bel_antre
ekrivenlektiaprann

Jean-Marie Willer Denis


[Jan Mapou]
mapou

Ak Lionel Hogu



Ki moun ki Jan Mapou?

Feliks Moriso-Lewa
Mercedes F. G.
J-C Martineau
Rudolph Muller
Mirvil
Émile-Célestin M.
Keslèbrezo
Manno Ejèn
Frantz Wainwright
Lenous Suprice
Jan Mapou
Michel-Ange H.
Pierre Vernet

Jan yo di li nan lang franse: "C'est une force de la

nature, une force qui va!
" Ann di li konsa: Jan Mapou, menm jan ak pybwa li pote li non li an, se youn fòs ki soti nan plamen lanati. Se youn potorik gason jan nou konn di an Ayiti.

Jan Mapou (alyas Jean-Marie Willer Denis), se alafwa yon kontab-bankye, pwofesè, etnològ, kreyolis, sanba-lodyansè-ekriven-powèt-womansye, administratè, dramatij-metè ansèn-aktè, librè, jounaIis, espikè, direktè sant kiltirèl ayisyen, konesè penti ayisyen (plis konesè kuizin ayisyen!), plis mari ak pèdfanmi. Epi nou bliye mete ansyen prizonye tou: msye te bwè prizon tankou envite Papa Dòk, yon kote yo rele fò Dimanch! Anfennkont, Mapou se youn nèg inivèsèl li ye.

Jan Mapou fèt Okay Difon jou 12 oktòb 1941, pitit Anthony Daudier (Okay) ak Octavie Denis (Kiba/PòsaIi). Li fè etid primè ak segondè li kay Frè Enstriksyon Kretyen ak Lise Filip Gèrye Okay. Apre filozofi l, li rantre Pòtoprens. Pwofesè pandan yon ti moman, li vin kontab diplome Edikasyon Nasyonal an 1965, e menm ane a li kòmanse travay Labank Nasyonal Pòtoprens. 18 desanm 1965 toujou, lè li te gen 24 tran, Mapou se youn nan manm fondatè Mouvman Kreyòl Ayisyen, Sosyete Koukouy, ak doktè Ernst Mirville (Pyè Banbou), Henry Claude Daniel (Jan Tanbou), Emile Jules (Pyè Legba), Marie Lucie Bayas (IdaIina), Emile Célestin Mégie (Togiram), elatriye.

"Sosyete Koukouy se yon gwoup ki ap goumen pou kilti pèp ayisyen an kite literati teledyòl la, literati bouch-an-bouch youn di lòt la pou 1 antre nan liv. Sosyete Koukouy la pou li ankouraje tout atis-plim, tout nèg lasyans ekri konesans yo nan lang manman n ak papa nou an." (Prefas, Choublak ak Kamelya, me 1968.) Sòti 1967 rive 6 avril 1969 Jan Mapou se premye animatè twa pwogram kiltirèl ak edikatif nan Radyo Karayib: "Emisyonl Solèy" "Isit Jenès," ak "Owò Piblisite." Konsa, aktivite mouvman kreyòl dire prèske kat ane: soti 18 desanm 1965 pou rive jou 6 avril 1969, lè makout te debake nan estasyon radyo a epi pase menòt nan ponyèt Jan Mapou ak senk lòt manm mouvman kreyòl ayisyen an. Msye a te pase kat mwa twa jou nan yon selil Fò Dimanch.

Nan liv "Anba Mapou a, nan "Blag: Bon Remontan," Mapou rakonte nou pou premye fwa mizè yo te pase: "Lò youn malere prizonye chita men nan fouk sou siman frèt Fò Dimanch, nan mitan karanng ak tivè blanch k' ap trese-riban, lò youn malere y' arete san jijman lage nan kacho Fò Dimanch, pye atè, san kanson, toutouni k'oun boutèy, youn manman anpoul-100 sou fontenn tèt li, youn kin souspyant nan nen-l maten-midi-aswè, youn kin k' ap degaje youn odè bayakou k' oun vaporizatè ... Nou pase 3 jou 3 nuit san domi ap lapriyè. Te gen 33 prizonye anpile kou sadin nan youn ti kare prizon ki ka pran 7 mounn pou pi plis. Yo tout te blese. Nan je, nan pye, nan men. Tèt kèk kase, dan kèk rache ... pye kèk kase. Yo pase 3 jou ap soufri. San pansman. San medikaman. San manje. Se 7 plat manje yo te ban nou yo, nou te separe ak yo. Chak mounn te pran 2-3 kiyè pou soutni kè yo. Ti bokit-kin nan ki te konn sèvi pou 7 mounn vin gen 26 lòt envite. Li pase 3 jou ap debode ... Li pa janm pran repo. Li pa janm fè twalèt. M'pa ka di plis pase sa."

Anfen, grasa Dye, avèk sekou fanmi li ak kèk zanmi, yo lage l, e li kontinye travay li Labank. Epòk sa a, li te fè twa zan etid nan Lekòl Etnoloji Ayiti. Anfen, desanm 1972 li te jwenn viza, e Jan Mapou rantre Nouyòk. An 1979, ansanm ak yon gwoup atis, Kal Brinèl, Kesnèl Ipolit, Dyo Alèlè, msye fonde Sosyete Koukouy Nouyòk: "Potomitan Kilti Lakay-N'ap klere nan fènwa." Men an 1984, degoute apre yon vòl ame nan èpòt Kenedi, kote li t ap travay nan lakou Nouyok, epi fatige ak lanèj, li mande pou yo voye 1 Miyami. Depi lè sa a, Jan Mapou ap dirije tout sèvis Parking Miami International Airport yo (8.000 pakin ak 115 anplwaye) pou Miami-Dade County Aviation Department, kote li resevwa tout kalite onè kòm bon administratè. Jan Mapou se youn pami manm fondatè REKA (Rezo Entènèt Kreyolis Ayisyen) ki kreye sit www.kreyol.org la epi youn nan moun ki kontribiye pou sit la kontinye viv pandan senk lane sa yo. Nou pa ka bliye Libreri Mapou (www.librerimapou.com) ki se pitit cheri Jan Mapou epi ki se lakou demanbre kote tout moun k ap travay ak Kreyòl dwe vizite pou ede yo vanse nan travay literè yo oswa ansèyman y ap fè. Se la a ou ap jwenn tout dokiman, ansyen tankou fèk parèt, pou kore konesans ou; se yon pelerinaj pou tout atis ak fouyapòt ki ap pase Miami.

 Zèv, Aktivite ak Piblikasyon Jan Mapou

An 1986, Jan Mapou fonde Sosyete Koukouy Miyami ki gen kounye a 60 manm, epi ki gaye Kanada ak Kaptenn Koukouwouj, Nouyòk ak Max Manigat, Konetikèt ak Pascale Millien, Tanpa Be ak Gary Daniel (Nèg Gonbolyen), Ayiti ak Dorcely Dede: Depi 1990 msye se pwopriyetè Libreri Mapou, youn nan pi bèl libreri ayisyen nan dyaspora e menm an Ayiti, dapre sa defen Jean Desquiron di nan jounal pòtoprensyen Le Nouvelliste. An 1997 Jan Mapou fonde Sant Kiltirèl Mapou, ki klere kilti peyi Ayiti pou tout moun lakou Miyami, ak konferans, pyèsteyat, dans, chante, penti, elatriye. Epi depi plis pase sèz an, se chak senmenn Jan Mapou mete deyò nan jounal Haïti en Marche tout yon paj ki rele "Tigout pa Tigout" kote, an kreyòl, nou kab suiiv lavi kiltirèl ayisyen. Nou kab ap mande tèt nou: kisa nou te fè anvan Jan Mapou rive la a? Èske gen moun anndan Ayiti Toma menm k ap fè menm travay la?

Men tout sa se twokèt, chaj la dèyè. Se sitou tankou sanbaekriven-powèt-womansye-dramatij pifò moun konnen Jan Mapou. Dapre sanba Pòl Larak, Mapou se youn nan kèk grenn gran ekriven ki ekri an kreyòl senpman. An me 1968 li mete deyò, ak 10 lòt atis nan mouvman kreyòl, yon rekèy pwezi ki rele Choublak ak Kamelya, yon "bouke flè omaj pou tout manman." Prèske dezan apre li fin rantre Nouyòk, li pibliye, an oktòb 1974, yon lòt liv pwezi, Bajou Kase. Kat mil (4.000) kopi te vann tankou pate cho, e lekòl, radyo, jounal sèvi avè l pou montre dousè lang kreyòl la. An 1981 Jan Mapou mete deyò Pwezigram ("Bay kou bliye, pote mak son je"), yon kokennchenn rèl pou peyi a.

Poutan, se pa powèt sèlman Jan Mapou ye: se sitou yon moun teyat. Li mete sou sèn plis pase 15 pyèsteyat an Ayiti, Nouyòk ak Miyami. Li te sèvi ak pyèsteyat Pyè Legba, Feliks Moriso Lewa, Ralba, elatriye. Men, antanke moun teyat totalkapital, se sitou dramatij li ye. Jan Mapou se lotè Anba Tonèl (1981), Tatalolo (1983), Lanmò Jozafa (1984), Anba Lakay (1988, Kolektif), Maryaj Daso (1989), Fèt Manman (1990, ak Kiki Wainwright), Libète ou Lanmò (1991), Tout Kolon se Kolon (1992). Toutfwa, chedèv li se DPM Kanntè (Drèt pou Miyami Kanntè, Teyat total): yo jwe l premye fwa jou 20 novanm 1994 devan plis pase 2.500 moun, yon dezyèm fwa jou 4 desanm 1994. Depi 1996 DPM Kanntè se yon liv,e yon videyo. Se listwa botpipèl. Nou aprann poukisa yo kite peyi a, sa yo kwè, sa yo espere, sa yo reve. Epi se tankou yon istwa grèk, yon trajedi peyi Lagrès, kote depi nan komansman pyès la, nou konnen byen sa k ap rive, ki sò k ap tann yo-men nou espere toujou se pa vre. Nou espere toujou lavi ap triyonfe sou lanmò-e nan yon sans, se sa ki rive. Nan yon lòt sans, se pa sa ki rive. "Nou soti nan Ginen, n'ap tounen nan Ginen."

Kritik literè Emmanuel Védrine ekri osijè D.P.M-Kanntè "se yon bèl travay kote dramatij Jan MAPOU bay teyat nasyonal la yon lòt dimansyon. Zèv sa a se yon tranch nan peripesi pèp ayisyen ki pral chache lavi lòt bò dlo men, yon chache lavi ki detwi lavi. D.P.M-Kanntè se yon trajikomedi, li trajik e komik alafwa. Byenke tablo pyès sa a gen pou wè ak koudeta Sedras la, sanmba Jan Mapou trase endirèkteman yon istwa depi sou rèy papadokratik la kote makout t ap pèsekite pèp la. Premyèman, nou jwenn filozofi sa a atravè kaptenn nan, frè MATYAS, yon makout, zenglendo ki swadizan konvèti men, kòm pwovèb la di: "chen manjèd ze pa janm kite metye l"; kè Matyas pa janm chanje; se yon san pitye pou malere, yon kè di ki konn pòch li sèlman.

....Chak moun vin ak relijyon yo e yo manifeste kwayans yo san okenn prejije kote youn respekte lòt: sa k ap envoke Bondye, Simbi, Mèt Agwe... pou vin pote yo sekou lè yo ant chemen lanmò ak lavi. Nou kapab retrase kwayans sa yo atravè chante yo, konpozisyon Kiki WAINWRIGHT, ki jwe yon wòl kapital nan zèv sa a. Men malgre kwayans yo, nou pral wè nan sizyèm tablo a kote pesonn moun pa kapab rete chwal "desten" lè l ap kouri. Brid chwal sa a se nan men Bondye li ye.

Se nan tablo sa yo trajedi a reyèlman chita kote tout moun pral peri, esepte yon ti lezanj manman an fèk akouche ki pral sove. La a, se pwen santral zèv la kote anpil kritik ka poze tèt yo kesyon sa a: poukisa Jan Mapou vin kreye mirak sa a nan fen pyès la? Ki filozofi li gen dèyè tèt li? Mwen kwè la a gen anpil pwendentewogasyon yon kritik ka mete nan setyèm tablo a ki dènye sèn lan. Men, kòm mwen di deja, nou pa gen okenn pouvwa sou desten."

Lòt zèv majè Jan Mapou se "Anba Mapou a". Lè pou Émile Céletin Mégie, (Togiram) palede liv sa a, li ekri " Jan Mapou, sanba-pwezi, sanba-teyat, deja blayi devan nou tout peripesi yon pèp nayif anba grif youn ti gwoup aloufa san konsyans, men, .... Womansye Jan Mapou rakonte istwa (nou jwenn nan "Anba Mapou-a*") san pran souf, tankou mounn ki konsève nan grenye memwa li youn souvni atwòs ki ap dyakdyak bonsans li, ki ap fè li soufri."

Anpalande "Anba Mapou a", men yon atik Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj) ki plante tant li nan Ottawa, te ekri. Nou ap ofri nou li toutanantye.

Michel-Ange Hyppolite toujou fè nou konnen Jan Mapou se kreyatè estil pwezi nou rele zwing la. Men sa nou li nan "Listwa Pwezi Kreyòl Ayiti": Lè Jan Mapou antre tèm zwing lan nan kategori pwezi kreyòl kout li fè youn bèl twouvay paske sans mo zwing lan poukont li deja di lektè a ki kalite mesaj li pral jwenn nan tèks li pral li a. Annou detaye. Mo zwing lan se youn mo nou jwenn nan jwèt monte kap (sèvolan) kote youn mounn mete youn jilèt nan ke kap li pou l'al pase nan fil youn lòt kap, epi voye li ale. Youn zwing se youn aksyon rapid epi ki fè mal. Konsa, aksyon ki mache ak mo zwing lan montre nou aklè youn tèks ki nan fòm zwing fèt pou li kout epi li dwe fè mal.

... Alaverite, definisyon Jan Mapou bay pou fòm zwing lan mache men nan lamen ak sans mo a depi nan lanng li soti a, angle, pou li vin abouti nan lanng kreyòl la. Se "Swing" angle a ki tounen zwing an kreyòl. Younn nan siyifikasyon mo "swing" lan an anglè se "youn pas kout nan jwèt foutbòl ameriken".

Nou ap kite ou ak yon lide Sanmba Mapou : "Kòd lonbrit yon sanba mare ak lavi peyi l, lavi pèp li, lavi fanmi l, lavi zanmore l, zanmi katye l, kanmarad travay li. Kè yon sanba se yon gita 1.000 kod sansib. Li akòde ak divès tay banbou, ak tout batri vaksin k ap woule, soufle kadans konbit lavi a (Frefas, Choublak ak Kamelya.)

Jan Mapou, se yon sanmba toutbonvre, pwen final!


Kite kantik pran priyè, nou envite ou li Jan Mapou pou pwòp satisfaksyon tèt ou

..........................
..........................


*Anba Mapou-a te fè pati lis liv Responsab Edikasyon Dade, Florida nan peyi Etazini, te rekòmande elèv pou yo li pandan ane lekòl 2004-2005 la.

..........................


Pou nou prepare tèks sa a, nou te konsilte piblikasyon moun kou:
Bryant Freeman, Ph.D. ("TontonLiben") Direktè Enstiti Etid Ayisyen Inivèsite Kannzas, Etazini
Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj), Pwofesè syans, kritik literè nan Ottawa



designed by E. Etienne --- © copyright 2008 | REKA| all rights reserved