Ak Lionel Hogu
Premye fwa mwen tande palede Jean-CLaude Martineau se te an Ayiti, yon dimanch apremidi nan yon pwogram Jean Dominique sou Radyo Ayiti Intè.
Jou sa a, Jean te kòmanse pwogram nan ak yon tèks ekriven an t ap prezante limenm: Pale Moun Nan Nò. Apre tèks sa a li te pase Flè Dizè enpi de twa mizik Carole Demesmin chante.
Nan finisman pwogram espesyal sa a, Jean te di se menm moun ki ekri chante sa yo ki ekri de lòt tèks nou te tande nan kòmansman an; li te tou pwofite di tou ekriven sa a ap viv aletranje. Se sou nòt sa a tou, emisyon dimanch apremidi sa a te fini.
Jean pa te vle pale twòp sou ekriven sa a, ni tou li pa te ka di plis , paske se yon moun ki te ap viv an egzil poutèt gouvènman Divalye yo. Efè Jean te ap chèche a te reyisi tètkale nan sèvo mwen, paske depi lè sa a mwen te ap chèche konnen plis sou kokennchenn gason sa a.
Kèk mwa apre, mwen vin jwenn liv Flè Dizè a nan Libreri La Pléiade, jou sa a, mwen pa te gen kote pou mwen te met kò mwen sitèlman mwen te kontan. Konsa, mwen vin dekouvri plis toujou nan sa ekriven sa a te gen anba plim li.
Nan ponmennen toupatou anndan peyi a, li vin pale Kreyòl menm jan ak moun nan Nò paske li te rete Chata, li pale tankou moun nan Sid tou paske papa li se moun zòn nan. Li aprann obsève mannyè ak abitid moun ti bouk kote li te ap viv yo. Li leve kouwè yon tipeyizan, li te plante ak rekòlte latè menm jan ak yo.
Jean-Claude te kòmanse lekòl li Okap, lè fini, li ale kontinye lekòl li Kankòk ak Chata, de ti bouk bò Plezans. Li fini klas li yo nan Lise Tousen, Pòtoprens; apresa li al pran yon diplòm kontab an Ayiti. Nan kòmansman lavi grandèt li, li travay pandan sèt lane nan estasyon radyo kòm animatè "Radio Port-au-Prince".
Lè koudeta 1991 la, li janbe al travay nan anbasad ayisyen an nan Wachintonn. An 1994, li tounen an Ayiti kote li te travay nan Televizyon Nasyonal pou prezante pwogram edikasyon yo. Nan mitan ane 2004 la, Jean-Claude retounen Boston epi li di nou li ap travay sou de liv tounèf, li ta renmen mete yo deyò prese-prese.
Malgre sa yon moun ka di, Martineau se yonn nan ekriven ki fè anpil pou pwomosyon lang Kreyòl la. Li te esplike se nan finisman ane 1950 yo, li te tande powèt Feliks Moriso-Lewa ki te ap di yon powèm an kreyòl epi sa te fè li vin enterese ekri nan lang nan an tou.
Lè li vin antre Boston, li vin monte gwoup "Haiti Culturelle" la enpi li tonbe ekri teyat pou manm yo jwe. Kèk nan tèks nou konnen yo se: Djouman, Restavèk, Dejwe, ak yon adaptasyon tèks Sixto a : Lea Kokoye. Nan yon chita-pale li te genyen ak yon gwoup elèv ayisyen Boston nan dat 6 avril 1989, men sa li te di :"Dapre mwenmenm genyen plizyè rezon pou mwen ekri an Kreyòl:
Pou moun ka wè Kreyòl kapab di nenpòt ki bagay e li kapab di li byen, li kapab di li bèl.Jean-Claude Martineau fè pati yon kategori ekriven ki li tèks yo pou piblik la tou. Men jan Michel-Ange Hyppolite palede mouvman sa a. : " Nan tan lontan lodyans te konn bay an fanmiman anndan kay osnon nan lakou. Men, avèk pwogrè teknoloji yo, kote lodyans sou plak vinil, kasèt epi sidi, tout yon vil kab tande menm lodyans lan anmenm tan. Yon moun ki kab rantre nan kategori lodyansè sou plak ak kasèt, se Koralen. Men tou, gen yon ti diplis nan lodyans li yo. Yo rantre nan yon kategori ki rele istwakont paske anpil nan lodyans Koralen yo fini avèk yon leson osnon yon panse moral. Kòm lodyans Koralen yo gen kadans epi liypwezi yo fini ak silab ki gen menm son, sa vin mete lodyans li yo nan kategori pwezi.
Si nan literati franse-a, Franswa Malèb te siprann lasosyete nan mete lòd nan dezòd... Sanba ki rele Koralen an, bon kontè nan lang Kreyòl Ayisyen-an, dekouvri youn ja plen kawolis: konfeti dyaman pou youn pwezi kreyòl wòdpòte nan literati natif-natal la... (Jan Mapou)
Kit nan fòm, kit nan fon, zèv Koralen pote esans natifnatal tou pi kilti peyi nou an. Si gen yon atis ki konn fè enspirasyon li, itilizasyon plim, machinatape ak òdinatè respekte nòm lakay, san poutan chouchoute anvlopman, se Koralen. Savalouwe Koralen! (Yvon Lamour)
Te genyen ti Roro, te genyen Sixto, vin genyen Martineau; pawòl pale, tamtam pote koze marye a son listwa youn sosyete yon pèp nan souf youn sanba ki ap mennen nanm nou bouloze chak fwa lekzil chèche maspinen kè nou ak lapenn. Enspirasyon ou pa rèv oun sanba, men rèl vwa youn pèp. Kout chapo pou ou Koralen. (Gary Daniel)
Koralen, yon sanba rakontè, yon lirisis ki makònen listwa pou rakonte kont ak istwa ki zegwifye, dantele nan kilti lakay. Kòm langaj se zam, se zouti kominikasyon, Koralen sèvi avè li pou li melanje vwa ak kreyativite li pou li fè pase yon vizyon, yon aspè moral ki ankre nan lit demokratik ak respè lakilti. Li se yon vwa enpòtan nan transandans konesans ak nan gadò aspè oralite rakontay ki chita nan matris fòlklò nou , ki se youn nan aksan fòs idantite nou. Nan literati nou, Koralen se yon flè solèy. (Patrick Sylvain)
Fè youn lomeyans an de tan twa mouvman pou youn sanba ki simayen sitèlman bèl flè nan jaden legzistans nou se konwè ou ta mande youn mounn monte nechèl syèl pa do. Koralen pa youn atis fasil pou sènen. Mouche jwe sou twòp teren. Gen de lè, nou kontre bab pou bab ak li sou gazon pwezi. Se plezi! Youn plezi ak "P" majiskil ki plwaye kè-n tankou youn fèy papye-kadriye lè l'ap deplòtonnen lavi frè-n ak sè-n yo douvan je nou. Youn lavi ki vlope nan ranyon, k'ap viv arebò LAVI. Gen lòt lè, se sou bitasyon kominikasyon oswa koridò teyat, mizik ak fim dokimantè nou sote sou li.
Se flanm! Se sewòm! Youn sewòm! Youn sewòm ki dezonbifye konsyans nou
sitèlman byen, nou rive dekouvri lamerik youn chaloska k'ap pilonnen rèv
nou. Kèlkilanswa teren rankont nou ak Koralen, nou pa janm soti pèdan.
Poutèt sa, nou di-l: Chapo ba! (Frantz Minuty)
Men kèk paj nan liv Koralen yo
Ayiti Demen
Flè Dizè 1
Flè Dizè 2
Flè Dizè 3
Flè Dizè 4
Tèlson 1
Tèlson 2
Tèlson 3
Tèlson 4
Men sous nou te konsilte pou ekri tèks sa a:
* Martineau Jean-Claude, 1982: "Flè Dizè"; Marika Roumain, New York; 88 p.
* Koralen (Martineau Jean-Claude), 1991: "Pwezi-Kont-Chante"; Editions
Libète, Delmas; 94 p.
* Martineau Jean-Claude, san dat: "Pwezi ak Istwa" (kasèt)
* Martineau Jean-Claude, plak referans LP3334 Stereo, san dat: "Flè Dizè";
JEANMAR Records
* Hyppolite Michel-Ange, 2000: "Listwa Pwezi Kreyòl Ayiti -esè"; Edisyon
Production Koukourouj, Ottawa; 265 p.
* Fèy papye pwogram "Omaj ak Selebrasyon" Asanble Atis Ayisyen nan
Massachusetts yo te òganize anlonè Jean-Claude Martineau (Koralen) nan dat 5
ak 6 avril 1997 nan Boston.
* Anrejistreman kasèt yon chita-pale Jean-Claude Martineau te fè nan dat 6
avril 1989 ak elèv ayisyen ki te nan lekòl "English High School" nan Boston.
(1)Asanble Atis Ayisyen nan Massachusetts, tandiske Marika Roumain di li fèt
27 janvye 1937 nan entwodiksyon liv Flè Dizè a (1982).