REKA pibliye tèks an Kreyòl pou tout bon
ekriven ki vle fè konnen zèv yo sou entènèt la, tanpri, li kondisyon pou yon
moun pibliye nan REKA anvan ou kontakte nou.
ANONS
Gen yon gwo defansè lang kreyòl la ki mouri anndan peyi a, se Sony Bastien direktè
radyo Kiskeya. Nan koutmen Sony pou avansman lang kreyòl la nan peyi a, tout moun
dwe admèt, pi gwo zam Sony pou li defann lang kreyòl la se te sèvi avèk lang kreyòl
la nan domèn kote moun te konn di li pa ka ale yo. Sony fè lang kreyòl la pale. Sony
pa t konn pè pran inisyativ lè li santi nesesite a, se konsa Sony kite yon rado mo
nèf nan lang nan : egzanp zenglendo.
Manm REKA yo ansanm ak tout lòt kreyolis mete yo ansanm pou yo rekonèt travay
yon pitit gason peyi a, etan y'ap koube byen ba devan kadav li.
Antèman Sony Bastien se pou Lendi 9 jen 2008, a 9 vè dimaten, legliz Sakrekè.
Nan dimanch swa ap gen yon veye nan lokal radyo a. Fanmi a
ak zanmi kanmarad li yo mande pou moun pa voye kouwòn flè,
men pou yo pito voye kado bay FHADIMAC ki chita nan
nimewo 208 Lalue, Potoprens. Telefòn: 22-45-63-35; 22-45-61-47;
Faks: 22-45-61-26