PajBèlantre | Aprann Kreyòl | Kesyon/Repons



Ti Gout pa Ti Gout

ak Jan Mapou---12/02/2007

NOT SOU MANJE NAN KOLONI FRANSE SEN-DOMENG (4)
AK : MAX MANIGAT**

(DUCOEURJOLY S. J. Manuel des Habitans de St. Domingue. Paris, 1802 ; 2 tomes.)

Nan ninewo Haïti en Marche #45 - 6 desanm 2006-la mwen te pote twazyèm pati youn atik sou manje nan koloni franse Sen-Domeng-nan. Jodi-a m'ap kontinye.

M'ap prezante, nan ti lèt majiskil, tradiksyon kreyòl ansyen-yo jan Ducoeurjoly te ekri-yo a ; akote, m'ap mete, nan mitan de kwochè […], mo sa-yo nan òtograf ofisyèl-la jan nou ta pwononse yo jodi-a ; pou fini m'ap tradui an kreyòl esplikasyon franse-yo jan yo parèt nan liv-la. Ganyen nan mo-yo nou prèske pa tande ankò. M'ap fè kèk kòmantè sou yo. Komantè mwen yo ap toujou konmanse avèk youn asterisk (*).

G
GENIPAYE / GENIPA [jenipaye / jenipa] Genipaye
" Youn gwo pyebwa yo jwenn nan tout zile Antiy-yo ; li bay youn fwi ki pi gwo pase pwen youn mounn ; li asid, li pa sitèlman bon, Afriken-yo avèk timounn manje-l, li sere mounn, epi li bon pou disantri. " p. 320 * Fòk mwen di mwen pa te konnen pyebwa sa-a lò mwen te piti. Jules Faine pa liste li nan Dictionnaire français créole (1974) li-a. Diksyonè Larousse 2000-la pa ganyen-l tou. François Séverin : Plant ak pyebwa tè d Ayiti (2001) pa mete-l. Eske yo bay youn lòt non ? Men, mwen jwenn li nan Brutus/Pierre-Noël : Les plantes et légumes d'Haïti qui guérissent ; T. II p. 121 (1960). Sanble yo rele-l " jennpa " tou. Timoléon C. Brutus ekri : " … Mwen te wè younn nan pyebwa sa-yo nan lekòl Damyen-an. Fwi-a gan fòm youn ze ; yo manje chè-li malgre youn odè fò ki pa bay anvi goute-l. Medam abitan-yo konn pote-l nan mache kote sa ki renmen li achte-l. " (tradiksyon) Ekòs-li bon pou dyare. Yo di ekòs-la tou kapab soulaje gason ki trape chòdpis.


GIGIRI [jijiri] Gigiri
" Se youn ti pyebwa ki sanble chenevi ki bay li. Gous-yo plen ti grenn ki pi piti pase lantiy, ki gan bon sant avèk bon gou lè yo griye-yo kankou kafe ; yo mete-l nan plizyè preparasyon sikre, yo ta kapab fè youn bon luil avè-l. Afriken-yo kraze grenn griye-yo pou mete sou bannann osnon mousa pou ba yo pi bon gou. " pp. 320-321 * Mo jijiri-a se non wowoli nan Nò. Nan liv mwen-an : " Mots créoles du Nord'Haïti … " p. 154 (2006) mwen bay orijin-li. Se youn mo " endyen-karayib " dapre Jules Faine. Anpil lòt pèp sèvi avèk luil jijiri men mwen pa janm tande yo mete-l nan manje an Ayiti. Chinwa-yo fò nan sa. Youn lòt jan yo renmen-l ankò se youn espès sòs tou blan " tahini " yo mete sou salad mwen te manje an Ejip. Afriken-yo te pote oZetazini " benne cake " nou konnen kòm " tablèt jijiri osnon wowoli " lakay-nou. Se plis konsa nou manje grenn sa-a an Ayiti jodi-a.

GIRAUMONT [jiwomon] Giraumont
" youn espès ti citrouille men ki pi sèk avèk youn pi bon gou. " p. 321 * Mo jiwomon-an pwononse plizyè jan seselon kote w ye nan peyi-a : joumou, jouwoumou, jòmou, jiwoumou. Tout egal men bagay-la. Se zengredyan ou dwe mete nan fame sou joumou ayisyen-an. Bò nan Nò, yo mete-l nan pannad ak nan youn diri yo rele : joumounad. Chak ane pou premye janvye, Ayisyen toupatou kenbe tradisyon manje soup joumou. Anpil pale fèt sou kote koutim sa-a soti. Chak mounn mete diplis pa-yo men pèsonn pa fin si. Plizyè resèt sèvi pou fè soup sa-a men joumou-a se li ki baz-li. Nan fanmi-mwen, manman-m te abitye mete tranch kòkonm / militon ak youn ponyen diri solèy nan pa-l ; madan youn pastè, mounn Pòdepe, ki te envite-m manje youn soup lakay-li youn dimanch mwen te Naso, Bahamas, te mete ti donbrèy ladan-l. Mwen si lòt kote gan jan pa-yo tou. GOMBO [gonbo] Gombo

" Youn plant avèk fèy 6 pye* dyamèt ki dekoupe pou sanble avèk pat youn zwa ; li bay youn fwi osnon youn gous ki gan fòm youn piman lonng. Anndan-l plen ti chanm ki chaje avèk ti grenn gwosè pwav an gren. Lò yo keyi-l vèt yo koupe antravè an ti tranch fen ; you bouyi-l pou li tounen youn espès labouyi glise mounn ki fèk rive nan koloni-a pa twò renmen, men yo vin abitye avè-l fasil. Li rafrechi … " p. 322

* Mwen kwè Ducoeurjoly te vle di : 6 pous.

Gonbo se non kalalou nan Nò. Tout Ayisyen konnen kalalou gonbo ki se youn pla yo prepare avèk ti fwi lonng sa-a. Mounn Sen-Mak mete poul, vyann kochon sale ak djondjon ladan. Anpil lòt kote se krab osnon sirik yo ajoute. Viv ki mache avè-l se tonmtonm lam veritab men li kapab ranplase avèk diri blan.

GOUT [gou] Appétit de manger ; GOUT DÉRÉGLÉ [gou deregle] appétit déréglé ; MO GAGNÉ GOUT [mo ganye gou] : j'ai appétit. (p.290)

* Mo sa-a ganyen plizyè sans jodi-ya ; se pa apeti sèlman. Youn manje gou ; bouch li gou ; bouch pa gou ; li konn gou bouch li . Nan Nò se dou yo di nan plas gou nan tou le twa premye espresyon sa-yo ; nan dènye-a mo gou-a pa chanje : yo di : i konn gou bouch-a-y. Gan kèk kote yo di : mwen gou pou mwen grangou.

GOYAVIER [gwayavye] Gouyavier
" Youn pyebwa pa twò wo, bwa-li di anpil, li donnen youn fwi gwosè youn ponm Frans. Nannan-li plen ti grenn wouj ; li pa move nan bouch ; avè-l yo fè konpòt ak konfiti. " p. 322 * Se menm pye gwayav nou konnen an ki bay fwi nou fè ji, pat gwayav, jele, konfiti-a.

GRENADILLE [grenadiy] Grenadille
" Youn palnt ki kouri sou tonnèl avèk anpil fèy byen founi pou anpeche soley pase ; yo fè bèso pou ti bebe abèk branch-li. Li donnen youn fwi gwosè you gwo konkonm dlo avèk youn gou asid ki byen agreyab." p. 323
* Mo grenadiy la pa rete nan kreyòl nou-a. Se plis grenadin nou di jodi-a. Ducoeurjoly pa bay kouman yo te manje grenadin-nan nan tan lontan. Kounyè-a, si ou mande youn Ayisyen ki pi bon ji fwi li renmen, ou san lè pou tande l di se ji grenadin. Pye grenadin pouse byen nan eta Florid-la. Anpil nan nou plante-l nan lakou-nou.

H
HABELIN [ablen] Habelin
" Youn manje yo fè avèk farin pitimi ak siwo yo petri jouk li bay youn pat solid. Yo fè youn boul yo vlope nan fèy bannann oswa nepòt lòt fèy ki pa gan odè ; yo kuit li. " p. 323 * Nan paj 21 " Mots créoles du Nord'Haïti … " mwen rakonte kouman machann akasan-an te konn pase devan lakay ap chante : " me bèl akasan, bèl siwo, me ablen. " Mo sa-a disparèt men yo kontinye ap vann akasan nan fèy toujou.

I
ICAQUE [zikak] Icaque
" Youn fwi ki sanble avè prin jòn-nan*. Gwo grenn anndan-l la mou. Li pouse bò lanmè. Gou-li youn ti jan dous asid. " p. 325 * Prin jòn Ducoeurjoly ap pale-a se grenn monben osnon siwèl. Agwonòm François Séverin pè pou pye zikak pa disparèt nan peyi nou-a. Nan zòn oKay yo fè youn bon kalite konfiti avèk li.

IGNAME [yanm] Igname
" Yon plant ki grenpe moso bwa osnon pyebwa ; rasin-li sanble ponmdetè men pi gwo anpil ; se youn bon manje. Gan de kalite yanm : yanm fran avèk yanm Ginen. Sila pran youn fòm silendrik, chè-li pi sere avèk youn ti gou anmè men ki pa dezagreyab ditou. " p. 325
* Nou konnen plis kalite yanm jodi-a epi se pa bouyi ase nou bouyi yo. Nou kapab mete yo an pire tankou ponmdetè, koupe yo an ti bagèt lonng pou fri yo, fè akra avèk yo, mete yo nan fou pou gratinen yo.

L
LAMA [lama] Lama
" Fèy youn plant yo manje, nan kalalou, tankou zepina. Li anmè men li rafrechi anpil. " p. 327 * Nou pa di lama ankò ; se lanman. Mo sa-a soti nan lanng fongbe zansèt Dawomeyen nou-yo te konn pale. Li vle di : salad oswa vyann ak legim. Anpil konpatriyòt nou-yo renmen lanman serye.


REKA
P.O. Box 967
Randolph, MA 02368
USA

reka@kreyol.org


designed by E. Etienne © copyright 2006 | REKA| all rights reserved