Bonjou Jan Mapou,
Nan jounal "Haiti En Marche" ki kouvri semenn soti 3 oktòb pou rive 10 oktòb 2011 la, mwen te li yon ti nòt tou kout. Nòt la te anonse " Réouverture de l'université Aristide” (UNIFA) nan Taba. Yo te aprann nou te gen 126 etidyan an medsin ki ta pral kòmanse etid yo. Kou yo se sou responsabilite pwofesè ayisyen ak kiben yo ye. Sepoutètsa, etidyan sa yo ta pral pase anba yon kou entansif lang panyòl anderapan.
Wi msye Mapou, yon jenn ayisyen ki vle fè etid siperyè twazyèm sik, dwe konn pale panyòl. Nou wè sa deja rive 5000 oswa 10000 jenn Ayisyen ki janbe fwontyè pou ale etidye an Repiblik Dominikèn; nou wè li ak sila yo ki ale etidye Kiba, Venezyela ak Chili ansanm ak lòt peyi Amerik Latin yo. Men pou sa rive sou tè peyi Dayiti menm, sa rèd. Si se konsa, nou ka di Kreyòl se lang pèp, Franse se lang lelit, panyòl se lang entèlektyèl nan peyi Dayiti. Inivèsitè sa yo pral konnen panyòl epi se lang sa a ki pral ede yo pi byen nan pratike pwofesyon yo.
Kouzen, mwen te vle pataje lide sa yo ak ou, paske kè m sere anpil pou wè se wout sa a nou pran.
Ak onè epi respè,
Kouzen Lionel Hogu
Boston, Etazini.
Entènot ki li nòt sa a kapab reyaji, voye reyaksyon ou nan jka (@) kreyol. org
[Tanpri rekopye adrès la epi kole tout lèt ak senbòl yo dekwa pou imèl la ka parèt nòmal. Se pou twonpe machin k ap mache vòlè adrès elektwonik yo ki fè nou prezante li konsa. ]