Keslèbrezo

Jean-Robert Placide
Keslèbrezo fèt Dammari. Se yon
sanba militan ki ap viv nan Monreyal ( Kanada ) depi nan ane 1980. Li diplome nan domèn Syans Politik ak yon espesyalizasyon nan administrasyon piblik (Inivèsite Kebèk, Monreyal). Li diplome nan domèn Syans moùn , relijyon , etik, filozofi, teyoloji ak yon espesyalizasyon nan edikasyon entèkiltirèl (Inivèsite Chèbwouk).
Keslèbrezo kòm animatè radyo milite nan mouvman an favè entegrasyon. Li batay kont diskriminasyon nan endistri taksi nan Monreyal. Kòm jounalis, li pibliye anpil atik nan magazin ak nan jounal li t'ap dirije yo. Kòm editè, li responsab Edisyon Lagomatik ki ap fasilite piblikasyon zèv kreyolis ayisyen yo sitou.
Kòm atis ekriven, sanba keslèbrezo pibliye liv atistik ak liv syantifik tankou :
Maskilanje , 1987 - 2006, 140p. Yon dokiman ki makefoto sitiyasyon sosyal la, politik la ak relijyon an nan peyi Ayiti, anvan 7 fevriye 1986 la. Yon lomeyans ki mete an aksyon 2 pèsonay ki reprezante 2 echantiyon klas sosyal rich ak pòv anndan peyi a jouk yo rive nan moman dechoukay la.
Patou 3 , 1991, 60p. Yon swasantèn tèks ki klere lanmou, fè zekla sansasyon djayitouche moùn nan fondèt sans yo. Toupre swasant lomeyans ki trase yon vèvè pou pwoteksyon lafanmi, pwoteksyon lanmou manman papa pitit.
Plofil no 1 , 1988, 60 p. Yon plakèt swasant tèks ki di swasant lomeyans sosyal-politik.
Parantèz ,1988, 60 p. Yon lòt swasant tèks. Egal, swasant lomeyans ki fè dantèl nan bebidòl reyalite sosyal ak reyalite lafanmi sanba a ak lòt ki ta ap sibi menm reyalite a.
Plofil # 2 , 1990, 60 p. Swasant lomeyans sosyal-politik.
Plofil 3,2,1, 1997 - 2005, 142 p. Yon konpilasyon Plofil ki repoze kesyon sou lavi ak lènmi lavi a. Yon krèy lomeyans angaje : nou nan dlo, pa gen kache lonbrik.
Sansmo-1 , 1997, 33 p. Yon vokabilè 3 lang : kreyòl, franse, angle, pou tout apranti, tout novis ki vle dekouvri lòt tèm ak lòt sans mo nan kreyòl la.
Sansmo-2 ,1998, 33 p. Yon vokabilè 2 lang : kreyòl, franse, nan lòd alfabè kreyòl la ki ka ede nan tradiksyon osnon nan ekri lang lan pi byen.
Viv , 2005, 142 p. Yon konpilasyon lomeyans byen ranje, byen moute pou lavi ka viv san pran souf. Viv tankou moùn ki pran gou nan lavi toutbon vre a.
Lè nou konsidere detay ki bay sou rekèy yo, anwetan Maskilanje ak Sansmo yo, tout lòt 6 liv keslèbrezo yo rantre nan kategori Lomeyans. Ann tabli sou mo lomeyans lan.
Lomeyans se youn mo kreyòl afro-ayisyen ki soti Lafrik Ginen. Lomeyans se rezilta transfòmasyon fonetik yon espresyon nan lang Fon : ( xo mlan ), ki ka dekonpoze kon sa : ( xo = pawòl ; mlan = lwanje, site, resite tit non ( vanyan ) fanmi yon moùn ). Donk, ( xo mlan ) vle di ( pawòl pou lwanje, pou glorifye non vanyan ). Cf. Segurola ( 1963 ). Se poutèt sa mo lomeyans lan nan kreyòl la gen sans pawòl pou lwanje, pou onore, pou rann omaj lareverans …
Poudayè, Keslèbrezo bay lomeyans lan menm sans la tou nan literati kreyòl la. " Youn lomeyans kapab rann lomaj lareverans tankou tou, li kapab youn bon jan ba-savon damann pou lave anpeze nenpòt ki move sije, nenpòt vakabon malfektè … " Se pawòl sanba keslèbrezo ekri nan Plofil # 2, p. 9.
Gen diferans ant lomeyans ak ochan. Pami diferans ki genyen ant lomeyans ak ochan, nou kapab di ochan toujou rete nan youn sans pozitif, tandiske youn lomeyans kapab ni pozitif ni negatif tou. Aspè negatif sa a, nou jwenn li nan rasin youn espresyon nan lang Fon mlan mè utu , ki vle di : lomeye kò youn moùn. Lomeyans ki ap derespekte moùn. Se poutèt sa, kòm dezyèm sans, mo lomeyans lan gen sans joure moùn, salanbe moùn. Se youn fòm lomeyans ki joure, derespekte yon moùn nan fè konparezon ak kèk pati nan kò moùn nan ( cf estetik jouman nan kilti kreyòl la ). Nan sans sa a, yo lomeye yon moùn pou manke li dega. Se pou sa tou, kòm diferans ant de mo sa yo nan kilti vodoun an, ochan pa derespektan, se sèl lomeyans ki kapab swa lwanje, chante kantamwa oubyen non swa salanbe, iwonize yon moùn (cf. keslèbrezo, Plofil n 2, p. 9 ).
Nèg sòti Ginen tonbe Ayiti, pawòl lajounen tounen pawòl nan nuit. Konsa, lomeyans pou wa tounen lomeyans pou lwa. Apre 500 zan, jodi a, se houngan, hounbòn ak hounsèvan ki pratike lomeyans mistè vodoun yo. Epi lomeyans pou lenmò vin fèt sèlman nan veye lanmò. Epitou, pita, sitou avèk kolonizasyon an ki vini avèk tradisyon militè blan Ewòp yo, lomeyans pou zotobre osnon yanvalou pou youn pèsonaj enpòtan vin tounen ochan, ochan nan bann rara. Men kòm salitasyon Lafrik Ginen pa janm fèt san lomeyans, sètadi san rann omay lareverans bay moùn yo ap salye a, ochan vin melanje ak lomeyans nan dans rara adjanoumele. Konsa Ayiti, Lomeyans nago tounen rara ki se youn eritay tradisyon Nago Yowouba. Kididonk, an pratik, Rara Nago Yowouba, se menm lomeyans Ginen Dawome a.
Depi nan Ginen aktivite lomeyans, ak griyo* yo, ap layite pwodiksyon literè nan tout aktivite sosyal yo. Itilizasyon lomeyans lan nan sans sa a pral boujonnen youn krèy lomeyans tou nèf sanmba/simidò/lomyansè pral fè eklate tankou fedatifis pidetwal nan Pwezi kreyòl la. Se konsa, jounen jodi a, nou jwenn Keslèbrezo ki ap blayi pwezi Lomeyans nan literati kreyòl Ayiti a.
Nan Istwa Pwezi kreyòl ( 2004 ), Mikèlanj Ipolit di se Keslèbrezo ki papa Lomeyans lan. Men se depi byen anvan, aspè chante lwanj lan te parèt nan zèv plizyè lòt otè, lòt ekritè. Lè nou konsidere aspè sa a ( chante lwanj ) lan, nou ka konstate plizyè ekriven nan twazyèm peryòd literati a te deja konn ap fè lomeyans anndan literati kreyòl la. Nan youn lòt fason nou ta ka di, sanmba/simidò/lomyansè ap fè lomeyans anvan menm teyori modèn (nou an) sou lomeyans Keslèbrezo yo te pran lari.
Konsa, nou ka trouve Paul Laraque ap fè lomeyans pou lwanje osnon pou chante lanmou Mariana ( cf. kòmantè Maximilien Laroche sou Paul Laraque ). Nou ka panse René Depestre ap lomeye lè li te konpoze tèks " poème - mystère vaudou " li a ( cf. kòmantè Lilian Pestre de Almeida sou René Dépestre ).
Men, malgre tout sa, pou nou vin dakò ak Mikèlanj, se Keslèbrezo ki bay lomeyans lan plas li genyen jounen jodi a anndan literati kreyòl la. Ak estil pwezi (estil ekriti ) lomyansè Brezo ekri yo, Lomeyans lan chita byen bwòdè kòm youn fòm literè nèftalin nan literati kreyòl la.