LAM LAM DLO (
suit)
Kolonis voye flann dèyè kap libète
Napoleyon
Lèd pase peche mòtèl
Leklè,
Rochanbo
Mons tankou drakila
Wouze tè Sendomeng ake san nèg
Malmennen mond lan
Kòd Esklavaj
Kòd Nwa
Kòd Napoleyon
Sosyete abaz opòtinite egal
Enpinite
Enstabilite
Tyès Mond
Mendèv bon mache
Konsomatè
Koutye
Lelit bèbèl pou lagalri
Lè Desalin rankontre Petyon
Pawòl te temwen
Yo obsève malè pandye sou tèt jeneral yo
Kolonis kloure epolèt sou zepòl Jeneral Morepa
Kolonis nwaye Morepa ak tout fanmi
Yo dakò
Akò inyon sakre
Plis Ayisyen
Doub isit lòtbò
Lam lam dlo
Dlo dlo primòdyal la
Kò kò mond lan
Mouvman mouvman mond lan
Kò nèg se objè konsyans
Nèg depase lavi
Bò byen siprèm
Verite objektif vini valè inivèsèl
Sètitid sibjektif nèg pou pwòp valè nèg
Dezòmè Ayisyen chante istwa e espwa
Paj Istwa Ayiti
Ou dwe goumen kont nèg pou w konnen nèg
Fas a danje pou pran Endepandans
Nèg brave lanmò
Plis nèg tonbe
Plis kouraj nèg ogmante
Nèg chante
Nèg vanse
Chante nèg se chante brav
Grenadye alaso
Sa ki mouri zafè a yo
Nanpwen manman
Nanpwen papa
Desalin kanpe douvan Okap nan mitan Etamajò
Desalin te kontan gete sòlda,
Lame Endijèn
Desalin monte Okap kòm fen fatig nèg
Dènye refij mons ki te benyen nan san nèg
Dizyuit Novanb 1803, douvanjou, batay kòmanse
Grenadye vanse opa gèrye
San deranje pa bal mitrayèt, boulèt kanno
Fyè
Sòlda tonbe
Vid nan ran yo konble byen vit
Grenadye meprize lanmò
Klèvo,
Gaba,
Janfilip Do
Sanfwa yo eksite admirasyon nèg
Kolonis pèdi lapwovidans
Bal lanmò pa te dekouraje nèg
Goumen Vètyè
Grenadye fè Lame Fransè tounen pousyè
Kapwa di Lanmò tande vwa terib li
Ann avan!
Ann avan!
Ann avan!
Kout zèklè
Tonè gwonde
Diyite espri monte Kapwa di Lanmò
Oun boulèt tiye cheval li
Men li pa rete kous triyonf libète
Vyolans te chanje kan
Kolonis pral peye pou krim kont nèg
Krim kont Limanite
Janjak Desalin
Vanjè ras nwa
Nèg pa bezwen libète konjonktirèl
Se pou yo adopte prensip inivèsèl
Tout mounn eritye richès mond lan
Pataje byen yo egal
Jistis ranplase mal
Verite retabli balans
Loksidan tranble sou baz li
Sitadèl enperyalis ebranle
Nèg se Ayisyen
Kolonis pa dwe janm posede pòsyon tè Ayiti
Nèg jire Endepandans ou Lanmò
Apre 17 Oktòb 1806, Kolonis derape jwèt makrèl lavi politik
Lit libète sede pou kous kretyen vivan
Lelit, tilolit, Ayisyen prese pou jwenn onè respè, rantre nan jwèt
Yo dènye kolektivite Ayisyen pou ilizyon egalite endividyèl
Imitasyon te règ jwèt la
Imite, kopye, dekalke, plajye modèl Fransè
Epòk literati konsomatè
Ki se, non-pwodiksyon
Enpozisyon kilti Fransè
Ayiti klase nan Tyès-Mond
Yo deklare krim tout devyasyon
Twa pousan moun aprann li,
Ekri,
Konesans
Ansèyman elitis kondui dezekilib men ki pa te jeneral
Pi fò lelit rachitik sila a pran depale
Ala oun bèl lang
Wi, chè
Ki ès ki fè li?
Se frè enstitisyon kretyen
Tandiske mas la, kòtakòt ak depale, pou oun titan, kenbe ekilib
Kilti popilè
Pale Fransè gaye san konesans pa makònen ak pratik lakay
Depale lelit gaye pale vilgè nan mitan popilasyon an
Ayiti pèdi
Ayisyen reziyen
Ayisyen aksepte mete sou kote nati nou
Devwa nou
Nesesite kilti nou
Sa a se tablo Ayiti
Premye Repiblik Nwa
Senp obsèvatè di peyi pi pòv Emisfè Lwès la
Pou nou se oun peyi kontradiksyon fann miyèt mòso
Ogounati 2003