belantre
ekrivenlektiaprann


LIV KI FÈNK PARÈT

 

REKA, atravè Lionel Hogu, te resevwa liv Max Manigat te pibliye a, « PROVERBES CREOLES HAITIENS du dix-neuvième siècle » ki parèt pi bonè nan ane sa a. Nou li liv la men nou te renka pou pale sou li akòz tit la te an franse menm si anndan liv la se Kreyòl ki bay kalinda sou toutlaliy. Lè REKA te fòme, nou te fè sèman pou voye Kreyòl monte tou pi, nou pa vle bay enpresyon nou ka fè konpwomi. Nou refize anpil lòt liv an Franse deja, nou pa te vle pou moun sa yo te vin akize nou de patipri pou kin an nou Maks. Anons anba a di yon vèsyon kreyòl pran lari. Nou pral fè refleksyon pa nou sou toulede liv yo ansanm. Annatandan gade tèks sa yo ki parèt deja pou prezante liv la:

 

 

Edisyon Educa Vision, Inc. ap anonse dènye liv Maks Maniga a :

SAJÈS AYISYEN – ANSYEN PWOVÈB KREYÒL –

ENSPIRASYON POU LAVI MODÈN

2010, 150p. US $15.00 + $3.00 lapòs

FENK PARÈT

 

Sa fè 132 zan, an 1877 J. J. Oden te fè dezyèm edisyon : « Recueil de proverbes créoles » li a parèt. Edisyon sa a « revue et augmentée » te pote bay piblik la 1011 pwovèb ; kèk nan yo rete jouk jounen jodi, dòt – sitou zen nan epòk sa a – ki disparèt.

Nan moman kote lang nasyonal nou an ap leve tèt li – alafendèfen – tankou premye zouti pou Ayisyen kominike ak Ayisyen parèy yo, mwen kwè li bon pou mwen mete pwovèb kreyòl sila yo nan men pèp la.

Pwovèb se eksperyans yon pèp. Ayisyen, yon pèp abitan k ap viv ak ti zing ; k ap tòdye men yon tè kòkòtò ; k ap viv avèk zòt ki konn malveyan ; gan de fwa yo aji yon jan ki mal pou èskplike. Pwovèb yo va ede nou konprann sa ki nan tèt yo epi santi tou anpil sa y ap boukannen.

Eritaj sa a lelit nou yo toujou fè kankou li pa egziste, enben se li ki san nan venn lizay pèp la.

132 an apre dezyèm edisyon Recueil de Proverbes créoles sa a te fin parèt, plizyè santèn onpatriyòt nou yo ki konn li kreyòl ase va pran plezi pou li yo nan òtograf yo konnen an. An 1877, sete yon ti ponyen nèg a fokòl ki te jwi pawòl sa yo. Lide sa a plis pase tout lòt te pouse m pran desizyon pou mwen mete fè.

Mwen te kontan fè travay sa a avèk lide – mwen konnen se yon lide moùn fou – pou Recueil de Proverbes créoles la, ki te pibliye an 1872 ak 1877, ta kapab ede nou amelyore charabya yanmyanm kakachat, zòt ta vle rele kreyòl la, m ap tande depi sèt an nan bouch majorite animatè pwogram radyo nan Sid Florid la.

Mwen ta ozanj, anplis, si m ta wè rekèy sa a rive nan tout zile ak peyi kreyòl nan Karayib la, nan Amerik di Sid la avèk peyi Oseyan Endyen yo pou li pote lareverans ak tavoudra gran sè yo : Ayiti.

Mwen kwè tout rezon sa yo montre yon reyedisyon Recueil de Proverbes créoles sa a mize nan wout men li pote bon konmisyon.

xxx

Pou konmande li :

 

(Si w vle yon liv siyen)

Max Manigat

16302 SW 28th Court

Miramar FL 33027-5213

Telefòn : 954-443-2260

maxmanigat@aol.com

xxx

Educa Vision, Inc.

7550 NW 47th Avenue

Coconut Creet FL 33073

Telefòn : 954-968-7433

Faks : 954-970-0330

www.educa.com

educa@aol.com

xxx

Nou kapab achte li  nan:

 

Libreri Mapou Bookstore

5919 NE 2nd Avenue

Miami FL 33137

Telefòn : 305-757-9922

Faks : 305-757-3606

mapoujan@bellsouth.com

xxx

Haitian Book Centre

P.O. Box 258

Uniondale NY 11553

Telefòn : 516-538-5899

Faks : 775-854-0923

info@haitianbookcentre.com

www.haitianbookcentre.com

xxx

Grenadier Books

1583 Albany Avenue (corner Glenwood Avenue)

Brooklyn NY

Tel. 718-421-0162

xxx

Communication Plus, S.A.

24 Delmas 60, Musseau

Delmas, HAÏTI - HT6120

Telefòn : 2510-7047 / 3510-7230

complusa@yahoo.com

xxx

Libreri KEPKAA

2000 boulevard St-Joseph est, Porte B

Montréal, Québec H2H 1N

CANADA

Telefòn : 514-750-8800

Faks : 514-303-1558

librerikepkaa@videtron.com

www.kepkaa.com

xxx

Otè a ap siyen liv la dimanch 25 oktòb 2009

nan selebrasyon Sosyete Koukouy ap fè pou

Jounen Entènasional Kreyòl la

Little Haiti Cultural Complex

5910 NW 2nd Avenue

Miami FL 33137

soti 3: 00 apremidi pou rive 6: 00 diswa

 

________________________________________________________________________

designed by E. Etienne --- © copyright 2009 | REKA| all rights reserved