo t'ap kontan. Yo t'a bat bravo. Yo t'a danse kalinda.. Men elas, yo deja ale… Van va pote nouvèl ba yo...An nou konsakre youn minit salitasyon espirityèl pou Anri Claude Daniel (Jan Tanbou) rejim Divalye-a arete epi touye nan ane 70 yo
An nou salouwe Moriso-Lewa gran defansè lanng kreyòl Ayisyen-an, ki mouri nan Miyami
An nou salouw Teyofil Salnav, premye Ayisyen ki te pale nan radyo an kreyol yo te rele-l: <>
An nou salwe Gérard Restaino, powèt, ekriven kreyòl, manm Sosyete Koukouy ki te gen non vanyan <> ki mouri nan Miyami
An nou salwe Pradel Pompilus ki mouri an Ayiti...
An nou bese tèt nou byen ba pou nou salouwe yotout ki deja tonbe… An nou di yo youn gwo Mèsi. Wout-la lonng, li toujou chaje ak pikankwanna men n'ap ankouraje. Lò nou tonbe, pitit nou va kontinye. Jan Mapou- Mayami
==============================================================
PATAMOUCH:
YOUN PLON GAYE NAN LITERATI NATIF-NATAL-LA
Nan 2-ane Max miba pap-pap 2 liv : Leaders of Haiti, an Angle (2005); Mots Créoles du Nord d'Haiti an franse (2006). Vwalatilpa kounye-a, san pran souf li sèvi nou PATAMOUCH. Patamouch s'oun grap atik, majorite nan yo pibliye nan jounal Haiti en Marche seksyon Tigout pa Tigout. Kòm majòjon paj kreyòl nan jounal sa-a depi kreyasyon li an 1987, mwen te louvri baryè pou bonkou nan atik sa yo. Youn fèy jounal se li jodi, jete denmen, men youn liv se pou lavi. Ak Max anyen pa dwe pèdi. Se anba chodyè gou manje rete. Konsa, li sanble yo, li batize yo Patamouch. Konbyen timounn ak granmounn ki pral gen chans aprann? konbyen jenerasyon ki pral benefisye?… Patamouch pote youn dyakout pwovizyon pou literati ayisyen-an.
Lè nou feyte Patamouch n'ap konstate s'oun plon gaye. Youn plidetwal atik an kreyòl ki kouvri tout kalite sijè. Nou jwenn ti kal nan chak: Ti tranch istwa peyi-a, youn ponyen mo ak pawoli nan tan benbo, moso manje nan tan lakoloni, varyete pwovèb ki te anfouraye: eritaj esperyans zansèt nou yo. Patamouch woule tanbou, kata ochan pou tout gason vanyan ki leve eskanp kilti peyi d'Ayiti kit se nan domèn chante, danse, teyat, penti, eskilti, lamòd osnon nan kwizin. Patamouch s'oun seri dokiman ki leve fyète nou kòm Ayisyen e ki fè nou rekonèt kiyès ki kiyès nan Mouvman Kreyòl-la. S'oun konpilasyon bèl tranch lomeyans kreyòl k'ap chante bèlte, dousè ak richès Ti Yòyòl nou-an.
Kòm bon ekriven, tout atik Max yo byen dokimante. Byen foubi. Byen poli. Max rekonèt enpòtans travay ki deja fèt nan lanng nan, li mete youn ralonj manchlonng pou pouse-l pi devan. Kòm bon fouyapòt l'al fouye jouk non fon bonm-nan, l'al chache kwann nan vokabilè konsonmen Grann Mari, Grann bon zanmi-l powèt-atispent Jaklen Gason.(Jacques Garçon)
Ekriven nan lanng kreyòl-la ki pibliye atik ak konferans yo pwononse pa anpil. Woje E. Saven pibliye <> koze ak lide nan ane 2002 nan koleksyon Language Experience. Jounen jodi-a, nou jwenn pwofesè Max Manigat ak Patamouch. Youn teknik n'ap ankouraje. Van-an pral woule pilon-an, lè nou konsidere mwen pase 5 ane (1979-1984) ap pibliye atik nan jounal Haiti Observateur nan seksyon An N'aprann Kreyòl ak plis pase 20 ane (depi 1987) ap ekri nan jounal Haiti en Marche seksyon Tigout pa Tigout. 2 jounal sa yo kenbe labanyè òtograf ofisyèl lanng kreyòl-la depi 1979 san rate youn senmenn sof lè vye kò-a te mande repo ane pase.
Nou salouwe devouman ak andirans kouzen Max, manm Sosyete Koukouy Mayami ki pa te ezite youn segonn, ni tann nou di tanpri souple pou li te pran larelèv lè nou te kouche sou kabann lopital pou plis pase 9 senmenn apre youn operasyon tètmato. "Mounn pa se dra". Kolonn jounal la kanpe djanm grasa Max.
Se premye liv kreyòl an kreyòl Max pibliye. Nou fè lareverans pou nou di-l atyaba nan literati natif-natal-la. Plis pase 18 milyon mounn pral gen materyèl sa-a nan men yo pou yo aprann, pou yo dekouvri lòt mounn, pou yo fè lakonesans ak lòt ekriven kit se Ayisyen kit se etranje. Bèl zetwal tankou sanba Rudolph Muller, gason vanyan tankou Paul Laraque, Makandal, Boukmann, Tousen, Desalin, Kristòf, Petyon…Komèt lespwa ki t'ap gide esklav ki t'ap goumen pou libète ak egalite. Afriken Meriken ki pote flanbo Tousen-an byen wo nan peyi Etazini-an tankou Martin Luther King, Malcom-X, Medgar Evers… Tout gwo zotobre sa yo ki kite siyati yo nan revolisyon afriken-meriken-an nan batay pou liberasyon nèg nan Lamerik-la.
Nan dyakout Patamouch nou jwenn tou pwovèb, eritaj esperyans pèp-la ekriven Fayo, Jan Jozèf Oden, Edmon Chenè… mouri kite pou nou. Chak gout dlo swen kouran. Tout bon engredyan ak frikaman sa yo montre istwa youn pèp ki pa ni panyen pèse, ni dada chire. Tèt nou drèt, byen chita sou zepòl nou. Kanson-n touse byen sentre nan ren-n. Nou pa gen gwo mwayen se vre men tout lyann nan bwa lakay se pèlen.
Mwen damou fou pou Patamouch pou divèsite dokiman yo, pou filozofi k'ap degaje nan atik yo. S'oun veritab melimelo literè… Tout mounn goute. Se bon gou sòs ki met lanng deyò… Kidonk pran pasyans, li Patamouch. Istwa kout, istwa-kont ak etid lengwistik e kilinè sa yo… s'oun milti-vitamin pou lasante espirityèl…Apre lekti, sere-l pou referans tout tan ki gen tan. Max monchè Ason pou ou!
Jan Mapou
Sosyete Koukouy-Miyami
|