bel_antre
ekriven../../lektiaprann
Frantz WainwrightKiki Wainwright

Ak Michel-Ange Hyppolite



Kiki demontre talan atis li depi tikatkat

Frantz Wainwright , tout mounn konnen sou non Kiki Wainwright, fèt Pòtoprens Ayiti nan ane 1937. Kiki te fè klas primè li ak segondè li Ayiti nan «Institution St. Louis de Gonzague» ak nan «Collège Dévieux» . Kiki te etidye nan "Borough of Manhattan Community College" ak nan "City College fo New York" , kote li te mare youn "Associate degree nan Business Management". Lè li te rive Florida, li te enskri li nan "Florida International University" , kote li te soti ak youn bakaloreya nan travay sosyal.

Kiki Wainwright te fè lontan ap travay nan divizyon delenkans timounn pou leta Florida, men jounen jodi a, li pran retrèt li. Sepandan, li toujou kontinye fè mizik ak teyat . Depi Kiki tou piti, nan « St. Louis de Gonzague» Pòtoprens, li te nan koral. Se depi lè sa a tou li te kòmanse chante . Nan epòk sa a li kab te gen nef an. Nan nevyèm primè (katriyèm ane fondamantal jounen jodi a) li te kòmanse fè mizik nan fanfa Senlui a. Kòm li te rive nan pratik an reta de(2) fwa, frè yo te di-l : li pa bezwen tounen ankò.

Kalite desizyon konsa gen pouvwa deranje lavi youn timounn. Sa ka menm anpeche timounn lan dekouvri talan kache li genyen anndan li. Kòm lè youn mounn gen don pou youn aktivite anyen pakab rete li sou sou wout li, rive nan klas reto, Kiki te kòmanse ap pran leson pyano klasik kay youn mizisyen fanm yo te rele Alice Fétière. Apre youn ane nan leson pyano a, Kiki te kòmanse ap konpoze mòso mizik. Se depi lè sa a tou Kiki santi li genyen don pou mizik. Men te genyen sikonstans, nan lavi li, ki te vin fòse li abandone oryantasyon mizik klasik ki te kòmanse ap louvri bèl sou chemen lavi mizisyen li.

Nan lane 1960 yo, Kiki Wainwright te kolabore, kòm konpozitè, ak gwoup mizik ki te rele « Les Shleu-Shleu » a, kote li kite, pou letènite, mosi mizik kou : «Haïti mon pays », «Baiser d'adieu», «Haïti terre de soleil»», eksetera, ki rantre nan kategori mizik klasik ayisyen, paske depi ou ap tande yo, yo gen pouvwa transpòte ou lwen nan lavi ou jouk ou frisonnen. Se ak kalite tèks sa yo Kiki Wainwright te simen lajwa nan kè anpil mounn nan epòk la epi li kontinye ap klewonnen lajwa nan lespri yo, paske kalite tèks sa yo imòtèl. Se sa tou ki rele sèvi ak youn nanm powetik, youn nanm atistik pou kreye mèvèy nan lavi youn lektè osnon youn melomàn depandan mwayen atis la itilize pou li pase mesaj li yo.

Kiki te manm Kè Simidò pandan youn ti bout tan. Li te fonde ansanm ak Viviane Dennerville Pluviose, twoup dans Balenndjo, kote li te dansè ak koregraf. Kiki te manm gwoup vokal "The Haitian Bells", ki te pibliye youn plak nan lanne 1973, kote Kiki te gen de(2) mizik chaje siksè Séverine ak Agwe.An gwo, lavi atistik Kiki se teyat, pwezi, mizik epi dans. Rive nan Sosyete Koukouy, se te menmman parèyman. Kiki Wainwright se manm Sosyete Koukouy depi nan ane 1979 jouk jounnen jodi a.

Kiki Wainwrihgt nan aktivite pwezi

Kiki Wainwright kòmanse ekri pwezi apatide 13 an. Apre lanmò manman li, lè li te gen 12 an konsa, pòt sansiblite Kiki te louvri pi laj toujou. Konsa, tout sistèm sans li yo te pare pou yo kapte tout gam estimilis ki te nan anviwonnman li, pou fòme karaktè li epi agrandi sous kreyativite li nan domèn mizik, pwezi ak dans. Kòm Kiki te youn grennponmennen, nan jennaj li, bann madigra se te li, rara se te li, dans lwa se te li. Tout kontak sa yo te pèmèt li wè epi tande anpil koze ki te vin pran chè nan travay pwezi li. Se sa tou ki lakòz li ekri anpil sou sitiyasyon li te viv lè li te tikatkat.Laprèv nan liv li yo, nou jwenn tèks sou mounn fou nou yo, tèks sou fòm jwèt wonn , sote kòd , monte grandou avèk kap, tèks sou bwatchenn, jwèt mab elatriye.

Vizyon Kiki Sou Pwezi

Pou Kiki aksyon ekri pwezi se anvantou oun angajman ekriven an pran pou li brase lide sou reyalite sosyal ekonomik ak politik nan anviwonnman li ap viv la. Sepandan, pwezi a pa dwe tonbe nan nivo deklamasyon oubyen eslongan ki ap mennen li nan kategori diskou politik. Fòk pwezi a gen bèl imaj, men sa pa vle di san bèl imaj li sispann bèl. Daprè Kiki, plis sansiblite youn mounn aktif, se plis li kab fè pwezi. Lè nou ap ekri pwezi se tout sans nou yo ki an evèy. Anfèt,lè nou ap ekri daprè Kiki toujou se kòmsi nou genyen youn nivo sansiblite ki ale pi lwen pase pèsepsyon tout lòt mounn yo. Pwezi se pa senpman angajman politik. Lè nou ap ekri pwezi nou kab mete angajman nou sou pant lanmou. Youn lanmou ekriven an ka devlope pou ede bati youn lavi miyò.

Se langay lanmou sa a nou jwenn nan youn tèks Kiki Wainwright ki rele Pitit Gason Mwen anndan liv li a ki rele : Nan Tan Malouk… ( 2003, p. 136 - 137). Kiki Wainwright renmen pwezi ki kab fè mounn ri. Li di nou tou,li pa gen okenn pwoblèm ak youn pwezi sireyalis; daprè kiki, kèlkeswa fòm ekriven an vle bay pwezi li a, tèks la dwe rete makonnen ak reyalite li ap viv yo.

Fonksyon ekri pwezi nan youn sosyete

Lè nou te mande Kiki Wainwright ki fonksyon ekri pwezi ka jwe nan youn sosyete, li te reponn : "Kòm powèt, mwen fèt pou mwen adrese pwoblèm sosyal ekononmik ak politik yo. Mwen fèt pou mwen veyikile panse mwen sou eta sosyete mwen ap viv la. Si mwen pakab fè ou kriye, si mwen pakab fè san ou bouyi tou, mwen pa bezwen ekri pwezi, paske pwezi a fèt pou li montre youn etadam epi pou li kreye youn etadam. Mwen wè youn pwezi ki dwe demontre sosyete a sa ki bon pou li adopte, tankou linyon, lanmou, lasajès, lapasyans ak rezistans devan sitiyasyon malouk. Sosyete a bezwen pwezi pou mete youn balans nan lavi chak jou a. San pwezi pa gen lespwa. San pwezi pa gen lavi."

Estil Pwezi Kiki Wainwright

Kòmantè nou pral li sou estil pwezi Kiki Wainwright la soti nan Jounal Kreyòl Ayisyen premye janvye 2004, volim 2 # 2,"sou granchemensavwa a entènèt", selon pawòl Michel-Ange Hyppolite, Kaptenn Koukourouj, te ekri sou liv Kiki Wainwright la ki rele : Nan Tan Malou.



Nan tèks pwezi Kiki yo teknik fantezi a se awòm pou lespri nou. Nou jwenn fantezi nan anpil tèks anndan Nan Tan Malouk( 2003). Kiki kòmanse itilize teknik fantezi a depi nan piblikasyon Zepon File. Soti nan paj 19 Zepon File ak youn tèks kou "Ochan Pou Magi", rantre nan paj 42 Zepon File ak youn tèks kou "Litani Tilina" kote menm tit tèks la se lèt kou a,i,l,n,ak t ki ap fè lago pou amonize son kou Litani Tilina nan zòrèy nou, Kiki montre nou li gen anpil ladrès nan manyen teknik fantezi a. Si nou vle konnen pi plis toujou sou teknik fantezi a ak sou kèk lòt demach teyorik nan pwezi kreyòl Ayiti a nou kab li Listwa Pwezi Kreyòl Ayiti, Educa Vision (2000) paj 235-245 ak Michel-Ange Hyppolite. Kanta [pou estil] imajis la, genyen moman anndan "Nan Tan Malouk" kote powèt la kite van imajinasyon li pwonmnen ak je li nan siyon imaj solèy ki ap neye. Ann li:

"Solèy ap neye nan gwo ble pandan l'ap pann tèt li nan fetay lanmè …………… Tigout pa tigout dekò a vin andèy Mounn ap tuipe lavi Lavi ap ponn rèv Twaka rèv pa janm tèm" Nan Tan Malouk p. 163

Lòt remak nou fè anndan Nan Tan Malouk, sèke Frantz "Kiki" Waiwright, ki te konn kenbe plim powèt li senpman pou li batay pou chanjman sosyal, vin deside pale langay afeksyon tout kretyenvivan genyen natirèlman anndan yo a. Jenneralman, pa gen anpil nan powèt kreyòl yo ki bay plim yo chans pou yo fè langay santiman entim yo onè. Anndan Nan Tan Malouk, Kiki fè youn efò pou li kite afeksyon ki nan kè li pale pou mounn li renmen. Se sa nou remake nan tèks kou: Chètout Mwen (p. 100), Isa ( p. 116) San ou ( p.159) Pitit Gason Mwen ( p.136)

"Pitit gason mwen zantray mwen zanmi mwen Byen konte malkalkile Reyalite ou tounen kochma Ki fèmen nan dimansyon kat miray lespri-w" Nan Tan Malouk p. 136

Powèt kreyòl yo paweze manman yo, madanm yo, men mwen poko jwenn sila yo ki bay pitit gason yo youn plas nan pwezi yo. Anndan Nan Tan Malouk nou kòmanse ap dekouvri youn lòt Kiki, paske Kiki ki toujou ap defann peyi li a, Kiki ki toujou ap goumen pou byennèt kretyenvivan ki nan soufrans yo, vin montre nou li konn renmen tou . Se ak kalite mesaj afektif kou sa nou jwenn anndan tèks ki rele "Pitit Gason mwen an" nou pral ankouraje lektè nou yo li pwezi kreyòl nonsèlman pou yo pale politik, men tou pou yo deplwaye tandrès yo, pasyon yo chagren yo. Lè nou rantre angajman siko-afektif nou nan liypwezi kreyòl yo, nou louvri lavwa pou pwezi kreyòl jwe youn wòl esansyèl nan devlopman nou kòm mounn, paske menm jan nou konn batay la se konsa tou nou konn renmen. Nou bezwen byennèt materyèl ak afeksyon pou nou akonpli tout fonksyon vital nou yo lajmanlaj nan dimansyon mounn nou.

Piblikasyon Kiki Wainwright

Kiki Wainwright pibliye liv pwezi, plak ki gen mizik, ak liv istwakont.

Pwezi Pikliz (1988) Les sentiers de l'aube (1993) Zepon File ( 1994) Istwakont Bonifas ak Malefis (1999) Nan tan malouk… ( 2003) Plak mizik ak sidi Tap-Tap ( 1981) Rozo ( 1986) Rara liberasyon ( 1997)

Lèz nan travay Kiki Wainwright


OCHAN POU MAGI
Zepon file(1994) p.19

Yon ti boujon ki t'ap pèse 
Pa t'ka ret tann solèy leve . 
Lawouze pran devan 
Pouse-l monte 
Yon ti boujon ki t'ap fleri
Te gentan tounen flè
Nan douvan pot mèt jaden 
Anvan solèy parèt
Van pote-l ale
Bèl flè pa rete
Pasyon pouse boujon 	 
Boujon pete fè flè 	  	  
Flè fennen tonbe, 		  
Rèv donnen pasyon   
Pasyon tounen fos 	 
Fôs kenbe lavi 	   
Flè pa viv san solèy . 	 
Se rev ki rete.


PAPIYON NAN TOUBIYON
Nan Tan Malouk(2003) pp.42-43

Syèl ble kou digo te layite-l ko-l sou vil la. Solèy cho kou dife te plante drèt nan mitan mache-a. youn ti van dous ki sot nan Sid, vin anchatpent fè ti karès pou pye seriz ki t'ap fleri. Youn papiyon tout koulè vin poze tou dousman sou youri bèl flè choublak wouj, epi l'ap fè bobo pou li. Ti van an pwonntennen karese tout pye bwa ak tout flè. L'ap chante youn melodi lanmou dous. Fèy yo balanse yaya, flè yo debouche pafen yo, lanati kontan.

Sanzatann, syèl fèmen pot li. Youn nuaj gri ki t'ap fè santinèl byen lwen, vin bouche je solèy. Van Node yo pa t'envite, rantre nan won atoutfôs, l'ap gwonde tankou vwa dyab ki fèk sot nan lanfè. Li kontre ak van nan Sid nan kafou mache-a. Sa w'tande a, de van yo mare batay. Machann kouri. Bak chavire. Chen jape. Ti papiyon ki te sou flè choublak la balanse agoch, li balanse adwat ak flè-a, men li kenbe rem. De van yo tonbe vire. Yo vire kou toupi. Yo vire, yo vire, yo vire. Van Node ap kouri dèyè van nan Sid, li pa ka kenbe-l. Andire yo fè youn sèl.Yo kouri bo isit. Yo kouri bo lotbo. Fap! Yo pase pran ti papiyon an. Yo vire ak li. Yo monte , yo desann, yo kouri ak li. Ti papiyon an vle chape poul li, men toubiyon an pi fo. Van nan Sid konprann jwèt la.Sa pa fè-l plezi ditou. Li pa kontan sa van Node ap fè-a. Li vle soti nan pyèj sa-a men l'poko kapab. Toubiyon an leve pousyè chak kote l'pase. Li leve papye. Li leve chapo. Li leve cheve patche ansanm ak perik pote ale. Li leve ata fèy tol sou do kay. Adye! Mounn ki t'ap pase, mache do ba pou van pa bwote yo. Pousyè rantre nan twou nen, nan twou zorèy, nan je, nan bouch. Men, mounn yo pa wete je yo sou toubiyon an, y'ap gade, yo pa ka fè anyen, y'ap suiv, y'ap tann pou wè kijan sa pral fini.

Vap! toubiyon an vin pèdi fos afos van yo goumen. Van Node ki wè li pa ka jwenn bout van nan Sid, pou l'ta fè youn fen ak li san l'pa fè youn masak, li blije deplase, l'ale. Men toutmounn konnen nenpot lè li ka retounen, paske se pa premye fwa batay sa-a fèt. Se malpouwont van Node ye.

Pandan tout moun t'ap diskite sou sa ki sot pase-a, yo wè ti papiyon an ki sot depi anlè li tonbe atè san fè bwi. Li bat ti ko li podyab. Zèl li te chifonnen men yo pa t'rache. Li pa t'mouri, se soule li te soule anba sekous toubiyon an. Li gentan chape anba lanmo. Chak van fè wout pa yo, ti papiyon an tou. L'al poze sou youn flè, epi sou youn lot, epi sou youn lot. Van nan Sid reprann wout li, li reprann lanmou-l ak lanati. Machann yo retounen nan komès yo. Chen sispann jape. Villa vin gen kalmi. Syèl la reprann koulè-l.




designed by E. Etienne --- © copyright 2008 | REKA| all rights reserved