
Selebrasyon an Ayiti
Nou selebre anpil fèt an Ayiti. Gen fèt relijye tankou fèt patwonal, fèt Pak; gen fèt nasyonal tankou Fèt Drapo, fèt Zansèt yo.
Materyèl
Papye Kreyon
Dewoulman
Premye pati
Nan ti gwoup fè elèv yo ekri yon definisyon pou fèt nasyonal ak fèt relijye, epi fè yon lis pou chak.
Nan gran gwoup diskite rezilta travay ti gwoup yo. Konplete chak definisyon epi fè preparasyon pou diskisyon sou fèt Pak.
Prepare kesyon ak elèv yo pou y al entèvyouve paran yo sou fèt Pak la. Kesyon yo va santre sou dat, dire, fason yo selebre l an Ayiti ak aktivite espesyal moun fè pandan sezon Pak. Mèkredi Dèsann, Chemenn Kwa, Aktivite semenn sent, Vèydenwi ak sèvis vanjou dimanch pak pou kèk pwotestan, Rara, fè/monte kap… an Ayiti.
Dezyèm pati
Diskite repons kesyon yo. Fè gran elèv prezante rezilta entèvyou yo a sou fòm yon tèks.
Elèv ki pi jèn yo ka prezante yon liy tan sou aktivite semenn sent la ou aktivite depi Mèkredi Dèsann rive dimanch Pak.
Elèv ki pi piti yo ka desinen epi dekore rad majò jon yo, enstriman mizik rara yo…
Twazyèm pati
Diskite ak elèv yo poukisa manifestasyon fèt relijye yo byen òganize konsa a epi fèt nasyonal yo pa gen menm tretman yo. Chèche konnen kisa ki pou ta fèt pou bay fèt nasyonal yo menm valè a.