PajBèlantre | Aprann Kreyòl | Kesyon/Repons

Lekti/Enfòmasyon | Ekriven kreyòl nou yo
Nan Lakou REKA
Togiram Emile-Célestin Mégie

Ak Michel-Ange Hyppolite





 Lavi Togiram

Émile-Célestin Mégie (Togiram) fèt nan youn vil ki rele Marigo. Vil sa a se nan Sidès peyi a, tou pre Jakmèl, li chita. Poudayè, non vanyan misye Togiram, te kreye apatide mo Marigot a li te vire lanvè. Togiram fèt 16 oktòb 1922.

Depi Émile Célestin Mégie te gen douz an lespri li te panche sou literati. Premye travay Togiram nan domèn pwezi te pran lari nan jounal apatide laj sèz an.

Premye travay pwezi Togiram te pran lari nan youn piblikasyon ebdomadè ki te rele " Le Petit Marigotien". Jounal sa a te kreye nan kolaborasyon Togiram, youn frè li , Rossini Mégie epi youn zanmi li, Faust Claude Volel.

Lòt jounal ki te pibliye pwezi Togiram yo se La Nouvelle Abeille nan vil Jakmèl. Jounal sa a te parèt youn fwa chak semenn sou direksyon Pascal Arthur Brun nan ane 1939.

Nan Pòtoprens, Togiram te pibliye travay literè li ansanm ak divès kalite atik jounal nan La République, Le Soir, Le Nouvelliste ansanm ak nan Le Petit Samedi Soir, kote li te travay soti 1971 rive 1985.

Kòm Togiram kwè nan youn prensip ki di : "Konesans tankou manje fèt pou separe younn ak lòt.", pandan li ta pe viv Pòtoprens nan Site Jan XXIII, li te konn ransanble youn ekip jèn lakay li pou li te pataje konesans li ak yo.

Pi devan soti nan ane 1988 pou rive 30 out 2004, Togiram pibliye atik ak pwezi nan " Ti gout pa ti gout ", seksyon kreyòl Haiti En Marche. Piske Togiram te toujou nan lesefrape ak otorite peyi a, li te konn pibliye tèks li yo sou non Elimèd Togiram. Lè nou vire mo sa a lanvè li te ban nou Émile de Marigot .

Premye metye Émile-Célestin Mégie se chapant, men li te konn travay kòm ajan ki ta pe mezire dlo lapli nan Mòndèkomisè. Pi devan nan lavi-l, li te vin responsab pwodiksyon materyèl nan pwogram alfabetizasyon ONEC ki vin tounen ONAAC pita.

Nan kòmansman ane 1980 yo, Togiram te vin direktè adjwen jounal Le Petit Samedi Soir. Gen youn epòk li te pibliye pwòp jounal literè pa li, ki te rele Espiral ( 1960 - 1966) epi Gindòl ( 1971 - 1985). Togiram te genyen konesans nan domèn lalwa, sa te pèmèt li travay kòm notè piblik nan peyi li Marigo.






 Zèv Togiram

Togiram di nou lavi pa janm fasil pou li, menm lè li ranmase kèk flè, toujou gen gwo pikan ki ap tann li pi devan. Rèv Togiram gwo anpil, sepandan pi bèl rèv li se pou li ta wè peyi li tounen youn modèl nan domèn lengwistik pou tout lòt peyi ki pale kreyòl yo.

Togiram pase tout lavi li ap goumen pou vansman lanng kreyòl la. Se papa li ki te inisye li nan konba sila a. Konsa, nou kab konprann se youn batay li va lage senpman lè li kouche ap gade de tèt zòtèy li, paske bon kòk pa janm bay gany. Se sa tou Julio Jean-Pierre konnen, ki fè nan liv pwezi li a ("Tras, 2003") li ekri youn pwezi ki pote non Émile-Célestin Mégie, kote nou kapab li pawòl sa yo:

"Lè Mégie ap monte lakay li
Li vire Marigo lanvè
Pou ba tèt li apostwòf
Chak galèt li pile
Voye monte yon kont chante
Yon silab yon mizik
Epi se bal epi se fèt
Konsè konsòn epi dizuime."
(Tras 2003 )


(Tras 2003 )

Pwezi se nanm Togiram. Pou Togiram pwezi se lavi. Si ou mande li pouki, li va reponn ou:
"se tout eksperyans pèsonèl nou ki ap pase nan youn pwezi. Poudayè, youn mounn pa bezwen ni konn li ni konn ekri pou li powèt, paske nou fèt ak don powèt nou."
Pou li apiye lide sa a, Togiram bay ekzanp sanmba kou Anakawona ki pa te konnen ni li ni ekri epi ki te youn sipèb powèt fanm.
Li bay tou ekzanp konpozè nou yo ki toupatou nan bouk anndan peyi a, kote yo ap voye chante nan bann rara, nan seremoni vodoun ak nan anpil lòt aktivite. Yo pa konnen ni li ni ekri. Poutan, yo sèvi ak pawòl yo voye nan chante yo pou yo chanje lavi.

Konsa, daprè Togiram, pwezi, kèlkeswa pwezi a, se youn zouti ki gen pouvwa transfòme youn sosyete, paske li konekte ak vibrasyon ki reponn nou jouk nan fon nannan nou.



designed by E. Etienne--www.emmanex.com © copyright 2005 | REKA| all rights reserved