bel_antre
ekriven../../lektiaprann

Jean-Marie Willer Denis


[Jan Mapou]
mapou

Ak Lionel Hogu



PWEZIGRAM p.47-48

 
Jan Tanbou, bwa pen laplenn
Jan Tanbou, Jak Woumen nan fè nwa
Tanbou k-bandonnen fanmi
Kouri pati kite manman, papa, fanmi
AI bobo konpè lanmò
Peyi Dayiti chaje ak Pwason, Ii di nou
Peyi Dayiti ap eklate anba pwason
Pwason dlo dous
Pwason dlo sale
Pwason plizyè pa man
Pwason Davril
Pèsonn pa konn kote yo soti
Pèsonn pa konn ki jan y'ap peri
Zangi gen konfyans nan dlo
Men wè pa wè se dlo ki kuit Ii.


Tanbou Asòtò, se non sa-a pou pran
Jan Asòtò, ou konnen doulè pitit
Elèv lekòl, soti lekòl, fè lekòl
Mayi-bouyi, labapen ti grenn
Doumbwèy nan pwa

Dejene, dine, soupe
Tanbou Asàtà trese riban mesaj
Pou fanm saj, glise mesaj Jak Aleksi
Nan zorèy ti nosan.

Tanbou Asàtà kreve
Otofonik kraze
Toupi grizonnen
Nan fant janm chanbelann
Lajenès an debandad
Tanbou Asàtà kreve
Tout espwa vante
Libète rabàday fè piyay ...
Banbilay pran daso sou tèt 'Fàk nan pwen'
Egzibisyon Agamonnte
Di-Nò-o-Sid, de-Lès-a-Lwès.

Si Jan Tanbou ap repoze vye zo-I
Si l'al repozwa san sèkèy madou/è
Souple ... Pe bouch, kite-I dòmi
Libera pou yon bon prochen.


AMBA MAPOU-A p.69-73

Blag, se youn bon bouyon remontan. Youn bon ponnch nan moman lafeblès. Blag s'oun bon te jenjanm byen cho nan tan fredi. Youn bon blag, youn bon lodyans penmèt ti nèg kenbe fèm an ba baf y' ap pran nan lavi-a. Youn bon blag byen asezonnen fè malere bliye pwoblèm ak lasoufrans k' ap fann fwa yo isiba. Lò ou tonbe sou youn flannè k' ap vide blag atè, w-a ri jouk ou bave. Sa fè-m sonje 10 m'te jenn tibway, chak swa, nou sanble nan pwent kafou anba poto elektrik. Marengwen ak bèt lanp ap dodomeya toutotou youn ti anpoul k' ap michmich youn ti limyè pwatrinè. Ak kèk bout kann towo, kèk kokoy, tablèt lakol, 2-3 grenn sigarèt banda k' ap pase de-bouch-anbouch ... Bouch ap mache. Lodyans ap tonbe. Youn blag raie youn lot. Lo nou tonbe sou do jenn gengenn yo menmenm, kit yo te bon timounn, kit yo te grigri, se vole nou fè yo vole. Lo se medam yo menm k'ap voye zen monte sou gason yo, nan pwen bouch pou pale.

Blag ki bon file glise desann k' oun tonmtonmkalalou. Pou mounn yo flank nan prizon, san rezon, blag se tankou oun grenn kafenòl. Li pase vant fè mal, tèt fè mal, opresyon kou maldan. Lò youn malere prizonye chita men nan fouk sou siman frèt Fò Dimanch, nan mitan karanng ak tivè blanch k' ap trese-riban, lò youn malere y' arete san jijman lage nan kacho Fò Dimanch, pye atè, san kanson, toutouni k'oun boutèy, youn manman anpoul-100 sou fontenn tèt Ii, youn kin souspyant nan nen-l maten-midi-aswè, youn kin k' ap degaje youn odè bayakou k' oun vaporizatè ... Blag nan moman saa pase grangou, pase swaf, geri malenng.

Nan prizon, blag kenbe prizonye ak lafwa pou yo pa falta. Nan prizon, youn blag ale-vini 77-fwa-7fwa san janmen vante. Bon ou pa, komik ou tris, yo riminen-l sou ri min en k'oun gonm chiklèt. Sa fè-m son je youn jenn ti pwofesè reto-filo yo te arete pou "kominis"nan Site Sen Maten. Li t'ap pouse twòp bon bèt ak elèv Ii yo osnon ak ekip zanmi premye Site-a. Se te an 1969. Y'arete-l, yo lage-l nan prizon Fò Dimanch k'oun sanzave kriminèl. .. Menmjan ak youn tinonsan 7-an yo te arete pou "enkoni" nan zòn Kazal.

Youn jou swa, tout prizonye nan seIilla, men nan fouk, chi ta debò. Ti pwofesè-a nan mitan,l'ap fè klas pou nou. Se te youn kou sou istwa Dayiti. Li pran tout epòk okipasyon blan meriken-an, depi premye jou yo te debake rive jouk pèp -la te flanke yo deyo. Epi li di nou : "Mesye koute-m byen. Koute-m wi. Kenbe fèm. Pa dekouraje. Se lò youn mounn mouri, de je-l fèmen, souf li koupe ... Lavi fini. Toutotan gen tisouf lavi, gen espwa. Bouche nen nou, man je tyentyen-an epi bay gwo lanm lodyans. Bay tout kalite lodyans. Lodyans ki pou distrè lespri nou. Se lodyans ki pou fè nou bliye gaI k'ap leve sou nou ak gratèl karanng k'ap satouyèt nou. Pò dyab!

Ti pwofesè sa-a pa t'gentan pou l'te lite plis ak nou. Plen mennuit (22-23 jiye 1969 ) yo rale- l nan selilla. Yo foure tèt li nan fouk li epi yo mare-l, yo woule-l tankou youn balon ansanm ak youn bann lòt jenn gason, etidyan, pwofesè yo te arete nan zòn Okap swadizan yo te jwenn depo zam ... Yo te mete tout jenn gason sa yo nan youn machin bwat y' ale ak yo. Jouskounye m'ap tande rèl plent ak konplent pòv malere sa yo ki disparèt san kite tras. Jou yo te mennen mesye sa yo anndan selilla, nou pase 3 jou 3 nuit san domi ap lapriyè. Te gen 33 prizonye anpile kou sadin nan youn ti kare prizon ki ka pran 7 mounn pou pi plis. Yo tout te blese. Nan je, nan pye, nan men. Tèt kèk kase, dan kèk rache ... pye kèk kase. Yo pase 3 jou ap soufri. San pansman. San medikaman. San man je. Se 7 plat man je yo te ban nou yo, nou te separe ak yo. Chak mounn te pran 2-3 kiyè pou soutni kè yo. Ti bokit-kin nan ki te konn sèvi pou 7 mounn vin gen 26 lòt envite. Li pase 3 jou ap debòde ... Li pa janm pran repo. Li pa janm fè twalèt. M'pa ka di plis pase sa.

Nou pa t'janm bliye konsèy ti pwofesè-a. Konsa nou bay blag. Nou bay blag. Blag sou blag. Blag sou monpè. Blag sou pastè. Blag pike. Blag man je. TimTim; Krik Krak…

Nou bay blag labib pou nou ka kenbe lafwa nan youn Bondye k'ap ede nou soti nan tribilasyon sila-a. Blag betiz fi-a-gason ki ban-n ti sansasyon ki fè nou santi nou toujou gason, anyen pa der an je. Blag man je ki fè-n dòmi-reve bèl bout kuis poul ak tiri djondjon osnon bèl grenn pwason babaren bonkou sèl k' ap layite nan youn sòs pikliz; de bèl grenn bannann fran byen jòn sou kote-l…

Pou lodyans, tinèg vide lodyans. Lodyansè ou pa tinèg envante blag. Nèg repase blag depi solèy kouche jouk avyon patwouy 4-è dimaten pase. Gende nèg anndan yo se tankou youn faktori k' ap founi blag san rete. Yo gen memwa dyab. Youn memwa konpyoutè. Depi yo tande youn blag, yo kenbe-l. Yo ranje-l, mete youn ti diplis pou fè-l pi gou. Atis komedyen sa yo pa kanmarad Langichat, Aisibyad, Moris Siksto, Tonm Malè, Ralba, Papadòs etsetera. Dyakout lodyans yo pa janm kreve. Ak mesye sa yo n'ap soufri dan griyen. Y'ap fè ou ri jouk ou pipi.

Tousa se pou mwen fè nou konprann valè syentifik blag genyen sou youn mounn, youn gwoup mounn, youn kominote osnon youn peyi. Lò nou rantre pi fon nan kilti natif-natal la, nou banke ak kont Bouki ak Malis, Jan sòt ak Jan Lespri. Nou jwenn KrikKrak, Tim- Tim bwachèch, lodyans dyab, devinèt elatriye. Se tout youn galita richès, nou Ayisyen nou genyen pou ledikasyon pèp la.

Lò youn kominote pa gen blagè s' oun tristès.Sa vIe di bouch kominote-a sangle. Li sou nè. Li sou tansyon. Li boude. Pou nenpòt tikrik-tikrak, tansyon- 1 monte, Ii prèt pou eklate ...

Youn kominote san blagè tankou youn lopital san sewòm ...



DPM KANNTÈ p.35-36

(Matyas, youn gwonèg, youn potorik gason te deja nan kanntè-a ak Filoklès asosye-l, ap bay tout mounn men, fè yo monte. Matyas gen youn kaye, l'ap gade non mounn ki peye, ak non mounn ki poko fin peye.)

Matyas.- oumenm Andreya ou te bay Filoklès 750 dola. Ou manke 250 dola eske ou pote rès kob la? (Andreya foure men nan kôse-l, li rale youn ti sak, Hi on je youn bann dola plwaye bay Matyas.)

Matyas.- Ou si, gen 250 dola la-a ?( Ii foure kôb la nan pôch Ii ak rapidite, san konte)

Andreya.- Se granmounn ki non-m, tande. Wim se wi; non-m se non (Filoklès kontinye ap anbake fanm ak timounn nan kanntè-a). Gen youn timounn lO-an k'ale pou l'monte)

Matyas.- Ey ti Mafi vini nonL Kote manman ou? Manman-w te bay 40 dola. Si li pa bay rès kob la, ou pa ka ale non. Si manman-w pa ka peye tankou tout mounn, w'ap blije rete. (Timounn nan pran kriye)

Ti Mafi-Tonton Matyas tanpri, kite m'ale ... manman-m vann tout sa li te genyen. Se 40 dola sèlman li resi genyen. Li pa ka ale, se mwen li voye ... Tanpri Ton Matyas ... M'a fè ti travay nan kanntè-a pou ou, m'a jete vaz, m'a netwaye vonmi epi Tonton Matyas m'konn kenbe zaviwon wil ... tanpri... Manman di, 10 ou rive, w' a fè youn blan kado-m, m'a fè ti travay pou li, epi lè mwen kabab m'a voye kichoy pou li ak timounn yo. Pa kite-m Ton Matyas tanpri... (Li tonbe kriye. Li mete ajenou l'ap sipliye Matyas.)

Matyas.- Gade non, Hank mwen zorèy mwen. Al kanpe la-a. Tann mwen fini. (Li pouse timounn nan ki tonbe sou dèyè .... tout mounn nan kanntè-a sezi pou wè jan Matyas gen kè di)

Matyas.- Oumenm madanm, kote ou praIe? kouman yo rele-w ?

Man Tata.- Rey! kounye-a Matyas, ou gentan bUye non-m? Aladetraka papa! Sa k'te gentan gen la-a? Yo rele-m Man Tata. Se lakay mwen chak samdi ou konn vin man je mayi moulen ak legim nan ... epi apre?

Matyas.- (louvri kaye-a l'ap chache non Man Tata) Mwen pa wè non-w nan kaye-a. Kiyès ou te peye?


::. Paj anvan





designed by E. Etienne --- © copyright 2008 | REKA| all rights reserved