KESYON / REPONS Kesyon Moun Mande Anpil |
|
-
Èske kreyòl ayisyen an se
youn lang?
-
Ki kote lang kreyòl ayisyen
an sòti?
-
Èske kreyòl gen youn
alfabè epi youn òtograf ofisyèl?
-
Konbyen gramè kreyòl ki
genyen?
-
Ki peyi ki pale
Kreyòl?
-
Eske li posib pou nou
ranplase mo "kreyòl" la ak youn lòt mo ki ta montre lang lan
inik?
-
Jiska ki pwen gouvènman,
endistri ak lekòl Ayiti fonksyone an Kreyòl?
-
Eske gen liv lekòl an
Kreyòl?
-
Eske gen youn "Akademi
Kreyòl"?
-
Ki pousantaj Ayisyen ki
analfabèt nan Kreyol?
-
Èske gen metòd espesyal
pou ekri aksan fòs kreyòl ak tout òdinatè?
Èske kreyòl ayisyen an se youn lang?
Repons: Wi, KREYÒL AYISYEN se youn lang
tankou tout lang.
KREYÒL AYISYEN se youn lang pou rezon sa
yo:
1. Se youn sistèm kominikasyon ki fè pati
karakteristik youn antite sosyal (Pèp ayisyen) nasyonal
(AYITI) endepandan ki byen distenk (Diksyonè Larousse
Compact, 1997 page 908). Sosyolojikman!
2. Se youn sistèm kominikasyon ki ranpli
kat kondisyon syans lengwistik tabli kòm esansyèl pou defini
youn lang kòmsadwa. Kondisyon sa yo se: fonoloji, mòfoloji,
sentaks ak leksikoloji. Dapre prensip syans lengwistik la
tou, ou jwenn tout karakteristik sa yo nan kreyòl la (Yves
Déjean, Thèse de Doctorat en Linguistiques; La Linguistique:
Que Sais-je, page 114). Lengwistikman!
3. Li gen youn estrikti, li gen youn gramè,
li gen youn literati epi li gen youn gwoup sosyal ki sèvi ak
li chak jou san pran souf (Que sais-je: La Linguistique,
page 21). Syantifikman!
4. Nan pami prèske lòt 140 varyete kreyòl
ki ekziste nan divès lòt peyi sou tè a, se sèl kreyòl AYITI
a ki gen kat didantite kòm lang ofisyèl nan ONI (UN).
Otorite nan lemond antye rekonèt kreyòl ayisyen kòm lang
tankou nou kapab konfime sa nan Biwo Nasyonzini ki te asepte
rapò UNESCO te soumèt li sou rechèch ki fèt vizavi kreyòl
ayisyen an pou te klase lang nan kòm 35yèm lang entènasyonal
ki pale nan lemond (Gade rapò UNESCO sou Ayiti pou àne
1981-82). Mondyalman!
5. Gramè kreyòl ayisyen pa menm jan ak
okenn lòt lang ni lòt varyete kreyòl ki ekziste.
Inivèsèlman!
6. KREYÒL se youn lang, paske se sa
Konsititsyon peyi Repiblik AYITI tabli nan atik 5 la.
Nasyonalman!
Ki kote lang kreyòl ayisyen an sòti?
Repons: Nou poko konnen. Gen twa teyori
ekspè yo pwopoze.
Teyori Plantasyon: Gen lenguis ki di
lang kreyòl la fèt nan plantasyon kolonyal akozde fason
divès gwoup esklav yo ki pa te pale menm lang te oblije viv
ant yomenm ansanm ak endyen yo. (Alfred Métreaux: 1958).
Teyori Maren Franse: Sèten chèchè di
kreyòl nou an kreye sou lanmè pandan vwayaj maren franse yo
ki pa te pale franse " île de France" lan men ki te pale
pika, pwatven,nòman elatriye... Etandone bato negriye angle,
pòtigè, olandè te konn fè komès ak bato franse yo, lang
mesye franse yo te konn pale a melanje ak lang maren lòt
bato negriye yo. Se lang sa a, daprè lenguis ki apiye teyori
sa a, pirat franse yo vin aprann blan esklav, ki te rele
angaje yo,lè yo vin ap viv sou tè fèm. Se menm lang sa a tou
kolon yo te vin pale ak esklav yo nan plantasyon yo. ( L-F.
Hoffmann: 1995).
Teyori Lang Afriken Abiye ak Vokabilè
Franse: Youn kategori lenguis (Suzanne Sylvain - 1936,
Charles Fernand Pressoir - 1947) deklare kreyòl ayisyen se
youn lang afriken ki abiye ak vokabilè franse. Nan konpare
lang kreyòl nou an ak lang ewe (Afrik), etnolenguis, tankou
Serge Fuertes remake anpil similarite ant sentaks kreyòl nou
an ak sentaks lang ewe yo. (Bilten Koukouy: 1992).
Èske
kreyòl gen youn alfabè epi youn òtograf ofisyèl?
Repons: Wi, depi ane 1979
Ak youn lwa ki pase 28 septanm 1979 leta
ayisyen louvri pasaj pou itilizasyon lang kreyòl nan lekòl
Ayiti. Atik 3 lwa sa-a lage responsablite fikse epi amande
òtograf ofisyèl lang kreyòl la nan men espesyalis Ministè
Edikasyon Nasyonal. Premye epi dènye piblikasyon òtograf
ofisyèl lang kreyòl ayisyen parèt 31 janvye 1980 sou siyati
Sekretè Deta Edikasyon Nasyonal Jozèf C. Bèna.
Men alfabè ofisyèl kreyòl la : a, an, b,
ch, d, e, è, en, f, g, h, i, j, k, l, m, n, ng, o, ò, on,
ou, oun, p, r, s, t, ui, v, w, y, z.
Depi piblikasyon lwa sa-a ki tabli alfabè-a
ansanm ak òtograf kreyòl la, gen plizyè travay lengwistik ki
fèt. Konsa, vin gen ti diskisyon nan mitan ekspè yo sou 4 ti
pwen: itilizasyon vwayèl bouch-nen "oun", konsòn "ng", siy
espesyal "ti tirè" epi "apostwòf" .
Tankou nou ka remake sa nan dokiman
Sekreteri Deta Alfabetizasyon pibliye nan ane 1991 sou tit
"Ekri Kreyòl Fasil", son ak siy espesyal sa yo pa itilize.
Mèzalò, daprèzavwa, poko gen youn amandman ofisyèl ki fèt
òtograf ki parèt nan ane 1980 an valab jiskaprezan.
Konsa ou gen dwa ekri: "Pingga youn mounn
fè-m sa k'pa sa" epi "Younn, de, twa mazounbèl." onson
"Pinga yon moun fè m sa k pa sa" epi "Youn, de, twa
mazonbèl."
Klike la-a pou ou li tout tèks Òtograf
Ofisyèl Kreyòl la osnon dokiman Ekri
Kreyòl Fasil.
Konbyen
gramè kreyòl ki genyen?
Repons: Gen plizyè liv ki ekri nan lòt lang
epi ki bay eksplikasyon sou sentaks kreyòl. Men kòm liv
gramè kreyòl ki ekri nan lang kreyòl pou eksplike prensip
fondamantal lang kreyòl ayisyen si gen senk, nou pa kwè gen
plis.
Pami sa nou konnen yo, gen:
* Gramè Kreyol Kaye Elèv Katriyèm ak
Senkyèm Ane,1982: Enstiti Pedagoji Nasyonal (Depatman
Edikasyon Nasyonal Ayiti) 112 P. * Ann Etidye Lang Nou
an, Iv Dejan, 1986 Edisyon Demen Miyò. * Gramè Kreyòl
Vedrine, Emmanuel Vedrine, 1996, E. W.Vedrine Creole
Project, Boston, Mass. 354 P. * Lekti ak Gramè; 4èm Ane,
Komite Edikasyon Karitas Ench, 198?
Ki
peyi ki pale Kreyòl?
Anvan nou reponn kesyon sa-a, fòk nou fè
youn ti entwodiksyon sou itilizasyon mo kreyòl la:
Tout fwa lang kolonizatè yo konbine ak lang
endijèn pou kreye youn lòt lang ki vin sèvi kòm lang matènèl
youn pèp yo rele lang tou nèf la: kreyòl. Konsa, si ou
louvri youn liv lenguistik ou va sèzi wè ki kantite kreyòl
ki ekziste sou latè. Kidonk, nou reponn kesyon an sèlman pou
kreyòl ki gen enfliyans franse.
Repons: Men youn lis teritwa kote yo pale
kreyòl (ki gen enfliyans franse):
- Ayiti epi dyaspora ayisyen toupatou sou latè
- Matinik ak Gwadloup (Teritwa Lafrans nan Karayib)
- Ladominik (Karayib)
- Sentlisi (Karayib)
- Grenad (Karayib)
- Zile Tik ak Kayikòs (Karayib)
- Laluizyàn (Teritwa Etazini)
- Giyàn Franse (Amerikdisid)
- Lareyinyon (Afrik)
- Rodrig (Afrik)
- Sechèl (Afrik)
- Zile Moris (Afrik)
Nan lis sa-a, gen 2 peyi ki
rekonèt kreyòl kòm lang ofisyèl pèp yo: Ayiti
(1987) Sechèl (1977)
Eske
li posib pou nou ranplase "kreyòl" ak youn lòt
mo?
Repons: Gen moun ki pwopoze pou yo rele
lang nou pale a "Ayisyen", youn mannyè pou kwape pèsepsyon
aryere ki vle fè kwè kreyòl la se youn dyalèk, youn sistèm
kominikasyon ki poko jwenn matirite youn lang tout bon. Men,
li klè pèp ayisyen se kreyòl li rele lang li pale-a. Konsa,
pou evite konfizyon ak chire pit, gen moun ki chwazi itilize
tèm spesifik tankou "kreyòl ayisyen" olye yo senpman di
"kreyòl" osnon "ayisyen".
Jiska
ki pwen gouvènman, endistri ak lekòl Ayiti fonksyone an
Kreyòl?
Repons:Gen youn rezonman ki senp pou repons
sa a . Tout sa ki ap fèt nan endistri fèt an kreyòl. Ekzanp:
Enjenyè a fè plan li an franse, men bòs ki ap sèvi ak plan
an pou li bati kay la pa pale franse pou li ekzekite plan
an. Mekanisyen yo pa pale franse nan ranje machin. Kèlkeswa
domèn teknik lan depi travay la rive nan men ti anplwaye
osnon atizan se an kreyòl li ekzekite.
Youn save tankou Jacques S. Alexis ekri li
aklè "si yo di ayisyen sispann pale kreyòl tout peyi a ap
kanpe. Pa genyen anyen ki ap fonksyone ladan." (referans:
Jacques-Stephen Alexis nan Prolégomènes à un manifeste du
réalisme merveilleux des Haïtiens, Présence Africaine, no
8-9-10, juin-novembre 1956, pp. 245-271.)
Eske
gen liv lekòl an Kreyòl?
Repons: Wi.
Men, jiskaprezan, se sitou liv kreyòl pou
klas primè ki itilize Ayiti tankou: liv lekti, istwa,
jewografi. Gen kèk grenn liv ki pibliye nan domèn teknik epi
syantifik (biyoloji, medsin, teknik òdinatè, anviwonman)
men, jiskaprezan yo poko rantre nan curriculum lekòl Ayiti.
Eske
gen youn "Akademi Kreyòl"?
Repons: Non, sa poko ekziste.
Gen moun ki di li ta bon pou Ayiti mete sou
pye youn akademi kreyòl pou asire disiplin nan evolisyon
lang lan; Sepandan, gen lenguis ki kont lide sa-a, paske
daprè yo akademisyen yo pral kokobe evolisyon lang lan.
Ki
pousantaj Ayisyen ki analfabèt nan Kreyol?
Repons: Nou poko gen enfòmasyon fyab sou
sa. Men, nou li nan estatistik sit Anbasad Ayiti nan
Wachintonn gen apeprè 49% moun (ki gen plis pase 15 zandaj)
nan peyi a ki konn li epi ekri. Ki pousantaj moun sa yo ki
kapab li ak ekri Kreyòl? Epi, nan dyaspora Ayiti ki kantite
moun ki kapab li epi ekri kreyòl? Nou poko konnen. N'ap
sètoblije bouske plis enfòmasyon pou ou sou sa.Si ou jwenn
repons la anvan nou tou, pa neglije voye li pou nou nan reka@kreyol.org.
Èske
gen metòd espesyal pou ekri aksan fòs kreyòl ak tout
òdinatè?
Repons: Wi! ou kapab fè aksan fòs lè ou ap
ekri kreyòl ak nenpòt odinatè.
Men youn premye metòd:
- Mete makè sourit òdinatè a sou ikòn ki make "START"
la. Ikòn sa a nan kwen anba agoch ekran tout òdinatè ki
alamòd toujou. Klike, epi glise sou opsyon "SETTINGS".
Klike tou sou opsyon "CONTROL PANEL" la.
- Nan bwat ikòn ki louvri devan je-w la, chèche ti ikòn
ki make "KEYBOARD" la. Klike sou li. L ap ouvri youn bwat
ikòn ki make "PRINTER PROPERTIES". Bwat sa a gen 3 katab.
Klike sou dezyèm nan, li make "LANGUAGES".
- Nan bwat sa a, klike anba fenèt blan an, sou ikòn ki
make "PROPERTIES" la. Ap vin gen youn lòt ti bwat dyalòg
ki parèt voup sou ou.
- Klike sou tiflèch tèt anba ou wè adwat la. Chwazi lang
ki make "UNITED STATES INTERNATIONAL" la. Apre sa di OK
pou tout bagay yo epi fèmen tout bwat ikòn ak bwat dyalòg
ki pa nesesè ankò yo.
- KOUNYE A, pou reyalize aksan fòs yo, n ap annik peze
bouton ki sou kote agoch chif ki gen foto aksan fòs la
(dezyèm ranje bouton sou klavye a), anvan nou peze lèt
korespondan an. Si nou gade byen, bouton sa egzakteman
anba lòt bouton ki make "ESC" la.
AVANTAJ teknik sa a:
1. Ou bezwen fè sa youn sèl fwa sèlman nan
òdinatè a. 2. Li mete aksan fòs ni sou lèt majiskil, ni
sou lèt miniskil yo san diskriminasyon.
Men youn dezyèm metòd pou nou ekri aksan
fòs:
1. Sou klavye ki devan nou an, peze bouton
'NUM LOCK' la. Bouton sa a adwat klavye a, anwo lòt touch
anplis ki gen nimewo yo (anglè a di NUMBER KEY PAD). Nou
deja pare pou ekri lèt ak aksan fòs yo.
2. Pou tape lèt ak aksan fòs yo, n ap peze
bouton 'ALT' la. Gen de ladan yo: younn adwat, younn agoch.
Nou gen dwa peze nenpòt. Men, pito nou pran abitid pou
TOUJOU peze sa ki agoch la. Men sa k enpòtan, peze bouton
'ALT' la san ou pa lage li epi tape nimewo korespondan sa yo
pou jwenn lèt ak aksan fòs yo:
Alt 138 = è Alt
133 = à Alt 149 = ò
Gen 254 antotal pou jwenn aksan fòs ak
senbòl tipografik konsa. Nou bay 3 sa yo senpman paske se yo
nou bezwen kounye a pou kreyòl la.
Pa bliye: kou nou fin tape nimewo
korespondan an, se pou nou leve dwèt nou sou bouton 'ALT'
la. Lèt la ap parèt ak tout aksan fòs li.
|