![]() PajBèlantre | Aprann Kreyòl | Kesyon/Repons |
Kaptenn Koukourouj ap gade Kaptenn Koukourouj nan glasAk Lionel Hogu Ki kote militans ou pou lanng kreyòl la soti ?Orijin Militans Mwen anMwen kapab di militans mwen pou lanng kreyòl la kòmanse apati enterè mwen pou pwezi depi laj 14 an pandan mwen t’ap li youn pwezi Dominique Hyppolite* ki rele «Derniers Voeux» nan younn nan klas gramè Dr. Pradel Pompilus yo nan lekòl « Centre d’Études Secondaires». Se menm enterè pou literati sa a ki lakòz youn jou pandan mwen ap vire bouton radyo lakay la, mwen te kanpe sou youn emisyon ki ta pe pale sou pwezi nan lanng kreyòl. Emisyon an te rele « Emisyon Solèy», (1965 – 1969 ) li te konn pase chak dimanch sou antèn Radyo Karayib. Mounn ki te an chay emisyon sa a se te Jan Tanbou ( Henri-Claude Daniel), Pyè Banbou (Dr. Ernst Mirville), Jan Mapou (Jean-Marie Wheler Denis), Idalina, Maryse Hyppolite** eksetera. Se gras ak emisyon sa a ki te chita sou kilti pèp ayisyen an, mwen te vin konprann lanng kreyòl la se youn lanng menm jan ak lanng franse, men li te viktim anba tout kalite prejije sosyete a te taye pou li. Travay ekip mesye-dam sa yo te tèlman mache nan san mwen, youn dimanch mwen te deside desann Radyo Karayib pou mwen te al pote lèt adezyon mwen bay ekip la, paske mwen te santi nan epòk sa a, moman an te rive pou mwen te pran responsablite mwen devan eritay kreyòl ki ta pe bouyi anndan mwen an. Jou dimanch sa a, dòmi te twonpe mwen, men se te youn mal pou youn byen, paske se jou dimanch 6 avril 1965 sa a menm, makout te fè ladesant nan Radyo Karayib epi yo te arete tout mounn nan estasyon radyo a. Apre gouvènman François Duvalier a te fin fèmen Emisyon Solèy, pòtvwa Mouvman Kreyòl la alepòk, anndan Ayiti, mwen te oblije tann jouk mwen rive nan ane 1971 nan peyi Etazini pou mwen te al remanbre lespri mwen nan sous kreyòl ki te anndan Jounal Sèl, ki te sou direksyon Pè Antoine Adrien, Pè William Smarth, Pè Yves Urfié elatriye. Se avèk jounal kreyòl sa a mwen te vin konprann pi byen toujou veritab enpòtans lanng kreyòl la nan domèn jistis sosyal: swa pou libere lapawòl nan bouch sila yo, ki pa te gen lavwa, swa pou rebati diyite kategori mounn ki te pale kreyòl senpman yo, swa pou fasilite devlopman sikomotè timounn ki ap viv epi grandi nan pwòp lanng manman yo ak papa yo ap pale ak yo depi yo nan tete, jouk yomenm tou, yo vin fè pwòp pitit pa yo pou yo kontinye ak eritay ansestral sa a, ki fè yo kab rele nou Ayisyen. Kreyòl Pa Gen Limit
Chak fwa youn save Ayisyen kanpe pou li di kreyòl gen limit, se pwòp tèt li, li ap di ki limite. Se pwòp enkonpetans li, li ap etale. Ou kab di mwen kouman sa? Ebyen nanpwen okenn lanng ki kab devlope tèt li pou kont kò li. Se mounn ki pale lanng lan ki pou devlope li. Konsa, limit save Ayisyen yo santi ki ap manifeste anndan lanng kreyòl la, se limit pa yo ki poko pran responsablite yo devan pwòp eritay kiltirèl yo. Jou yo va rive pran responsablite yo devan eritay kreyòl yo, kòm Ayisyen natif-natal, yo va di menm jan ak mwen: Kreyòl pa gen limit. Nouvèl Oryantasyon Pou Pwezi Kreyòl Ayiti aLè mwen te suiv devlopman pwezi kreyòl la depi sou zèv Moriso-Lewa rive sou Mouvman kreyòl la epi pou vin debouche sou ane 1980 yo, mwen te santi literati kreyòl la te kanpe anplas ak menm lide militans sèk, ki lakòz ekriven kou Anthony Phelps, menmsi yo pa janm eseye pwodui anyen an kreyòl, rive di literati kreyòl la se youn literati ki pòv. Pandan Anthony Phelps ap kritike travay ekriven kreyòl yo negativman an, li bliye li ap pwodui zèv literè li yo avèk youn lanng ki gen plizyè syèk istwa sou tèt li. Alòske pwezi kreyòl la, bò kote pa li,poko menm gen youn syèk depi li ap feraye.
Se menm militans, ki ap donnen sou teren eritay kiltirèl noumenm Ayisyen natifnatal la, ki ban mwen limyè pou mwen sèvi ak lanng kreyòl la pou mwen kritike zèv ekriven Ayisyen ki ekri an franse yo. [Maximilien Laroche : L’Avènement de la littérature haïtienne, 1987] Mwen te aji konsa, paske lanng franse a se senpman youn machin pou ekriven Ayisyen yo sikile nannan kreyòl yo kòm natif kreyòl. Esans lide ki ap sikile nan liv ekriven Ayisyen yo se youn esans kiltirèl Ayisyen ki sòti nan eritay kreyòl nou. Se domaj mas pèp Ayisyen an poko kab rive jwi tout sa jeni li ponn atravè divès liv ekriven Ayisyen yo pibliye nan lanng franse a. Lè mwen te remake se youn bann antoloji kreyòl san analiz pou santre balon pwezi kreyòl la ki te ap pran lari, mwen te parèt ak Istwa Pwezi Kreyòl Ayiti ( 2000), kote nan paj 217 mwen te fè pwopozisyon nou pral li la a: «Tèks pwezi kreyòl yo dwe anvayi teren refleksyon anpwofondè sou ekzistans nou, konsepsyon nou sou lavi, desepsyon nou, lanmò, linivè, eksetera. Se gras ak efò nou pral deplwaye pou nou kristalize eleman sosyo-afektif yo, eleman ekzistansyèl yo anndan travay atistik nou, kòm ekriven, nou pral rive bay pwezi kreyòl la kalite jèvrin li bezwen pou retire li nan ran literati batay tou sèl la epi rantre li nan tout espas ki karakterize lavi nou kòm kretyenvivan. Se sèten faktè politico-sosyal yo ap toujou gen enpak sou faktè sosyo-afektif ansanm ak faktè ekzistansyèl yo, men èske li enposib pou powèt kreyòl yo rantre divès kalite evennman lavi mounn nou anndan travay kreyativite yo pandan yo ap balanse sou politico-sosyal yo? » Nan sans sa a gen anpil ekriven ki ekri an kreyòl, ki twouve mwen ap dekouraje ekriven yo ak kalite travay kritik mwen yo. Alaverite, mwen kwè li lè pou literati kreyòl la chanje plimay. Li lè pou literati kreyòl la renouvle epi kite dèyè li karapas Moriso-Lewa te kreye pou li nan ane 1950 yo. Pou mwenmenm, ekri an kreyòl se pa youn travay vaykevay kole kèk grenn mo, kèk grenn pwovèb younn sou tèt lòt epi di se pwezi. Pou mwenmenm, ekri pwezi se kreye. Se fè lanng lan kite nivo lavi chak jou a pou li rantre nan youn karousèl bèbèl ki gen pouvwa emèveye lektè yo. Kalite travay sa a mande tan epi li mande youn respè pou lanng kreyòl la. Respè anpil mounn ki ap ekri pwezi kreyòl pa vrèman genyen pou lanng kreyòl la. Konsa, se militans mwen ki bouste motè ekzijans mwen nan travay kritik mwen yo.
Lèt Ife ak Soul se youn liv ki an twa lanng : Kreyòl, angle, franse, men dènye pati liv la, ki rele : «Kite kreyòl pale» gen tèks an kreyòl senpman san tradiksyon. Rezon an se youn kout kòlè, paske kreyòl granmounn epi tout tan nou ap kole li ak lòt lanng ewopeyen yo nan menm liv la, se toufe nou ap toufe li. Se zèl li nou ap mare. Se la mwen rive nan militans mwen an antandan mwen atake youn seri travay kritik sou woman kreyòl yo. Tankou nou toujou di li nan Koukouy Kanada, pa gen pyèsmounn ki ap bay lanng kreyòl la anyen pou nou. Se noumenm ki pou ba li, selon limit nou, sa nou santi li merite. Alaverite, vrè batay pou devlopman literati lanng kreyòl la se anndan salklas yo li dwe fèt. Tout tan pa gen youn ekzamen obligatwa sou literati kreyòl nan ekzamen ofisyèl nan nivo reto oubyen filo, batay noumenm militan kreyòl fenk kòmanse, paske se jenn elèv reto/ filo yo ki pou pran larelèv epi kreye bèbèl kreyòl ki pral depase chelèn ki ekziste jounen jodi a, menm jan travay Jean-Claude Martineau ( Koralen ), travay Serge Madhère, travay Manno Ejèn, André Fouad elatriye ale pi lwen pase travay Moriso-Lewa. Nou tout nou bezwen youn baz pou nou demare, men se responsablite nou pou nou transfòme li, rann li pi laj pou jenerasyon ki ap vini yo ka donnen pi plis mèvèy toujou pase noumenm ki ap goumen pou depase grandèt ki te la anvan nou yo. Se anndan rèv depasman sa a rasin militans mwen kontinye ap souse fòs li. Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)
-Pa gen okenn lyen lafanmi ant mwenmenm ak Dominique Hyppolite. P.B. ( Pa Bliye ) :Ou kab twouve repons mwen an lonng, sepandan, mwen kwè se tout pawòl mwen di yo ki reprezante nanm ak fòs militans mwen nan lanng kreyòl la. Mwen pa senpman youn defansè lanng kreyòl la, mwen travay nan domèn ki enterese mwen pou mwen renouvle epi brase lide pou lanng kreyòl la ka kontinye grandi.
Ki moun ki Kaptenn Koukourouj la ?Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)se youn mounn ki ap goumen san rete pou lanng kreyòl Ayiti a jwenn plas ki revyen li dedwa nan sosyete nou an. Pasyon li ak devouman li pou avansman epi pou fè respekte lanng kreyòl la, lanng matènèl tout Ayisyen, kòmanse depi nan ane 1970.
Michel-Ange Hyppolite te etidye nan "Université d'Ottawa" kote li mare youn metriz nan domèn edikasyon. Michel-Ange Hyppolite ap viv nan rejyon "Gatineau-Ottawa". Li ap anseye syans jeneral ak byoloji nan lekòl segondè "Gloucester". Sepandan, travay li kòm pwofesè lekòl pa anpeche li pataje tan lib li ant pwodiksyon literatè li epi soutni jèn yo nan travay lekòl yo ak nan anrasinman kiltirèl yo. Se konsa li rive fè Ministè Edikasyon nan Ontaryo rekonèt lanng kreyòl Ayiti a nan pwogram ansèyman lanng segonn yo a. Michel-Ange Hyppolite se youn kritik literè. Sa lakòz li pase nan plizyè vil nan dyaspora ayisyen an kote li te al prezante plizyè konferans sou lanng kreyòl Ayiti a ak sou literati li. Michel-Ange Hyppolite kontribye ak travay li nan plizyè jounal ak revi ayisyen. Li se younn nan fondatè pwogram èd akademik nan "Ottawa". Li se younn nan fondatè "La Société Les Samedis Littéraires nan Ottawa-Gatineau". Li se anmenm tan younn nan manm fondatè Sosyete Koukouy Kanada, ki gen kòm misyon avansman ak defans lanng kreyòl Ayiti a. Pou mounn ki ap gate sit entènèt sa a, Michel-Ange Hyppolite se younn nan manm fondatè yo enpi li se younn nan ra mounn ki ap kontinye anime sit la. Michel-Ange Hyppolite piblye de liv pwezi an kreyòl, youn leksik an 4 lanng sou zo mounn Kreyòl-angle-fransè-espayòl. ( 1989). Li pibliye avèk patisipasyon Jacqueline Beaugé-Rosier epi Hugues Lamour: Li konprann Ekri: youn jaden kreyòl(1996). Apresa,li piblye Istwa Pwezi Kreyòl Ayiti (2000). Dènye piblikasyon li se Ife ak Soul (youn liv pwoz-pwezi) |
|
designed by E. Etienne ---------------------------------------------------------- © copyright 2008 | REKA| all rights reserved |