bel_antre
ekrivenlektiaprann

Manno Ejèn


kaptenn

Ak Michel-Ange Hyppolite



Byografi Manno

Feliks Moriso-Lewa
Mercedes F. G.
J-C Martineau
Rudolph Muller
Mirvil
Émile-Célestin M.
Keslèbrezo
Manno Ejèn
Frantz Wainwright
Lenous Suprice
Jan Mapou
Michel-Ange H.
Pierre Vernet

Natif Gwanntanamo, Manno Ejèn fèt, an jiye 1946

nan peyi Kiba. Yon peryòd, kote yon vag imigrasyon san pran souf t'ap travèse Ayiti. Plizyè santèn, plizyè milye peyizan ansanm avèk yon bon pòsyon nan klas mwayèn nan te kraze rak pou yo te chape anba mouvman Rejete-a. Mouvman sa a, se te pèsekisyon Legliz katolik kont vodoun. Nou jwenn vyewo sa yo sitou, nan peyi panyòl tankou: Sendomeng, Kiba, Venezwela. Pa bliye, nou fenk sòti anba represyon okipasyon meriken, ki te dire 19 lane (1915 - 1934) pou kraze revòl Kako yo.

Se yon epòk ki rich sou plan kiltirèl. Yon souf idantite travèse peyi Amerik Latin-yo ansanm avèk Karayib-la jouk rive sou kontinan Afrik la avèk Mouvman Endijenis lan. Yon mouvman ki pral debouche sou Negritid Leyopòl Seda Sengò-a. Plizyè klib kiltirèl te boujonnen toupatou nan peyi-a.

Se nan mitan tout devlopman sa yo Manno Ejèn te antre Ayiti avèk papa-l. Tou jenn, Manno Ejèn te koumanse enterese nan aktivite atizay, kiltirèl, k' ape devlope. Nan laj diznevan, li vini manm gwoup kiltirèl Mouvman Kreyol ayisyen ki te anime yon emisyon sou lakilti chak dimanch, sou antèn Radyo Karayib. Se la, sou non batay Papiyon Nwa, Manno Ejèn fè premye eksperyans-li nan lekriti kreyol, anndan branch Mouvman Kreyol ayisyen ki rele Sosyete Koukouy. Nan gwoup sila-a, se yon krèy powèt, ekritè, fouyapòt (fouyadò), lengwis ki ekri, fè rechèch sou lang kreyol la epi pibliye rezilta travay-yo anndan de ti liv Sosyete a, ki te pote non Kreyòl :Cahier N0 l ak Kreyòl : Cahier No 2.

Rive ane 1960-1970, yon lòt vag emigrasyon frape Ayiti ankò. Fwa sa a, tout kalite mounn touche, zannana kou pengwen. Entelektyèl, travayè, peyizan ape kouri pou lanfè divalyeris la. Se konsa, nan ane 1975, Papiyon Nwa bat zèl, li ateri Monreyal, Kanada.

Toujou aktif nan milye atizay, kiltirèl, sosyal kominote ayisyen an, Manno Ejèn asosye-li avèk gwoup kiltirèl Lakou Lakay. Pita, koneksyon li te genyen ak ekip Mouvman Kreyòl Ayiti a vin pèmèt li fonde, nan Monreyal, ansanm avèk kat lòt mounn :Julio Jean-Pierre, Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj), Jean-Robert Placide, Vilbrun Romulus, Sant etidasyon ak ekritasyon kreyol - Sosyete Koukouy. Group kreyolis sa a vini kreye Bilten koukouy yo piblye nan Kanada. Anmenmtan, Manno vini manm branch Bannzil kreyòl nan Amerikdinò-a. Sòti 1990 rive 1997, li kowòdone Jounen Entènasyonal Kreyòl-la, nan Monreyal.

Nan ane 1988, Manno Ejèn pibliye Egziltik nan Edisyon Koukouy. Yon rekèy powèm kote vèsè-yo trese riban silans avèk yon ekzil zoboukechen ki rapousuiv tout lavi powèt-la.

Daprè Rodney Saint-Éloi, nan revi Brève littéraire,(2005) Egziltik se "yonn nan premye travay ekriti ki fèt sou ekzil an kreyòl". Maximilien Laroche (anndan Sémiologie des Apparences Caraïbes 1996) di Egziltik se " ..., yon lang transfòme ki plonje nan limenm, nan grandlo tout mo li-yo avèk tout sans ansyen, kounye ak lavni yo genyen". Pou Kaptenn Koukourouj limenm, (Istwa Pwezi kreyòl 2000) Egziltik "se yon chanjman nan pwezi kreyòl la".

An 1968, li resevwa pri Fèt manman, Mouvman Kreyòl, (Choublak ak Kamelya, MK, Koleksyon Koukouy-ONAAC). An 1998, li pran mayòl "Prix Jacques-Stephen-Alexis de la nouvelle". Li patisipe nan "7èm Festival Literraire Internastional Metropolis Bleu de Monréal, 2005", nan aktivite "Poésie prend le métro" (Monreyal, 2005).

Ekritè kreyòl, powèt, nouvelis, jounalis, Manno Ejèn pibliye plizyè atik avèk powèm, nan dyaspora a, tankou anndan Ayiti. Epitou, li patisipe nan plizyè resital ak konferans sou lanng ak pwezi kreyòl.

Pou Manno, lekriti pa dwe kondui sèlman nan yon tèks ankè, yon lekti inifye. Li kapab tou plizyè lèz epapiye ekritè a depoze nan yon tèks pou yon vwayaj san okenn itinerè.

Lekriti-a se yon fason pou chanje atizay-la, yon bezwen pou revolisyonnen larèl lide-yo. Yon sòt debòdman san lobedyans, yon viray, chaviray, san baboukèt, pandan l' ape pote vizyon pa-li, vèsyon pa-li nan sa yo rele libète inivèsèl-la.

Pou sanba-a, pwezi kreyòl-la dwe makonnen epi pran rasin nan reyalite sosyal, atizay, kiltirèl peyi-a. Sa ki vledi, si nou vle jwenn piblik-la, pale avèk pèp-la, lekriti kreyòl-la dwe pote valè pa-nou ladan, pou yon Ayiti chèmètchèmètrès avèk pwòp koulè-li, pandan l' ape charye libète inivèsèl-la nan limenm.

Pou Manno, lekriti pa inosan. Nan chak pwojè lekriti, toujou genyen yon trèy envizib, yon silans andaki ki akonpaye-li.

Powèt la di " Pwezi se yon lòsyè pousyè ki an libète, yon lèz sann ki lage, memwa respire youn priz alafwa. Se pa yon istwakout pou rakonte, mennen moun nan yon kèlkonk direksyon. Pwezi, se jwe avèk dezòd. Yon trajè ki pa abouti, paske li pa dwe yon rakontay ".

Li pouswiv pou l di " Yon powèt se estetisyen mo li ye. Yon fèzèd mo. Pwezi se yon chay emosyon ki rann sa ki envizib vizib, sa ki vizib envizib. Yon aganmafwezay ki pa janmen fini konplete. Se yon vole gagè espirityèl. Kòmkidire, yon mizik enstrimantal wòdpòte pou reveye emosyon, sansasyon kidonk raj, kolè, revòlt, kontantman, plezi, trankilite. Yon moniman pleziyis totalkapital. Konviksyon powèt, angajman-li dwe pase nan zèv-li san fè diskou ".

designed by E. Etienne --- © copyright 2008 | REKA| all rights reserved