Feliks Moriso-Lewa fèt Granwozye, Jakmèl 13 mas 1912 epi li mouri Miyami 5 sektanm 1998. Feliks Moriso-Lewa pase onz premye ane nan lavi li yo nan peyi li Grangwozye. apresa li rantre Pòtoprens, kote li te etidye pou li vin avoka. Moriso-Lewa te pwofesè lekòl epitou li te jounalis.
Anvan Moriso-Lewa te kite Ayiti, li te travay nan Edikasyon Nasyonal kòm chèf divizyon nan domèn edikasyon piblik. Li sòti Pòtoprens epi li ale nan Columbia University Nouyòk, kote li mare youn metriz nan domèn edikasyon. Li te etidye tou nan New School of Social Research nan Nouyòk.
Lè li te retounen Ayiti, li te travay kòm direktè jeneral Edikasyon Nasyonal. Nan ane 1953 Moriso-Lewa te kite peyi li kòm ekzile pou li te al tabli li nan divès peyi sou kontinan Lafrik la, tankou : Gana ak Senegal.
Moriso-Lewa se powèt epi ekriven pyèsteyat. Tankou Michel-Ange Hyppolite di li nan Istwa Pwezi Kreyòl Ayiti : «Moriso-Lewa pa premye Ayisyen ki ekri pwezi an kreyòl.Si tout ekriven kritik yo dakò pou Dyakout pase kòm premye liv ki louvri branch literati kreyòl ekri a, se paske zèv pwezi kreyòl pa janm sispann ekri depi Dyakout te fin pran lari nan ane 1951 an.» ( Istwa Pwezi Kreyòl Ayiti p. 87 ).
|
 |

Félix Morisseau-Leroy 1994-1995
Photo : D.R.
Zèv Moriso-Lewa pibliye nan plizyè lanng : franse, angle, alman, ris, fanti, twi ak wòlòf. Men youn lis kèk zèv pami divès zèv Moriso-Lewa yo
- Plénitudes (pwezi franse), Pòtoprens, 1940
- Natif-natal (pwezi), 1948
- Dyakout (pwezi ), Pòtoprens , 1951
- Adaptasyon Antigòn an kreyòl, Port-au-Prince, 1953
- Dyakout 2, Monreyal, 1972
- Kasamanza, Daka, 1977
- Raviodyab/La ravine aux diables (istwakout an kreryòl ak franse), Pari 1982
- Vilbonè, Miyami, 1982
- Dyakout 1, 2, 3, 4 (pwezi), Nouyòk, 1990
- Haitiad & Oddities ( seleksyon pwezi tradui an kreyòl ak Jeffrey Knapp), Miyami, 1991
- Les Djons d'Ayiti-Tonma (istwakout), Pari, 1996.
|