![]() PajBèlantre | Aprann Kreyòl | Kesyon/Repons |
Kaptenn Koukourouj ap gade Kaptenn Koukourouj nan glasAk Lionel Hogu Se payèt zetwal san limitAlo Soul, Jodi a pandan mwen chita nan boukan pen kotidyen mwen, anndan «UPS,» kote mwen ap travay , mwen pran youn tan tou kout pou mwen dedouble lespri-m anndan youn farinay sonje. Mwen repase nan tout espas inoubliyab nou yo , kote plizyè milye papiyon lanmou te poze sou tout bòday flè pou yo eklate payèt solèy dimaten ki te limen dekou karès nou. Nou fè anpil wout, nou jofre anpil kalfou, nou ta menm dwe fè pi plis toujou. Pami etensèl souvnans ki rive jwenn mwen aswè a se Tajmahall, Lexington, Seascaucus,Dorchester, Hayott, Randolph ak Blue Hill ki viwonnen-m epi vin pale ak mwen sou chètout prezans ou. Chak rejyon sa yo mache ak vibrasyon pa yo. Poutan, mwen pa kab nonmen non Lexington san mwen pa kite Hamilton detounen-m nan siyay li epi fè mwen santi youn malèz anbachal ki toujou brime apeti ou. Poudayè, se fòt ou. Akoz imajinasyon ou ki mete ou nan kè sote, ou kontinye asosye rivyè sa a ak youn reyalite depaman. Epitou, pou jan ou maton sou vijilans ou , mwen ap mande tèt mwen, kouman ou ta vle mwen ta jwenn tan pou m’al bouloze nan lòt patiray san ou pa ta gen tan rale-m nan lonngvi ou ! Antouka! Ann pedale tounen. Mwen sèten dwe gen youn Hamilton anndan Lexington. Kit se youn rivyè, vil, riyèl, kenpòt. Annatandan, ou dwe toujou sonje sa: pa fouti gen plezi si ou pa mete-m sou zèl ou osnon san mwen pa mete ou sou zèl mwen. Se tankou pwovèb zanmi mwen an te di-m lan : «Lorsqu’on a goûté à l’eau du Nil, on ne peut plus étancher sa soif ailleurs .»(1) Wi!! Mwen manke bliye koze-m. Tajmahall, Seacaucus, Nanpwen yo younn ki klere ak menm fòs, men se yo tout ansanm ki kontinye ap gide-n sou chemen lanmou san lizyè ki makònen nou depi sou ban lekòl segondè. Chak grenn flè sa yo se youn sezon prentan nan lavi lanmou-n. Yo chak louvri je nou , nan fason pa yo, sou pwòp tèt nou ak sou presyon reyalite sosyal ki kòmande konpòtman nou. Pou di Tajmahall pa ta vrèman vre premye flè nan jaden pasyon nou! Pou di se pa premye fwa tou nan lavi nou! Nou te rive dòmi kò pèdi , kè pòpòz tankou youn pòte marasa! Lexington te kreye Soul nan mitan Lasous, non mistik ki monte apik ak branch limyè tout koulè nan kòwakò dyougans lanmou nou pandan pawòl nou te pran bobinen. Poutan, se nan Seacaucus ak Dorchester sans chanèl ou te pran lyann kowosòl. Kò ou te delala nan endiferans, kwake Hudson River ta pe bay bouya yo tout kalite kristè nan mouvman chalerin yo pou yo te bwode somèy nou. Rive nan Hayott tankou lamayòt nou pèdi lapawòl, sepandan nou te pran woulib kawousèl sou pik Makaya pa twò lwen Vye waf la. Konsa, retisans te tounen jwisans. Womans nou deplòtonnen ak fil nèf lapasyon; nou rebise lanmou jouk nou teri Randolph Avni avèk tout chalè nou ki tounen sajès tou pre Blue Hill. Premye kadè nou nan Randolph Avni, se te eskonbrit souf nou dekoupe ak sakad ritme kò nou nan melodi frison vwa ou ki te vle vare sou somèy Inosans. Apre bout tan maraton sa a , vanyans mwen te kilbite nan mitan gagè nou ak youn espant ki ta kab kite tras li nan lespri-m. Youn lòt bò , mwen pa dwe plenyen , paske bon kòk se nan gagè sa mouri. Kanta pou Blue Hill, li kanpe nan enpas youn rèv, swa pou nou reyalize, swa pou nou kachte nan kòfrefò kristal li. Antouka, kelkeswa fason nou abòde li a , Blue Hill ap toujou rete youn mistè pou nou dekouvri nan Lavilokan kote chandèl pawòl nou se youn fòs prezan-absan ki ap veye sou lanmou nou. Ife pou Soul (1) Lè youn mounn fin goute dlo larivyè Nil, li pa fouti al pase swaf li nan youn lòt rivyè.
Fanm --------------------Bòn Fèt PapaPou papa-m «Tout papa se papa » Ou kanpe lespri-n
Ou monte lesprin-n
Ou nouri lespri-n
Zile Nou ( 1995) p. 33 --------------------
Chak chelèn je nou
Chak lanm rèv Chak jou nou leve Chak fwa senmafò fè nou siyon Zile Nou ( 1995) p.39 |
|
designed by E. Etienne ---------------------------------------------------------- © copyright 2008 | REKA| all rights reserved |