bel_antre
ekrivenlektiaprann

Lenous Suprice


[Nounouce]
kaptenn

Ak Michel-Ange Hyppolite



NOUNOUS : PWEIZI KREYÒL AP CHANJE FIGI

Feliks Moriso-Lewa
Mercedes F. G.
J-C Martineau
Rudolph Muller
Mirvil
Émile-Célestin M.
Keslèbrezo
Manno Ejèn
Frantz Wainwright
Lenous Suprice
Jan Mapou
Michel-Ange H.
Pierre Vernet

Lenous Suprice, ki pote non Nounous kòm

non vanyan, fèt Fond- des- Blancs. Lè li te gen sizan, li te rantre Pòtoprens pou li te viv ak manman li epi papa li. Lenous Suprice fè klas primè li ak yon pati nan klas segondè li yo nan Pòtoprens. Anvan menm li te fin konplete klas segondè li yo, li te sètoblije antre Monreyal, nan ane 1976, kote, ansanm ak yon frè, yon sè epi manman li, li te vin rejwenn papa li ki te ap viv nan peyi Kanada depi twa ane.

Nan Monreyal, li te fè rankont ak " Bureau de la Communauté Chrétienne des Haitiens de Montréal (jodi a ki rele Bureau de la Communauté Haitienne de Montréal ) ". Se nan òganis sa a, li te feraye pandan 14 ane, mwens 3 mwa. Se sa tou ki te pèmèt li fè konesans ak Sant N a Rive, ki limenm te mete Nounous an kontak ak alfabetizasyon (yon espesyalite li pral anbrase pi ta nan Inivèsite Kebèk nan Monreyal, kote li mare youn bakaloreya nan ansèyman lanng ak literati), se sa tou ki pouse li chwazi ansèyman kòm pwofesyon. Nounous ap kolabore ak sant N a Rive depi 1983, tanto kòm benevòl, tanto kòm anplwaye (fòmatè alfabetizasyon, manm konsèy administrasyon, anseyan nan franse lang segonn).

Kounyey a Nounous ap travay nan " Commission Scolaire de Montréal " la, nan sèvis pou etidyan granmoun yo. Anvan li te rive anseyan, li te travay nan animasyon pou jèn ( nan kan pandan peryòd ete, kote li te konn fè atelye literè, eks.). Nounous te travay tou nan yon restoran ak nan de manifakti (se nan younn nan manifakti sa yo, li te rankontre yon kanmarad powèt, Kaptenn Koukourouj, yon zanmi, jouk kounouye la a, apre 25 lane, ki kenbe kontak byen djanm avèk li, menm si yo pa pe viv pre younn ak lòt. Men, depi w tande koze literati a pran chè, sitou lè nèg pa li desann Monreyal, kit nan telefòn, kit sou entènèt, fòde yo pale kanmenm.

Lè nou te mande Lenous Suprice pouki sa li ekri? Li te reponn : " Si m rive, jan m kapab, ekri kèk tèks nan domèn literati, m kwè se akòz yon bezwen m genyen pou di sa k fè m plezi, k ap toumante m, pataje sa m santi ki sezi m ak lòt moun, di zòt mwen renmen li oubyen li deranje m , eks. Ou tousenpman pou seye di sa m pa ta janm sipoze ki ta ka soti nan lide m. Demach ekriti a, pou mwen, sanble tèt koupe ak libète : Toulede, se pa kado yo fè pèsonn yo, si ou vle rapousuiv yo, se yon desizyon pou ou pran, se yon jefò ou dwe konsanti fè… Paske, alabaz yo toude (petèt gen youn ki ka pi egzijan pase lòt la), gen anpil syè ki pou koule anvan pou rekòlte sa ki te simen… Travay sila a, li ka menm kondi yon moun sou wout dekourajman, sitou lè se moun ki prese rive anvan lè, tèlman li anpil, sitèlman gen kloti, pafwa, pou fè, pou defèt ladan…

M kwè tou, si m rive ekri kèk ti koze, se paske m renmen gade konpa, gade pa mo yo ap lage atè anba kò mizik lèt ak son yo, andedan lasal manzè yo bay pou lang nan (kit se kreyòl, premye mizik m te tande epi m renmen koute toujou nan vi m, kit se franse, dezyèm mizik yo te prèske fòse m koute, lè m te pi piti, men, kounouye a m ap seye wè ki jan pou m ta koute li ak pwòp volonte pa mwen. "

Nounous te fè nou remake tou, si li kontinye pèsevere nan domèn nan, li kwè li dwe remèsye yon pwofesè literati li te kontre, apati yon kou pwezi, nan CEGEP du Vieux- Montréal. Pwofesè sa a te rele René Gourd. Kontrèman a sèten pap nan literati a (ou ta di tout kote, pa sèlman lakay…), sila yo ki pafwa panse se yo sèl ki ka ou ki konn chante mès literè pase tout moun, pwofesè sa a, te pran tan, devan travay yon debitan, pou li te bay Nounous bourad li te bezwen pou li ale pi devan, kote imaj yo fè nich, nan pyebwa langay li, anndan rakbwa manzè pwezi…

Nan pale nou ak Nounous, li rakonte nou : " Si m kontinye pèsevere nan domèn nan, m dwe voye yon gwo remèsimsan tou pou jounal Haiti- Progrès, kote, pou premye fwa, an 1983, ki te pibliye kichòy m te ekri. Si zak sa a pa te poze, nan sikonstans sa te fèt la, pou sa li te pote pou mwen lè sa a, si jounal la pa te pibliye tèks la, petèt se ta sèl tèks m ta ka ekri pou tout vi m…"

Nounous fè nou konnen lè li ap ekri, li pa santi pyès lide konpetisyon pase nan tèt li. Li pa gen ankenn anvi goumen ak pèsonn moun, kit li blan, nwa, wouj oubyen san koulè, pou okipe ankenn plas nan kèlkilanswa podyòm nan. Sa ki pi enteresan pou li, se di sa li gen pou li di a, jan lide li di-l, san pèmisyon ni pè ni pap. Li vle gade manzè libète k ap taye banda li sou kokenn bit sa a li rive fè a ak sèlman kèk grenn lèt alfabè lang li ap sèvi a…

Lè nou mande Nounous pou ki rezon li te deside ekri an kreyòl? Li di nou: "Se tankou si yon moun ta mande m ki sa ki fè m pale kreyòl… M pale lang sa a paske se sa manman m te premye montre epi toujou pale avè m, depi m tikatkat, jouk kounouye a . Enben, lè pou m te ekri an kreyòl se te yon aksyon byen nòmal, toutafè natirèl (menm si, jan anpil moun konnen an, sistèm edikasyon peyi mwen fèt la te bije m etidye yon lang etranje. Remake : se pa plenyen m ap plenyen, se yon senp konsta m fè. Tout jan, sitiyasyon sa a pa fin dezavantaje m nèt, paske, jodi a, se ak zouti sa a m ap sèvi, nan gade wè kote lavi a fè kwen, nan peyi Kanada, nan Kebèk, kote m ap viv la…). Apresa, Lenous Suprice kontinye pou li pataje pawòl sa yo ak nou :

" Anba sann keksyon an, gen yon ti dife vole ki ap kouve, ki ta ka fasilman mennen yon nonm nan polemik. Kòm mwen pa renmen nan ralemennenkase ak pèsonn, se sa ki fè m pa abòde keksyon an sou degre sèten moun, kèk ayewopaj nan literati ayisyen an, ki konn ti kras meprize travay zòt ki ap ekri an kreyòl, sou pretèks, lang sa a, literati pa ka twò fèt ladan, poutèt, swadizan, se tèt kanna li ye, pòvrete li pa penmèt li fè sa lòt gwo lang ap fè. Pòv moun sa yo… Si sèlman vye koze sa yo ta ka pouse nou, nouchak ki ap ekri nan lang manman nou an, pèsevere pi plis, nonpa pou montre zòt yo nan fènwa, men, pou tousenpman kontinye feraye, batay sou batay, nan travay ki ap fèt, ki dwe fèt, ki poko prèt pou fin fèt la, pou literati kreyòl la kontinye pwogrese dejouranjou…

Travay Nounous nan chan kreyòl la

Lenous Suprice ekri de rekèy pwezi nan lanng kreyòl la : Bwamitan ( 1993), Pawoli (2003) ansanm kèk lòt tèks kout ki parèt nan jounal kou Ayiti Progrè ak nan jounal Le Lien. Nounous ekri an kreyòl kou an franse, men se travay Nounous nan lanng kreyòl ki enterese anndan REKA..

Nan ane 1993 Lenous Suprice pibliye Bwamitan nan Edisyon Lagomatik. Nan liv sa a nou ap jwenn militans sosyopolitik Nounous ansanm ak espas Nounous kreye nan zèv li pou amoni sosyo-afektif li. Menmjan ak tout lòt sanba literati kreyòl ane 1987 yo Nounous te sèvi ak pwezi li pou li foulaye langay youn fason pou li te pote kontribisyon pa li nan batay pou limyè demokrasi te refè peyi Ayiti.

Nan peyi  m'
Gen de mo k'rak
Mango wòwòt
Gen de mo k'rat
Mòde soufle
Gen de mo k'rasi
Si w'konn tablèt lakòl
Move lavant
Nan bak machann kenkay
(Bwamitan, 1993, p. 38 )

Sou menm woulib lide angajman politik la Nounous mete laperèz dèyè pòt li kite kè li langay chanjman epitou tankou tout bon ekriven ki pa janm mete konsyans atisplim yo nan lavant, li balanse, mezire, peze pawòl li yo youn fason pou yo tounen aksyon nan lespri sila yo ki dwe li yo nan bon tan kou nan move tan.

M' gen yon ti powèm
Nan kè-m
K'ap boujonnen 
Pou l'al pouse
Pou tan bon tan
Kapab donnen touttan gen tan
……..

M' gen yon ti powèm
Nan je-m
K'ap fè zèklè
Pou loray deblozay
Kapab gwonde dèyè tèt
Tout vye koze rabòday.
( Bwamitan 1989, p. 32 )

Anwetan teren politik la Nounous pataje ak sanba pòy li yo, misye pa pyete pwezi li nan menm sans ak yo. Ositou, travay Nounous fè nan tèks pwezi li yo pa chita senpman nan fè alimba ak mo li akòde ak teknik fantezi pou li agremante plezi lektè li yo. Li konnen fason pou li tate nanm mo yo pou li fè yo touche kè nou tate lespri nou epi sonde pasyon nou.--->

Ou se pipirit douvanjou
Ki  t'ap chante sou lawouze banda
Pyebwa kè-m
Anvan solèy " miwomiba "
Te leve

Ou se chelèn resò
Ki t'ap titile nan jwèt mab
Wonn kè-m
Anvan pirat  " deblozay "
Te teke-w

Ou se dlo fre larivyè
Ki t'ap penyenlage
Sou wòch galèt basen kè-m
Anvan secherès "pa konprann"
Te pase


Ou se poulèt poul zenga
Ki t'ap  " chante ze "
Na lakou kòk panyòl kè-m
Anvan malfini " pa ka tann"
T e bwote-w.
( Bwamitan, 1993, p. 49 )

Nan tèks nou sot li la a nou kab remake Nounous te sèvi ak youn teknik ekriti nou rele pwezi chanpèt ( Istwa Pwezi Kreyòl Ayiti p. 218) pou li te plezire ak nou. Nan ane 2003 Nounous sèvi nou avèk Pawoli ki te parèt nan Editions CIDIHCA. Se menm Nounous lan ak konviksyon politik li byen djanm epi ki toujou kite plas pou santiman li woule yanvalou.

Lannuit ti sous ou a
Jèmen jèmen-l
Nan fondas bonnnanj mwen
Jouktan  l' fè grenn
Byen mi byen wòz
Pouse nan vwa-m
Jouktan  l' fè nich
Byen fre byen dous
Ba bri zèl toutrèl paweze
Nan mitan pyebwa lòlòj mwen
( Pawoli 2003, p. 72)

Pawoli se pawòl pwezi Nounous ki ap lemante bonnanj nou ak souf lekriti. Lè nou separe mo pawoli a an de ( 2 ), li ban nou - pawòl epi li. Pawòl - Li. Pawòl pa li. Konsa, youn pawoli kapab youn langay rejyonal osnon youn mesaj ki pa klè ase pou mounn ki ap tande a .Kidonk: pawòl pa li. Sepandan pawoli kapab sèvi pou lonnen tout kalite emosyon nan vire mo, jwe ralba ak yo, fè yo tounen kòd lyann pou charye panse nou nan klate mèvèy imajinasyon. Se ak lide sa yo sou lizyè panse li Lenous te tanmen simaye valeryann pawòl anndan Pawoli. Kòm li pa toujou fasil pou youn mounn vwayaje nan peyi nouvote san li pa kite mak tranzisyon li tankou youn imaj an flachbak sou granchemen kreyativite a, Nounous ban nou Pawoli ak de (2) vitès . Nan youn premye tan aks travay Nounous balize sou divès fòm refleksyon. Genyen ki jeneral, gen lòt tou ki pèsonèl. Refleksyon sa yo parèt sou fòm pwent:

Gade non
bèf sele galonnen
se pwòp kòd ou
marande nan pwòp kòn ou
ki va pann ou
se gwo vwa delij mwen
ki va depatya w
si w pa wete dwèt bouwo w
nan nawè siklòn mwen
(Avètisman, p. 2.)

Avètisman, se youn refleksyon pèsonèl, kote nou wè kadans tèks la mache men nan lamen ak mesaj ki anndan li an. Kanta << pawolinyorans >> tankou tit la montre li, se youn fason anba chal otè al deniche pou li di nou :<< sòt pa pe touye nou, men li kab fè nou swe >>. Konsa nou pa dwe kite pyèsmounn ban nou kann pou banbou. Annou li:

Nèg la gen de ( 2 ) bèl milèt
Yon mal ak yon femèl
L' achte nan men yon lòt
Pou l fè peplay
adye wi dan...
( Pawolinyorans, p. 16 )

Lè ou fin li Pawoli ou va wè se youn liv ki ap pote reyalite fòs kreyativite Nounous sou youn poto de ( 2 ) mwatye. Youn bout tan lontan ak youn bout nan tan modèn yo. Lè nou di modèn nou wè tranzisyon. Pyesmounn pakab leve latè fè li kontre ak lesyèl si li pa apiye pouli konesans li sou baz sekrè li konnen deja. Sòti nan Bwamitan - premye liv pwezi kreyòl Nounous - rive nan Pawoli, Nounous ap fè chemen. Misye ap ranfòse baz pwezi li san li pa lage youn pwèlyèm nan vizyon chanjman sosyal li yo.

Si nan Bwamitan fòm pwezi chanpèt, transfòmasyon pwovèb te siyen mayòl ak kèk tantativ imajis pasi pala, nan Pawoli se transfòmasyon pwovèb ak kadans pwovèb ki louvri premye mwatye poto kreyativite Nounous epi pou li mennen nou san bri ni twonpèt sou teren pwezi kreyòl modèn lan ak fòm imajis la. Demach Nounous adopte pou nou nan Pawoli a se youn demach manje labouyi-l sou kote pou li kab transfòme vizyon imajinay pwezi li soti sou teren abityèl li pou l' al kontinye sou youn lòt teren nou rele imajis, ki daprè nou reprezante teren modènite pwezi kreyòl la. Nou sèten pisans limyè modènite a gen pou li bourade lizyè tan lontan an pou li dirije fòs travay Nounous sou youn sèl teren, teren lavni pwezi kreyòl la ki pote non imajis .

---------tèks------------ Lannuit ti sous ou a Jèmen jèmen l Nan fondas bonnanj mwen Jouktan l fè grenn Byen mi byen wòz Pouse nan vwa m Jouktan l fè nich Byen fre byen dous Ba bri zèl toutrèl paweze Nan mitan pyebwa lòlòj mwen ( Pawoli 2003, p.72 ) Zyedou Ou se yon zwazo ra M se yon pay zèb ginen Nou vole andaki Nou vole sou pwent pye Nou vole wo Jouktan n al tann ranmak nou Arebò fenèt yon pawoli Pwen fèmen bra leve Yon pawoli men nan men K ap mache bò rivaj nou Men nan ren k ap taye banda Anba kwazman tanbou rega nou. Kwazman Ou pran men m pezape Epi Ou mennen m pazapa Sou Granwout lalin klè w (Pawoli 2003 p. 52)

Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj) Manm Sosyete Koukouy Kanada Ottawa



designed by E. Etienne --- © copyright 2008 | REKA| all rights reserved