REKA

REKA
P.O. Box 967
Randolph, MA 02368
USA

reka@kreyol.org


PajBèlantre
BÒNANE! BÒN SANTE!
Lapè pou nou tout.
REKA pase ane 2004 la menmjan, nou ta ka di, yon malad grav te pase yon nwit. REKA wè ane 2005 lan e li ap pwofite swete " Bònane" pou tout moun ki te voye non yo ak adrès elektwonik yo ba li. Se sa ki te pèmèt li ka kominike ak yo. REKA di kouraj ak fòs pou plis pase 17 000 moun ki te vizite sit la nan ane ki fenk sot pase a epi li ap tann yo kare-bare toutolon ane 2005 lan.
Si ou gade byen sit www.kreyol.org la, ou va wè kèk chanjman ki fèt. Nou vle pran tan nou pou nou esplike ou modifikasyon sa yo.
1- Nou abandone tit asosyasyon nou te vle bay REKA a, paske pakab gen asosyasyon si pa gen manm. Nou di pa gen manm paske REKA pa jwenn sipò li ta dwe espere nan men manm li yo.
2- Jounal Kreyòl Ayisyen (JKA) a sispann piblikasyon li paske li manke atik ak ekriven.
3- Seksyon "Ekriven Kreyòl Nou Yo" ap kontinye ak kontribisyon de animatè sit la. Li ta bon anpil pou lòt moun vin pote-kole ak nou dekwa pou nou ka fè konnen ekriven ayisyen ki chwazi lanng Kreyòl la pou yo esprime sa ki nan tèt yo ak nan kè yo.
4- Menm lè "Nan Lakou REKA" pa gen siksè nou te espere a, nou ap kontinye ak li paske se sèl mwayen nou genyen pou fanatik REKA yo kominike yonn ak lòt, menmsi se yon fwa konsa anpasan.
5- Nou vin ak yon ribrik tou nèf: "Bonjan Lekti... Bonjan Enfòmasyon...". Ribrik sa a ranplase ansyen ribrik "Lekti Semenn Nan", paske nou pa te ka kenbe konpa chak semenn lan. Men se menm regleman yo, oka nou ta bliye, men li: Detanzantan REKA ka pibliye yon tèks nou prete nan men lòt sit entènèt yo ki sèvi ak kreyòl tou; osnon nou ka prezante tou yon tèks nou pran nan achiv nou pou fasilite lekti ak konesans moun ki vizite nou. Prigad: Nou prezante tout kalite tèks san nou pa apiye ni andose ankenn. Nou pa responsab kontni politik yo ni fòm literè yo. Sèlman, nou vle fè tout moun sonje pozisyon REKA ki se respekte òtograf ofisyèl la.
6- Ede nou gaye nouvèl la. REKA ap pibliye tèks an Kreyòl pou tout bon ekriven ki vle fè konnen zèv yo sou entènèt la, tanpri, li kondisyon pou yon moun pibliye nan REKA anvan ou kontakte nou nan adrès sa a : reka@kreyol.org
Pou fini, nou swete tout moun va fè sa yo kapab pou ane 2005 la ka bon pou tèt pa yo, pou fanmi ak zanmi yo; epi, poukipa pou peyi Ayiti tou. Ann kenbe la san nou pa moli!
Lionel Hogu ak Michel-Ange Hyppolite( Kaptenn Koukourouj)