bel_antre
ekrivenlektiaprann
Rudolph Muller

Ak Lionel Hogu



Rudolph Muller kite mak li sou pwezi kreyòl la

Feliks Moriso-Lewa
Mercedes F. G.
J-C Martineau
Rudolph Muller
Mirvil
Émile-Célestin M.
Keslèbrezo
Manno Ejèn
Frantz Wainwright
Lenous Suprice
Jan Mapou
Michel-Ange H.
Pierre Vernet

Nou pase 8 mwa ap fouye chèche enfòmasyon sou ekriven Rudolph Muller san gwo siks? Li sanble pa gen anpil moun ki konnen Muller, mwen menm jwenn yon moun ki di m msye sanble li depoze plim li enpi li kraze yon kite sa. Annatandan, nou vle prezante ekriven sa a kanmenm, paske piblikasyon liv "Paròl Anpil" msye a make yon epòk nan evolisyon literati kreyòl ayisyen an. Enprimri Henry Deschamps te pibliye liv la apre li te fin ba li pri liter?espesyal Paulette Deschamps-Frish an novanm 1977. Mwen sonje sa tankou jounen jodiya, mwen sonje tou fason yo te anonse nouvèl sa a, tout moun t ap tann yon pri tankou sa fèt chak ane. Ane sa a te gen de pri, youn te kouronnen yon rekèy pwezi bileng Kreyòl-Franse.

Anvan nou retounen sou nouvèl pri a, ann gade kijan lang nou an t ap evolye nan epòk sa a. Legliz katolik te deside , apre Vatikan 2, f?sèvis li yo an kreyòl, dekwa pou pèp la ka patisipe pi byen nan aktivite legliz la. Men, se pa te tout lamès P?yo te kapab chante an kreyòl, paske te gen kèk gwo pawasyen boujwa ki te mete tèt yo an kwa pou sa pa fèt. Radyo te kòmanse bay emisyon nouvèl inèdtan an kreyòl nèt (nou sonje Liliane ak kanmarad li yo depi 1977), men se leswa, al?endiy nouvèl sa yo te pase, paske radyo sa yo pa te vle kontrarye bonjan odit?yo, ki te vle tande franse, menm angle tou, paske Radio Métropole te gen yon pwogram an angle ki te rele "Ten to Eleven" pou moun ki tande lang sa a. Jouk nan epòk sa a, te gen kèk kote nou te kontinye li ekrito "Yo pa pale Kreyòl isit la" (Il est formellement interdit de parler Créole). Charles Alexandre Abélard nan Radio Port-au-Prince enpi pita nan Radio Nationale te konn resite kèk powèm Morrisseau-Leroy jou premye janvye ak 17 oktòb pou selebre Papa Desalin. Kèk ekriven te mete an Kreyòl pyès klasik franse tankou " Le Cid" (Nono Numa, Jeneral Rodrig an 1975). Men manmanpenmba a se kont pale, Kaptenn Koukouwouj ta di pito istwakout, nan plas mo "kont pale" a, Maurice Sixto yo ki te konn pase an Kreyòl chak dimanch sou divès estasyon radyo pou plezi moun ki konn sa ki bon. Pwofes?Hubert DeRonceray deside demontre an 1974-1975 si ansèyman te fèt an Kreyòl, li ta pi bon pou elèv yo ak tout peyi a. Anfen, levènman an se "Twoufoban" nan lane 1977, pyèsteyat Franketienne ki sanse te prepare espektat?yo pou "Pelentèt" ki te jwe chak semenn nan Rex Théatre ak nan vil pwovens yo pandan preske ennan, ak sal plen tankou yon ze. Jan nou w?a, Kreyòl la t ap pran jarèt, men li potko ofisyèl. Moun ki te vle pibliye an Kreyòl, tankou Togiram, te dwe peye depans enprimri yo ak lajan nan pòch yo. Se nan kontèks sa a pri Paulette Deschamps-Frish la vin gen tout val?li.

Mwen sonje jou sa a, l?komite Pri Deschamps an vin nan radyo pou pwoklame pri a pou ane. Apre yo fin anonse pri regilye a, ki ane sa te tonbe nan men Mak Péan, yo di yo deside bay yon jenn ekriven yon pri espesyal. Yo te ba li pri a akoz odas li. Roger Gaillard te pran mikro a epi li te prezante Rudolph Muller bay piblik la. Jou sa a, tout san m tresayi l?m a p tande Pwofes?Gaillard k ap pale Kreyòl pou prezante yon liv Kreyòl? (non, bileng), men se an kreyòl li te f?prezantasyon li a. Mwen pa te ka tann pou liv la enprime pou m te achte liv pa m. Fòk mwen di tou, mwen te yon tijan pa kontan akoz pati franse a ki te nan liv la. Mwen pa gen anyen kont Franse, mwen byen renmen Franse, men chak fwa mwen w?yon ekriven oblije kore zèv kreyòl li ak yon pati franse, sa f?k?m f?m mal. Se komkwadire, kreyòl pa ka kanpe poukont li, li bezwen yon bwa franse pou kore l. Nan epòk sa a tou, se te moman moun te konn ap di " Je n'ai jamais commenc?une phrase en Français pou m fini l an kreyòl." Monp?yo te konn f?sa anpil, yo komanse prèch yo an "Français" pou montre yo pa sòt, enpi yo kontinye an kreyòl pou moun ka resevwa mesaj la. Moun ki t ap pouse kreyòl yo te dwe montre yo pa sòt, yo konn pale franse tou. Liv bileng toujou jennen m pou rezon sa a, men fòk nou di tou se yon nesesite si ou bezwen vann kèk liv, paske kreyòl poko rive vann byen.

Kite kantik, pran priy? Dapre sa Christophe Charles ekri, Rudolph Muller fèt nan Pòtoprens nan dat 12 oktòb 1950. Charles di tou " se youn nan gwo potomitan pwezi kreyòl kounyeya. Li pibliye 46 tèks kreyòl nan "Paròl Anpil", liv bileng ke yo te bay Pri liter?Paulette Deschamps Frisch an 1977. An 1979, li pibliye ank?34 tèks kreyòl nan "Zinglin", liv ki totalman nan lang nasyonal nou an. Rudolf Muller pot ko gen trant an sou tèt li." Nou w?dezyèm rekèy powèm Muller la te pibliye an kreyòl nèt. Pou mwen, se yon evolisyon parap?ak premye piblikasyon an.

Piske nou pa rive jwenn enfòmasyon sou lavi Muller, ann pase lapawòl bay pwofes?Gaillard ki te nonmen tèt li " parenn powèt la" enpi li te f?yon prezantasyon majistral sou Muller. Nou repwodui tèks la dapre òtograf ofisyèl la ki potko la l?Gaillard te ekri tèks li a. Men sa pwofes?a di: (nan Pawòl Anpil) " Satisfaksyon mwen pa piti, jodiya, pou mwen prezante bay piblik ayisyen an ki renmen bèl chanson, bèl kont, ak bèl pwezi, yon jennjan ki fèk parèt, ak tout zouti liter?li nan ponyèt li. Nan lang kritik pa nou, nou rele sa talan, nou rele sa metye, kòmsi ou ta di: wo nivo pwofesyonèl...

Li pa te fasil pou mwen te chwazi tèks pou mwen prezante kòm echantiyon travay Rudolph Muller. Se toulede liv yo pou mwen ta louvri ban nou, men sa pa posib. Se mwen menm ki rekopye tèks yo dapre òtograf ofisyèl la.




MOUN SA YO 
YO 
moun yo 
moun sa yo 
vre moun yo 
moun sa ki vre moun yo 
moun tout bon yo 
bon moun tout bon yo 
bonjan moun tout bon yo 
ki pa mechan 
ki pa visye  
ki pa vol?
ki pa sansal 
ki pa vagabon 
YO 
Moun sa yo 
ki pa zanmi la soufrans 
la miz?
la nesesite 
grangou
ki pa konnen soufrans 
miz?
nesesite
grangou

Moun sa yo 
moun ledikasyon yo 
moun lenstriksyon yo 
moun anpill ledikasyon yo 
anpil lenstriksyon yo 
Moun sa yo 
moun sa ki gen k?yo 
moun sa ki gen bon k?yo 
ki pitit bondye yo 
bon jan piti bondye yo 
sa li pa f?je fèmen yo 
a men goch yo 
byen vit byen prese yo 
a degoutans yo 

YO 
yo menm 
menm moun sa yo 
moun sa menm yo 
ki renmen 
ki konn renmen 
ki konn renmen anpil 
ki konn ke yo renmen 
ke yo konn renmen 
ke yo renmen 
Yo menm menm 
ki pa lougarou 
move je 
anmèdan 
degoutan 
madyan 
bouzen 
YO 
YO MONDYE PAPA 
BANN PIL GWO KOCHON IPOKRIT SAL
ANBA CHAL SA YO 

Rudolph Muller:
Pawòl anpil, pp. 43-44, 1978


ESPWA Malmennen w ap malmennen m pwomennen w ap pwomennen grenn anm? mal?sou po do m la vi a Men sèlman m konnen ke kan mèm on l? w a va f?1 donnen on bèl gwo branch f1?blanch kouvri tout b?gòch mwen. Rudplph Muller: Pawòl anpill, p. 27, 1978 NOSTALJI Ou sonje Mari jan lan tan lontan li te bèlla vi. Ou sonje Mari jan nou te konn ri jan nou te renmen. Ou sonje Mari men de sa genyen lontan tr?lontan si tèlman lontan. Rudplph Muller: Pawòl anpil , p. 22, 1978 FRISON Je m tonbe lan je W M gade w ou gade m nou souri ou ti moman Epi ou bese tèt tou dousman Epi tout plim sou do m pantan kouri leve. Rudolph Muller: Pawòl anpil, p. 6, 1978 YON TI FANM SÈZAN KI KANPE On ti fanm sèzan ki kanpe kwen gran ri ak ri dèmirak a onz?di swa lan yon ti wòb fatige On ti fanm sèzan ki kanpe kon yon i anba yon galeri Li p ap tann kamyonèt 1i pap tann pèsonn moun sèlman lakay 1i manman 1 grangou prèt pou mouri 1i pito ret kanpe la gwo onz?di swa lan fredi anba yon ga1eri sou gran ri. Rudplph Muller: Zinglin, fev. 1979, p 26

designed by E. Etienne --- ?copyright 2008 | REKA| all rights reserved