Ti Gout pa Ti Gout
ak Jan Mapou---29/01/2008
AN N’ANKOURAJE TIMOUNN YO LI
Ak :
Michel-Ange Hyppolite
Younn nan divès pwoblèm anpil mounn genyen ak jenn nan jenerasyon ki leve jounen jodi a, se koze anpil ladan yo pa renmen li a. Noumenm granmounn, ki renmen li yo, konnen menmsi nan li genyen fatig, men lekti se youn trezò.
Nan li kòmantè sou sit entènèt noumenm Ayisyen ap jere, ansanm ak nan sit lòt mounn nwa parèy nou ap jere, nou toujou remake tèks ki ekri sou abitid lekti, kote yo deklare anpil nan jenn timounn nou yo pa vle li ankò . Vwala, pa gen lontan mwen tonbe sou youn dokiman ki soti nan kontinan Lewòp, epi mwen remake granmounn an Ewòp yo genyen menm pwoblèm avèk nou. Pami gwoup mounn ki konsène yo, genyen: pwofesè, sikològ, sosyològ, manman ak papa pitit elatriye. Prensipal rezon yo bay, se kantite tan jenn yo pase ak tout kalite gadyèt ki an rapò ak divès branch teknoloji modèn lan, nou vle di: òdinatè, telefòn, jwèt videyo, divès aparèy pou yo tande mizik eksetera.
Kanta jèn yo, bò kote pa yo, yo plenyen dèske lekòl ba yo twòp travay ki an rapò ak lekti. Konsa, tan yo ta kab pase pou yo li pou satisfaksyon pèsonèl yo vin pase nan lekti pou travay lekòl yo. Sa lakòz yo pèdi gou nan li pou plezi yo.
Noumenm granmounn ki renmen li yo, paske se pa tout granmounn ki renmen li, konnen lè nou li youn bon liv, se nonsèlman youn fason pou nou detann nou, men se anmenmtan youn fason pou nou jwenn anpil enfòmasyon, ki kab dekore lespri nou. Men jenn yo, plezi yo se nan jwèt elektwonik yo jwenn li. Pa gen tire kont ankò, pa gen rakonte istwa ankò ; manman ak papa pitit pa gen tan pou yo li pou timounn yo, paske gen youn bann lòt ekzijans nan lavi yo ki vale tan yo ta kab mete pou li pou timounn yo
Kounye a. kesyon an se : kisa n’ap fè?
Mwen pa vrèman genyen youn repons pou kesyon sa a. Sepandan, nou konnen genyen teknoloji ki deja pare pou nou jwenn liv sou fòm sidi. Nan ka sa a, èske se li noumenm kretyenvivan pral li, oubyen se tande nou pral tande ? Paske nou konnen aktivite li se aktivite ki fèt ak je. Anfèt, liv yo pral parèt sou youn fòm ki ale nan sans jenn yo, men tout tan apwòch-la pa vin popilè nan sosyete a, nou pa kab konnen kijan jèn yo pral reyaji ak li. Sepandan, nou deja konnen liv lèt Franz Benjamen Tan Lapli ki pibliye sou sidi. Nou dwe di liv-la parèt sou sidi, paske Franz Benjamen konnen pi fò Ayisyen pa li kreyòl. Konsa, kalite liv sa yo ka rezoud youn pwoblèm, sa vle di yo kab ankouraje youn mounn suiv youn istwa delatètopye, men nou tout konnen nan li ak tande se de nivo sans diferan ki an aksyon, epitou nivo sa nou ka wè ak nivo sa nou kab tande se de kapasite diferan. Anplisdesa, nou dwe toujou sonje : tande ak wè se de. Fòk youn mounn gen abitid li, pou li ka konnen kijan pou li ekri, paske li difisil pou youn mounn ekri sa li pa gen abitid wè. Konsa, aktivite lekti a, ki daprè mwenmenm esansyèl nan devlopman ak fonksyonnman youn mounn, riske perime. Epitou, nou kab konprann tou rezon ki lakòz gen anpil jenn ki gen difikilte pou yo ekri kòrèteman.
Bò kote pa mwen, mwen poko pare pou mwen bay gany. Konsa, mwen ap ankouraje nou pou li pou pitit nou yo depi nan vant, wi depi nan vant, paske gen sikològ ki di sa kab eveye sans timounn lan. Nou kab kontinye li pou timounn nou pandan li nan bèso, menmsi se pou 15 minit chak fwa.. Si timounn nan leve nan anbyans lekti a, petèt li va pran gou pou li kontinye.
Bò kote pa nou, kòm granmounn, nou kab pran abitid li an ekip, tankou nou ap fè li nan Samdi Literè ( Otawa Kanada ) depi 5 lane. Avantaj ki genyen nan li an gwoup la, sèke sa sèvi nou kòm youn aktivite sosyal, kote younn kontre ak lòt pou nou pale sou divès kalite pwoblèm nou genyen kòm kreytyenvivan epi sa pèmèt nou dekouvri divès aspè ki genyen nan youn tèks, aspè nou ta kab pa dekrouvri si nou te li pou kont nou lakay nou.
Konsa, ann kreye klib lekti. An n’ankouraje timounn nou yo patisipe nan klib lekti. Se va youn fason pou nou bay yo gou pou yo li epi retire yo nan konsomasyon divès jwèt videyo ki chaje ak vyolans ladan yo. Kòm sa nou plante, se sa nou rekòlte, nou espere rekòt lekti nou ap plante nan lespri timounn nou yo va pwodui bon fui.
Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj ) Manm Sosyete Koukouy Kanada
TOUSEN LOUVÈTI
JANBATIS PWENT DESAB
BARAK OBAMA
Nan konparezon nou te fè ant Maten Litè King ak Tousen Louvèti, nou te di rasin gwo bawobab-la Napoleyon Bonapat te fè koupe nan Sen-Domenng repouse toupatou nan Lamerik-la. Se detanzantan nou tande youn towo pèse. Youn lidè k’ap preche linyon , k’ap preche rekonsilyasyon ant nèg, milat ak blan. Youn lidè k’ap mande chanjman. Youn chanjman ki soti anba k’ap monte anwo. epi ki gaye toupatou.
Nan 19èm syèk-la nou te gen Tousen Louveti ki te reyalize esperyans sa-a epi li te rive gouvène zile-a. Tousen se Premye nèg ki te bay lekzanp disiplin epi ki te gen youn vizyon pou peyi li ak pou limanite. Toulòtrejou la-a nou te gen Martin Luther King ki itilize pisans lapawòl pou penmèt nèg espesyalman nèg meriken jwenn plas yo nan sosyete-a. Nou te gen tou youn Jessy Jackson ki te pote flanbo nèg yo byen wo. Youn bann lòt ankò ki te òganize mach sou mach mete deyò plis pase youn milyon nèg nan Wachintonn pou kontinye travay Martin Luther King lan. Jounen jodi-a preske 50 ane apre, nou gen youn Barak Obama k’ap etone lemon antye,. Barak Obama s’oun mesaje lapè, youn mesaje pou youn chanjman total kapital youn chanjman nan fondal-natal politik peyi Etazini.
Ki nèg sa-a ki pèse voup-pap kon lwa toudekou epi k’ap mache de vitwa anvitwa nan eleksyon primè yo peyi Etazini yo. Prenon li se Barak. Youn non familye. Youn non nou jwenn nan lanng kreyòl ayisyen-an. S’oun mo Afriken. Li vle di Baraka . Nan bon kreyòl lakay, youn barak s’oun gason total. Youn atibon legba, Youn grannèg. Pou grannèg Barak Obama grannèg. Jounen jodi-a, pou blan yo li se blan, pou nèg yo li se nèg. Lò nèg ak blan reyini li nan mitan kon vye milat chode, chive plim. Ki rasin jennonm sa-a? Ki kote li soti? Kiyès ki fanmiy li?
Papa Barak Obama se youn nèg afriken. Bonjan nèg natif-natal. Manman-l se youn blan..bonjan blan meriken natif-natal. Kidonk Barak Obama nou wè la-a k’ap fè pale anpil de li sou jounal, sou entènèt, nan radyo , nan televizyon… non Barak-la ki nan bouch tout mounn. S’oun san mele. Imaj youn nèg ki pran nan pèlen 2 kominote, 2 sosyete, 2 kilti, 2 ras mounn.
Istwa Barak Obama derape ak istwa papa li depi an Afrik rive Ozetazini nan Eta Awayi. Papa Obama s’oun Afriken ki soti Kenya nan oun tribi ki rele Luo. Li fèt bò lak Viktorya youn kote nan Kenya yo rele Alego. S’oun ti vilaj byen senp ki pa gen okenn mounn rich ladann. Tout mounn ap travay, ap degaje yo pou yo viv. Papa-a te rele Barak Obama.
Granpapa-l rele Hussein Onyango Obama. Youn fèmye tout mounn konnen nan bouk Alego-a. Youn saj nan vilaj-la. Youn konesè osnon youn oungan ki konn tout kalite bon fèy pou geri maladi.. Barak Obama, kidonk papa-a t’al nan youn lekòl ki sou lobedyans blan Angle nan epòk-la. Youn elèv enteresan Mèt yo di. Li li anpil. Li enterese nan rechèch. Tout pwofesè ki te konnen-l te emèveye devan entelijans-li. Se konsa apre li fini ak ti klas primè-segondè li yo, li jwenn youn bous pou l’al kontinye etid li Nawobi.
Lavèy endepandans peyi Kenya, lidè politik yo ak kèk patwon meriken pran desizyon pou yo bay Barak youn lòt bous pou l’al kontinye etid li nan youn invèsite Ozetazini. Lè sa-a Kenya ak youn bann lòt peyi Afriken te fenk pran endepandans yo, yo t’ap chache sipò entelektyèl nan lòt peyi ki devlope yo pou yo rantre nan mouvman devlopman entènasyonal-la. Gen bonkou Ayisyen nan ane 60 yo ki te jwenn bous pou y’al pote kole ak peyi frè afriken yo. Kidonk, Barak te fè pati premye group Afriken yo te chwazi pou al pran teknik teknoloji an Amerik epi retounen an Afrik pou al sèvi peyi li, patisipe nan modènizasyon kontinan-an.
Se konsa, Barak vwayaje. Li rantre Ozetazini nan ane 1959. Li rantre nan inivèsite Awayi kòm premye etidyan afriken. Li te etidye ekonometrik. Li gradwe 3 ane apre epi kipizè, se li ki te loreya nan klas la… Li mete sou pye the <<International Students Association>>.(Asosyasyon etidyan entènasyonal). Li vin premye presidan asosyasyon sa-a. .
Papa Barak Obama, enstale-l nan systèm nan ak youn viza etidyan. Pandan l’al pran youn klas pou aprann lanng ruis, li rankontre youn ti demwazèl, ki te gen 18 an senpman, youn tijan dwòl-dwòl, timid fòk pa plis . Msye pa lage tidam-nan youn may. Li tonbe koze. Kase ti bwa nan zòrèy li jouk yo vin zanmi. Malgre manmzèl te pentad-pentad, finalman Barak renmen ak ti dam nan. Ti dam sa-a, se youn blan pitit youn fanm blan ak youn gason blan, vye konsèvatè Martin Luther King t’ap denonse nan epòk-la. Paran ti dam sa-a ki te pa t’dakò men lè yo wè jan Barak Obama s’oun mounn debyen, chaje ak jantiyès, nèg chaman epi trè entelijan yo tou, yo tonbe damou pou li. Yo fèmen je yo sou kozman pitit fi yo-a ki renmen ak Barak. Jennjan yo vin damou bon damou epi yo marye. Ti dam nan vin ansent. Lè l’akouche. Li fè youn gwo bout ti gason koulè chokola . Yo rele-l Barak, menm non ak papa-l.
Papa Barak jwenn youn lòt bous pou l’al editye Havard University kote li mare youn “phd”. Youn doktora an ekonomi. Fini li fini, kòm li pat gen lajan pou l’te retounen an Afrik ak fanmiy-lan, li retounen poukont li pou l’al mete konesans li osèvis peyi-l. Dayè se poutet sa ki fè yo te ba li bous yo. Li pa enkonsyans. Li respekte tèt li ; li pa te mawon osnon rete Ozetazini tankou anpil etidyan fè jounen jodi-a., Kidonk manman Barak rete Ozetazini ak pitit la, men yo toujou kenbe kontak ak mari-l ki retounen Kenya.
Ti bebe-a kidonk Barak fèt an 1961, Lafanmi te rele-l Barry. Li pa janm konnen papa-l. Li te gen 2 an, lè li kite Awayi, li retounen Nawobi. Se te an 1963.. Non papa-l se te Barak. Non manman-l Anna. Granmè-l rele Toot. Gran-papa-l rele Hussen.
listwa rapòte Barak Obama Sr, kidonk papa jennonn k’ap briye jounen jodi-a nan kozman politik-la te youn bolid. Nan lekòl li te toujou premye. Tout mounn te renmen-l, pwofesè tankou etidyan. Li te youn atis. Li te konn chante. Malgre sa, li tou te viktim anpil diskriminasyon. Yo rakonte youn jou limenm ak papa li ki te rele Obama tou ak kèk zanmi al pran youn ti detant , bwè youn ti gwòg nan youn kafe ki rele Waikiki. Yo t’ap manje, bwè, bay lodyans, jwe gita lè youn blan paret byen move epi li di gason ki t’ap sèvi-a <<owi, li pa ka bwè gwòg li tou pre ak nèg sa yo (nigger sa yo). Alòs pou gason-an te fè youn jan pou mete yo deyò. Menmlè-a gen youn silans simityè ki plonje nan sal la. Tout mounn ap gade Barak yo konnen ki pa manje anyen k’frèt , yo panse msye pral ensandye ti blan-an. Olye li fè sa, li mache byen poze, li kanpe devan blan-an, epi li tonbe fè moral-li; li esplike ti blan rasis-la kisa Etazini ye, kiyès ki konpoze-l, ki kote peyi sa-a soti, ki wòl blan ak nèg te jwe pou te libere-l anba pat angle yo. Li esplike-l rèv ameriken-an se pa pou youn mounn men pou tout mounn kèlkeswa koulè-w, langaj-ou ak kwayans-ou.. Barak sitèlman vide bonjan bèt sou li, Ti blan vin wont, l’ ret bèkèkè…Li foure men nan pòch li, li rale youn $100 li peye pou tout gwòg nèg yo t’ap bwè-a…..
Tankou nou wè, fanmi Barak Obama sa-a gen rasin yo byen fon nan peyi Lafrik. Entelijans sa-a li pran-l nan san. Kote papa-l. Manman-l degajèt li, li fè edikasyon-l.. Li vin avoka. An 1992 li t’ap fè kanpayn ankouraje mounn pou yo anrejistre pou yo vote. Li anseye lwa konstitisyonel nan invesite Chicago. An 1996, li poze kandidati-l pou youn pozisyon senatè anpil lòt blan t’a goumen pou li nan Chikago. Li genyen. San li pa te gen okenn gwo òganizayon dèyè-l epi li pa t’gen senk kòb. Se pèp la “blan kou nèg , plis blan pase nèg” ki mete-l sou chèz la. Senatè pou reprezante vil chikago, vil Jean-Baptiste Pointe Desab la. Vil Beni. Vil youn ayisyen derape ,
Chikago gen youn istwa ki konekte ak youn jenn ayisyen ki te soti Sen Mak , epi li te pran youn ti bato - kounye-a nou rele yo kanntè. Sou wout, ti bato-a t’ap pran dlo. Youn gwo bato komèsyal Danwa te peche msye ansanm ak youn zanmi-l ki te rele Jak. Se konsa kaptenn bato-a lage msye Nou-òleyan. Nan epòk sa-a kit te ou te nwa ki te ou te milat se te gwo difikilte pou yo sikile nan peyi ki vin rele Etazini-an. Jean-Baptiste kache lajounen, mache nan nuit jouk li rive sou fontyè meriken ak kanadyen-an Li te fè afè ak youn endyen ki te rele Kitihawa. De mesyedam sa yo monte youn biznis brik ak brak sou fontyè Kanada-a nan youn zòn se raje senpman ki te pouse la. Nan fè biznis ak Touris k’ap pase nan zòn nan , yo vin pran fil, lòt endyen debake, Pwent Desab bati youn ti kay pou li ak madanm ni. Listwa rapòte premye kay ki fèt nan zòn nan se JBPS ki bati-l, premye timounn ki fèt se ti Sizanne ki te pote menm non ak manman-l ki te mouri Sen Mak…
Tankou nou wè vil chikago sa-a gen youn istwa ki derape depi nan tan lakoloni k’ap grenpe monte epi daprè sa anpil kòmantatè di Barak Obama se sèl espwa pou youn chanjman toutbonvre nan peyi isit k’ap plonje tèt bese nan youn resesyon ki gendwa lakòz youn kokennchenn boulvèsman sosyal. N’ap suiv!.
Jan Mapou
Jan Mapou
Sosyete Koukouy-Miyami
mapoujan@bellsouth.net
|