Rudolph Muller kite mak li
sou pwezi kreyòl la
Nou pase 8 mwa ap fouye chèche enfòmasyon sou ekriven Rudolph Muller san gwo siksè. Li sanble pa gen anpil moun ki konnen Muller, mwen menm jwenn yon moun ki di m msye sanble li depoze plim li enpi li kraze yon kite sa. Annatandan, nou vle prezante ekriven sa a kanmenm, paske piblikasyon liv "Paròl Anpil" msye a make yon epòk nan evolisyon literati kreyòl ayisyen an. Enprimri Henry Deschamps te pibliye liv la apre li te fin ba li pri literè espesyal Paulette Deschamps-Frish an novanm 1977. Mwen sonje sa tankou jounen jodiya, mwen sonje tou fason yo te anonse nouvèl sa a, tout moun t ap tann yon pri tankou sa fèt chak ane. Ane sa a te gen de pri, youn te kouronnen yon rekèy pwezi bileng Kreyòl-Franse.
Anvan nou retounen sou nouvèl pri a, ann gade kijan lang nou an t ap evolye nan epòk sa a. Legliz katolik te deside , apre Vatikan 2, fè sèvis li yo an kreyòl, dekwa pou pèp la ka patisipe pi byen nan aktivite legliz la. Men, se pa te tout lamès Pè yo te kapab chante an kreyòl, paske te gen kèk gwo pawasyen boujwa ki te mete tèt yo an kwa pou sa pa fèt. Radyo te kòmanse bay emisyon nouvèl inèdtan an kreyòl nèt (nou sonje Liliane ak kanmarad li yo depi 1977), men se leswa, alè endiy nouvèl sa yo te pase, paske radyo sa yo pa te vle kontrarye bonjan oditè yo, ki te vle tande franse, menm angle tou, paske Radio Métropole te gen yon pwogram an angle ki te rele "Ten to Eleven" pou moun ki tande lang sa a. Jouk nan epòk sa a, te gen kèk kote nou te kontinye li ekrito "Yo pa pale Kreyòl isit la" (Il est formellement interdit de parler Créole). Charles Alexandre Abélard nan Radio Port-au-Prince enpi pita nan Radio Nationale te konn resite kèk powèm Morrisseau-Leroy jou premye janvye ak 17 oktòb pou selebre Papa Desalin. Kèk ekriven te mete an Kreyòl pyès klasik franse tankou " Le Cid" (Nono Numa, Jeneral Rodrig an 1975). Men manmanpenmba a se kont pale, Kaptenn Koukouwouj ta di pito istwakout, nan plas mo "kont pale" a, Maurice Sixto yo ki te konn pase an Kreyòl chak dimanch sou divès estasyon radyo pou plezi moun ki konn sa ki bon. Pwofesè Hubert DeRonceray deside demontre an 1974-1975 si ansèyman te fèt an Kreyòl, li ta pi bon pou elèv yo ak tout peyi a. Anfen, levènman an se "Twoufoban" nan lane 1977, pyèsteyat Franketienne ki sanse te prepare espektatè yo pou "Pelentèt" ki te jwe chak semenn nan Rex Théatre ak nan vil pwovens yo pandan preske ennan, ak sal plen tankou yon ze. Jan nou wè a, Kreyòl la t ap pran jarèt, men li potko ofisyèl. Moun ki te vle pibliye an Kreyòl, tankou Togiram, te dwe peye depans enprimri yo ak lajan nan pòch yo. Se nan kontèks sa a pri Paulette Deschamps-Frish la vin gen tout valè li.
Mwen sonje jou sa a, lè komite Pri Deschamps an vin nan radyo pou pwoklame pri a pou ane. Apre yo fin anonse pri regilye a, ki ane sa te tonbe nan men Mak Péan, yo di yo deside bay yon jenn ekriven yon pri espesyal. Yo te ba li pri a akoz odas li. Roger Gaillard te pran mikro a epi li te prezante Rudolph Muller bay piblik la. Jou sa a, tout san m tresayi lè m a p tande Pwofesè Gaillard k ap pale Kreyòl pou prezante yon liv Kreyòl? (non, bileng), men se an kreyòl li te fè prezantasyon li a. Mwen pa te ka tann pou liv la enprime pou m te achte liv pa m. Fòk mwen di tou, mwen te yon tijan pa kontan akoz pati franse a ki te nan liv la. Mwen pa gen anyen kont Franse, mwen byen renmen Franse, men chak fwa mwen wè yon ekriven oblije kore zèv kreyòl li ak yon pati franse, sa fè kè m fè m mal. Se komkwadire, kreyòl pa ka kanpe poukont li, li bezwen yon bwa franse pou kore l. Nan epòk sa a tou, se te moman moun te konn ap di " Je n'ai jamais commencé une phrase en Français pou m fini l an kreyòl." Monpè yo te konn fè sa anpil, yo komanse prèch yo an "Français" pou montre yo pa sòt, enpi yo kontinye an kreyòl pou moun ka resevwa mesaj la. Moun ki t ap pouse kreyòl yo te dwe montre yo pa sòt, yo konn pale franse tou. Liv bileng toujou jennen m pou rezon sa a, men fòk nou di tou se yon nesesite si ou bezwen vann kèk liv, paske kreyòl poko rive vann byen.
Kite kantik, pran priyè. Dapre sa Christophe Charles ekri, Rudolph Muller fèt nan Pòtoprens nan dat 12 oktòb 1950. Charles di tou " se youn nan gwo potomitan pwezi kreyòl kounyeya. Li pibliye 46 tèks kreyòl nan "Paròl Anpil", liv bileng ke yo te bay Pri literè Paulette Deschamps Frisch an 1977. An 1979, li pibliye ankò 34 tèks kreyòl nan "Zinglin", liv ki totalman nan lang nasyonal nou an. Rudolf Muller pot ko gen trant an sou tèt li." Nou wè dezyèm rekèy powèm Muller la te pibliye an kreyòl nèt. Pou mwen, se yon evolisyon parapò ak premye piblikasyon an.
Piske nou pa rive jwenn enfòmasyon sou lavi Muller, ann pase lapawòl bay pwofesè Gaillard ki te nonmen tèt li " parenn powèt la" enpi li te fè yon prezantasyon majistral sou Muller. Nou repwodui tèks la dapre òtograf ofisyèl la ki potko la lè Gaillard te ekri tèks li a. Men sa pwofesè a di: (nan Pawòl Anpil) " Satisfaksyon mwen pa piti, jodiya, pou mwen prezante bay piblik ayisyen an ki renmen bèl chanson, bèl kont, ak bèl pwezi, yon jennjan ki fèk parèt, ak tout zouti literè li nan ponyèt li. Nan lang kritik pa nou, nou rele sa talan, nou rele sa metye, kòmsi ou ta di: wo nivo pwofesyonèl. ...
Suit--->