PajBèlantre | Aprann Kreyòl | Kesyon/Repons

Lekti/Enfòmasyon | Ekriven kreyòl nou yo
Nan Lakou REKA


REFLEKSYON Lionel Hogu sou liv

"Mots Créoles du Nord d'Haiti
  Origines-Histoire-Souvenirs
  Edisyon EducaVision, 2006
"


Max Manigat te fè REKA lonè voye yon kopi liv "Mots Créoles du Nord d"Haiti" ba li. Soutit liv la se "Origines-Histoire-Souvenirs". Kouzen Mapou te deja prezante liv la ak tout lotè li nan yon atik ki te parèt nan Ti Gout Pa Ti Gout eke nou te repwodui sou sit REKA a deja. Kidonk mwen menm, Lionel Hogu, ki te resevwa liv la nan non REKA, enpi ki te gen chans li li anpremye pral separe ak nou enpresyon pèsonèl li sou liv la, mwen pa pral repete enfòmasyon nou konnen deja.

Lè yon moun louvri liv la, ou ta gen enpresyon se yon diksyonè ou gen nan men ou nan fason Max prezante li a. Akote chak mo ou jwenn yon tèks ki esplike sans mo a, istwa mo a ak lòt istwa tou ki konekte ak mo a nan rejyon Nò a. Men Max defann tèt li alapapòt kote li ekri " Liv sa a pa gen okenn pretansyon syantifik ". Sepandan liv la ap chèche kraze baryè atifisyèl moun save yo mete ant yo menm ak pèp k ap viv nan peyi andeyò a. Yon lòt objektif liv la se montre diferans ki gen ant pale moun nan Nò ak sila ki ap viv nan rès peyi a. Li chèche konnen tou ki kote kèk mo soti dapre istwa peyi a ak latriye pèp ki pase sou tè a: endyen, panyòl, angle, divès kategori franse elatrye, san bliye fon afriken kèk moun ta gen tandans bliye. Max pa eseye ekri sou tout mo ki egziste nan vokabilè moun nan Nò yo, kèk moun rele Kapwa, pou yon senplifye tèm nan; Max chwazi mo ki ra, ki pa gaye nan Pòtoprens ak lòt kote yo.

Avantaj prezantasyon diksyonè a bay seke yon moun ka li liv nan lòd li vle. Mwen pat chita pou m te li liv sote nan paj en jouk mwen fini nan dènye paj la ki se paj 371. Mwen te pran liv la lè mwen pral kay doktè, kote mwen konnen mwen pral pasyante anpil paske se pasyan yo rele m lè mwen ale nan randevou yo; mwen pran liv la ak mwen lè mwen pral nan garaj pou fè travay nan machin mwen. Nan toulede ka yo, mwen gentan pou m feyte liv la li sa mwen renmen, li sa ki tonbe anba je m. Mwen pa janm fache lè yo rele m paske mwen te pèdi nan lekti, mwen toujou gen tan fini sa m t ap li a. Malgre serye liv la, yon moun ka li li fasilman, ak anpil plezi .

Ann feyte paj liv la kounyeya.
Premye mo mwen te al gade se te KINA, KIN AN M ki vle di pa mwen. Mwen te ale gade mo sa a paske yon Kapwa te korije m yon jou lè li te tande mwen di sa a se kinan m, kòmkwadire mo a se ta "kinan". Kapwa a te din se KINA ki mo a, enpi sa mwen panse a se te yon fot Pòtoprensyen fè anpil. Dezyèm mo mwen te chwazi se te KOKE ki pa ta dwe konfonn ak KWOKE. Pou evite konfizyon, moun nan Nò yo pito sèvi ak pandye nan plas kwoke enpi yo kenbe koke nan sans fè bagay. Nou menm moun Pòtoprens te annik di "kwoke" se betiz nan rejyon Nò a, sa ki pa te laverite.

Anpasan, je m te tonbe sou MASISI. Tout Ayisyen konnen sa mo sa a vle di men nou pa konn kote li soti menmjan Max di li. Gen plizyè ipotèz, tankou li ta ka soti nan angle "my sissi" oswa espresyon franse " masse-moi ici". Max di moun nan Nò a prefere fanmòt ak makonmèr pase mo masisi a konsidere kòm vilgè. Sepandan mwen t ap tann Max Manigat ta pral fè yon rapwochman ant mo masisi nou a ak rejyon Kivu nan peyi Kongo ki rele Masisi, rejyon Max siman dwe konnen paske li te travay nan peyi sa a. Mwen kole de mo sa yo paske modèl sa a sanble ak sa mwen te konn tande anba bouch machann ki te konn depoze machandiz yo sou galeri grann mwen an nan Pòtay Senjozèf. Mwen te toujou sezi wè moun yo te konn pran kèk mo afriken pou dekri moun. Pa egzanp, awousa nan mache Anba kapab koupe tete yon moun pou yo vòlè sakit yo. Gen kèk moun ki nwè tankou sinigal (senegal), ak tèt yo grenn tankou koko (respè- paj 335*) nago. Chak ane se pa bann pa pakèt kongo janbe fwontyè a pou ale koupe kann nan Panyòl. Ti gason sa a lèd, li makwali pase yon zoulou. Nou te konn tande palede lwa angòl (Angola) yo ak tout venteyen nanchon ki konpoze pantewon vodou a. Nan menm rezònman sa a nou ta andwa panse mo masisi nou an an Ayiti gen rapò ak rejyon Masisi nan Kivu Kongo peyi Afrik; toudayè Max fè sa lè li ap palede mo zozo (respè figi nou- sa se koutim moun Pòtoprens). Max Manigat ekri nou pa konn orijin mo sa a men li raple nou lolo ki soti nan lang awidi-kikongo oswa zozò nou jwenn nan fongbe. Travay pou save lengwistik yo.

De ti bemòl

Magre tout admirasyon mwen ak satisfaksyon mwen jwenn nan "Mots Créoles du Nord d"Haiti", mwen dwe mete de ti bemòl nan kontantman mwen an.

Premye bemòl la se nan lang liv la parèt la. Tout moun ki pwòch mwen konnen rezèv mwen chak fwa mwen wè yon liv ki ap palede Kreyòl an Franse oswa Angle. Mwen toujou regrèt chans lang manman nou an pèdi kote li ta ka vanse nan domèn literati Kreyòl la lè ekriven ak editè deside pibliye yon liv nan lang etranje. Men nou dwe fè tèt nou yon rezon tou paske si ekriven an vle vann de-twa liv enpi espere yon kantite moun plis pase yon douzenn fanatik Kreyòl li liv la, se nan yon lang moun li fasil pou li edite. Konsa m ap reziyen m enpi mwen espere Max Manigat oubyen nenpòt lòt moun, ak lapèmisyon Max, ta kapab mete liv la an Kreyòl tou pi yon jou.

Dezyèm bemòl la se atik byen long (5 paj) oswa antre (se pa konsa yo rele sa nan diksyonè) Manigat fè pou Robèr Kòks. Manigat fè tout moun sonje Kòks se te yon gwo awousa dwèt long siperyè, mwen pa kwè desandan msye yo, si li te genyen, ap twò kontan deske mefè zansèt yo a vin tounen kounyeya dokiman ekri menmsi se te yon bagay tout moun te okouran nan pale. Yon lòt pa, Max prezante makout Kòks tankou yon bon nèg ki te gen kè-nan-men lè li te chèf, li bay egzanp kote li menm te benefisye favè Kòks, enpi pwòp papa li te sove anba move tray grasa msye. Men nou konnen jan Ayisyen se moun ki panse tou dwèt, se sa ou se pa sa; ka gen moun ki ka di se dedwane Max ap eseye dedwane makout yo nan yon moman Divalye ap pran mikwo pou li fè diskou pou pèp ayisyen ak lòt tanttativ ansyen makout ap fè tou anmenmtan. Nou konnen nan ka Max Manigat se pa vre, men kèk ane pi devan nou pa ka sèten sou fason yon moun ka pran sa magre prekosyon Max pran pou li di mo makout ak bon nèg, kè imen pa mache ansanm.

Max Manigat ap Okanada nan selebrasyon 6èm Mwa Kreyòl nan Monreyal (vityèlman). Mwen envite tout moun ki kapab ale tande Kouzen Max Manigat, men sitou achte yon "Mots Créoles du Nord d"Haiti" paske se yon manmanpenmba dokiman ki dwe sèvi kòm yon referans pou tout moun ki enterese ak istwa pèp ayisyen ak tout lang li a . Dat la se vandredi 19 oktòb 2007 apati 6zè nan aswè nan lokal "Association des Enseignantes et Enseignants Haïtiens du Québec" (AEEHQ), 419, rue St-Roch, Parc Extension - Tél. 514 273-6236. N ap jwenn plis enfòmasyon nan www.moisducreole.com

*Nòt ki soti nan liv la: Nan tan lontan, yon moun byennelve te toujou dwe sèvi ak espresyon "respè" oswa "o respè" apre li te fin di yon gwo mo.

Lionel Hogu


-----------------------


Max Manigat ap Okanada nan selebrasyon 6èm Mwa Kreyòl nan Monreyal (vityèlman).
Dat : vandredi 19 oktòb 2007
:apati 6zè nan aswè
Lokal: 419, rue St-Roch
Tel.: 514 273-6236.
Plis enfòmasyon: www.moisducreole.com


----------------------
----------------------

REMAK ENPÒTAN MAX MANIGAT

Premye bagay m ap di se : Abobo! Mwen kontan wè ki jan ou apresye " Mots créoles ..." Ki jan ou pote l avèk ou lè ou gan pou tann kay doktè osnon nan garaj. Sa bay yon ekriven jèvrin pou li kontinye mete plim sou papye.

Ou li " Mots créoles ... " nan regleman. Ou jwenn kèk sa ou t ap chèche enpi w a ganyen pou antre pi fon toujou tanzantan.Ou mete 2 ti bemòl men nan yon estil moun ki konn pale, esplike.

Nan premye a, ou bay dizon w men ou rekonnèt si pou yon lapawoli layite kò li fòk gan lektè. Kaptenn Koukourouj pataje opinyon sa a tou. Mwen konprann nou. Kite m tou aprann ou, mwa oktòb la pa p pase san ou pa resevwa " PATAMOUCH - Etimoloji - Literati - Repòtaj " k ap soti nan Educa Vision, denmen madi a. Anpil, anpil sa ki di an franse nan " Mots créoles ..." ap paweze nan lang peyi nou an.

Nan dezyèm bemòl la, mwen swete pou tout moun li li byen avèk anpil atansyon paske " afè dedwane makout" la (kankou w di) pa ladan l ditou. Mwen menmm avèk bann mechan sa yo nou pa danse kole. Sa m rakonte sou Wobè Kòks la se laverite. Msye limenm konn fè temwayaj li. Mwen rapòte opinyon plizyè Kapwa paske Bòb te rachte tèt li. Anpi tou, sa ki vle mete ladwati kote l ye a dwe pou admèt : liv la te parèt avan tout sinema gratis divalyeris yo ap fè jounen jodi a. Kankou w konnen; kankou YO konnen : yo pa p sis.

Lionel monchè, jan yo ta di nan Nò: " Lemèm koudabra"!

Kinalaganach!

Max
----------------------
----------------------

Pwomès se Dèt - Liv La Fèk Parèt

Max Manigat : Patamouch : Etimoloji – Literati – Repòtaj

Educa Vision, Inc. 2007, 266p.

 

Patamouch rasanble bon kou sijè ki ta pou enterese anpil moun. Mwen ta an mèrvèy (mo manman m) si etranje kreyolofòn yo ta jwenn li pou yo konnen anpil bagay, yo pa te kwè ki te menm egziste  sou sè avèk frè Ayisyen yo ; pou zanmi Ayiti yo k ap aprann pale kreyòl sèvi avè l kankou yon liv avanse ; pou kanmarad Ayisyen mwen yo, ki fèk alfabetize epi k ap chache materyèl lekti twouve kantite chapit ladan l kou wè : tradiksyon, lodyans, powèm, repòtaj, pwovèb yo pa tande souvan, nòt etimolojik, diskou, istwa Afriken Ameriken, anfen, anfen. M.M.

 

*

« Lè nou feyte Patamouch n’ap konstate s’oun plon gaye. Youn plidetwal atik an kreyòl ki kouvri tout kalite sijè.   Nou jwenn ti kal nan chak:  Ti tranch istwa peyi-a, youn ponyen mo ak pawoli nan tan benbo, moso manje nan tan lakoloni,  varyete pwovèb ki te anfouraye,  eritaj esperyans zansèt nou yo. Patamouch   woule tanbou, kata ochan  pou tout fanm ak gason vanyan  ki leve eskanp kilti peyi d’Ayiti kit se nan domèn chante, danse, teyat, penti, eskilti, lamòd osnon nan kwizin. Patamouch s’oun seri dokiman ki kanpe fyète nou kòm Ayisyen e ki fè nou rekonèt kiyès ki kiyès nan Mouvman Kreyòl-la. S’oun konpilasyon bèl tranch lomeyans kreyòl k’ap  chante bèlte, dousè  ak richès kreyòl nou-an. » Jan Mapou

 

*

Maks Maniga / Max Manigat fè karyè li nan lansèyman. Li te fè lekòl Potoprens, nan Repiblik Demokratik Kongo epi li pase 23 zan ap anseye nan City College (City University of New York). Li pami premye pwofesè ki te bay kou kreyòl nan inivèsite ameriken. Li se yonn nan premye Ayisyen nan jenerasyon li ki te mande pou kreyòl vin lang ofisyèl Ayiti.

Li ekri plizyè liv. 2 dènye yo se : Leaders of Haiti, 1804-2001. Historical Overview (2005) avèk Mots créoles du Nord’Haïti. Origines – Histoire – Souvenirs (2006).

 

*

Pou konmande : Educa Vision, Inc. 7550 NW 47th Avenue, Coconut Creek  FL 33073. Tel. 954-968-7433, imel : educa@aol.com osnon maxmanigat@aol.com

_________

design by E. Etienne--www.emmanex.com © copyright 2005 | REKA| all rights reserved