bel_antre
ekrivenlektiaprann

Michel-Ange Hyppolite

[Kaptenn Koukourouj]
kaptenn

Kaptenn Koukourouj

ap gade Kaptenn Koukourouj

nan glas

Ak Lionel Hogu



Ki kote militans ou pou lanng kreyòl la soti ?

Orijin Militans Mwen an

Feliks Moriso-Lewa
Mercedes F. G.
J-C Martineau
Rudolph Muller
Mirvil
Émile-Célestin M.
Keslèbrezo
Manno Ejèn
Frantz Wainwright
Lenous Suprice
Jan Mapou
Michel-Ange H.
Pierre Vernet

Mwen kapab di militans mwen pou lanng

kreyòl la kòmanse apati enterè mwen pou pwezi depi laj 14 an pandan mwen t’ap li youn pwezi Dominique Hyppolite* ki rele «Derniers Voeux» nan younn nan klas gramè Dr. Pradel Pompilus yo nan lekòl « Centre d’Études Secondaires». Se menm enterè pou literati sa a ki lakòz youn jou pandan mwen ap vire bouton radyo lakay la, mwen te kanpe sou youn emisyon ki ta pe pale sou pwezi nan lanng kreyòl. Emisyon an te rele « Emisyon Solèy», (1965 – 1969 ) li te konn pase chak dimanch sou antèn Radyo Karayib. Mounn ki te an chay emisyon sa a se te Jan Tanbou ( Henri-Claude Daniel), Pyè Banbou (Dr. Ernst Mirville), Jan Mapou (Jean-Marie Wheler Denis), Idalina, Maryse Hyppolite** eksetera. Se gras ak emisyon sa a ki te chita sou kilti pèp ayisyen an, mwen te vin konprann lanng kreyòl la se youn lanng menm jan ak lanng franse, men li te viktim anba tout kalite prejije sosyete a te taye pou li.

Travay ekip mesye-dam sa yo te tèlman mache nan san mwen, youn dimanch mwen te deside desann Radyo Karayib pou mwen te al pote lèt adezyon mwen bay ekip la, paske mwen te santi nan epòk sa a, moman an te rive pou mwen te pran responsablite mwen devan eritay kreyòl ki ta pe bouyi anndan mwen an. Jou dimanch sa a, dòmi te twonpe mwen, men se te youn mal pou youn byen, paske se jou dimanch 6 avril 1965 sa a menm, makout te fè ladesant nan Radyo Karayib epi yo te arete tout mounn nan estasyon radyo a.

Apre gouvènman François Duvalier a te fin fèmen Emisyon Solèy, pòtvwa Mouvman Kreyòl la alepòk, anndan Ayiti, mwen te oblije tann jouk mwen rive nan ane 1971 nan peyi Etazini pou mwen te al remanbre lespri mwen nan sous kreyòl ki te anndan Jounal Sèl, ki te sou direksyon Pè Antoine Adrien, Pè William Smarth, Pè Yves Urfié elatriye. Se avèk jounal kreyòl sa a mwen te vin konprann pi byen toujou veritab enpòtans lanng kreyòl la nan domèn jistis sosyal: swa pou libere lapawòl nan bouch sila yo, ki pa te gen lavwa, swa pou rebati diyite kategori mounn ki te pale kreyòl senpman yo, swa pou fasilite devlopman sikomotè timounn ki ap viv epi grandi nan pwòp lanng manman yo ak papa yo ap pale ak yo depi yo nan tete, jouk yomenm tou, yo vin fè pwòp pitit pa yo pou yo kontinye ak eritay ansestral sa a, ki fè yo kab rele nou Ayisyen.

Kreyòl Pa Gen Limit

kaptennPlis ane yo ap pase, mwen vin konprann pi plis toujou lanng kreyòl la pa pe janm rive devlope tout bon vre si pwodiksyon literè li rete koukouman. Mwen vin konprann tou si pou lanng kreyòl la devlope tout bon, fòk li mare pik li, pou li vin maton sou teren lasyans, paske tankou mwen toujou di li: «Lanng kreyòl pa gen limit» Se nan sans sa a mwen te fè anpil rechèch nan lanng angle, panyòl ak franse pou mwen te parèt ak Atlas Leksik Zo Mounn ( 1989), kote pati leksik la se youn konparezon ant mo angle, panyòl, franse nan domèn zo mounn epi sou kote tout mo sa yo mwen te parèt ak chwa mo mwen te fè pou kreyòl la. Mesaj mwen te vle fè pase ak kalite travay rechèch sa a, sèke nan domèn lasyans pa te vrèman gen diferans nan chwa mo teknik yo. Konsa, si angle, panyòl, franse te kab ranje kò yo pou yo prete mo nan men lanng laten ak lanng grèk, kreyòl la tou ka fè menm jan ak twa lòt lanng sa yo.

Chak fwa youn save Ayisyen kanpe pou li di kreyòl gen limit, se pwòp tèt li, li ap di ki limite. Se pwòp enkonpetans li, li ap etale. Ou kab di mwen kouman sa? Ebyen nanpwen okenn lanng ki kab devlope tèt li pou kont kò li. Se mounn ki pale lanng lan ki pou devlope li. Konsa, limit save Ayisyen yo santi ki ap manifeste anndan lanng kreyòl la, se limit pa yo ki poko pran responsablite yo devan pwòp eritay kiltirèl yo. Jou yo va rive pran responsablite yo devan eritay kreyòl yo, kòm Ayisyen natif-natal, yo va di menm jan ak mwen: Kreyòl pa gen limit.

Nouvèl Oryantasyon Pou Pwezi Kreyòl Ayiti a

Lè mwen te suiv devlopman pwezi kreyòl la depi sou zèv Moriso-Lewa rive sou Mouvman kreyòl la epi pou vin debouche sou ane 1980 yo, mwen te santi literati kreyòl la te kanpe anplas ak menm lide militans sèk, ki lakòz ekriven kou Anthony Phelps, menmsi yo pa janm eseye pwodui anyen an kreyòl, rive di literati kreyòl la se youn literati ki pòv. Pandan Anthony Phelps ap kritike travay ekriven kreyòl yo negativman an, li bliye li ap pwodui zèv literè li yo avèk youn lanng ki gen plizyè syèk istwa sou tèt li. Alòske pwezi kreyòl la, bò kote pa li,poko menm gen youn syèk depi li ap feraye.

liv2Pou mwen te pote priz solisyon pa mwen nan fason powèt kreyòl yo ta pe sèvi ak lanng kreyòl la nan travay yo, mwen te deside rantre nan travay kritik. Apre plizyè atik jounal sou defo zèv pwezi kreyòl ki ta pe pibliye nan ane 1980 yo, mwen te parèt ak Zile Nou (1996) kòm modèl oryantasyon ekriven kreyòl yo ta kab suiv. Konsa, mwen te vin rann li difisil pou youn mounn di mwen: «li pi fasil pou kritike tan pou pwodui». Ak Zile Nou mwen te fè eksperyans itilizasyon imaj lonngpleyinng nan pwezi kreyòl la, teknik pwezi Jan Mapou batize sou non imajis. Wè Bilten Koukouy, (jen, 1995 # 8, p. 18)

Se menm militans, ki ap donnen sou teren eritay kiltirèl noumenm Ayisyen natifnatal la, ki ban mwen limyè pou mwen sèvi ak lanng kreyòl la pou mwen kritike zèv ekriven Ayisyen ki ekri an franse yo. [Maximilien Laroche : L’Avènement de la littérature haïtienne, 1987] Mwen te aji konsa, paske lanng franse a se senpman youn machin pou ekriven Ayisyen yo sikile nannan kreyòl yo kòm natif kreyòl. Esans lide ki ap sikile nan liv ekriven Ayisyen yo se youn esans kiltirèl Ayisyen ki sòti nan eritay kreyòl nou. Se domaj mas pèp Ayisyen an poko kab rive jwi tout sa jeni li ponn atravè divès liv ekriven Ayisyen yo pibliye nan lanng franse a.

Lè mwen te remake se youn bann antoloji kreyòl san analiz pou santre balon pwezi kreyòl la ki te ap pran lari, mwen te parèt ak Istwa Pwezi Kreyòl Ayiti ( 2000), kote nan paj 217 mwen te fè pwopozisyon nou pral li la a: «Tèks pwezi kreyòl yo dwe anvayi teren refleksyon anpwofondè sou ekzistans nou, konsepsyon nou sou lavi, desepsyon nou, lanmò, linivè, eksetera. Se gras ak efò nou pral deplwaye pou nou kristalize eleman sosyo-afektif yo, eleman ekzistansyèl yo anndan travay atistik nou, kòm ekriven, nou pral rive bay pwezi kreyòl la kalite jèvrin li bezwen pou retire li nan ran literati batay tou sèl la epi rantre li nan tout espas ki karakterize lavi nou kòm kretyenvivan. Se sèten faktè politico-sosyal yo ap toujou gen enpak sou faktè sosyo-afektif ansanm ak faktè ekzistansyèl yo, men èske li enposib pou powèt kreyòl yo rantre divès kalite evennman lavi mounn nou anndan travay kreyativite yo pandan yo ap balanse sou politico-sosyal yo? »

Nan sans sa a gen anpil ekriven ki ekri an kreyòl, ki twouve mwen ap dekouraje ekriven yo ak kalite travay kritik mwen yo. Alaverite, mwen kwè li lè pou literati kreyòl la chanje plimay. Li lè pou literati kreyòl la renouvle epi kite dèyè li karapas Moriso-Lewa te kreye pou li nan ane 1950 yo. Pou mwenmenm, ekri an kreyòl se pa youn travay vaykevay kole kèk grenn mo, kèk grenn pwovèb younn sou tèt lòt epi di se pwezi. Pou mwenmenm, ekri pwezi se kreye. Se fè lanng lan kite nivo lavi chak jou a pou li rantre nan youn karousèl bèbèl ki gen pouvwa emèveye lektè yo. Kalite travay sa a mande tan epi li mande youn respè pou lanng kreyòl la. Respè anpil mounn ki ap ekri pwezi kreyòl pa vrèman genyen pou lanng kreyòl la. Konsa, se militans mwen ki bouste motè ekzijans mwen nan travay kritik mwen yo.

livSe militans mwen toujou, ki fè mwen deside rantre fòm lèt-alevini ( Le genre épistolaire ) nan literati kreyòl la ak liv mwen an ki rele : Lèt Ife ak Soul ( 2006 ). Ak Lèt Ife epi Soul yo, mwen eseye reyalize plizyè nan rèv mwen te pwopoze nan Istwa Pwezi kreyòl pou literati kreyòl Ayiti a : Mwen rantre ak lide rapò sosyo-sikolojik yo nan lèt mwen yo.Mwen menm rive rantre youn dimansyon filozofik nan liv lèt la. Epitou, mwen demontre pale osijè lanmou nan pwezi kreyòl la kapab ale pi lwen pase youn senp relasyon chè nan chè, tankou sa abitye fèt nan kèk liv pwezi kreyòl ki te pran lari anvan Lèt Ife ak Soul.

Lèt Ife ak Soul se youn liv ki an twa lanng : Kreyòl, angle, franse, men dènye pati liv la, ki rele : «Kite kreyòl pale» gen tèks an kreyòl senpman san tradiksyon. Rezon an se youn kout kòlè, paske kreyòl granmounn epi tout tan nou ap kole li ak lòt lanng ewopeyen yo nan menm liv la, se toufe nou ap toufe li. Se zèl li nou ap mare. Se la mwen rive nan militans mwen an antandan mwen atake youn seri travay kritik sou woman kreyòl yo.

Tankou nou toujou di li nan Koukouy Kanada, pa gen pyèsmounn ki ap bay lanng kreyòl la anyen pou nou. Se noumenm ki pou ba li, selon limit nou, sa nou santi li merite. Alaverite, vrè batay pou devlopman literati lanng kreyòl la se anndan salklas yo li dwe fèt. Tout tan pa gen youn ekzamen obligatwa sou literati kreyòl nan ekzamen ofisyèl nan nivo reto oubyen filo, batay noumenm militan kreyòl fenk kòmanse, paske se jenn elèv reto/ filo yo ki pou pran larelèv epi kreye bèbèl kreyòl ki pral depase chelèn ki ekziste jounen jodi a, menm jan travay Jean-Claude Martineau ( Koralen ), travay Serge Madhère, travay Manno Ejèn, André Fouad elatriye ale pi lwen pase travay Moriso-Lewa. Nou tout nou bezwen youn baz pou nou demare, men se responsablite nou pou nou transfòme li, rann li pi laj pou jenerasyon ki ap vini yo ka donnen pi plis mèvèy toujou pase noumenm ki ap goumen pou depase grandèt ki te la anvan nou yo. Se anndan rèv depasman sa a rasin militans mwen kontinye ap souse fòs li.

Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj) -Pa gen okenn lyen lafanmi ant mwenmenm ak Dominique Hyppolite.
-Pa genyen nonplis okenn lyen lafanmi ant mwenmenm ak Michelson Hyppolite. Se senpman aza ki fè non pa mwen sanble ak non youn defansè lanng kreyòl la ki te sou teren an anvan mwen.
-Pa gen okenn lyen lafanmi ant Maryse Hyppolite ak mwen. Se pa youn mounn mwen konnen nonplis.
Mwen te ekri premye tèks pwezi mwen nan laj 13 an. Mwen te ekri li an franse. Li te rele Ilang-Ilang. Li te pibliye nan jounal lekòl mwen ( «Centre d’études secondaires»), jounal la te rele «En Route». Se premye fwa nan lavi mwen tou mwen te ekri sou jounal.



P.B. ( Pa Bliye ) :Ou kab twouve repons mwen an lonng, sepandan, mwen kwè se tout pawòl mwen di yo ki reprezante nanm ak fòs militans mwen nan lanng kreyòl la. Mwen pa senpman youn defansè lanng kreyòl la, mwen travay nan domèn ki enterese mwen pou mwen renouvle epi brase lide pou lanng kreyòl la ka kontinye grandi.

kaptenn

Ki moun ki Kaptenn Koukourouj la ?

Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)se youn mounn ki ap goumen san rete pou lanng kreyòl Ayiti a jwenn plas ki revyen li dedwa nan sosyete nou an. Pasyon li ak devouman li pou avansman epi pou fè respekte lanng kreyòl la, lanng matènèl tout Ayisyen, kòmanse depi nan ane 1970.

Michel-Ange Hyppolite te etidye nan "Université d'Ottawa" kote li mare youn metriz nan domèn edikasyon. Michel-Ange Hyppolite ap viv nan rejyon "Gatineau-Ottawa". Li ap anseye syans jeneral ak byoloji nan lekòl segondè "Gloucester". Sepandan, travay li kòm pwofesè lekòl pa anpeche li pataje tan lib li ant pwodiksyon literatè li epi soutni jèn yo nan travay lekòl yo ak nan anrasinman kiltirèl yo. Se konsa li rive fè Ministè Edikasyon nan Ontaryo rekonèt lanng kreyòl Ayiti a nan pwogram ansèyman lanng segonn yo a. Michel-Ange Hyppolite se youn kritik literè. Sa lakòz li pase nan plizyè vil nan dyaspora ayisyen an kote li te al prezante plizyè konferans sou lanng kreyòl Ayiti a ak sou literati li. Michel-Ange Hyppolite kontribye ak travay li nan plizyè jounal ak revi ayisyen. Li se younn nan fondatè pwogram èd akademik nan "Ottawa". Li se younn nan fondatè "La Société Les Samedis Littéraires nan Ottawa-Gatineau". Li se anmenm tan younn nan manm fondatè Sosyete Koukouy Kanada, ki gen kòm misyon avansman ak defans lanng kreyòl Ayiti a. Pou mounn ki ap gate sit entènèt sa a, Michel-Ange Hyppolite se younn nan manm fondatè yo enpi li se younn nan ra mounn ki ap kontinye anime sit la.

Michel-Ange Hyppolite piblye de liv pwezi an kreyòl, youn leksik an 4 lanng sou zo mounn Kreyòl-angle-fransè-espayòl. ( 1989). Li pibliye avèk patisipasyon Jacqueline Beaugé-Rosier epi Hugues Lamour: Li konprann Ekri: youn jaden kreyòl(1996). Apresa,li piblye Istwa Pwezi Kreyòl Ayiti (2000). Dènye piblikasyon li se Ife ak Soul (youn liv pwoz-pwezi)

 

Se payèt zetwal san limit

Alo Soul,

Jodi a pandan mwen chita nan boukan pen kotidyen mwen, anndan «UPS,» kote mwen ap travay , mwen pran youn tan tou kout pou mwen dedouble lespri-m anndan youn farinay sonje. Mwen repase nan tout espas inoubliyab nou yo , kote plizyè milye papiyon lanmou te poze sou tout bòday flè pou yo eklate payèt solèy dimaten ki te limen dekou karès nou.

Nou fè anpil wout, nou jofre anpil kalfou, nou ta menm dwe fè pi plis toujou. Pami etensèl souvnans ki rive jwenn mwen aswè a se Tajmahall, Lexington, Seascaucus,Dorchester, Hayott, Randolph ak Blue Hill ki viwonnen-m epi vin pale ak mwen sou chètout prezans ou. Chak rejyon sa yo mache ak vibrasyon pa yo. Poutan, mwen pa kab nonmen non Lexington san mwen pa kite Hamilton detounen-m nan siyay li epi fè mwen santi youn malèz anbachal ki toujou brime apeti ou. Poudayè, se fòt ou. Akoz imajinasyon ou ki mete ou nan kè sote, ou kontinye asosye rivyè sa a ak youn reyalite depaman. Epitou, pou jan ou maton sou vijilans ou , mwen ap mande tèt mwen, kouman ou ta vle mwen ta jwenn tan pou m’al bouloze nan lòt patiray san ou pa ta gen tan rale-m nan lonngvi ou !

Antouka! Ann pedale tounen. Mwen sèten dwe gen youn Hamilton anndan Lexington. Kit se youn rivyè, vil, riyèl, kenpòt. Annatandan, ou dwe toujou sonje sa: pa fouti gen plezi si ou pa mete-m sou zèl ou osnon san mwen pa mete ou sou zèl mwen. Se tankou pwovèb zanmi mwen an te di-m lan : «Lorsqu’on a goûté à l’eau du Nil, on ne peut plus étancher sa soif ailleurs .»(1) Wi!! Mwen manke bliye koze-m.

Tajmahall, Seacaucus,
Dorchester, Hayott,
Randolph, Blue Hill,
Yo tout
Se payèt zetwal san limit
Pami divès boukèt
Nan lavi lanmou nou.

Nanpwen yo younn ki klere ak menm fòs, men se yo tout ansanm ki kontinye ap gide-n sou chemen lanmou san lizyè ki makònen nou depi sou ban lekòl segondè. Chak grenn flè sa yo se youn sezon prentan nan lavi lanmou-n. Yo chak louvri je nou , nan fason pa yo, sou pwòp tèt nou ak sou presyon reyalite sosyal ki kòmande konpòtman nou.

Pou di Tajmahall pa ta vrèman vre premye flè nan jaden pasyon nou! Pou di se pa premye fwa tou nan lavi nou! Nou te rive dòmi kò pèdi , kè pòpòz tankou youn pòte marasa! Lexington te kreye Soul nan mitan Lasous, non mistik ki monte apik ak branch limyè tout koulè nan kòwakò dyougans lanmou nou pandan pawòl nou te pran bobinen. Poutan, se nan Seacaucus ak Dorchester sans chanèl ou te pran lyann kowosòl. Kò ou te delala nan endiferans, kwake Hudson River ta pe bay bouya yo tout kalite kristè nan mouvman chalerin yo pou yo te bwode somèy nou.

Rive nan Hayott tankou lamayòt nou pèdi lapawòl, sepandan nou te pran woulib kawousèl sou pik Makaya pa twò lwen Vye waf la. Konsa, retisans te tounen jwisans. Womans nou deplòtonnen ak fil nèf lapasyon; nou rebise lanmou jouk nou teri Randolph Avni avèk tout chalè nou ki tounen sajès tou pre Blue Hill.

Premye kadè nou nan Randolph Avni, se te eskonbrit souf nou dekoupe ak sakad ritme kò nou nan melodi frison vwa ou ki te vle vare sou somèy Inosans. Apre bout tan maraton sa a , vanyans mwen te kilbite nan mitan gagè nou ak youn espant ki ta kab kite tras li nan lespri-m. Youn lòt bò , mwen pa dwe plenyen , paske bon kòk se nan gagè sa mouri. Kanta pou Blue Hill, li kanpe nan enpas youn rèv, swa pou nou reyalize, swa pou nou kachte nan kòfrefò kristal li. Antouka, kelkeswa fason nou abòde li a , Blue Hill ap toujou rete youn mistè pou nou dekouvri nan Lavilokan kote chandèl pawòl nou se youn fòs prezan-absan ki ap veye sou lanmou nou.

Fanm

Fanm pote lavi
Pi wo pase fetay solèy
Nan voye wòch monte
Bwote dlo desann
Nan lakou plètil
fanm leve nechèl wotè van
K'ap bale wouze

Nan peyi malfini
Fanm charye douvan jou-l
Sou tèt kamyon bwat
Madan sara fè ovètay
Pou po pistach

Lè fanm ap goumen
Kòtakòt ak gason
Bab pou bab ak ranyon dife
Lè fanm pran sèt so
Anvan li di l'di alatraka

Fò ou konnen konbyen kalfou
Jipon-l janbe
Konbyen flanm li travèse
Anvan bonèt li chavire

Fanm mennen lavi
Nan sous dodomeya
Kwape lamizè
Twaze dyòl maldyòk
Dwèt madichon fanm
Pa respekte pè pap
Lè fanm vanyan ap mache
Li sanble tèt koupe ak manzè lavi

Lesiv defigire men-l
Kout batwèl
Ant salyè e valyè
Trese riban
Nan boukan pen kotidyen-l
Semèl jounen-l
Manje pousyè
Vale kalfou
Twoke twòkèt pou chay
Fanm O!
Pa gen baryè
Pou mezire kouray-ou

Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)

Youn lèz nan Zile Nou, p. 48 - 49, 1996

Bòn Fèt Papa

Pou papa-m

«Tout papa se papa »

Ou kanpe lespri-n
Zetwal sèt branch ou
Paweze limyè
Nan lavi nou

 

Ou monte lesprin-n
Pawòl vanyan ou fè nich
Dedwane etensèl
Sou rekòt nou

 

Ou nouri lespri-n
Kouray ou
Simaye plan solèy
San rete
Nan jaden konesans nou

 

Zile Nou ( 1995) p. 33

--------------------


« Twa fèy twa rasin o ! ... »

Chak chelèn je nou
Youn chandèl pasyon
K’appran swenyay lanmou
Anba pye lalin mwadme

Chak lanm rèv
Nou plante
Grandi
Yo grandi bèl
Balejoudlan trese lespwa
Nan zòrèy zetwal andòmi

Chak jou nou leve
Foto ou pran woulib
Sou glas fele  larivyè jele
Poutan
Latibonit degoute tak
Lagrandans akoukouman
Nan kalbas

Chak fwa senmafò fè nou siyon
Lesrpi-m vwayaje
Mònlopital
Senjera
Lasoustijo
Toupatou
Kote lavi ak lanmò
Ap twoke kòn

Zile Nou ( 1995) p.39



(1) Lè youn mounn fin goute dlo larivyè Nil, li pa fouti al pase swaf li nan youn lòt rivyè.

designed by E. Etienne --- © copyright 2008 | REKA| all rights reserved