N ap kouri sou nèf mwa depi yon gwo kalimite te frape peyi Ayiti nan dat 12 janvye 2010. N ap kouri sou nèf mwa tou depi nou pa tande bri zanmi nou, kolaboratè nou, ti poulen nou an Webbs Gaddy Damas. Se pa dwa nou pou nou deklare lè moun mouri oswa lè yo disparèt, men se devwa nou pou rele anmwe dekwa pou yon bon zanmi nou pa tonbe nan wout bliye. Nou pral eseye rakonte lavi Gaddy jan nou te konnen li, nou pral rapòte sa nou tande, nou pral di ki demach nou fè epi anfen nou pral mete nan yon sèl paj tout kontribisyon Gaddy te fè nan REKA.22 septanm 1987 – 22 septanm 2010, si Webbs Gaddy te avèk nou toujou, li ta pral gen 23 lane. Jodi a, noumenm responsab paj REKA a, nou vle pran youn moman espesyal pou nou selebre aksyon Webbs Gaddy, ki te mete nanm li nan devlopman lanng kreyòl Ayiti a ansanm ak kilti peyi nou an. Se poutètsa, nou kreye youn espas espasyal pou li nan REKA, youn espas kote travay li va sèvi limyè pou klere lòt jenn parèy li, ki nan wout ap grandi.
Nou deside rasanble tout kontribisyon Webbs Gaddy nan REKA, epi rantre yo nan youn sèl paj pou kont yo. Konsa, prezans li va rete vivan nan lespri tout moùn ki pase vizite sit REKA a, youn sit Webbs Gaddy te pote byen wo nan nan kè li ak onè epi respè. Pandan tout longè ekzistans REKA, kolaboratè nou yo te abitye fè touche tounen, men Webbs Gaddy limenm te rete avèk nou tennfas. Devouman Webbs pou REKA te san parèy. Li pa te janm machande kouray li pou chèche enfòmasyon epi mete yo disponib pou lektè REKA yo.
Webbs Gaddy, mwen jete twa gout dlo pou ou. Mwen swete yo va pote frechè pou ou pandan vwayaj ou pa lòt bò fontyè lavi
Mwen menm Lionel Hogu se sèl manm responsab REKA ki pat janm rankontre ak Gaddy fasafas. M ap viv nan Boston, Massachusetts epi Gaddy ap viv an Ayiti. Depi Pierre-Michel te mete nou an kontak ak Gaddy, mwen pa janm te vwayaje ale Ayiti e se konsa mwen pa janm te gen chans wè Gaddy. Sepandan, wòl mwen nan REKA se sekretè, antan sekretè se mwen ki toujou li epi kontakte tout moun ki tcheke REKA. Se mwen komite a anchaje pou kominike tout sa ki pase bay korespondan nou ak kolaboratè nou tou, se konsa se mwen ki te konn ekri imèl osnon pale nan telefòn pi souvan ak Gaddy. Pierre-Michel ap viv nan peyi a e li te gen chans rankontre Gaddy pasi-pala. Michel-Ange te gen chans wè Gaddy e pale ak li nan espas yon kout zeklè nan youn nan vizit doktè li te fè nan peyi, mwen pat gen chans sa yo mwen menm e se la ki fè chagren mwen pi gwo pase lòt moun yo.
Lespwa mwen fin fennen apre preske nèf mwa paske si youn pa tande lòt pandan de semenn, Gaddy ap voye yon mesaj konsa ban mwen:
Kijan nou ye? Nou pa pale ditou.
(Sat, May 9, 2009 10:48 pm)
oubyen ankò:
Alo Lionel,
M wè nèg pa pale ditou. Kijan sa ye? Wikenn k'ap vini an, tèks m ap fè sou semenn kreyòl la ap pre... M byen kontan wè gen chanjman ki fèt sou sit la, m fèk sot ap li kèk tèks Manno Ejèn ak Kaptenn. Epi mwen kontan wè "Presses Nationales" ap fè yon "rentree litteraire" ak ekriven ki ekri an kreyòl; M. Chery pami yo.
Si ou vizite sit jounal "Le Nouvelliste", ou ap wè yon atik mwen te ekri sou yon pwojeksyon ki te fèt pandan semenn kreyòl la nan Fakilte a ak premye opera kreyòl la, Maryaj Lenglensou. Se nan jounal wikenn ki sot pase a, seksyon kiltirel. Li titre "Maryaj Lenglensou".
Genyen M. Serge Lochard ki tap di m li te rankontre ou, epi nou tap pale sou mwen. Mwen te rankontre li nan fèt kreyol la ane pase, epi l ap montre m fè tablo kolaj...
Kòd la two long monchè...
Kenbe fem.
Gaddy.
(Wed, November 12, 2008 10:27 pm)
yon dènye echantiyon korespondans nou:
Alo Lionel,Fevriye 2008, novanm 2008, me 2009, nou wè depi gen yon bout tan byen long ki pase san youn pa tande lòt, Gaddy voye yon kout kòn ban mwen pou konnen sa k ap pase. Uit mwa apre kalamite 12 janvye 2010 la, si mwen pa tande bri Gaddy, sa vle di msye pa ka kominike ak mwen ni pa imèl, ni pa telefòn. M. Lochard abite sou katye kote Fakilte a te chita a, li se premye moun mwen te mande nouvèl epi li te di m pa gen espwa paske gen yon etidyan ki te di li Gaddy te nan bibliyotèk la ap travay sou memwa sòti li lè kalaminite a frape. Sè Gaddy, Karen Salomon te voye yon mesaj ban nou apre li te fin wè sou sit nou a afich nou te poste pou mande nouvèl Gaddy:
Mwen se Karen gran sè gaddy damas nou menm nan tou n’ap chèche misye nou poko janm jwenn li...nou panse misye mouri paske lè tranbleman de tè a misye te la Nan fakilte a oubyen Nan linguistik la. Nou trouve lòt frè m nan (Ducange). Si pa chans ou gen nouvèl Gaddy fe m siy souple, paske menm kò misye nou pa jwenn nonplis. Mèsi
Karen
(Sun, March 14, 2010 8:00 pm)
Menm afich sa a te mennen yon lòt kontak ak yon ansyen zanmi Gaddy, Orlando Aurelien:
From: "Orlando Aurelien" (Fri, March 26, 2010 12:16 pm)On Mar 25, 2010, at 06:40 PM, Orlando Aurelien wrote: Monchè, Se ak anpil lapenn mwen ap anonse w lanmò Damas. Misye mouri nan fakilte lengwisitk la jou tranbleman tè ki te fèt 12 janvye 2010 la. Orlando Aurelien On Mar 26, 2010, at 11:57 AM, reka wrote: Bonjou Orlando, Menm jan ou di li a, nou tande nan men anpil moun Gaddy DWE mouri paske li te nan fakilte a lè tranblemanntè a. Papa li te vini gade dekonm fakilte a, sè li ki aletranje te antre, yo pa jwenn kadav la. Lè pa gen kadav oswa yon siy ki montre sa ki pase a, nou oblije kenbe emosyon nou. Mwen konnen apre yon delè legal, Leta ap pwononse lanmò moun sa yo. Annatandan, si yo ta jwenn valiz msye, bous ak kat idantite li, etc sa ta ka eklere nou. Men mwen poko tande sa. Orlando, eske ou te vizite sit REKA a? Nou ta renmen fè konesans ou plis toujou, nou ka bezwen konkou ou si nou ta rive nan yon moman kote pou nou ta bay Damas yon omaj, lè nou ta pèdi lespwa nèt. Lionel Sekretè REKA
Bounjou Lionel,
Wi mwen te vizite sit REKA a. Mwen toujou jete yon koudèy lè mwen gen tan.
Mwen felisite nou pou bon travay nou ap fè, pou bay Kreyòl jarèt. Mwen pa
Ayiti kounye a, mwen pa ka konfime si yo jwenn bous, valiz oswa kat idantite
misye. Men tout etidyan mwen mande yo di li mouri, menm zanmi misye ki te
lan fakilte a jou sa di menm bagay la. Kòm yo pa jwenn kadav ki fè siy se li.
Nou ap kenbe souf toujou.
Dènye demach nou fè se yon mesaj nou te voye bay Valéry Daudier apre nou te fin li yon atik msye ekri sou dram Fakilte Lengwistik Aplike a nan jounal Le Nouvelliste nan dat 17 jen 2010. Nou t ap mande kwonikè jounal la si li te tonbe sou kèk enfòmasyon ki ta ka ede nou jwenn yon prèv sou sò Gaddy, domaj nou pa janm jwenn repons.
Valéry DAUDIER,Kounyeya ann voye je sou kontribisyon Webbs Gaddy Damas nan travay pou bay lang nou an jarèt REKA ap fè. N ap prezante ou tou tèks “ Maryaj Lenglensou “ Gaddy te envite nou al gade, nou ap montre tou yon egzanp travay atis Serge Lochard ki t ap inisye Gaddy nan atizay papye mache ak kolaj. Nou pa konn nan ki nivo ekriven, aktè Gaddy (se sou radyo melodie.com mwen te aprann msye se yon gran aktè tou) te gen tan rive nan fòm atizay (art) sa a. Gaddy se yon atis konplè ki touche tout aspè lèza (art) genyen. Ochan pou ou, Gaddy!
Yon egzanp kolaj, youn nan espresyon atistik Gaddy te pratike

Lionel, mwen renmen sa ou di sou Gaddy yo, Gaddy se yon kalite boujon sosyete ayisyen an pa met deyò fasil. Mwen te pale anpil ak Gaddy, mwen ka temwaye ki kalite moun pozitif, moun onèt, moun yon sèl wi, yon sèl non mouche te ye Gaddy se yon nèg lespri ouvè ki pare pou li koute tou sa yon moun gen pou l di, kit li ka fè li mal, kit li ka fè li byen. Gaddy se te yon bouyon inisyativ pozitiv nan tout kalite domèn : Gaddy fè rès avè m pou mwen te monte yon asosyasyon tradiktè pou lang kreyòl, Gaddy te gentan monte yon gwoup literè anndan FLA a, jou 12 janvye a, Gaddy te gen randevou nan Rektora a, li ta pral chache konnen nan ki kondisyon enprimri Rektora a ka pibliye jounal yo t ap monte a.
Lespri Mandeng ki te mennen Boukmann nan 1791 la t ap viv nan fon nanm Gaddy. Tankou yon Mandeng anvan 1791, Gaddy se te yon animatè, yon moun k ap chofe flanm pou rale moun vin sou pozisyon travay pou sosyete a, tout pòt te louvri pou Gaddy ak lonè respè. Nan pwen moun Gaddy bezwen rankontre li pa rankontre, nan pwen kote li bezwen ale, li pa ale. Tout moun Gaddy te frekante te apresye mouche. M ap sonje kantite moun Gaddy te vle fè mwen rankontre pou nou kontinye travay sou diskou syantifik nan lang kreyòl.
Nèg sansib, Gaddy pa t renmen eskonbrit malgre li viv yon rado evenman ki fè li mal. Gaddy se te yon chèchè, m ap sonje travay li te kòmanse fè, depi nan dezyèm ane fakilte a, sou non plant Ayisyen sèvi pou yo fè remèd, m ap sonje sa li te gentan dekouvri sou lafami Sylvain nan fè rechèch sou Suzanne Comhaire Sylvain, m ap sonje presizyon mouche mete pou mwen nan 12 prensip Bwa Kayiman yo, m ap sonje rigè syantifik li mete deyò lè pou li fè travay li gen pou li fè. Mwen santi mwen pèdi yon moun mwen ka fè konfyans san rete, lang kreyòl la pèdi yon gwo gwo gwo pitit li. Mwen ta renmen dimil lòt jèn pran plas Gaddy anndan peyi a. Peyi a swaf moun tankou Gaddy yo. Se sèl kondisyon pou mwen ta konsole pitit sa a peyi a pèdi a.
Bon, sa frape m anpil. Se li ki te premye kontakte m zòn novanm kote l te mande m si m te ka prepare yon BIBLIYOGRAFI zèv SUZANNE COMHAIRE -SYLVAIN (premye lengwis ayisyen, premye lengwis fanm ki sot Ayiti - ki defann yon tèz doktora nan Sorbonne).
Choz di choz fèt, nan mwen de 15 jou, m te gen prepare l. Yo ta pral batize klas ki diplome an 2010 la "PROMOTION SUZANNE COMHAIRE -SYLVAIN".
LI VIVAN !
GASON TOTAL , NÈG SERYE , BON PATRIYÒT , TI LEZANJ , LÒM AMIKAL, ANIMATÈ A … , TOUT SA SE KÈK NAN FASON MOUN TOUT KOULÈ , TOUT DIMANSYON TE KONN RELE WEBBS GADDY DAMAS ( GADDY ). LI TE FÈT 22 SEKTANM 1987 NAN KOMIN RANKIT ( DEPATMAN NÒ ). LI SE DÈNYE GASON NAN FANMI JEROME DAMAS KI GEN KAT ( 4 ) PITIT LADAN L : DUCANGE , KAREN , DEENA , GADDY.
APRE LI TE FINI TOUT ETID KLASIK LI NAN NÒ ( COLLEGE CALHOUN , RANKIT ; LYCEE PHILIPPE GUERRIER , VIL OKAP ) , GADDY TE ANTRE POTOPRENS NAN LANE 2007 , KOTE LI T’AP ETIDYE SYANS LANGAJ , 4eme ANE, NAN FAKILTE LENGWISTIK APLIKE , AK SIKOLOJI SOSYAL , 1e ANE , FAKILTE SYANS ZIMEN , JISKA 12 JANVYE 2010 BYEN TA.
WEBBS SE TE YON GWO ZANMI LAKONESANS. LI TE MONTRE SENPATI LI POU TOUT MOUN KI RENMEN LAKONESANS. YONN NAN PI GWO AKTIVITE LI SE TE LEKTI , EPI , EKRITI KÒM PI GWO DISTRAKSYON LI. MEN SA PA T JANM ANPECHE LI JWENN YON TI TAN POU CHAK MOUN.
LI TE RENMEN AKTIVITE ATISTIK ANPIL. LI TE KWÈ NAN ANKADREMAN ATIS YO. SE SA LI TE KONN PWOUVE NAN ANPIL ATIK LI EKRI , AK NAN DIFERAN AKTIVITE KILTIRÈL LI MENM AK ETIDYAN YO TE KONN ÒGANIZE NAN FAKILTE LENGWISTIK LA. PAWÒL LI , AKSYON LI , SE YON PRÈV CHAK JOU KI DI KLÈ KE GADDY DAMAS TE RENMEN PEYI L AYITI , E VLE MONTRE L REKONESANS LI.
SE DOMAJ WEBBS GADDY DAMAS MOURI A 22 ZAN, LI TE DEJA BYEN KANPE POU LI SWIV TRAS ERO KI PA JANM MOURI YO TANKOU : JEZI, MARTIN LUTHER KING , TOUSSAINT , THOMAS EDISON , ELATRIYE…
JODI A, MENM SI NOU PA WÈ LI , NOU SANTI YON BON LODÈ LI KITE : YON LODÈ TRAVAY, DETÈMINATYON, DISIPLIN , LANMOU POU TOUT MOUN , AK ENTELIJANS PIKE PIKE. LODÈ SA BAY NOU FÒS POU NOU VIV KANMENM, LI FÈ NOU SANTI FRÈ NOU AN , ZANMI NOU AN , GADDY , TOUJOU AP VIV BÒ KOTE NOU.
NOU RENMEN L ANPIL!!!