PajBèlantre | Aprann Kreyòl | Kesyon/Repons

Lekti/Enfòmasyon | Ekriven kreyòl nou yo
Nan Lakou REKA


GID POU MOUN KI VLE EKRI NAN REKA

REKA (Jounal Kreyòl Ayisyen) asepte tout kalite tèks (pwoz, pwezi, trete syantifik, repòtaj sou liv, sou evènman, teyat ak fèt… elt) nan men nenpòt ki moun annotan moun nan enskri kòm manm/sipòtè REKA. Pa bliye tou gen de nivo patisipasyon pou yon manm: manm ki peye yon kotizasyon ak sipòtè ki enskri pou potekole ak REKA tousenpman.

Tèks yo dwe ekri an Kreyòl Ayisyen dapre dekrè ki te tabli òtograf ofisyèl la an 1979 la e ki te pibliye an janvye 1980 an. Nou espere resevwa tèks yo sou fòm elektwonik, tou pare pou pibliye. Nou ta pi pito jwenn yo nan fòma "simple text", men nou mèt sèvi ak nenpòt lòt fòma si nou pa kapab fè sa. Tout ilistrasyon, tablo, chema … dwe vini apa nan yon lòt paj nan yon fòma "gif" oswa "jpeg" nou ka voye monte sou entènèt la.

REKA swete pibliye tèks inedi, ki poko pran lari ditou. Men, nou pibliye tou tèks ki parèt deja nan edisyon papye depi ekriven ki mèt tèks la pran responsablite pou li tcheke ak editè premye piblikasyon an. REKA oswa komite jounal la pa responsab vyolasyon dwadotè yon moun ta ka komèt lè li soumèt yon tèks ba li. Tout responsablite rete sou kont moun ki soumèt tèks la.

REKA vle jwenn tèks ki tou pare pou monte sou twal mondyal la, sa vle di ekiven an responsab pou mete tout ba sou tèt “t” ak tout pwen sou tèt “i”. Si travay sa a pa fèt, REKA rezève tèt li dwa pou li fè ti chanjman tou piti sou kesyon pwen ak vigil, sou kesyon òtograf kèk mo ekri. Si travay sa a twòp pou fèt, REKA ap klase tèks la san li pa pibliye li e li pa oblije enfòme otè a lè sa a. Ekriven, veye plim ou paske lagè avèti pa touye kokobe.

Tèks REKA resevwa yo ap gen pou yo pase egzamen anba je de save ki ap gen pou deside si tèks sa a merite pibliye anba labanyè REKA. Moun ki ap gen pou egzanine tèks la p'ap konnen non moun nan ni okenn lòt enfòmasyon sou li. Sepandan, ekriven an ap bay REKA enfòmasyon ki pou ede li idantifye ki moun ki ekri atik la. Si tèks la twò long, REKA ka pibliye li pa epizòd e REKA responsab pou rezime pati anvan yo pou ede moun k ap li a pa pèdi.

An finisman, nou rekòmande ekriven yo swiv règ kèk asosyasyon mete pou ede moun k ap pibliye prezante yon travay pwòp. Rekòmandasyon sa a fèt pou evite erè ki ka domaje yon referans. Silvouplè, tradui an Kreyòl tou sa ki pa ekri an Kreyòl lè nou fè yon sitasyon.

Toujou kenbe nan tèt nou, REKA prezante tout kalite tèks san li pa apiye ni andose ankenn. REKA pa responsab kontni politik yo ni fòm literè yo. Sèlman, nou tout nan REKA vle fè tout moun sonje pozisyon nou ki se respekte òtograf ofisyèl la.


REKA
P.O. Box 967
Randolph, MA 02368
USA

reka@kreyol.org
----------------------------------------

design by E. Etienne--www.emmanex.com © copyright 2005 | REKA| all rights reserved