PajBèlantre | Aprann Kreyòl | Kesyon/Repons



Ti Gout pa Ti Gout

ak Jan Mapou---12/02/2007

MONIMAN CHASÈ VOLONTÈ YO NAN SAVANA

Si nou konte sou dwèt, sa fè plis pase 5-ane depi òganizasyon Haitian Historical Society ap fè demach devan otorite vil Savana nan eta Jòji pou monte youn moniman pou fè rekonèt plis pase 700 Chasè Volontè ki te pran bato ak Kont d'Estaing pou al ede Meriken yo nan vil Savana 9 Oktòb 1779kote Angle yo te mete youn blokis sou solda meriken yo. Jean-Baptiste Charles Kont d'Destaing sa-a se te youn Amiral franse ki te vin pran grad vis-Amiral zòn lanmè kontinan Azi ak Afrik nan ane 1777. Apre batay Savanah li anvayi la grenade menm ane 1779. Li te vin kòmandan gad nasyonal an 1789, Amiral franse an 1792.. .

Depi plis pase 5 ane HHS ap plere pwojè sa-a nan radyo, nan televizyon, nan jounal pou montre enpòtans li onivo istorik sosyal, e ekonomik. Si nan peyi Venezwela, gen estati Petyon ak Desalin, si nan kolonbi Petyon kanpe kòm "Amigo y Protector del Libertador"si nan Kiba nou jwenn estati Atuey ak Jean-Jacques Desalines poukirezzon nan Savana kote majorite istoryen ayisyen ak etranje rekonèt noumenm Ayisyen nou te patisipe tètkale nan batay endepandans Etazini poukisa nou pa ka gen youn moniman ki pou onore memwa Ayisyen sa yo.

Òganizasyon-an itilize tout teknik ranmase lajan pou nou te jwenn mwayen peye atis, kontraktè, enjenyè, achitèk pou pwojè-a te reyalize. Anpil mounn pwomèt. Majorite pa bay youn klou. Se baf sou baf. Gwo zotobre, Gran nèg politik yo pwomèt paske daprè bèl diskou ki fèt an piblik se youn pwojè istoriko-nasyonal. Yo wonbèbè!. Se te pale met la. Gen ki krache nan bòl òganizasyon-an… Gen lòt tou ki bay vag. Grasa detèminasyon, pèseverans manm òganizasyon-an ak "Event Committee"-a , òganizasyon-an rive kouvri kèk depans epi y'ap pouse pou pi devan. Dimanch 28 Janvye, Prezidan ak vis-prezidan-an Daniel Fils-Aimé ak Jean-Claude Exulien esplike sou emisyon Biwo Kiltirèl Sosyete koukouy prezante chak dimanch maten sou Radyo Mega de 9è:00 rive pou 10:00è nan ki pwen yo ye ak moniman sa-a.

Fwa sa-a yo te pote bon nouvèl. Yo sot vwayaje y'al Savana pou y'al rankontre ak kèk zotobre nan vil-la epi di yo kare-bare «Nou pare». Vwayaj sa-a te fè nan wikenn 26-la. Nan Samedi 27, yo reyini ak reprezantan vil Savana-a ki se: Asistan Manadjè Brian Gore, komisyonè Clifton Jones, De reprezantan komisyon sou kozman Moniman :Beth Reiter ak Ellen Harris. Te gen tou enjenyè vil Savana Peter Shonka. Scott Smith ak Jocelyne .Te gen reprezantan òganizasyon Coastal Heritage Society ki se òganizasyon ki okipe zafè eritaj istorik vil Savana. Arebò tab la te gen Juanita Tuten ki se responsab Lexington Blue Granite Co. Inc. konpayi HHS angaje pou mete Granit sou Pyedestal-la. Fòk nou pa bliye Preston Russell ki se Board Member Coastal Heritage Society. Richard Shinoster ansyen direktè Civil Rights Museum

Bò kot HHS te gen Prezidan-an Msye Daniel Fils-Aime, Claude Charles ak Jean-Claude Exulien Vis-Prezidan. Pradel Vilmé Trezorye ak Achitèk Serge Rodrigue ki se chèmann komite konstriksyon Moniman-an. Reyinyon sa-a te fèt nan City Hall Samdi kòmanse depi 2:10è nan apremidi pou l'fini a 2:55è. Apre remèsiman Prezidan-an anonse ofisyèl yo, òganizasyon Haitian Historical Society-a ki responsab monte moniman Ayisyen-yo Pare. Yo prezante tout dokiman ki montre estati yo peye. Epi lajan eskwo yo te bezwen pou pou konstriksyon pyedestal kote yo pral plase solda yo pare.. Yo mande ofisyèl yo pou yo lage -la deyò rapido-presto pou konpayi ki pral kalifye-a kab derape travay pyedestral la

Mesye-dam yo ki te nan reyinyon-an bat bravo lakontantman. Anfen-anfen òganizasyon-an pare. Estati yo pral kanpe ak onè, ak fyète pou salwe Volontè yo ki te kite fanmi yo, zanmi yo pou al Savana ede kanmarad Meriken yo Angle yo t'ap asyeje Pou mounn ki anreta, li poko twò ta Non li poko twò ta pou nou patisipe. Tout mounn ki te gen lentansyon ede osnon patisipe, li poko twò ta pou nou pote kole. Gen brik toujou. Nou gendwa achte youn BRIK pou $150.00. Y'ap grave non nou osnon òganizasyon nou, osnon biznis nou, osnon non fanmiy nou… nenpòt sa nou vle. Kekleswa sa nou mete sou brik la li garanti pou 100 ane. Ak youn bèl dekorasyon atistik, BRIK sa yo pral pave tout devan moniman-an. Sou kote Moniman-an menm ap gen bèl panse istorik òganizasyon-an prepare pou mete tankou:

«In the fall of 1779, over 700 Chasseurs Volontaires» sailed from Saint-Domingue, the modern island of Haiti. Professional soldiers of African descent, Les Chasseurs Volontaires de Saint-Domingue left their families to participate in the Georgia Campaign, serving under French commander Count Charles d'Estaing»

«At the siege of Savannah, on October 9, 1779, Les Chasseurs Volontaires de Saint-Domingue, our forefathers, fought alongside the American army of General Benjamin Lincoln. Distinguishing themselves by their bravery, they provided cover during the retreat of American army and French allies, saving many lives from the fierce counter attack of defending British troops.»



Men nimewo pou nou rele si nou ta renmen patisipe:
9822 NE 2nd
suite 3A Miami fFl. 33138
Tel: 786-621-0035 / Fax 305-759-0800
Email haitianhistory@bellsouth.net


REKA
P.O. Box 967
Randolph, MA 02368
USA

reka@kreyol.org


ABBE PIERRE MOURI (1912-2007)
AK MAX MANIGAT

Pi fò malere ak mounn pòv nan peyi dAyiti pa janm tande non Labe Pyè (Abbé Pierre). Epoutan, se youn zanmi-yo ki te pran kòz tout malere sou latè mete sou zepòl-li. Li mouri ayè 22 janvye 2007 ; li te ganyen 94 zan. Peyi-li Lafrans, anpil lòt peyi nan lemonn antye kenbe rèl-la paske gason sa-a sete youn zanmi tout malere k'ap tribile pou youn moso pen, youn moso kasab ak youn kote pou yo poze kò-yo apre yo fin pase youn jounen ap feraye avèk pwoblèm lavi-a.

An 1949, Labe Pyè, te konmanse youn òganizasyon pou ede malere jwenn manje ak kote pou yo rete. Men mouvman sa-a pati toutbon vre an 1954, youn lanne kote livè-a te brital anpil, apre Labe Pyè te fin asiste youn espektak ki te boulvèse-l. Msye avèk kèk zanmi te gan abitid mache nan lari Pari pou wè si yo jwenn malere ki bezwen èd. Se konsa yo bite sou youn fi ki blayi atè-a mouri avèk kò-l fin tounen glas. Labe Pyè, jou swa sa-a premye fevriye 1954, te monte nan radyo. Li te deklare : «mezami, anmwe! … Youn fi fèk mouri kò-1 tounen glas atè-a, a 3-zè dimaten sou boulva Sebatopòl, avèk kole sou lestonmak-li papye tenbre yo te sèvi pou degepi li, avantyè, nan kay kote li te rete a. Devan frè yo k'ap mouri anba mizè, youn sèl grenn opinyon dwe egziste pami tout kretyen vivan : volonte-nou pou nou rann bagay sa-a ki pa kapab dire a enposib. Tanpri, ann renmen younn lòt ase epi annou fè sa tousuit. Pou kalite doulè sa-a fè nou reyalize mèvèy sa-a : youn Lafrans avèk youn sèl konsyans, mèsi ! Nou chak nou kapab pote mounn ki san kay yo sekou. Nou bezwen aswè-a menm, demen pou pi ta: 5000 lenn, 300 gran tant ameriken, 200 ti aparèy pou chofaj. Gremesi nou okenn mounn, okenn timounn p'ap dòmi aswè-a sou asfalt osnon sou waf nan Pari.» Tout peyi-a te tande rèl s-a: lajan vide, materyèl vide. Anpil volontè sanble. 23 mars 1954, li fonde : Les compagnons d'Emmaüs (konpanyon Emayis*) ; yo epapiye toupatou ap ranmasse rad, manto, soulye yo ofri yo pou sa ki pa ganyen. Yo konmanse bati tou pou sa ki pi pòv yo ki pa kapab peye lwaye.

Labe Pyè pa rete la. Tout vi-li li kontinye ap goumen pou sa ki pi pòv-yo. Nan peyi-nou tou plizyè mounn ak òganizasyon ap mete men pou sa ki pi fèb yo. Men, se tankou lave men siye atè sitèlman lanmizè-a ap terase malere. Labe Pye te pale : Lafrans te koute, li te antre an aksyon. Lakay-nou anpil pawòl sa-yo se van.

Malere toupatou pèdi youn gran zanmi: Henri Antoine Grouès, ki te fèt 5 out 1912, ki antre nan seminè pou li pè a 18 zan, ki te adòpte non Labe Pyè, ki pase tan-li sou latè ap pote kole avèk sila-yo k'ap soufri grangou, fredi, depòtasyon, tòti, esplatasyon, enjistis, ki mouri lendi 22 janvye 2007. Li trase chemen pou tou sa ki kwè richès youn peyi pa dwe benefisye youn ti ponyen pandan rès-yo ap manje wòch.

Labe Pyè, nou tout nan Sosyete Koukouy nou koube tèt-nou devan sèkèy-ou. Pètèt ekzanp-ou va touche kè enpe gwo zotobre ki vle tout pou yo, anyen pou lezòt.

MAX MANIGAT

_________
· Emayis se youn bouk kote Jezi te parèt devan 2 nan disip-li-yo apre lanmò-li.

designed by E. Etienne © copyright 2006 | REKA| all rights reserved