Miami-Dade County

THE STATE OF THE ARTS ADDRESS

Eta d’sante  lakilti nan Konte Miyami-an,  se youn diskou yo toujou pwononse chak ane nan fen mwa avril. Se oun evalyasyon aktivite kiltirèl yo. Konbyen lajan ki rantre e kijan lajan yo pral depanse.  Ane sa-a se  Jorje Perez ki se chèmann Miami-Dade Cultural Affairs ki pwononse diskou-a lendi 30 Avril ki sot pase la-a. Sal la te plen ak mounn tout kalite disiplin kiltirèl. Majorite òganizasyon-yo te voye reprezantan yo. Malerezman  pou kominote ayisyen-an si te gen 3 ayisyen  pa t’gen 4 . Sa te fè lapenn pou nou wè frè ak sè  espesyalman òganizasyon k’ap resevwa sibvansyon yo pa te reponn prezan. Se menm bagay ki pase pou  diskou  Majistra vil Mayami-an lè li te pale sou eta desante vil Miyami-an. Sal la te wòz depi devan rive jouk dèyè. Mounn koulè-m yo se  sou dwèt ou ka konte. Lendi pase anwo yo fè youn reyinyon nan legliz Notre-Dame-nan  kote komisyonè Michelle Spence-Jones t’ap bay enfòmasyon sou konstriksyon k’ap fèt nan zòn Little Haiti yo. Youn pak, youn estadyòm pou foutbòl, youn konpleks kiltirèl.  Apèn si te gen 10 Ayisyen. 10 grenn Ayisyen nan youn kominote resansman di gen plis pase 50,000 ayisyen.

Li toujou bon pou nou montre zo machwè nou pou zòt konnen nou la. Fòk ofisyèl yo santi soukous nou nan tout sa k’ap fè yo. Nou pa patisipe epi n’ap plenyen, n’a badbye, n’ap joure. N’ap di yo pa gen respè pou nou men èske nou respekte tèt nou ? Eske  lè yo envite nou  nou reponn prezan?  Lè gen devlopman k’ap fèt nan youn kominote ; se tout kominote-a ki pou patisipe. Se kominote-a ki pou bay dizon li. Nan peyi isist, Ofisyèl yo pa ka enpoze anyen si kominote-a pa dakò.  Si nou chita sou baton wozèt nou, si nou chita ap kalewès, di zafè blan pa zafè nèg… Enben  y’ap konpoze youn bonjan lòk lage nan gagann nou. Pa plenyen non si lòk sa-a pita tonbe ban-n laboulin.

 

Pou kozman eta d ‘sante atizay yo nan kominote-a, Jòj Perez te  bay 4 rezon ki fè kè li kontan :

Premye lakontantman   se  opòtinite ki genyen pou fanmiy yo ak timounn yo.  Komite direksyon Zafè Kiltirèl-la ap  travay san pran souf pou fè kozman atizay la   pote youn amelyorasyon nan lavi timounn yo ak paran yo.

Oganizasyon ki rele The Children Trust-la envesti  youn milyon dola  nan kozman lakilti nan Miyami.  E se depatman zafè kiltirèl k’ap  kòdone aktivite yo.  Lajan sa-a se pou devlopman atizay pou timounn ak fanmi yo.  Jòj te bat bravo pou Modesto Abety  ki se prezidan CEO Children Trust ak David Lawrence  ak tout komite direkè Children Trust la ki penmèt kominote-a navige pi byen  nan basen kiltirèl-la ak tizany-yo.

            Premye rezilta lajan Children Trust la,  prèske 1.000 timounn jwenn bous pou

y’al etidye atizay ak syans  nan kandete ane sa-a. Timounn sa yo se timounn  pitit  malere

ki pa t’ap gen chans pou y’al nan kan ak lòt timounn parèy yo espesyalman timounn ki

kokobe yo.

Ak lajan sa-a, yo resevwa nan men Childrens Trust –la yo mete sou pye  lòt pwogram sibvansyon tou nèf ki rele Youth Arts Miami.  Antou. plis pase 140,000 timounn ak fanmiy yo pral jwenn avantaj pou patisipe nan program atistik ane sa-a .

 

Dezyèm gwo anons-lan  se Knight Foundation  ki bay depatman Zafè Kiltirèl-la  youn ti kòb byen pwès pou youn pwogram ki rele Miami Culture shock. Sa  kilti chòk la ye menm? Culture Shock la s’oun pwogram Miami-Dade County Cultural Affairs mete sou pye pou elèv lekòl, elèv  ki nan high school osnon ki nan college. Elèv ant 13 e 22 –ane. Avantaj elèv sa yo jwenn, kèlkeswa aktivite kiltirèl k’ap fèt nan Miami-an,  yo gendwa achte biyè-a pou $5 grenn dola  pou ankouraje jenès-la  al nan aktivite atistik yo  pou edikasyon yo. Fè yo renmen bon bagay depi nan jenès yo.  Joj renmèsye msye Alberto Ibarguen ki se prezidan CEO Knight Foundation-nan ki bay lajan sa-a pou etidyan yo. Gen 90 oganizasyon kiltirèl k‘ap patisipe nan  pwogram Culture Shock-Carnival Center ki pi gwo e pi bèl sal teyat ki fenk bati nan Miyami ap patisipe. Sosyete Koukouy Mayami se younn nan patisipan yo..

Twazyèm gwo nouvèl la se youn liv jòn yo fè e ki gen majorite aktivite kiltirèl Mayami yo ladann. Dèyè liv la gen youn grap biyè. Biyè sa yo penmèt Grandèt yo ale nan aktivite kiltirèl  ki nan liv la  gratis-ticheri.  Youn Grandèt se yoiun mounn ki gen 62 ane ou plis. Depi ou ka pwouve ou se  senior citizen, ou bon. Ou gendwa al nan  aktivite sa yo litlit.  S’oun fason pou Granmounn yo pa chita nan kay. Pou youn jwenn distraksyon. Sitou nan kominote pa nou-an, nou voye chache manman nou, papa osnon granpa ak  granmè epi nou mete chita nan kay-la pou yo fè bebisit, veye timounn epi fè manje ; menm youn ti frechè labriz nou pa gen tan pou nou mennen yo al pran. Enben pwogram sa-a se pou yo. Akonpaye yo lè nou kapab epi ba yo youn ti distraksyon atistik pou retire chagren ak vye doulè nan zo kò yo.

Liv sa-a ki rele Golden Tickets Arts Guide. Gen 70 oganizasyon ki patisipe ladann nou ka jwenn ni  nan Building 111NW 1St Street,  6èm etaj.  Nan biwo majistra Mayami-Dade-la,  osnon nan Liberi Mapou osnon rele Team Metro nan 786-331-5375, Y’a voye-l ba ou.  Ane sa-a mounn ki reklame liv dore sa-a double. Kanta pou Culture Shock la Jòj di,  demann lan ogmante 20%. Onivo  ekonomi  lajan Miami-Dade depanse pou kozman lakilti    plis pase 992milyon dola. Kozman atizay la penmèt anpil mounn jwenn travay, komèsan vann  materyèl pou pwodiksyon,  mounn ki gen salteyat fè kòb ak mounn k’ap prepare fèt yo,  restoran rete louvri byen ta,  paking rete louvri byen ta epi fè lajan ak mounn ki pake machin yo.  Daprè Joj Perez, 23,000 mounn nan Miami ap viv epi sipòte fanmi yo  ak djòb yo jwenn nan domenm atistik-la.  Plis 650.000 volontè, mounn ki bay tan yo, depanse lajan yo pou nan  itilize lakilti nan domenn edikasyon.  Chak ane, plis pase 12milyon 78mil mounn soti al asiste prezantasyon kiltirèl yo ki fè Miami-Dade younn nan vil k’ap pote labanyè nan  kozman kiltirèl akoz varyete gwoup etnik yo epi chak gwoup sa yo gen kilti yo, gen lanng yo, ti fason pa yo pou yo prezante kilti yo.

Katriyèm gwo koze Jòj te anonse  se Majistra Miami-Dade County-a, msye Carlos Alvarez ak Board of County Commissioners yo ak County Manager-a ki apwove youn ogmantasyon 2milyon dola sou bidjè pou devlope lakilti   nan Miami-Dade. Piblik la te bat youn bon bravo pou Majistra-a.

Jòj fini pou l’di lè w’adisyone tout sipò sa yo Childrens Trust, plis the Knight Foundation, plisTicketmaster nan kozman Culture  shock-la  manman kòb la pwès . Li depase 992milyon. Li toupre milya ; kidonk an angle bilyon. Li swete ane pwochenn, li kab vin kanpe pou l’pale an bilyon  sou bidjè Zafè kiltirèl yo nan Miami-Dade.

 

E Noumenm Atis Ayisyen Eske kilti nou an sante tou ?

Kisa sa vle di pou nou menm nan kominote ayisyen-an noumenm ki 3èm pi gwo group etnik. Youn gwoup etnik ki pote premye pri nan kozman atizay. Mizik nou pa kanmarad okenn lòt. Penti nou pa gen parèy.  Kanta pou dans fòlklorik osnon modèn yo pa gen konpetisyon,  Kanta pou kuizin nou, se koupe dwèt. Lè w’ajoute travay atizanal yo,  teyat, lamòd,  sinema… se men nan bouch…Men poukirezon n’ap kokobe sou plas. Pourezon nou pa kab jwenn youn bèl tranch nan gato bilyon kiltirèl sa-a ? Younn nan rezon yo sèke nou twò kazwèl. Nou chita sou baton ke nou ap gade ap tann zòt lonje men ban nou. Nou pa agresif ase. Nou plenyen san pale. Nou manke kontak. Epi anpil nan nou se blofè Yo resevwa lajan epi yo pa delivre…Tankou Pepe Bayard ki se youn manm Board zafè kiltirèl-la di nou  apre diskou-a : <<  jwenn lajan nan sistèm-nan se who do you know and make yourself known…>>. Se fè mounn konnen-w epi chache konnen mounn. Sa fè lapenn pou apre youn cho mizikal nan bay front kote de 10 a 15. 000 ayisyen kou etranje sanble epi pou pwomotè ap kriye fayit. Sa fè lapenn pou nou wè gen bonjan pwodiksyon atistik k’ap fèt lakay epi atis sa yo pa ka rantre vin pwodui pa bò risit . Se pou nou al nan Government Center-a  nan lavil-la al nan 6èm etaj, al poze kesyon, al mande kijan pou oun òganizasyon patisipe nan lajan sibvansyon sa-a, kijan pou nou  gen kalifikasyon non-profit, kisa pou n’fè pou nou gen 501-C3 e si nou poko genyen-l kisa pou n’fè pou nou jwenn youn fiscal agent ki vle di youn lòt òganizasyon ki kalifye pou patwone nou… Si nou pa chache konnen se zòt wi ki pral  benefisye epi n’ap bèkèkè…n’ap bourik kat las.

Men nimewo pou n’rele pou nou jwenn enfòmasyon sou kozman kiltirèl nan Mayami Dade. ::305-375-4637

 

==================================================================================

MIYAMI  Mwa heritaj Ayisyen

Andre fouad- powèt  Loreya pou  ane 2007

 

 

Salut cher confrère,

 

Je te signale que j'ai été choisi comme <<POETE DE L’ANNEE 2007>> pour la ville de Miami dirigée par CARLOS ALVAREZ dans le cadre du mois de l'héritage culturel haitien du 1er au 31 mai 2007.

 

Le thème retenu pour cette année a été <<CELEBRONS LE GOUT D"HAITI>>.

 

Les trois lauréats répondent aux noms de ANDRE FOUAD, MARIE BRUNINE DAVID, PROSPER SYLVAIN (MACKENDAL).

 

Le jury était composé des personnalités du monde artistique et culturel à Miami:FARAH JUSTE(chanteuse),YVETTE LEROY(poétesse),LESLIE PRUDENT(éducateur),FRANTZ <KIKI>WAINWRIGHT(poète-musicien) et JEAN MAPOU(poète- homme de théatre).

 

Voici le texte pour lequel j'ai eu le premier prix.  Il porte le titre de MANJE LAKAY...WOUY, WOUY SE WOLOLOY.

 

 

 

Manje Lakay…

Wouy, Wouy se Wololoy

 

Je-m ap chèche-w tankou youn ja

nan mitan touf nwaj nan syèl

Je-m ap chèche-w tankou youn ja

nan sekrè fèy papye lapwezi

Je-m ap chèche-w tankou youn ja

nan sèt koulè lakansyèl yo

 

Nen-m nan chèche pwomennen

li pran lodè anba tonèl

youn lodè diri ak la

youn lodè diri pwa kongo,youn lodè pitimi

youn lodè de ti moso andwi ki tonbe

nan chodyè lwil k'ap fri

 

Wouy, wouy se wololoy

 

Lajwa anvayi-m dela tèt-o-pye

lè lodè fritay anvayi-m

youn lodè tyaka byen chofe anvayi-m

lè labrim diswa blayi

youn lodè akasan anvayi-m

lè lawouze kòmanse tonbe

 

Wouy, wouy se wololoy

 

Je-m ap chèche AYITI TOMA tout pou mwen

Peyi-m se sa li ye, se sa l'ap toujou ye

anba kadans bèl pawòl, bèl mizik, bèl kont

peyi-m se sa li ye, se sa yo pa konnen

peyi-m se sa li ye, se sa yo pa janm konnen

peyi-m se sa li ye, peyi-m se sa li te ye

 

Wouy, wouy se wololoy

 

Peyi-m s'oun bèl peyizaj boutilye

youn bèl rivyè

youn bèl flèv Latibonit

youn bèl fanm k'ap danse banda

youn madan-sara andeyò

youn manje lakay ki bon nan dyòl

 

Wouy, wouy se wololoy

 

Peyi-m s'oun bèl mango fransik

nan bouch youn timounn Laplenn

s'oun dous makòs

nan bouch youn fanm miwadèzanj mounn Tigwav

s'oun mayi moulen benyen ak kalalou

nan bouch youn peyizan k'ap travay latè

 

Wouy, wouy se wololoy

 

Peyi-m s'oun bèl fèt, youn bèl seremoni

s'oun koudyay wololoy atis

s'oun grap kenèp ladous kivyen

ki fè menm solèy pran bave gwo jounen

peyi s'oun rèv mwen fenk fè pou demen pi bèl

anba youn boutèy kremas, boutèy kleren byen tranpe.

                             

ANDRE FOUAD

 

P.S    Je te signale que < ETENSEL MO'M YO> a été réédité  par les Presses Nationales et sera disponible dans le cadre des <LIVRES EN FOLIE> pour cette année.\

 

============================================================================

 

GRANGOU PA GEN NI ZOREY NI REZON

 

 

Depi koumansman ane-a, plis pase youn milye Ayisyen pran lanmè sou kanntè  kite peyi-a. Bonkou ladan yo mouri anba dan reken. Gen menm ki disparèt. Sa ki rive mouye pye yo nan dlo sale Laflorid-la chita nan prizon ap tann moman pou yo retounen yo lakay. Sitiyasyon mounn sa yo vin pi malouk. Yo vin pi pòv pase jan yo te ye anvan yo te kite Ayiti. Yo te blije vann tou sa yo te genyen,  prete adwat-agòch pou te antreprann vwayaj sila-a.  Dan reken pi dous pase mizè lakay.. se sa y’ap chante. Se refren sa-a ki nan kè yo. Eske se  lamizè sèlman, èske se bòt leta ki sou kòf lestonmak yo ki fè  y’ap pati kite peyi-a konsa ?. Lontan te gen lame. Te gen  makout, te gen frap, te gen zenglendoun, te gen atache… Jounen jodi-a se ganstè, kidnapè, ansasen, vòlè… Youn lòt mas madigra nan vizaj esplwatasyon pou reveye laperèz.

 

250.000 zam gwo kalib ap sikile nan peyi-a ; nan pwen mounn ki konnen ki kote yo soti,  kote yo kache e kiyès ki genyen yo. Ayiti pa ni fè ni vann zam, kiyès k’ap lage  satan devastatè sa yo nan men pèp-la ? Se  pa lame sèlman non ki konn kofre malere, pran malere an otaj, fè dap-piyanp sou timounn ak granmounn. Se vre grangou pa gen ni zorèy, ni rezon. Men si malere grangou se pou malere òganize yo pou yo chache  konnen kote lavi fè kwen, goumen ak leta pou leta chanje sitiyasyon yo …Malere pa gendwa foudwaye malere parèy yo. Ni Tousen, ni Desalin se pa eritaj sa-a yo te kite pou nou.

 

E si nou gade byen, antre nou, se konsa zòt oprime ti pèp yo wi…Se chak jou zòt ap pase-yo nan betiz. Pèp tankou nou pa ka viv…Pa gen ni travay, ni manje, anyen menm pou okipe  lafanmi… Yo pwomèt li « bilyon » epi se filalanng chita tann…Nou pa gen faktori zam, zam rantre, zam distribiye, zam ap chante… Yo mate gwo kriminèl, ansasen, mounn fou  mete nan avyon lage yo nan depotwa lakay… Sen Domenng ki pran pòz se sè marasa nou, fouke malere pa kolonn, yo mate yo,  yo pimbe yo retounen … Ak pil mounn sa yo ki pa gen ni travay ni kay ;  ki pa gen ni fanmiy ni zanmi,  kijan ou vle pou yo pa pran kanntè, nenpòt sa yo ka jwenn pou y’al jwe bòlèt ak lavi yo sou lanmè…

 

Lamizè se youn zam nikleyè… se pwenn fè pa.  Grangou nan trip se deklik zam sa-a ki gendwa detui youn mounn, youn kominote, youn pèp …Grangou se younn nan mwayen ki pi mechan pou zòt oprese, eksplwate, brime, domine youn lòt pèp yo pa vle wè swa pou koulè li ; swa pou volonte li.

 

Yo pran plezi nan soufrans nou… Malgre sa nou fè  pou n’denonse yo, malgre tou sa nou di pou lemonn antye konnen ki mounn nou ye e kisa nou reprezante pou limanite, anyen tonton ! Yo pilonnen-n pirèd jouk y’ap krabinen-n… Nou te di nou pa p’ekri youn powèm konsa ankò… men adye ! gla lanmò frè ak sè nou yo sou lanmè toujou kontinye ap rezonnen nan tèt nou jouk tanpon-n prèt pou eklate…

Jan Mapou