bel_antre
ekrivenlektiaprann

Mercedes Foucard Guignard

[Deyita]
deyita

Ak Pierre-Michel Chéry


Deyita konte pami youn nan entèlektyèl ayisyen, sosyete a onore depi nan vivan yo. Deyita gen dwa pa fè lajan ak liv li pibliye yo, men se pa fasil pou moun wè asosyasyon, enstitisyon ap envite moun k ap reflechi sou pwoblèm peyi a vin pran lapawòl. Nou kwaze Deyita devan etidyan nan fakilte, nou kwaze Deyita devan jèn gason ak jèn fanm anndan asosyasyon, nou jwenn biwo leta, k ap onore Deyita piblikman pou travay li. Ankourajman sa yo te ka pi cho, men fòk nou rekonèt sosyete ayisyen an chich nan bat bravo pou moun ki travay pou li.

Kisa ki fè Deyita rankontre siksè nan aktivite l?

Feliks Moriso-Lewa
Mercedes F. G.
J-C Martineau
Rudolph Muller
Mirvil
Émile-Célestin M.
Keslèbrezo
Manno Ejèn
Frantz Wainwright
Lenous Suprice
Jan Mapou
Michel-Ange H.
Pierre Vernet

Èske se paske Deyita se yon fanm? Se pa sèl

fanm ki ekri nan peyi a. Èske se paske travay li chita sou kilti peyi a? Se ka sa, men se pa sèl moun ki ekri sou kilti peyi a. Èske se paske li sèvi ak kreyòl la kòm zouti pou l travay? Se pa sèl moun ki ekri an kreyòl anndan peyi a, epi Deyita pa ekri an kreyòl sèlman. Sa pou nou remake lakay Deyita: tou twa aspè sa yo (fanm, kilti ayisyen, kreyòl) fè yon sèl makonn nan travay li. Deyita ranmase, anndan travay li, twa nan pi gwo batay ki nesesè pou avansman sosyete a ak epanouyisman ti Ayisyen: batay pou dwa fanm yo, batay pou kilti pèp la, batay pou lang kreyòl la. Se rezilta travay, tankou travay Deyita yo, k ap fè pwomosyon pou moun anndan peyi a, se yo ki pral ban nou yon sosyete kote Ayisyen pa wont kilti li, yon sosyete kote sitwayen yo pa viv ak santiman yo enferyè, yon sosyete kote fanm ak gason gen tout respè yo, epi jwi dwa yo egal-ego.

Kilès moun Deyita ye?

Deyita fèt Pòdpè, nan lane 1935. Bon non Deyita se Mercedes FOUCARD GUIGNARD. Ayisyen kwaze ak Deyita ak baton peleren l k ap monte desann nan tout kò peyi a ap chache konnen. N al rekonèt Deyita k ap viv Senmak kote mari li moun. Deyita se manm fondatè ASKONNA (Asosysasyon Konbit Natif-Natal), Deyita se manm CHAF (Comité Haïtien Art et Folklore). Nou jwenn tras li Nouyòk kòm manm Sosyete koukouy. Epi li retounen vin viv nan peyi l, kote l ap separe sa li jwenn nan peyi a ak lòt moun. Moun ki konn Deyita byen, di Deyita gen plizyè chapo atis nan tèt li: yon chapo pou pwezi, yon chapo pou woman, yon chapo pou pyès teyat epi yon chapo kòm etnograf, fouyadò k ap defounen kilti peyi a. Pami liv Deyita pibliye nou jwenn: Les désespérés (1964) - Majòdyòl, pwezi (1981) - Nanchon, teyat (1985) - Contes des Jardins du Pays de Titoma (1989) - Kont nan Jaden Peyi Titoma (1991) - La légende des loas (1993) - Esperans Dezire, woman (1989), Objets au quotidien (art et culture populaire en Haïti), 1993, Mon pays Inconnu (1997).

Sou kisa Deyita travay?

Menmsi Deyita gen plizyè kalite chapo atis nan tèt li, se aktivite etnograf benevòl li, ki pèmèt li jwenn materyo pou li kase, separe bay Ayisyen. Aspè atis la, lakay Deyita, enpòtan pou nou konprann demach Deyita. Sa Deyita defounen yo, li pa kouche yo sou papye, tankou yon savan k ap pran distans li, k ap goumen pou emosyon li pa sòti deyò nan prezantasyon rezilta travay la yo. Demach la diferan lakay Deyita, Deyita jwenn, li entèprete epi li mete pa l. Yon liv tankou "La Légende des Loas" montre nou sa. Nan liv sa a, Deyita prezante nou kouman Ayisyen òganize inivè envizib yo, chapant sosyete envizib la, plas, ran ak travay chak pèsonaj, regleman k ap gide inivè sa a. Epi: pèsonaj yo viv pèsonalite yo, nan sitiyasyon chirepit ak lamoni, tankou nenpòt ki moun k ap viv nan mitan lòt moun.

Nan "Kont nan Jaden Ti Toma", Deyita ranmase yon ventèn kont, nan kont klasik peyi a, tankou "Ti pye zoranj". Moun prèske pa tire kont ankò nan peyi a, yon travay tankou " Kont nan Jaden Ti Toma" ap pèmèt moun ki vle konprann peyi a, analize kouman ayisyen, depi sou tan benbo, itilize kont pou yo prezante divès kalite rapò depaman, nan mitan moun anndan sosyete a: lanmou/rayisman, jalouzi/lamoni, mawonnaj/franchiz, soumisyon/revòl, entèdi/tantasyon. Enpòtans kont yo, pou etnograf la, chita sou karaktè pèmanan fon konsyans moun peyi a.

Esperans Dezire se youn nan woman Deyita pibliye ki jwenn lwanj nan men anpil kritik. Men yon mòso nou pran nan yon analiz Lunine Pierre-Jerome te fè, mòso sa a nou pran l nan Jounal Kreyòl Ayisyen JKA (Jiyè 2002, Volim 1, Nimewo 1), sou sit www.kreyol.org "Malgre istwa Esperans Dezire se yon istwa imajine, li dekri reyalite pèp ayisyen an, kote kontradiksyon jèmen nan sosyete a tankou dyondyon. Pa egzanp, kontradiksyon pitit anndan ak pitit deyò, moun lavil ak moun andeyò, kretyen ak vodouyizan, moun rich ak moun pòv, mèt kay ak restavèk, franse ak kreyòl, elatriye. Anfen, Deyita, nan liv Esperans Dezire a, dekri tablo lavi pèp ayisyen an jan l ye a san wete san mete. Chak moun ki li Esperans Dezire ka wè tèt yo nan liv la. Se yon roman ki envite lektè a nan yon refleksyon pwofon, nan yon kesyonnman sou lavi. Se yon liv trajiko-dramatik, w ap ri, w ap kriye men ou p ap janm bouke li, piske liv la kenbe w sou gwo tansyon pou konnen kisa k pral pase apre"

Ki filozofi k ap travèse atis la?

Pou nou konprann ki fòs k ap pouse Deyita, n ap jwenn repons la nan pwòp bouch ekriven an, apati yon estrè nan yon chita-koze li te fè ak Edikatè/l'Educateur, nan liv Emmanuel Vedrine yo rele "An Annotated Bibliography on Haitian Creole"[1], paj 501. Nan estrè sa a, ki pa t fèt pou sa dirèkteman, nou dekouvri filozofi ekriven an ki chita sou yon rado rapò depaman ant 2 fòs, tankou rapò lavil/andeyò, rapò fanm/gason, lanmou/mepri pou peyi a, vizyon kominotè anfas vizyon endividyalis, rejyonalis nan pèsepsyon sitwayen yo sou leta a. Se tout lide sa yo k ap travay lespri ekriven an k ap fè l ekri. Men sa ki enteresan lakay otè a se metòd li kwè ki ka pèmèt Ayisyen depase chirepit initil k ap depafini sosyete a. Pou pifò lide ki parèt nan chita-koze a, n ap jwenn divès kalite pozisyon sou yo. Sa ki vle di ekriven an pran pozisyon nan deba sou sosyete a, se pa yon moun ki chita ap reve nan nyaj. Gen moun k ap dakò, konsa gen lòt ki p ap dakò ak Deyita. Metòd Deyita pwopoze pou Ayisyen depase difikilte yo se tèt ansanm, se lanmou. La ankò gen divès kalite pozisyon. Nan menm chita-koze a, ekriven an rekonèt limit li nan difikilte pou l esplike yon seri fenomèn: pwoblèm lijyèn lavil yo[2], abitid fè moun kado lakay moun "andeyò", nou pa wè lavil, esplikasyon sou yon fenomèn tankou antere lonbrit[3]. Sa ki pi rèd, Esperans Dezire parèt nan yon gwo moman boulvès, men ki te charye anpil lespwa, kote Ayisyen te konprann peyi a te pral sòti nan pwoblèm. Kenz lane apre Esperans Dezire sitiyasyon peyi a vin pi mal. Nan Esperans Dezire, youn nan pèsonaj yo, Jilyen te konprann move tan an te dèyè: "Je suis convaincu que les choses vont changer. Je sais que cette corruption a atteint son apogée…". An 2006, fòk Jilyen ta admèt sosyete a bay legen… Sosyete a antre nan kalfou lanfè kote entèdi pa egziste: sèl regleman sosyete a rekonèt se fòs zam ak lajan.

Kouman Deyita ka reprezante yon modèl pozitif pou ti Ayisyen?

Premye leson yon Ayisyen ka pran nan men Deyita, se fason li asepte kilti peyi a pou l viv li san konplèks, san pyès santiman enferyorite ni lawont. San li pa nan fè polemik ak pèsonn sou vodou, sou lang kreyòl, Deyita ap vanse ak konviksyon se sa l ap fè a ki bon. E li gen rezon. Youn nan trè karaktè ki fò lakay Ayisyen, Ayisyen neglije, se renmen leve defi. Trè karaktè sa a nou jwenn li lakay Deyita, san li pa di l. Tout traka Deyita ap bay tèt li pou li defann kilti pèp la, mare ak trè karaktè sa a ki fò lakay Ayisyen (klas mwayèn sitou). Trè karaktè sa a depaman ak mantalite asiste k ap gaye nan tout kò sosyete a jouk nan bitansyon yo. Nan menm entèvyou a, Deyita trayi tèt li, se yon Ayisyen pèpè ki fòse l ekri yon liv pou l montre kreyòl ka pale pawòl lanmou, san gwo mo. Renmen leve defi a, se youn nan zouti, Ayisyen gen tou pare nan alfò yo, k ap itil yo tout bon, jou yo vle fè kichòy ki bon ak peyi yo. Dezyèm leson yon Ayisyen ka pran nan men Deyita, se angajman li nan sosyete a. Nan yon sosyete kote angajman vle di kouri dèyè pòs politik, manipilasyon ak ipokrizi mouche defas, Deyita pran reskonsablite l kòm sitwayen peyi a, li foure bouch nan koze yo, li pote limyè kote li jije li nesesè, li montre tout moun li admèt li gen limit, malgre li fouye nan kilti peyi a, li konnen li pa oblije bay manti. Premye reskonsablite yon entèlektyèl se onètete.

Twazyèm leson an, ki se youn nan pi gwo leson yo, se pou Ayisyen aprann konte sou pwòp fòs yo. Etan Ayisyen, nan tout kalite kouch sosyal endistenkteman asepte viv nan mande lacharite. Deyita met pawòl nan bouch Yaya :"Pa konte sou lòt pou regle zafè lakay nou, se nou ki pou mete tèt ansanm". Dèyè tèt ansanm nan gen pou Ayisyen aprann konte sou fòs ponyèt yo.

--------------------------

[1] Emmanuel W. Vedrine, "An Annotated Bibliography on Haitian Creole", Copyright Educa Vision Inc. Coconut Creek, Il FL; ISBN 1-58432-179-2
[2] ki sòti dèske andeyò se bèt ki resikle dechè òganik yo, vil yo pa ofri posibilite sa a, moun ki debake lavil yo ap tann yo jwenn menm fasilite yo ak andeyò. Men sa ki grav la andeyò, zanimo pa ka resikle dechè plastik yo. Pwoblèm lavil la ap parèt tèt li andeyò.
[3] Men yon esplikasyon sou antere lonbrit la gen yon gwo esplikasyon espirityèl, li vle di timoun ki fèt la, li menm ak tè a, yo fè yon sèl, pye bwa k ap grandi sou tèt lonbrit li a, reprezante yon doub li k ap akonpaye l pou lavi. Si timoun nan respekte lanati a (pye bwa a) ki se sous lavi a, l ap jwenn rekonpans la an retou. Peyi a k ap depafini an se konsekans yon regleman nan lwa natirèl yo, danti yo te aprann nou, nou voye jete.




designed by E. Etienne --- © copyright 2008 | REKA| all rights reserved