Jean-Marie Willer Denis

Ak Lionel Hogu
Tan ale tan vini . Tan ayè pa toujou tan jodi!! Se verite etènèl sa a Jan Mapou ap fè nou reviv ak youn grap istwakout anndan dènye liv li a ki rele Anba Mapou a ( 1999 ) . Chak grenn mounn ki deside li lafèy anba Mapou a va jwenn kichòy selon laj li. Sa ki pi jenn yo va jwenn je pou yo deniche kèk aspè nan lavi lakay yo pa te janm konnen ni tou yo ka pa janm gen chans konnen. Sa ki pi fon nan laj yo va mete bòt desanlye pou rebati jennès yo pandan pli dwèt yo ap vire fèy Anba Mapou a. Se kalite sansasyon sa yo ki ta pe detire nan lòlòj nou lè nou te fin li istwakout kou: Mwa Jen Nan Peyi Dayiti, Vakans Timounn Okay epi Elèv ak Pwofesè.
Si youn istwakout kou Elèv ak Pwofesè gen pouvwa deklannche eskonbrit ri nou disèt lajè, nan "Blag : Bon Remontan" , menm lè otè a ap konsyantize nou sou pisans sikolojik blag kapab pote pou kretyenvivan nan kèlkeswa sikonstans lavi a, nou reviv youn koutflach mantal ki mennen nou drèt nan youn pase kraze zo ki demanbre lespri nou. Youn pase , menmsi nou konnen tan ayè pa toujou tan jodi , ki kapab baskile sanzatann nan tan prezan. Wi! Nou san lè baskile peyi Ayiti nan tan ayè. Paske devlopman lavi sosyo-politik anndan Ayiti jounen jodi a make san . Tout tan move san an pa koule nou poko prèt ni pretan rive jwenn rasin pyan ki ap kangrennen lavi peyi a. San gen pou li koule lakay . Se lè move san sa a fin seche , nou va pyese-kole epi rebati ansanm nan lanmou ak lamoni .Se apre katastwòf chenmanjechen sa a nou pral aprann viv ansanm tankou frè ak sè, pitit youn sèl manman , pitit Ayiti nou renmen anpil la, paske pa gen youn pèp sou latè ki kab bati youn peyi nan hinnghang.
"Blag : Bon Remontan", se youn istwakout ki dwe raple tout sitwayen konsyan devwa li kòm gadò youn sosyete ki ap deboulonnen nan men nou gwo midi, kant li poko menm pran koulè ni tou nou poko janm pare pou nou ba li koulè . Dyaspora vèsis mounn anndan se youn ekzanp totalkapital nan karans preparasyon nou pou chanjman lavi lakay.
Sepandan , se pa reyalite ayè senpman ki founi Anba Mapou a . Nou jwenn youn ti lòsyè sou lavi politik peyi a ak youn aktivite anndan Miyami "Fouchèt Divizyon". Nou jwenn tou youn istwakout ki deplòtonnen tankou youn boulvès santimantal, men ki se youn vrè eskandal sosyal . Se istwa Jinèt ak Jera a. Nan istwakout sa a Jan Mapou dekri youn reyalite nou pa vrèman kab klase nan youn epòk kèlkonk, sòfke regleman sosyal peyi etranje yo rann li pi atwòs pase lakay. Kalite tribilasyon sa yo ap rapousuiv nou toujou nan sosyete lakay la kou nan dyaspora a. Konsa , youn istwa kou Jinèt ak Jera ap pèmèt zanmore , gason kou fanm , rete vijilan sou de pye militè yo pou yo veye parazit ki vle pran youn sistèm sosyal daso pandan yo ap tòchonnen , krabinen, dekonstonbre rèv yo te vle fè kwè yo ta pe bati ak anmore osnon anmorèz yo nan moman dlo a ta pe koule fre nan lavi yo a.
Jinèt ak Jera se istwa lanmou de jenn zanmore ki kòmanse depi Ayiti ak règleman konpreyansyon lakay pou li vin depafini nan lakou Nouyòk apati youn konbinezon efrayaik pou youn maryaj rezidans. Nan tout dewoulman istwa a otè a fè nou viv rezistans Jinèt nan tout difikilte li ap travèse yo ankonparezon ak mechanste sè Jera a epi ensousyans Jera limenm kòm anmore san konviksyon ni lizay. Sou pretèks lanmou, Jera ta pe chèche enterè lasibab li te santi ki te asire nan tan Jinèt ta pe viv Ayiti a . Jera pa te janm gen entansyon fè grenn santiman lanmou jèmen, fleri epi donnen nan bitasyon fètefouni ki pote non kretyenvivan an .
Jinèt ak Jera se youn istwa ki ekri nan youn langay senp klè san gwo devire ki pou bay latoudlin. Sepandan, otè a rive jwenn mo kle pou touche venn lapenn nou epi louvri pisans admirasyon nou pou Jinèt . Se menm mo san filaretòd sa yo ki kreye fòs moral Jinèt, deklannche motè detèminasyon li jouk baboukèt lavi vin tounen twòkèt rezistans anba chay tribilasyon li. Annou li: " Lò dlo -a te bon zanmi , ou te kage gagann ou pou rafrechi gòzye-w, ou te bwè-l ak apeti... ak safrete. Lò dlo-a sispann koule fre Jera, fòk ou aprann koule tèt ou avè-l. Si kè-n te bat sou menm kadans , si lanmou-w pa t' depaman, se lite ou ta lite ak mwen pou lavi nou ak lavi tilanj ki nan vant mwen an ta vin miyò. Ti koulèv ki bezwen grandi s'anba wòch sa rete . ( P. 46 )
Youn lòt aspè enpòtan ankò nan istwakout sa a parèt nan konparezon sosyete lakay la ak sosyete amerikdinò a : Jinèt lwen . L'ap panse... Li sonje jan mounn lakay konn viv , younn ede lòt, younn soutni lòt lè yo ap pran baf nan lavi-a.Isit se chak koukou klere pou je-l . Se bèl oto ak bèl chato, se lamama ak lemwa sèl ki konte. Mounn pa gen valè .( P. 46 ) Wi se lakay. Men se te ayè . Èske sosyete nou genyen lakay jounen jodi a pa deja chanje kazak pou ranmase move pli peyi etranje? Èske devan pòt pa deja tounen dèyè kay ? Toumant mache ak fil kaliko . Li vare toupatou san di onè . Nan toumant, ayè ak jodi mache egalego. Se pase isit pou nou kontre la. Men, se lè sa a tou gason vanyan dwe kare katye pòtray epi fanm solid dwe mete bon jatyè, sentre jarèt epi pote kole pou kore lavi nan katpwenkadino .
Si nou suiv byen nou va remake nou ekri istwakout ak youn sèl mo. Se pou nou siyale mo a ap charye youn sans espesyal . Nou pa pe palede youn istwa ki kout , nou vle demontre prezans youn lòt kategori tèks nan literati kreyòl nou an. Apre pwezi , woman (adefo youn lòt mo ) ,teyat , kont tout kalite , istwakont ( fable ) , nou genyen tou istwakout . Kesyon nou kab poze tèt nou kounye a se: " èske gen youn diferans ant lodyans ak istwakout" ? Jouk jounen jodi a istwakout nou jwenn nan branch kreyòl literati Ayiti a rete nan youn nivo plis deskriptif pase fiktif . Nou jwenn deskripsyon divès abitid dwategòch nan { lodyans \ istwakout } Moris Siksto ak Koralen yo. Nan Anba Mapou a nou jwenn deskripsyon kèk zòn nan Okay , deskripsyon mwa jen nan peyi Dayiti , deskripsyon move pli anmore\ anmorèz nan sosyete nou an nan Jinèt ak Jera, nou jwenn tou deskripsyon lavi anndan prizon eksetera .
Bay lodyans ansanm ak rakonte istwa se kategori lapawòl pou distraksyon ki anrasinen nan vivasyon pèp nou an . Sepandan nan fen ventyèm syèk la pou chavire sou venteyinyèm syèk, kote oralti Ayitit a ap tounen ekriti, ekriven kreyòl yo vin pran abitid mete kreyasyon oral nou yo sou plak epi kounye la a yo deside ekri yo nan liv ak sou jounal . Yo toujou di baton ki nan men ou se ak li ou pare kou. Nou espere rantre ekriven nou yo nan chan lodyans ak istwa a va ankouraje pèp nou an pran konsyans pou transfòme konpòtman ki dwe chanje epi pou yo nouri konpòtman pozitif ki ap grandi sou tè Ayiti . Se nan sans sa a menm nou santi Jan Mapou ap balize lide li nan Anba Mapou a. Konsa , nou kab di Anba Mapou a se youn lomeyans pou lavi miyò. Youn lomeyans pou chanjman .Youn lomeyans pou detui move pli tout kalite ki ap denenfle sosyete nou an . Anba Mapou a se verite youn tan ak pinnga sou youn move tan
Michel-Ange Hyppolite , nan Ottawa . Atik sa a te parèt nan Ayiti An Mach 27 oktòb 1999 vol XIII # 38
::. Paj anvan