
Pou Soul,
Aprèmidi a se sèl mwen ak labriz lanjelis ki kouche nan kay la pou nou
kajole moso syèl san nyaj ki poze alantou fenèt la.
Kay la pa gen chat, men gen youn alevini an chatpent ki mare katòz
anndan-m. Se ak grenn asosye sa a m'ap fete lajwa marasa yo. Apre nèf mwa
byen konte, BeBe nimero en, epi sanzatann, BeBe nimero de te vin fè konesans
ak manman kòdlonbrit yo. Nan lè endiy yo te pwente tèt yo deyò a, mwen pat
la pou pataje chalè afeksyon sa a avèk ou. Men, lespri-m ak fòs lanmou-m pou
ou te panche tou kole tèt ou pou nou te amòti chak sekous doulè ki te mele
ak kè kontan ou nan moman retwouvay sa a. Mwen di retwouvay, paske lè ou t'
ap monte ti bourik la, ou pa te kab devine ki kalite mounn ou ta pral kontre.
Lasyans gen pouvwa detekte tout kalite son, men li pap janm kab rive mezire
grandèt lakontantman ak fòs emosyon ki makonnen ansanm devan premye
retwouvay bab pou bab youn manman ak timounn ki fenk sòti tou cho anndan li
an. Sa se mistè lavi! Se poutètsa, n'ap toujou di: Manman se manman!
Soul, mwen pa kwè m'ap janm rive dekri tout flonn kontantman ki ap ponmennen
toupatou sou lizyè sansiblite mwen aprèmidi a. Men, bonnanj mwen , va bay
bonnanj ou kristè, menm jan li toujou fè-l pandan tout peryòd lesefrape
distans tout longè ki marande ekzistans nou an. Paske, se konsa mwen toujou
rive fofile tout pawòl mwen pa gen tan di-w yo nan klate lespri-w.
Bon retwouvay manman! Mwen swete retwouvay sa a va mache ak bèl anbyans
amoni lafanmi, tankou nou te toujou konn di-l sou kanape a ki pa te twò lwen
pyepye kenèp yo.
Lavi manman ak papa se lavi sakrifis. Men lè distans desanlye marye ak
reyalite lavi a, chay responsablite yo toujou kapote sou zèpòl manman. Se
chay sa yo, Soul, m'ap mande ou pou ou sipòte avèk kouray pandan sezon
absans mwea an, paske tankou mwen sot di ou pi wo a : "manman se manman"!
Kèlkeswa laj youn timounn, kèlkeswa grandèt li , pa gen tay sakrifis youn
manman pap konsanti pou byennèt pitit li. Menmsi pawòl la di: "Nou pa janm
wè tonm youn pitit pou manman li, dra manman pa konnen move pitit.
Soul, mwen te gen tout lòt kalite koze pou nou separe, men lakontantman
marasa a vin pran tout plas la.Sepandan, m'ap mande ou pou kenbe fèm. Wout
la lonng se vre!! Men pasyans nou gen pou li tire kanno nan tout longè Vout
Ginode. Alòs! Kenbe, Soul, pa lage.
Se ak youn lakontantman marasa, mwen voye youn bèl bo marasa pou ou ak tou
de marasa yo.
Ife