bel_antre
ekrivenlektiaprann

Feliks Moriso-Lewa


kaptenn

Ak Michel-Ange Hyppolite



Feliks Moriso-Lewa
Mercedes F. G.
J-C Martineau
Rudolph Muller
Mirvil
Émile-Célestin M.
Keslèbrezo
Manno Ejèn
Frantz Wainwright
Lenous Suprice
Jan Mapou
Michel-Ange H.
Pierre Vernet

Feliks Moriso-Lewa fèt Granwozye, Jakmèl 13

mas 1912 epi li mouri Miyami 5 sektanm 1998. Feliks Moriso-Lewa pase onz premye ane nan lavi li yo nan peyi li Grangwozye. apresa li rantre Pòtoprens, kote li te etidye pou li vin avoka. Moriso-Lewa te pwofesè lekòl epitou li te jounalis.

Anvan Moriso-Lewa te kite Ayiti, li te travay nan Edikasyon Nasyonal kòm chèf divizyon nan domèn edikasyon piblik. Li sòti Pòtoprens epi li ale nan Columbia University Nouyòk, kote li mare youn metriz nan domèn edikasyon. Li te etidye tou nan New School of Social Research nan Nouyòk.

Lè li te retounen Ayiti, li te travay kòm direktè jeneral Edikasyon Nasyonal. Nan ane 1953 Moriso-Lewa te kite peyi li kòm ekzile pou li te al tabli li nan divès peyi sou kontinan Lafrik la, tankou : Gana ak Senegal. Lè li te retounen Ayiti, li te travay kòm direktè jeneral Edikasyon Nasyonal. Nan ane 1953 Moriso-Lewa te kite peyi li kòm ekzile pou li te al tabli li nan divès peyi sou kontinan Lafrik la, tankou : Gana ak Senegal.

Moriso-Lewa se powèt epi ekriven pyèsteyat. Tankou Michel-Ange Hyppolite di li nan Istwa Pwezi Kreyòl Ayiti : «Moriso-Lewa pa premye Ayisyen ki ekri pwezi an kreyòl.Si tout ekriven kritik yo dakò pou Dyakout pase kòm premye liv ki louvri branch literati kreyòl ekri a, se paske zèv pwezi kreyòl pa janm sispann ekri depi Dyakout te fin pran lari nan ane 1951 an.»
( Istwa Pwezi Kreyòl Ayiti p. 87 ).

Pawòl la di li klè nan bon ti mamit: Youn pa an aryè de pa an avan. Se poutètsa nou deside biye lespri nou ak youn rechany tan lontan pou nou sonde an pwofondè dekiprevyen pwezi kreyòl Ayiti a ak youn travayè lakilti kou Moriso-Lewa.

Zèv Tonton Moriso se youn zèv ki gen youn dimansyon totalkapital. Pou nou devwale tout sa ki ta dwe di sou Moriso-Lewa. Se youn liv antye pou nou ta ekri sou potorik gason sa a. Kòm espas nou genyen an limite, nou deside fè kèk bras sou oryantasyon pwezi Moriso-Lewa, estil pwezi li ak eritay li kite pou literati kreyòl la.

Oryantasyon Pwezi kreyòl la ak Moriso-Lewa

Nou tout konnen depi sou lakoloni pwezi kreyòl te pran chemen fèy papye. Ekzanp vivan yo se: Lizèt Kite Laplenn (1757) epi Evahim ak Aza, yo rekopye nan ane 1809. Apa tèks sa yo, ki parèt nan tout liv literati, dwe gen anpil lòt ki ap dòmi byen fon nan kèk bibliyotèk anndan peyi a kou lòt bò dlo, men ki poko rive jwenn nou, paske tren rechèch sou literati kreyòl la poko jwenn vitès awòdpòte-l.

Lè nou rantre nan peryòd endepandans lan nou jwenn kèk grenn ekriven kou Oswald Durand ak Georges Sylvain ki te pran desizyon tanpe pwezi yo ak so langay natifnatal la. Sepandan, se ak travay Moriso-Lewa nan pwezi, teyat epi istwakont, literati kreyòl Ayiti a te vin jwenn zèl pou li vole lonngpleying nan youn langay franchiz, ki tabli baz koupe fache ak tout aktivite lekriti kreyòl mòde-lage tankou sa te konn fèt anvan ane 1950 yo.

Kout zo sa a, Moriso-Lewa te frape li ak konviksyon li, paske li te kwè tout bon nan prensipal richès pèp la te kreye depi nan tan esklavay la pou li te deklete, eklèsi vwa tout pitit Ayiti ki ta pe sibi tout kalite enjistis.

Ak apwòch travay sa a, Moriso-Lewa te detere youn ja, paske se depi lè sa a tou pwezi kreyòl la pral chanje oryantasyon. Anfèt, anvan Moriso-Lewa pwezi kreyòl la te plis sèvi pou zanmore seche dlo chagren lanmou yo. Nou kab nonmen non tèks kou Lizèt Kite Laplenn ak Duvivier Lamahotière, Choukounn ak Oswald Durand, epi Reproche de Ti Yette ak Macillon Coicou.

Konsa, kòm Moriso-Lewa te deside rantre nan batay san kache lonbrit, sa te lakòz lòt militan pwo-chanjman kou Paul Laraque, Claude Innocent, Frank Fouche elatriye suiv chemen an ansanm ak li.Nan fen ane swasant yo, gouvènman François Duvalier a te koupe souf pawòl jèvrin sa yo , men yo te al resisite anndan legliz gras ak pisans òganizasyon pè Ti legliz yo.

Se vitalite mouvman reveye konsyans sa a ki te siye bwa a jouk pèp la te rive flanke makak la youn so kabrit. Ennèji pou kapote reny Jean-Claude Duvalier a te sòti nan pisans motè lanng kreyòl la. Nou konstate tou, depi apre ranvèsman ekip Jean-Claude Duvalier a sou pouvwa a, politisyen ak tout lòt mounn ki kwè nan avansman kòz pèp la te sèvi ak lanng pèp la.

Anfèt, nanpren youn travayè literati nasyonal ki kab rive soufle youn van chanjman ki gen nanm tout bon, san li pa sèvi ak lanng nasyonal peyi kote li ap viv la. Nan ka pa nou se lanng kreyòl la. Moriso-Lewa te konn sa, lòt kanmarad ki te deside suiv kouran li an te konnen li epitou tout kreyolis jounen jodi yo rete kwè nan menm prensip la. Se sa ki lakòz wout Morisi-Lewa te trase pou literati kreyòl la rive jwenn nou entak nan fen ane 1990 yo.

Pedale rive nan ane 1994 Maximilien Laroche te parèt ak menm konsta a anndan youn esè ki pote non Sémiologie Des Apparences ki soti nan GRELCA. Kidonk, oryantasyon kòk batay pwezi kreyòl modèn lan se rezilta konviksyon travay Moriso-Lewa nan ane 1950 yo.

Lè Moriso-Lewa ap ekri pwezi kreyòl, li pa nan dechidera. Se tankou kout tanbou a ki di: " Sa ou gen pou ou di-m lan di-m li la a." Li pa nan okenn vire adwat-agòch, ki riske lage mesaj li nan tyouboum. Moriso-Lewa se pòtvwa mas pèp la. Li sèvi ak pwòp langay pèp la pou li rapòte kondisyon lavi pèp la nan pwezi li. Nan youn atik nou te ekri nan Révue L'Étincelle (novanm-desanm 1983), ki te pibliye Monreyal, nou te kritike apwòch: " sa ou gen pou di -m lan di-m li la a".

Sòti nan finisman ane 1990 yo rantre nan ane 2000 yo, nou te fè lòt pwopozisyon, men jounen jodi a, nou ap di menm jan ak pwofesè Joubert Satyre, nou pa te dwe rantre nan batay nouvèl jenerasyon ak ansyen jenerasyon, paske chak epòk gen apwòch lekriti pa li.

Touris pa pran pòtre-m
Pa pran pòtre-m touris
M-twò lèd
M-twò sal
M-twò mèg
[..]
'Gi mi fay sens
Epi, ale fè chimen-w touris
Dyakout 1,2,3 pp. 20-21

Nan ti bout tèks sa a Moriso montre nou aklè, pèp la pa bezwen okenn mounn vin tire pòtre mizè li pou yo al pale li mal pi devan. Sepandan, pèp la bezwen lajan pou li viv. Lè Moriso-Lewa ap pale se pèp la limenm ki ap respire. Konesans Moriso-Lewa sou tout detay ki nan viwonnman lavi pèp la pèmèt li jwenn tout kalite mo wololoy pou li dekri reyalite lavi pèp nou an. Mo Moriso-Lewa chwazi pou li ekri tèks li yo se mo ki mache bradsibradsou ak jèm levasyon pèp nou an. Awòm pawòl Moriso-Lewa yo se esans lavi lakay.

Jouk jounen jodi a estil ekriti sa a la toujou. Se limenm tou nou rele tèks ENDONT lan. Nan epòk Moriso-Lewa a kalite tèks sa yo te akseptab. Epitou yo te ede pwezi kreyòl la pran kap li pandan li ta pe pran plas li nan depatman literati je klere a. Pou jounen jodi a nou dwe ale pi lwen pase Moriso-Lewa. Si pou pwezi kreyòl la rete menm jan li te parèt nan tan Moriso-Lewa a nou mèt di nou ap viv nan ane 1950 yo toujou. Nan ane 2000 yo la a, nou pakab gen menm krent ak Moriso-Lewa, paske gen tout kalite medya pou analize, rapòte, esplike tout kalite mesaj nan kèlkeswa nivo a. Kidonk, chans pou nou rate objektif nou ak travay ekri nou yo pa anpil.

Konsa, nou dwe kòmanse kase youn koub sèk nan estil travay nou san kè kase ni laperèz. Moriso-Lewa rapòte pawòl pèp la san detou epitou li rantre nan fason pèp la pale a pou li bay tèks li yo ranfò ak kout repetisyon. Se lè sa a tou li simen youn pafen kadans amoni sou pawòl yo ki pèmèt youn klate pwetik liminen figi yo delatètopye. Lè konsa se kòmsi ou ta pe resite youn litani. Kidonk, chamantiz pwezi kreyòl Moriso-Lewa yo mennen kòd sansib nou nan fondas natifnatal nou. Poudayè, pami powèt kreyòl nou li yo, si nou retire Kikiwainright, nou ka di nou poko tonbe sou younn ki metrize jwèt ale-vini repetisyon an menmjan ak Moriso-Lewa. Nan youn tèks san tit nou ta kab rele Dlo, nou jwenn youn litani ak mo dlo a:

Dlo ki te la anvan tout bagay
Dlo k-ap rete lè tout bagay fini
Dlo ki batize timoun la yo
Dlo ki pou lave kadav nou
Dlo lapli dlo larivyè
Dlo fontèn
[..]
Dlo nan kalbas dlo nan bokit
Dlo nan danmjann
Dyakout 1,2,3 p.51

Se kòmsi se youn rakle Moriso-Lewa ap ban nou ak mo dlo a. Men amezi li ap desann ak grenn mo sa a, mo a ap antrene nou nan youn alimba ki pèmèt nou dekouvri tout enpòtans dlo genyen nan lavi nou. Nan repete mo dlo a san rete li ( mo dlo a) vin tounen youn litani. Se nan litani sa a tou, nou ka dekouvri kadans tèks la.

Lapli, tonbe, tonbe
Lapli, tonbe
Tonbe, lapli
Ala bèl lapli
[..]
Tout lannuit nou pral reve lakansyèl Dyakout 1,2,3 p.30

Repetisyon ki nan tèks sa a fè nou reve lapli je klè. Lè repetisyon an pa fèt dirèk-dirèk ak mo lapli a li parèt ak mo ki kreye prezans lapli a nan panse nou. Se sa ki rive lè otè a sèvi ak mo lakansyèl la nan tèks ki pi wo a. Lakansyèl pa lapli, men pakab gen lakansyèl san lapli .

Eritay Moriso-Lewa se pa senpman liv li kite yo, se an menm tan risk li te pran pou li sispann ekri an franse epi mete plim li nan sèvis pèp la ak lanng kreyèl la, sèl grenn lanng ki simante tout Ayisyen sou latè.Menmsi nou sanble Chinwa, Endou, Panyòl, Ewopeyen, depi nou pale kreyòl tout dout vole gagè.

Nou ensiste sou mo risk la , paske nan epòk Moriso te pran kokennchenn desizyon sa a, mounn pa te enterese nan kreyòl. Dayè, yo te rele kreyòl patwa. Kidonk, lè Moriso-Lewa te pran desizyon ekri an kreyòl, li pa te pè sa nou rele izolman an. Nou dwe raple tou nan tan sa a se pwòp konpatriyòt li, ki ta pe viv sou menm tè ak li, ki pale menm lanng ak li, ki te kreye kondisyon izolman yo pou li. Men Moriso-Lewa te konnen li se kiyè bwa li pa ta kab pè chalè . Li te kontinye travay li san bwete. Apre senkant an ak youn ti degi sou tèt li, risk Moriso-Lewa a vin tounen eritay tout peyi a.

Si nan ane 1950 yo, Tonton an te pran youn risk pou li kite youn eritay pou sa ki dèyè, nan kòmansman ane 1989, nan youn konferans sou kreyòl pwofesè Yvon Lamour te òganize nan Boston, Moriso-Lewa te parèt ak youn prediksyon. Li te di: "Gen youn tan ki pral rive kote literati Ayiti pral ekri an kreyòl".

Nan "Sémiologie Des Apparences"( 1994) Maximilien Laroche abòde lide prediksyon Moriso-Lewa a ak pawòl sa yo:

"Par son(palande Moriso-Lewa) oeuvre poétique qui prépare et annonce l'écriture haïtienne du xxi ème siècle, il ( Moriso-Lewa) est le plus jeune de nos écrivains. Un écrivain de demain qui aurait commencé à publier aujourd'hui" P. 166.

Nou pa konnen ki pousantaj chans ki genyen pou prediksyon sa a tounen reyalite. Sepandan, nou remake gen youn van kreyòl ki ap soufle anba plim sèten nan ekriven nou yo ki te konn ekri senpman an franse. Nou kab nonmen non mounn kou : Claude Pierre, Josaphat Large, Lyonel Trouillot, Julio Jn-Pierre,Franketienne, Maurice Cadet elatriye.Nou espere ekriven sa yo va monte travyy pwezi kreyòl yo ansanm ak enterè yo pou pwezi kreyòl menm rotè ak eritay Moriso-Lewa kite pou yo a. Sepandan, nou remake gen plizyè ane depi mesye sa yo ralanti sou peodiksyon yo an kreyòl.

Antouka, nou espere kalite travay mesye sa yo tanmen an va sèvi angrè pou semans ki nan wout. Prediksyon Moriso-Lewa a fèt nan ane 1989, men plim Moriso-Lewa te anonse kouran tranzisyon an depi nan ane 1983 anndan Dyakout 1,2,3 ak youn tèks kou: Sa m- di nan sa Dépestre.

Fè bagèt la yo limen tanbou ban mwen.
Ride sa-k vle klere chemen yo pou n-pase
Ban-m kout lanbi k-pou travèse lanmè a.
W-a wè kote tout moun a manchte diksyonnè
Pou yo mete-w an franse
Pou yo mete-w an angle
Pou yo mete-w an ris
Pou yo mete -w an chinwa
Pou yo mete-w an panyOl

Dyakout 1,2,3 p.114

Moriso-Lewa sanse di nou li aklè, se pa ekri nan lanng etranje ki ap fè zèv nou travèse lanmè. Si nou simen bèl kout bagèt ak plim nou, eko mizik travay nou gen pou li vwayaje. Kidonk sekrè a se pa nan ki lanng zèv la pare, men se dabò fè youn zèv chelèn. Literati Japonnè gen lontan li ap travèse dlo, epoutan se nan lanng japonnè yo li ekri . Konbyen peyi sou latè ki pale japonnè? Youn sèl grenn: se Japon.

Si nou suiv konsèy Moriso-Lewa youn jou nou va di menmjan ak li:
Si ma bato-n ap konte zetwal nan bon van
N-a kouche sou do pou n-tire kont
Si lyann patat nou ap kouri atè kou koulèv vèt
N-a chita bo dife pou n-tann mayi mi
Dyakout 1,2,3 p.112

Moriso-Lewa se youn bèl jèm limyè ki te klere jaden kreyòl la. Kounye la a devwa tout jenn kreyòl yo se sakle plante wouze. Konsa xxi yèm syèk la pa pe pase san nou pa reve lakansyèl tout lajounen tout lannuit nan sobadji literati kreyòl la .

Zèv Moriso-Lewa pibliye nan plizyè lanng : franse, angle, alman, ris, fanti, twi ak wòlòf. Men youn lis kèk zèv pami divès zèv Moriso-Lewa yo

Plénitudes (pwezi franse), Pòtoprens, 1940 Natif-natal (pwezi), 1948
Dyakout (pwezi ), Pòtoprens , 1951 Adaptasyon Antigòn an kreyòl, Port-au-Prince, 1953
Dyakout 2, Monreyal, 1972 Kasamanza, Daka, 1977
Raviodyab/La ravine aux diables (istwakout an kreryòl ak franse), Pari 1982
Vilbonè, Miyami, 1982
Dyakout 1, 2, 3, 4 (pwezi), Nouyòk, 1990
Haitiad & Oddities ( seleksyon pwezi tradui an kreyòl ak Jeffrey Knapp), Miyami, 1991
Les Djons d'Ayiti-Tonma (istwakout), Pari, 1996.

---------------------------------------------------------

Lisette quitte la plaine
Mon perdi bonher A moE;
Gie A moin semble fontaine
Dipi mon pas mire toue
La jou quand mon coupe canne

Lèz tèks sa a soti nan: Li konprann ekri: yon jaden kreyòl ak Michel-Ange Hyppolite, Hugues Lamour, Jacqueline Beauge-Rosier

Nan choukounn nou li:
Yon ti blan vini rive
P'tit bab'rouge, bell' figur' rose
Mont' sou cote, bell' chive;
Malheu' moin, li qui la cause 
[..]
Choucoune quitte moin, de pieds moin lan chaine.
Conjonction # 195 p.35.

Nan Reproche De Ti Yette, Massillon Coicou a nou li: Lo moin te gen l'agent , te trouve moin belle Tankou gnou ti bijou Men l'agent fini, moin gnou azizouelle Jouqu'a temps ou dit'm chou! Conjonction # 195 p. 45

Nan ane 1901 nou vin jwenn Georges Sylvain ak youn liv kou Cric? Crac! youn adaptasyon tèks istwakont La Fontaine yo, kote li pral eseye sèvi ak pwezi kreyòl la pou li fè edikasyon popilè. Nou kab di oryantasyon sa a pa tèlman mòde, paske sòti 1951 rive jounen jodi a se apwòch revandikasyon sosyal Moriso-Lewa a ki rive kite mak li sou powèt kreyòl nou yo.

Yo di travayè pa gan dwa pran midi
M-pral pale pou yo
[..]
M-pral pale bondye pou yo
[..]
Mesye, pikwa
Pikwa pou chèf d-ekip
Mesye, pikwa
Pikwa non pou fòmann
Mesye, pikwa
(Dyakout 1,2,3 p.35.)

Men kèk echantiyon pwezi Moriso-Lewa. Genyen ki ekri ak ansyen òtograf la, konsa tou genyen ki parèt ak vèsyon òtograf leta Ayiti te pibliye nan ane 1979 la.

Mèsi papa Desalin
Papa Desalin, mèsi
Chak fwa m' santi sa-m ye
M' di mèsi, Desalin
Chak fwa m' tande youn nèg koloni
Ki poko lib pale
M'di: Desalin, mèsi
Se mwen k' konnen sa ou ye pou mwen
Mèsi, papa Desalin
Si m' youn nonm
Se pou m' di : mèsi, Desalin
Si m' ouvè je-m gade
Se gras a ou, Desalin
Si m' leve tèt mwen pou m' mache
Se gras a ou, Desalin
Chak fwa m' gade lòt nèg
M' di mèsi, Desalin
Lè m' wè sa k' ap pase lòt kote
M' di: mèsi, Desalin
Lè m' tande kèk nèg parèy mwen pale
M' di: mèsi, papa Desalin
Se mwen k' konnen sa ou ye pou mwen
Towo Desalin
Desalin, san mwen
Desalin, de grenn je-m
Desalin, zantray mwen
Se mwen k' konnen
Se pou tout nèg di:
Mèsi Desalin
Se ou k' montre nou chimen nou
Mèsi Desalin
Se ou k' limyè nou
Desalin
Se ou ki ban-n tè n' ap pile a
Syèl ki sou tèt nou an
Pyebwa, larivyè
Lanmè, letan, se ou
Desalin, se ou k' ban-n solèy
Ki ban-n lalin
Ou ki ban-n sè, frè-n
Manman, papa-n, pitit nou
Se ou ki fè-n youn jan youn mannyè
Nou pa kou tout nèg
Si m' gade tout mounn nan je
Se ou k' ap gade yo, Desalin
Se ou ki ban-n dlo pou n' bwè
Ou ki ban-n manje pou n' manje
Mèsi, papa Desalin.
Epi, se ou ki ban-n kay pou n'rete
Ou ki ban-n kote pou n' fè jaden
Se ou k' montre-n chante
Ou k' montre-n di: non
Yo di gan nèg ki di: wi,wi.
Gan nèg ki di: yèssè
Ou montre-n di: non
Desalin, montre tout nèg
Tout nèg sou latè di: non
Mèsi, papa Desalin
Gan nèg ki vle esplike:
"Tan jodi pa tan pase
E ke wi alèkile
La fraternité humaine
L' humanité, la civilisation"
Tou sa, se franse
Mwen menm, se Desalin m' konnen
M' di: mèsi, papa-m
Se ou k' fè-m
Manman-m se pitit ou
Tigason, tifi, se pitit ou tou
Mèsi, Desalin
Pitit-pitit mwen, se pitit ou
Wa Desalin, mèsi
M' pa bezwen pale pou drapo a!
Pa bezwen pale pou Lakayè
Pou Gonayiv!
Yo di sa deja
E ki mounn k' ap tande sa ankò?
Mès rekwiyèm 17 oktòb?
Ki mounn ki pral Katedral?
Diskou Minis?
Ki mounn k'ap koute sa?
Men, sa m' di la a
Se youn sèl mo: mèsi
Mèsi Desalin papa-m
Gan mounn ki pa konnen
Fò m' di yo
San ou nou pa ta la a
Mèsi, papa Desalin
Epi, fini ak Patè Nostè-w la a
Monseyè, Desalin pa mouri
Ase pale franse, Minis
Desalin pap janm mouri
Desalin la
Nèg sa a ta ka mouri!
Desalin nan kè-m
Lam-o-pye
Desalin ap veye
Youn jou Desalin va leve
Jou sa a, nou tout n' a konnen
N' a konnen si 1804
N' a konnen si Lakayè
N' a konnen si Lakrèt-a-Pyewo
N' a konnen si Vètyè
Desalin te fè tou sa
Pou ti nèg ekri powèm
Pou Minis fè diskou
Pou pè chante Te Deoum
Pou Monseyè bay labsout
Desalin pa bezwen labsout
Tou sa Desalin fè bon
Youn jou Desalin va leve
W' a tande nan tout lanmè Karayib
Y'ape rele kote-l
Desalin pran lèzam
Arete-l
Lè a, w' a tande vwa-l kon loray
Tout nèg koupe tèt boule kay
W' a tande nnan tout Lamerik
Y' ape rele: rete-l
Vwa Desalin deja an radyo
Koupe tèt boule kay
Nan tout "Harlem" Desalin ap mete lòd
W' a tande: bare Desalin
Jouk "Dakar"
Jouk "Johannesburg"
W' a tande: kote Desalin pase?
Koupe tèt boule kay
Desalin pa bezwen labsout
Pa bezwen padon Bondye
Okontrè: Desalin se bra Bondye
Desalin, se jistis Bondye
Pa bezwen Patè Nostè Monseyè
Ni eskiz nèg yo vle mande blan a yo
Desalin pa bezwen
Pou tou sa l' fè m' di: papa Desalin, mèsi
Pou tou sa l' pral fè
M' di: mèsi, papa Desalin

* Tèks sa a ekri daprè òtograf
lwa 18 sektanm 1979 la.

Sa m-di nan sa, Dépestre
Gan yon pawòl k-ap pale nan tout peyi
Y-ap pale-l an Frans, y-ap pale- an Ayiti
Yon koze ki jan pou ti nèg ekri
Si Dépestre vle mande Aragon
Si Césaire vle reponn Dépestre
Sa m-di nan sa: zafè yo
M-mande Boukmann, m-mande Desalin
Ki jan pou ti nèg Ayisyen ekri
M-sanble tout moun anba tonnèl mwen
M-rete tou sa m-kontre nan bann Rara-m
Tout Wa-Madigra k-ap monte Bèlè
M-mande yo: sa n-di nan sa ?
M-mande tèt mwen, m-mande vant mwen
M-tande manman-m ap chante yon chanson
M-wè papa-m k-ap mennen yon konbit
M-gade sè-m yo k-ap triye kafe
M-koute frè-m yo k-ap sèkle yon jaden
Pitit mwen yo k-ap tire kont
Gou ven-kann nan kafe-m
Koulè tè nan jarèt mwen toujou
Van nan mòn ap antre nan kalbas mwen
E pi lwen, pi lwen, jouk lòt peyi
Lwen, pi lwen pase nan Ginen
Menm kout lanbi Sen-Domeng lan
Klaksonn, radyo, sirèn pa wè la
Reponn mwen: sa n-di nan sa ?
N-ap chante ansanm:
Nou pa ganyen Pyano
Agaou Wèdo Nou pa ganyen
Pyano Se twa Tanbou Nou ganyen
M-mande matlo k-ap jwe zaviwon
M-mande medam yo k-ap rele nan veye
Travayè sou wout Travo Piblik la yo
Ti machann K-ap vann ze nan lari
M-mande chofè kamyon Leogàn-Difò
M-mande Madan Sara: sa n-di nan sa ?
Kannòt nou chavire
Siklòn kraze kay nou
Larivyè bwote pitimi-m
Menm lè a tou, pri danre tonbe.
Sa ou wè n-di nan sa ?
Lè Rara rive, n-a fè chante sou yo.
Gan: nou
Gan: yo
Yo: ekri franse
Nou: konn fè chante.
Lè chante-n tounen siklòn
N-a kraze kay tou
Sa te rive deja
L-a rive ankò
Si ma bato-n ap konte zetwal nan bon van
N-a kouche sou do pou n-tire kont
Si lyann patat nou ap kouri atè kou koulèv vèt
N-a chita bò dife pou n-tann mayi mi.
Tanbou rada gan yon son pou l-ba-w
Lè kè nèg isit kontan vre, pitit
Men tou !
Ou menm ki an egzil, si ou te kapab
Seye non, Dépestre,
Si ou te ka jwenn jan banbou gwonde.
Sa ganyen poul-rive kou yon zeklè
Lè-w tande youn, de, twa, san,
Ou tande san, de san, twa san, mil,
Tande mil, de mil, twa mil, milyon.
Bon! Tout ti nèg bouke, fache nèt, fache nèt
Ou Konnen: bouke ranni pou chwal galonnen
Tout bèt nan bwa an kòlè, move sa l-fè-l fè
Ou monte nan balkon ak mesye a yo
Pou-w gade laba, lwen, lwen, briz la
Tanpèt la k-ap vini ak lapli loray la
Nan yon balkon wo ak mesye a yo
Pou-w gade 'pèp souvren' k-ap prale pase
W-a di-m, atò, se pou di-m ti frè
Nan ki lang ou santi bagay sila a.
Pa koute moun k-ap di: écoute mon vieux !
Gade anba, laba a, sa k-ap vini laba a
Ou pa wè se an kreyèl l-ap vini
Jan l-ap mache, jan l-ap danse nan lè a
Sote, ponpe, woule, kouri, naje, vole a
Ki lòt jan pou ekri-l ?
Si ou vle rete nan balkon san desann
Se pou chwazi vit anvan l-twò ta.
Ekri, pa ekri: sa-k pou fèt la...
Si ou sonje byen, se te konsa Sen Domeng.
Apre, sa n-te jwenn pou n-di:
Didi dadi dada, dada dida didi
Dido dodi dodo, dodo dodo dodi.
Anthologie des poètes d'expression française:
Bouke fè blan pase Desalin nan betiz.
Kite Aragon boule
Diven bizawèl li te bwè nan san-l toujou
Césaire menm santi se pa koze a sa.
Ayisyen gan yon lòt pawòl pou yo di.
Nan vant nou gan yon loray k-ap bouyi
Depi plat manje esklav la kontre
Ak kout kleren nèg lib la.
Fè bagèt la yo limen tanbou ban mwen.
Ride sa-k vle klere chimen yo pou n-pase
Ban-m kout lanbi k-pou travèse lanmè a.
W-a wè kote tout moun ap manchte diksyonnè
Pou yo mete-w an franse
Pou yo mete-w an angle
Pou yo mete-w an ris
Pou yo mete-w an chinwa
Pou yo mete-a an panyòl.

(Félix Morisseau-Leroy (l956) nan "Dyakout 1,2,3":



C'é bon
C'É bon,
C'é bon, jige
C'é bon, pè
C'é bon, dépité
C'é bon, grand prévot
C'é bon, Empèrè
Ça ous v'lez di ous

C'é bon
Ça ous v'lz di ous
C'é bon
Ç'é bon, jige
Jigez-m
Condamnez-m
Acquittez-m
C'é bon, Pè
Baptisez-m
Confessez-m
Communien-m
Confirmim-m
Enterrez-m
Chantez- libera-m
C'é bon, dépité
Bate-dos-m
Votez pou ous
C'é ça
Mangez mangé-m
Do'mi nan cabanne-moin
Pitite fi-m ap fait café
Ah ! La bon bonne à tout fait
Ça ta fait la ville
C'é bon police
Calez-m, police rirale
Bâton sans mémoi
C'é bon
Police oh !
Arretez-m
Laguez-m avant élection

C'é bon, huissiez
C'é, apentè,
Dégèpi-m
Descente-dé-liez-m
Ça pou'm di passé ça
C'é bon, dépité
M'a saoul bien saoul
Pou'élections
C'é bon, pastè
Convètis-m
Civilisez-m
C'é bon

Di-m parole: frèrre-là...
Di-l'encô
Mettez-m nan folklore
Fai live ac moin
Achetez-m bon ma'ché
Venne moin chè
C'é bon.

(Félix Morisseau-Leroy (l95l) nan "Diacoute" p. 4-5)


La pli La Pli, tombez,
tombez La pli, tombez,
Tombez, la pli
A la belle la pli
Toute bête content
A la planter na planter dinmain
Toute lan nuite nous pr'alle réver l'a'c-en-ciel

Mwen ekri li jan li parèt nan liv pwezi a ki te pibliye nan ane 1951 mwen vle di «Diacoute» # en an



designed by E. Etienne --- © copyright 2008 | REKA| all rights reserved