Ak Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)

Nan sosyete Amerikdinò papa aprann pran swen pitit menm jan ak manman. Prensip la tèlman byen chita nan sistèm sosyal la, leta nan Kanada kreye youn lwa espesyal ki bay papa yo youn konje , yo rele konje patènite.

Majorite papa nan Kanada konn chanje kouch, benyen bebe, chofe lèt, lave bibon eksetera. Men, nan bay swen egal-ego sa yo, gen nèg ki konn anbisyone, jouk yo rive kwè, yo egal-ego ak manman.

Pou mwenmenm, kèlkeswa konpetans papa a, gen youn pwèlyèm nan relasyon ki konekte pitit la ak manman an, oubyen manman an ak pitit la, ki ap toujou rete youn mistè pou papa a. Younn ladan yo, sèke pitit la pase 9 mwa ap viv ak manman li nan youn asosyasyon privilejye okenn papa sou latè pa pe janm ka rive egale ni imite. Sa se sekrè lanati!

Pandan peryòd nèf mwa sa a, se pa ni younn ni de manifestasyon natirèl ki ap simante afeksyon ant de mounn sa yo. Tanto se youn ti ti boul ki gonfle nan vant lan, tanto se youn deplasman bebe a nan youn kou siprann, soti sou bò dwat ale sou bò gòch. Tanto se youn batman sibit, youn chikin pou li fè manman an konnen li la. Lè konsa, noumenm papa, sèl konsolasyon nou, se youn pase men sou vant tou dousman, pou nou wè si nou va rive pataje mouvman espesyal sa yo ak manman an. Men anpil fwa nan mize nan wout, twò ta gen tan bare-n. Oubyen ankò, lè nou rive poze men nou atan, se pou nou di : " Mwen pa santi anyen non."

Konsa, youn manman se youn mounn apa. Youn mounn ki ban nou san li, chè li, zantray li pou nou devlope epi ki ban nou espas anndan li pou nou grandi, jouktan noumenm tou, nou vin tounen mounn. Pou tout rezon sa yo ak anpil lòt ankò, youn manman se youn fanm espesyal. Youn fanm ki merite laverans etènèl. Youn fanm ki merite respè tout tan. Youn fanm ki merite lanmou chak jou.

Youn manman, se youn fanm nou dwe bay laglwa san konte. Youn manman, se youn mounn nou dwe renmen san limit. Menm lè li fè erè, se pou nou pase leponj, paske chak fwa nou fè youn pa, manman nou te deja fè dis. Nan sans sa a, pitit pa janm granmounn devan manman. Nou ka rive pi lwen pase yo, nou kab vin genyen plis ladrès pase yo, men nou pa pe janm rive ratrape sakrifis yo, paske manman se manman!!

Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)
Manm Sosyete Koukouy Kanada

REKA
P.O. Box 967
Randolph, MA 02368
USA







Gen de lè manman
Mwen gade anwo
Mwen gade anba

M'prete zèl refleksyon
Pou m' sa goute
Dousè siwo flè lavi

Lè konsa manman
Mwen sonje
Lè m'te ti kakat
Sou kat pat
Ke wòb ou te lespwa-m
Ti karès ou te konsolasyon-m
Bèl ti chante ou te lajwa-m

Lè m'rete manman
Mwen sonje tribilasyon ou
Sou youn bwa machin senjè
Ki t'ap twaze youn ti lanp tèt gridap
Pou chat pa t'dòmi
Nan fouye dife-n

Lè m'gade manman
Mwen wè
Vye kò ap tyoule
Sa fè-m youn gwo lapenn
Paske youn manman se youn sous
K'ap ponpe dlo lavi
Pou l'kab fè bèl flè byen doubout
Nan kalfou lespwa

Tèks sa a soti nan youn liv pwezi ki rele Anba-Lakay, P.26-27,1984 Michel-Ange Hyppolite( Kaptenn Koukourouj)
design by E. Etienne--www.emmanex.com © copyright 2005 | REKA| all rights reserved