“SAJÈS AYISYEN”
Dènye Liv Maks Maniga a
Dapre Lionel Hogu
Defen grann mwen te
toujou repete fèt Nwèl se pou timoun resevwa kado, joudlan se lè granmoun
resevwa pa yo, enpi Lewa se pou moun yo te bliye oswa pèsonn pa te panse yo t
ap fè yon jès ak yo. Isit Ozetazini, joudlan se jou tout moun sèmante yo pral
kite tout move mès pou pran bon rezolisyon yo pral suiv pandan tout ane a.
Kèlkeswa nan kategori ou tonbe, men yon desizyon ou
dwe pran: achte “SAJÈS AYISYEN, Maks Maniga ekri. Soutit liv la se “Ansyen Pwovèb
Kreyòl, Enspirasyon Pou Lavi Modèn”, se yon liv ki pibliye nan
Koleksyon Koukouy, enpi EducaVision pibliye li nan fen 2009 la (nou ka wè 2010
nan piblikasyon an, sa vle di li fenk soti tou cho anba près). “Sajès Ayisyen” pa mache poukont li, li se
marasa ak yon lòt liv ki te pibliye anvan nan menm ane 2009 la. Premye liv la
se: “Proverbes Créoles Haitiens du dix-neuvième siècle”, menm otè a ekri an
franse. Se yon edisyon modèn yon liv ki te parèt deja an 1877 anba kout plim J.
J. Oden ki te ofri l bay piblik la 1011 pwovèb. Mwen rele de liv sa yo de liv
marasa paske yo se menm, youn an franse ak kreyòl, lòt la se an kreyòl tou pi.
Toulede prezante menm pwodui a, sèlman gen moun ki di yo pi alèz nan li franse,
enpi gen lòt ki fè jefò pou yo li kreyòl fasilman, dapre volonte ou, ou a
chwazi sa ki pi bon pou ou.
REKA te pale sou premye liv la deja nan mwa me, lè nou te resevwa yon kopi nan
men Maks, men sa nou te di:
« LIV KI FÈNK PARÈT
REKA, atravè
Lionel Hogu, te resevwa liv Max Manigat te pibliye a, « PROVERBES
CREOLES HAITIENS du dix-neuvième siècle » ki parèt pi bonè nan ane sa
a. Nou li liv la men nou te renka pou pale sou li akòz tit la te an franse menm
si anndan liv la se Kreyòl ki bay kalinda sou toutlaliy. Lè REKA te fòme, nou te fè sèman pou voye Kreyòl monte tou pi, nou
pa vle bay enpresyon nou ka fè konpwomi. Nou refize anpil lòt liv an Franse deja, nou pa te vle pou moun sa yo te vin akize
nou nan patipri pou kin an nou: Maks. Anons anba a di yon
vèsyon kreyòl pran lari. Nou pral fè refleksyon pa nou
sou toulede liv yo ansanm. Annatandan gade tèks sa yo ki parèt deja pou
prezante liv la:
Sa fè 132 zan, an 1877 J. J. Oden te fè dezyèm edisyon : « Recueil
de proverbes créoles » li a parèt. Edisyon sa a « revue et augmentée »
te pote bay piblik la 1011 pwovèb ; kèk nan yo rete jouk jounen jodi, dòt –
sitou zen nan epòk sa a – ki disparèt.
Pwovèb se eksperyans yon pèp. Ayisyen, yon pèp abitan k
ap viv ak ti zing ; k ap tòdye men yon tè kòkòtò ; k ap viv avèk zòt ki konn
malveyan ; gan de fwa yo aji yon jan ki mal pou èskplike. Pwovèb yo va ede nou konprann
sa ki nan tèt yo epi santi tou anpil sa y ap boukannen.
Eritaj sa a lelit nou yo toujou fè kankou li pa egziste,
enben se li ki san nan venn lizay pèp la.
132 an apre dezyèm edisyon Recueil de Proverbes
créoles sa a te fin parèt, plizyè santèn konpatriyòt nou yo ki konn li
kreyòl ase va pran plezi pou li yo nan òtograf yo konnen an. An 1877, sete yon
ti ponyen nèg a fokòl ki te jwi pawòl sa yo. Lide sa a plis pase tout lòt te
pouse m pran desizyon pou mwen mete fè.
Mwen te kontan fè travay sa a avèk lide – mwen konnen se
yon lide moùn fou – pou Recueil de Proverbes créoles la, ki te pibliye
an 1872 ak 1877, ta kapab ede nou amelyore charabya yanmyanm kakachat, zòt ta
vle rele kreyòl la, m ap tande depi sèt an nan bouch majorite animatè pwogram
radyo nan Sid Florid la.
Mwen
ta ozanj, anplis, si m ta wè rekèy sa a rive nan tout zile ak peyi kreyòl nan
Karayib la, nan Amerik di Sid la avèk peyi Oseyan Endyen yo pou li pote
lareverans ak tavoudra gran sè yo : Ayiti.
Mwen kwè tout rezon sa yo montre yon reyedisyon Recueil
de Proverbes créoles sa a mize nan wout men li pote bon konmisyon.»
Nou santi
retisans mwen te genyen lè premye liv la te sòti, Maks te pale ak mwen pou
mande m pran san m paske vèsyon kreyòl la te deja nan kouti. Toudayè men sa EducaVision te ekri nan menm epòk la:
Edisyon Educa Vision, Inc. ap anonse dènye liv Maks Maniga a :
SAJÈS AYISYEN – ANSYEN PWOVÈB KREYÒL –
ENSPIRASYON POU LAVI MODÈN
2010, 150p. US $15.00 + $3.00 lapòs
FENK PARÈT
Je wè, bouch pe! Liv Maks Maniga a se pa
premye liv ki ekri sou pwovèv ayisyen, mwen pi renmen pa Maks la paske li mete
refleksyon pa li tou ki pou
Men kote nou ap
jwenn kado pou tèt nou oswa pou moun nou apresye anpil:
Pou kÒmande
li :
(Si ou vle yon liv siyen)
Max Manigat
Telefòn : 954-443-2260
-------------------------------
Educa Vision, Inc.
Coconut
Telefòn : 954-968-7433
Faks : 954-970-0330
-------------------------------
Nou kapab
achte li TOU nan:
Libreri Mapou Bookstore
5919 NE 2nd Avenue
Telefòn : 305-757-9922
Faks : 305-757-3606
-------------------------------
Haitian Book Centre
P.O. Box 258
Uniondale NY 11553
Telefòn : 516-538-5899
Faks : 775-854-0923
-------------------------------
Grenadier Books
1583 Albany Avenue (corner Glenwood Avenue)
Brooklyn NY
Tel. 718-421-0162
-------------------------------
Communication Plus, S.A.
24 Delmas 60, Musseau
Delmas, HAÏTI - HT6120
Telefòn : 2510-7047 / 3510-7230
-------------------------------
Libreri KEPKAA
2000 boulevard St-Joseph est, Porte
B
Montréal, Québec H2H 1N
CANADA
Telefòn : 514-750-8800
Faks : 514-303-1558