Genyen yon ekriven franse ki rele Pierre Bayard ki ekri yon liv li bay tit: "Comment parler des livres que l'on n'a pas lus ?" Ki fason pou palede liv ou pa menm li. Youn nan rezon msye bay pou yon moun pa li yon liv li pral fè kritik sou li seke moun nan gen anpil chans pou lekti li fè a enfliyanse jijman li. Li konseye pou yon moun feyte liv la pito paske li li li nètale. Opinyon sa a diskitab men ann kite mèt koze reskonsab koze li. Sepandan, mwenmenm mwen vin tonbe dakò ak Pierre Bayard men pou yon lòt rezon. Vwalatilpa mwen resevwa Patamouch, dènye liv ekriven Max Manigat a depi nan dat 20 oktòb 2007 men se sèlman jodiya mwen deside palede li. Kisa ki pase?

Nan li liv Patamouch, mwen tonbe damou liv la enpi chak fwa mwen pran li pou mwen kòmanse ekri yon rapò sou li, se konsa mwen tonbe re-li anpil nan tèks yo mwen li de, twa fwa deja enpi mwen pa ka sispan li yo ankò. Sa ki pi rèd la, mwen tonbe nan li kèk tèks pou lòt moun tou. Sa rive kèk fwa mwen oblije li tèks la pou lòt moun paske gen moun ki ka li Kreyòl men yo poko ka li lang nan ak vitès ki pou pèmèt yo antre nan mwèl lekti a. Sepousa mwen tounen yon lodyansè pou mwen li pou kèk moun "Kreyòl pale zòt pa konprann", youn nan chelèn ki nan liv la. Se yon tèks kote Max bay yon lodyans sou etranje ki mete nan tèt yo piske Kreyòl senp, li dwe fasil tou. Depi ou gen yon bon diksyonè, afè ou regle. Moun sa yo konn tonbe sou zo grann yo, enpi yo pi antrave ankò lè yo mande Ana pou ede yo. Mwen pap di plis pase sa, si ou bezwen konn plis, al chèche li Patamouch tou.

Prezantasyon

Patamouch! (Etimoloji-Literati-Repòtaj) parèt nan ane 2007 la nan Edisyon Educa Vision, Inc, Koleksyon Koukouy (266 paj). Se dènye liv an Kreyòl potorik ekriven ki rele Max Manigat a lage nan men nou pou plezi entèlektyèl nou tout ki konn li lang manman nou an. Men sa Max di li menm sou liv la "Patamouch rasanble bon kou sijè ki ta pou enterese anpil moun. Mwen ta an mèrvèy (mo manman m) si etranje kreyolofòn yo ta jwenn li pou yo konnen anpil bagay, yo pa te kwè ki te menm egziste sou sè avèk frè Ayisyen yo ; pou zanmi Ayiti yo k ap aprann pale kreyòl sèvi avè l kankou yon liv avanse ; pou kanmarad Ayisyen mwen yo, ki fèk alfabetize epi k ap chache materyèl lekti twouve kantite chapit ladan l kou wè : tradiksyon, lodyans, powèm, repòtaj, pwovèb yo pa tande souvan, nòt etimolojik, diskou, istwa Afriken Ameriken, anfen, anfen.

Jan Mapou ekri sou bò pa li : "Lè nou feyte Patamouch n'ap konstate s'oun plon gaye. Youn plidetwal atik an kreyòl ki kouvri tout kalite sijè. Nou jwenn ti kal nan chak: Ti tranch istwa peyi-a, youn ponyen mo ak pawoli nan tan benbo, moso manje nan tan lakoloni, varyete pwovèb ki te anfouraye, eritaj esperyans zansèt nou yo. Patamouch woule tanbou, kata ochan pou tout fanm ak gason vanyan ki leve eskanp kilti peyi d'Ayiti kit se nan domèn chante, danse, teyat, penti, eskilti, lamòd osnon nan kwizin. Patamouch s'oun seri dokiman ki kanpe fyète nou kòm Ayisyen e ki fè nou rekonèt kiyès ki kiyès nan Mouvman Kreyòl-la. S'oun konpilasyon bèl tranch lomeyans kreyòl k'ap chante bèlte, dousè ak richès kreyòl nou-an.

Pou moun ki kirye ki ta vle poze kesyon sou ki kote tit Patamouch la soti, Max reponn : se majigridi ti elèv lekòl mete anwo kaye yo lè yo fenk kòmanse ap aprann ekri ; yo rele yo patamouch ( an franse pattes de mouche) paske se mouch sèlman ki pou ta fè kalite ekriti sa yo si pat yo ta mouye ak lank. Max di tou li rasanble ansanm tout kout plim li te fè an Kreyòl, depi kèk tan, pou li fè liv sa a. Li chwazi tit Patamouch la pou di se yon apranti ki ekri y (pawòl nan bouch moun Okap). Ala Max modès, se pa kout plim apranti, se pwodiksyon yon mèt nan atizay ekriti; poudayè premye kout plim, oswa premye kout pawòl Max Manigat a se te yon chedèv, kote menm minis te sòti pou li te volè l. Mwen vle palede Lapriyè Pyebwa ak Sèman Pyebwa. Apre kout plim maton sa a, Max prezante nou yon koleksyon tèks li pwodui pandan tout karyè li ki te kòmanse nan lane 1963 ak de tèks mwen site pi wo a enpi ki louvri seri a nan Patamouch.

Kisa nou jwenn

Anplis, nou jwenn diferan materyèl lekti tankou tradiksyon, lodyans, powèm, repòtaj, lengwistik, anons lanmò kòk zanmi, pwovèb, nòt etimolojik, diskou, istwa afriken ameriken, anfen, anfen. Pi fò ladan yo te deja pibliye nan jounal (Haiti Observateur ak Haiti En Marche) oswa sou entènèt la www.kreyol.org (seri DEBA SOU PWOVEB AYISYEN -Sosyete Koukouy Nouyòk Max te fè parèt sou sit la tou). Nan paj 115 rive nan paj 126, Max sèvi nou yon koleksyon Kèk Pwovèb Nou pa tande souvan. Sa ki pi bèl la seke Max pa fè egoyis, li bay konfrè li yo plas nan liv li a. Nou jwenn tèks Tiga, Prezident Salomon, Pepe Blenvil, R. Muller, Moriso Lewa, elatriye.

Nan yon plon gaye Max fè li prezante yon seri enfòmasyon mwen kwè ki enpòtan anpil paske li mete pwen sou tout tèt i enpi li bare tèt tout t nan chapit ki rele Kèk Lòt Kout Plim. Youn ladan yo se istwa tèks Choukoun nan Oswald Durand ekri ak mizik Michel Mauléart Monton konpoze pou mache ak bèl powèm sa a. Nou san lè pèdi rekonesans pou chedèv sa yo paske pi fò moun nan lemonn se Harry Belafonte yo konnen ki chante l. Max bay zanmi ki pran devan yo omaj yo merite tou: li salye Emile Ollivier, Pè Antoine Adrien, ansyen chèf bòyskout li, René Bélance ak Paul Laraque. Max rekonèt zanmi kamarad li yo ki plede travay nan jaden kreyòl la tenkantenk epitou ki ban li kouraj pou li kontinye pale ak moun li yo.

Dènye pati liv la rele Salouwe M Ape Salouwe ki se yon egzèsis voltije kasekou paske li danjere anpil. Max Manigat pran sou responsablite li pou li site enpi rekonèt moun ki ap feraye nan domèn Kreyòl la. Mwen rele inisyativ sa a kasekou paske si ou bliye yon non, ou antrave; gen lòt non si ou mete yo, yo san lè mande eske ou fou paske pèsonn pa wè kisa moun sa a te janm fè. Antouka, mwen li lis la twa fwa, mwen pa wè Max bliye pèsonn, epitou mwen dakò ak tout non moun oswa òganizasyon mwen wè yo menmsi gen youn de flay ki fèt nan òtograf non yo (Pierre Roland Bain, Patrick Sylvain, Bryant C. Freeman). Anpasan, ann grafouyen Educa Vision ki kite kèk ti fot frap pase tou ki pa sanble ki soti nan tèks Max la.

Max Manigat, konpliman! Chapoba! Nou menm lektè, san pran tan al chèche liv pa ou.

Lionel Hogu

Yon ti nòt sou otè a:
Maks Maniga / Max Manigat fè karyè li nan lansèyman. Li te fè lekòl Potoprens, nan Repiblik Demokratik Kongo epi li pase 23 zan ap anseye nan City College (City University of New York). Li pami premye pwofesè ki te bay kou kreyòl nan inivèsite ameriken. Li se yonn nan premye Ayisyen nan jenerasyon li ki te mande pou kreyòl vin lang ofisyèl Ayiti.

Li ekri plizyè liv. 2 dènye yo se : Leaders of Haiti, 1804-2001. Historical Overview (2005) avèk Mots créoles du Nord'Haïti. Origines - Histoire - Souvenirs (2006).

Pou kòmande :
Educa Vision, Inc. 7550 NW 47th Avenue, Coconut Creek FL 33073. Tel. 954-968-7433, imel : educa@aol.com osnon maxmanigat@aol.com; vizite www.educavision.com/index.php


REKA
P.O. Box 967
Randolph, MA 02368
USA

reka@kreyol.org
----------------------------------------

design by E. Etienne--www.emmanex.com © copyright 2005 | REKA| all rights reserved