PajBèlantre | Aprann Kreyòl | Kesyon/Repons



Ti Gout pa Ti Gout

ak Jan Mapou---15/03/2007

LAREVERANS POU YOUN VANYAN GASON: PÒL LARAK
Ak: Jan Mapou

Mèkredi 8 mas, 7-è dimaten. Pandan n'ap degoudi pou nou salwe youn solèy tounèf, telefòn nou sonnen. Se te Koukouy Max Manigat ki t'ap rele nou pou l'anonse zanmi nou, frè nou, Pòl Larak kite sa. Se ak anpil tritès nan vwa Maks nou tande li di :Ti Pòl kite nou. Wi Paul Laraque, kouzen Ti Pòl se konsa nou te rele grandèt-la pou li ka kenbe jenès li vitam-etènam.Ti Pòl sefwe. Tan kagou lamenm. Jeneral solèy leve nan lapenn.

Nan Nouyòk nou te viv kon frè. Rive Miyami, se toujou ak plezi Ti Pòl ak frè li Frank konn vwayaje, vin pote moso limyè lakonesans pou kominote-a. Pòl se te Sekretè Jeneral Asosyasyon Ekriven Lòt Bò Dlo. E se konsa an 1981 apre m'te fin pibliye Pwezigram, li mande-m pou mwen vin jwenn yo nan asosyasyon-an. Li di mwen: <> Nan epòk sa-a, chak senmenn mwen te konn ekri youn atik nan Haiti Observateur... Nou te ekri sou tout sijè. Nou te konn pote bonjan nouvèl literè an kreyòl. Nan ane 70 yo se te sèl ekip jounalis ki te konprann toutbonvre enpòtans zam kreyòl la nan batay politik yo t'ap mennen kont Divalye yo. Pòl se younn nan premye koukouy yo. Li te santi li fyè pou li wè jan ni li, ni Moriso Lewa, ni Emile Woumè, ni Pradel… apre youn batay chen anraje nan gagè literè-a te jwenn youn gwoup jennjan nan Sosyete Koukouy ki te deside kontinye batay la. Tankou anpil bon powèt, mizisyen chantè, Pòl Larak fèt Jeremi. Li te konn ekri sou non Jacques Lenoir. Tankou ti Pòl nou tou, nou te chanje non nou nan moman diktati Divalye-a. Apre nou fin fonde Mouvman Kreyòl Ayisyen-an nan ane 1965, anpil nan nou te boukante bon non nou. Nou chak te gen youn non vanyan tankou: Pyè Banbou, Jan Tanbou, Jan Mapou, Degoutan, Ti nèg, Papiyon Nwa, Pyè Legba, Sousou Wozo, Djo Alèlè, Choukoun, Kaptenn Koukouwouj, Idalina… Se te youn fason pou nou lage bouya sou chemen lennmi-an. Tout ekip mounn sa yo t'ap travay pou pote youn ti limyè nan tenèb iyorans pèp-la kote 85% pa te konn ni li , ni ekri.

Pòl Larak fèt nan mwa septanm nan lane 1920 nan Jeremi. Li mouri 8 mas 2007 nan Nouyòk. Kidonk li te 86 ane plis 5 mwa. Li te koumanse etid li nan vil Jeremi epi l'al kontinye yo Pòtoprens. Apre filo, li rantre akademi militè an 1939. 2 ane pita li soti ak youn V grad ofisye sou zepòl li. Bèl gason, byen kanpe devan letennèl, li te aprann manyen zam pou defann peyi li. Men se pa tout. Li te gen youn vizyon pou peyi li e se ak plim li, li te koumanse esprime sa ki nan panse-l . Li ekri anpil bèl powèm pike nan jounal epòk la tankou zanmi-kanmarad Moriso Lewa, Emil Woumè, Klod Inosan ak Frank Fouche…

An 1945 youn gran ekriven sireyalis franse ki rele André Breton rantre an Ayiti. Se Pòl ki te resevwa li. Se te younn nan pi bèl rankont nan vi-l e kèlkanswa kote li ye, li pa janm rate raple nou rankont sila-a kite youn manman sikatris nan vi literè li. An 1979 Pòl Larak pran pri literè <>, premye ekriven ayisyen ki ranpòte pri sa-a. E se tout powèt ayisyen nan epòk la ki te bat bravo pou li. Li te pote premye pri ak powèm :<>Pri sa-a ponpe lank nan plim li e se chak jou chak mwa Pòl Larak pibliye atik, fè konferans osnon pibliye liv. Bonkou nan Liv li yo tradui an espayòl, an Angle ak an Italyen. Nan ane 1981, l'al Kiba kòm manm jiri <> k'ap edidye epi klase travay lòt ekriven te voye bay komite-a.

Pòl Larak s'oun nonm entelijan, trè senpatik, youn gason ki chaje ak konviksyon, youn militan sensè, venndegende, ki bat tout militan nan domèn sosyalis la; menm René Dépeste ki te chanje kazak fè bèkatè nan batay la. Ti Pòl limenm rete konsistan, drèt kon flèch palmis toujou fidèl nan konviksyon li jouk li mouri. Pou Ti Pòl sistèm sosyalis se meyè sistèm pou ede Ayiti soti nan katyouboumbe li ye-a. Enperyalis ap trangle Kiba ak youn pat-gagann pandan plis pase 40 lane, malgretou, Kiba rete youn modèl reyisit sistèm sosyalis-la. Fidèl toujou ap lite. Nouvo jenerasyon-an ap òganize yo. Ti Pòl gen konfyans nan sistèm nan e li pwouve li nan konpòtman li, nan ekri li ak nan pale li. Se konsa, Franswa Divalye te fè-l kite peyi-a, pran lekzil an 1964 akoz pozisyon politik li. Yo te menm dezabiye-l , retire nasyonalite ayisyen-an sou li. Lè JC Divalye tonbe an 86, li te swaf lakay. Li retounen lakay e se men nan bouch , dlo nan je li te konstate nan ki kondisyon ansasen yo te kite peyi-a. Filozofi Aristid t'ap preche te rantre nan santiman-l. Se te youn etensèl espwa. Li te rantre nan peyi-a pou l'al viv, pataje konesans li ak jenès-la, pote ti gravwa pa-l nan rekonstriksyon peyi-a. 1991, koudeta. Aristid tonbe . Yo touye frè li Gi Larak. Pòl ak madanm ni Marcelle retounen an ekzil nan Nouyòk. Pito sa, pase malgre sa.

Pòl Larak mouri Nouyòk, mèkredi 8 mas, li te 5-è dimaten apre youn maladi manch lonng nou ta kab di ki vin anpire depi apre lanmò madanm ni Marcelle Pierre-louis. Chagren te anvayi kè-l. Lavi-a te fad. Kontinye viv san Masèl tounen youn ekzistans makawon san vi, san sèl. Li mouri kite 3 pitit: Max, Serge ak Daniel. Li kite frè-l, kavalye polka li, Frank Larak ak youn makòn ti lèzany pitit-pitit. Pòl se te youn Granpa osnon youn Tonton yo tout te renmen. Pòl ekri plizyè liv: Ce qui demeure, Fistibal, Camourade, Rosemarie Manno tradui an angle ak entwodiksyon Jak Hirshman ; Solda Mawon, Liberty Drum powèm, kreyòl/ franse. Li patisipe nan piblikasyon youn antoloji kreyol/angle ki rele Open Gate an 2003 ak kolaborasyon Jan Mapou/ Maks Manigat/ Jack Hirsman. Li pibliye ak frè-l Frank : La Lutte et l'Espoir. Tout liv sa yo franse osnon kreyòl esprime youn sèl bagay: Pwoteje, ede, sipòte tout mounn y'ap oprime, tout mounn ki anba bòt esplwatasyon. Noutout sou latè nou la pou nou viv. Viv lib. Viv nan lanmou ak fratènite.

Malge mouvman sosyalis-la pran baf sou baf ak miray Bèlen-an ki kraze, Inyon Sovyetik ki chanje kazak, militan lakay ki gaye, Pòl pa te janm pèdi lespwa… dayè se tit dènye liv li ekri nan lanng kreyòl-la: Lespwa. Youn grap pwezi kreyòl, koleksyon mémoires pibliye an 2001. Tout vi-l li te kenbe kin. Li pa te janm faya. Pwezi mwen ekri Ti Pòl di nou se eksplozyon, youn melanj lanmou ak libète; rèv ak revolisyon. Mechanste jounen jodi-a ak lespwa pou youn pi bon denmen . Se istwa nou ak kilti peyi nou ki brase ansanm ki va trase chemen pou dezyèm endepandans lan. Nou fè lareverans devan kadav Pòl Larak: youn vanyan gason!

Jan Mapou-Miyami

===================================

OKAZYON LANMÒ PÒL LARAK

Deklarasyon Sosyete Koukouy

Chak ekriven ki mouri se youn ja limyè ki file kite sobadji pèp la. Sepandan, menmsi yo pati, yo pa pèdi pou sa. Yo retounen leve nan plamen inosan ki pral kontinye trase vèvè lespwa sou modèl yo kite pou yo. Pòl Larak se lwa lespwa. Li pral kontinye danse nan tèt tyovi k' ap chèche limyè konviksyon ak entegrite menmjan ak li.

Soti nan ane 1950 yo pou rive nan dènye bout souf li, Pòl Larak te rete solidè nan batay pou vansman lanng kreyòl la ak pou chanjman nan sosyete lakay la anba labanyè doktrin sosyalis. Pòl Larak se Kako douvanjou. Lè li te fin kite Lame Ayiti, li twoke bayonèt li pou plim nan defans kilti natifnatal la. Tankou li te di : "An jenneral [ premye ekriven kreyòl] yo te gen de ( 2 ) rezon pou ekri an kreyòl, youn rezon natirèl : se lanng yo, se lanng pèp yo, se lanng nasyonal yo ; youn rezon politik : pou plen fose ki ekziste ant entèlektyèl yo ak mas yo, e bay pèp la youn avangad revolisyonè pou dezyèm endepandans lan." (Paul Laraque prefas Zile Nou, Michel-Ange Hyppolite 1995)

Dayè nan youn konferans li te bay nan Sant Kiltirèl Mapou nan Miyami, li te di : "Premye Koukouy la se li, paske li te younn nan premye ekriven jenerasyon 1950 yo , ki te louvri wout pou pwezi kreyòl la. "

Konsa, menmlè kò li te kòmanse ap faya nou pa ka di li te bay legen. Lespri li te pran larelèv pou klere chemen-an bay lòt mounn ki sou wout ap chèche kouray ak libète. Pa gen anpil mounn nan kategori Pòl Larak. Chak kote yo pase, yo kite mak yo ki tounen fedatifis pou lespri k' ap chèche vanyans ak konviksyon. Se konsa, nan Sòlda Mawon(1987), li ekri : <>

Se ak bèl pawòl lespwa sa yo, noumenm nan Sosyete Koukouy, toupatou kote nou tabli, ap di gran Kouzen Pòl Larak, ale anpè; ale jwenn madanm li, Marcelle paske se nou tout ansanm ki pral kanpe sou tèt Mòn Wochas nan peyi ou Jeremi pou nou woule tanbou banbòch kreyòl la nan non lanmou ak libète pou tout pèp oprime sou latè.

Siyen: Sosyete Koukouy Canada; Sosyete Koukouy Miami; Sosyete Koukouy Tampa Bay; Sosyete Koukouy Homestead; Sosyete Koukouy Connecticut, Sosyete Koukouy Ayiti; Koukouy Boston; Koukouy New Jersey; Koukouy New York.

===================================

POL LARAK (PAUL LARAQUE) (1920 - 2007)
MWEN NONMEN NON OU …
Ak: Max Manigat

Jedi 8 mas 2007 sa-a nan mache Sent Elèn Jeremi, gan youn bri ki konmanse kouri : younn nan mesye Larak-yo, sa ki te ansyen kolonèl Lame d'Ayiti-a, nou kwè se Pòl Larak li te rele, mouri Nouyòk. Pi jenn machann yo di yo pa konnen mounn sa-a, sa ki pi vye yo kwè yo chonje non-an. Youn tonton ki t'ap pase kanpe, li te deklare : " Kouman fè nou pa janm tande non Pòl Larak, se mounn Jeremi, se powèt, ekriven ki toujou defann kòz malere. Koute radyo n'a konnen sa k'ap di sou li. " Sa l' fin di-a, wonnonwonnon-an grandi, telefòn selila konmanse bouyi, nouvèl-la pran lavil-la pou li. Men kote li soti ? Sanble se gason lakou Misye Entèl la ki te founi zòrèy li pou vole de mo nan youn konvèsasyon mèt kay-la ak madanm-ni pandan kuizinyèz-la t'ap sèvi yo kafe a 6-è dimaten.

Nan mache Kwa Bosal, nan Site Solèy, nan Raboto Gonayiv, nan Lafosèt oKap, pawòl la pral pale tou men pa ganyen anpil mounn ki sonje ni non ni repitasyon Pòl Larak.

Nouvèl-la kontinye gaye. Pou vè midi konsa, Absalon nèg Leyogàn ki vann sirèt nan youn bak devan Otèl Plaza sou Channmas Pòtoprens te gan tan ap resite sa li pran nan radyo. " Gran patriyòt, powèt revolisyonnè, Pòl Larak, ki malad depi kèk tan, kite nou jodi-a 8 mas 2007 a 5-è dimaten. Pòl te youn ansyen kolonèl Lame d'Ayiti men li pa te fè bann ak lòt ofisye ki t'ap maspinen pèp-la. Divalye te revoke-l, li te pati an ekzil an 1961. An 1986, li te tounen nan peyi-l men sa l' te wè te ba li degoutans. Li te pito vire do-l al viv Nouyòk.

Bèlis ki t'ap koute entewonp Absalon : " Kisa nonm sa-a te fè pou malere pou w'ap plede voye-l moute konsa ? " Absalon kuipe-l : " Se konprann ou pa konprann sa " gran patriyòt ak powèt revolisyonnè " vle di. Poukisa ou pa mande ? " De twa lòt aryennafè ki te sanble pete ri kwa ! kwa ! kwa ! Bèlis konfòme-l. Li kite Absalon pale.

Se konsa, nan chak kwen, bò tab machann chen janbe-yo, nan taptap, nan otobis, nouvèl lanmò Pòl rive jwenn pèp li te goumen pou li-a. Jounal, radyo, televizyon pral ekri, pale, montre lavi ak zèv li pou plizyè jou. Nan mache Sent Elèn, nan mache Kwa Bosal, nan Site Solèy, nan Raboto Gonayiv, nan Lafosèt oKap, nan Savann Okay…kankannèr, merilan, machann kenkay, chany, bouretye, yo tout ap kontinye monte desann-yo, vire tounen-yo. Te gan youn nouvèl youn gwo gason ki rele Pòl Larak mouri men timounn-yo grangou lakay n'a di pòdyab pou li men nou pa ka kanpe.

Epoutan, Pòl te konprann tray malere, li t ap batay pou wè si sò-yo ta chanje. Pòl se sa Ameriken konn rele " role model " pou plizyè nan nou ki kwè mete plim sou papye gan enpòtans-li. Se pa sèlman pou kalite pwezi li men pou tout jefò li plede fè pou mete lanng kreyòl-la kanpe sou de pye-l. Apre Fistibal, li te mete Solda mawon deyò, apre sa Lespwa. Tout pwezi franse-li rasanble nan " Œuvres incomplètes " : Ce qui demeure, Camourade, Armes quotidiennes / Poésie quotidienne ki pote Pri Casa de la Americas nan Kiba. Se pa nwasi papye pou pale bèl franse ; se zam plim-nan tounen pou atake tout lènmi pèp-la.

Pòl, ganyen youn plas espesyal nan kè Sosyete Koukouy pou travay san pran souf-li pou lanng kreyòl-la kriye wonz toupatou. Nou p'ap kriye pou sòlda mawon-an, n'ap pito kanpe kinalaganach pou kenbe drapo li lonje ba nou avan l' tonbe-a. Nicole, Claude, mwenmenm, n'ap di fami Pòl, pitit li yo : Max, Serge, Danielle, pitit-pitit li yo, zanmi nou Franck frè li, nyès, neve ak fanmi pa yo, ti nyès, ti neve, bofi, bèlfi, zanmi, asosye : kouraj pou pase move pa sa-a. Souvni Pòl p'ap janm mouri. Pyebwa li plante a gan tan leve, li fleri, li bay grenn ki pouse deja.

Max Manigat (8 mas 2007)

REKA
P.O. Box 967
Randolph, MA 02368
USA

reka@kreyol.org


designed by E. Etienne © copyright 2006 | REKA| all rights reserved